Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 17  

1 Se yon lapriyè David. Seyè, koute kòz mwen lè m’ gen rezon! Pran ka m’, lè m’ap rele nan pye ou! Koute m’ non, lè m’ap lapriyè ou, paske mwen p’ap bay manti.
Se ou menm ki pral fè m’ jistis, paske ou wè kote jistis la ye.
Ou mèt sonde kè m’, ou mèt vin wè m’ nan mitan lannwit, ou mèt egzaminen m’ tout jan, ou p’ap jwenn okenn move lide nan kè m’. Pawòl ki nan bouch mwen, se li ki nan kè m’.
Mwen pa fè tankou lòt yo. Mwen obeyi kòmandman ou yo. Mwen pa fè tankou moun k’ap maltrete frè parèy yo.
Se nan chemen ou yo mwen toujou mache. Se yo menm mwen swiv nèt ale.
M’ap rele ou, Bondye, paske ou reponn mwen. Tanpri, panche zòrèy ou bò kote m’, koute sa m’ap di ou:
Fè moun wè jan ou gen bon kè, ou menm ki delivre moun y’ap pèsekite yo, lè yo vin chache pwoteksyon bò kote ou.
 Pwoteje m’ tankou grenn je ou. Kache m’ anba zèl ou.
Wete m’ anba men mechan k’ap maltrete m’ yo. Lènmi m’ yo soti pou yo touye m’, yo sènen m’ toupatou.
10 Yo san zantray. Yo awogan lè y’ap pale.
11 Kote m’ fè, yo fann dèyè m’. Yo fin sènen m’ nèt. Y’ap chache okazyon pou yo mete m’ atè.
12 Yo tankou lyon, yo pa konn sa yo ta bay pou yo devore m’. Yo tankou jenn ti lyon, yo rete nan kachèt yo, y’ap veye m’.
13 Leve non, Seyè. Mache pran lènmi m’ yo. Fese yo atè. Rale nepe ou, delivre m’ anba men mechan yo.
14 Sove m’ anba moun alekile yo avèk fòs ponyèt ou. Tout byen yo se byen latè. Ou pran nan richès ou yo, ou ba yo tou sa yo bezwen. Pitit yo pa manke anyen. Yo kite rès pou pitit pitit yo.
15 Men pou mwen menm, m’ap parèt devan ou, paske mwen inonsan. Lè m’a leve, m’ap kontan nèt ale, paske w’ap toujou la avèk mwen.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 17

1 Prière de David. Éternel! écoute la droiture, sois attentif à mes cris, Prête l’oreille à ma prière faite avec des lèvres sans tromperie!
Que ma justice paraisse devant ta face, Que tes yeux contemplent mon intégrité!
Si tu sondes mon coeur, si tu le visites la nuit, Si tu m’éprouves, tu ne trouveras rien: Ma pensée n’est pas autre que ce qui sort de ma bouche.
A la vue des actions des hommes, fidèle à la parole de tes lèvres, Je me tiens en garde contre la voie des violents;
Mes pas sont fermes dans tes sentiers, Mes pieds ne chancellent point.
Je t’invoque, car tu m’exauces, ô Dieu! Incline vers moi ton oreille, écoute ma parole!
Signale ta bonté, toi qui sauves ceux qui cherchent un refuge, Et qui par ta droite les délivres de leurs adversaires!
Garde-moi comme la prunelle de l’oeil; Protège-moi, à l’ombre de tes ailes,
Contre les méchants qui me persécutent, Contre mes ennemis acharnés qui m’enveloppent.
10 Ils ferment leurs entrailles, Ils ont à la bouche des paroles hautaines.
11 Ils sont sur nos pas, déjà ils nous entourent, Ils nous épient pour nous terrasser.
12 On dirait un lion avide de déchirer, Un lionceau aux aguets dans son repaire.
13 Lève-toi, Éternel, marche à sa rencontre, renverse-le! Délivre-moi du méchant par ton glaive!
14 Délivre-moi des hommes par ta main, Éternel, des hommes de ce monde! Leur part est dans la vie, Et tu remplis leur ventre de tes biens; Leurs enfants sont rassasiés, Et ils laissent leur superflu à leurs petits-enfants.
15 Pour moi, dans mon innocence, je verrai ta face; Dès le réveil, je me rassasierai de ton image.
Louis Segond {LSG}

Psalm 17 

1 Hear the right, O Lord, attend unto my cry, give ear unto my prayer, that goeth not out of feigned lips.
Let my sentence come forth from thy presence; let thine eyes behold the things that are equal.
Thou hast proved mine heart; thou hast visited me in the night; thou hast tried me, and shalt find nothing; I am purposed that my mouth shall not transgress.
Concerning the works of men, by the word of thy lips I have kept me from the paths of the destroyer.
Hold up my goings in thy paths, that my footsteps slip not.
I have called upon thee, for thou wilt hear me, O God: incline thine ear unto me, and hear my speech.
Shew thy marvellous lovingkindness, O thou that savest by thy right hand them which put their trust in thee from those that rise up against them.
Keep me as the apple of the eye, hide me under the shadow of thy wings,
From the wicked that oppress me, from my deadly enemies, who compass me about.
10 They are inclosed in their own fat: with their mouth they speak proudly.
11 They have now compassed us in our steps: they have set their eyes bowing down to the earth;
12 Like as a lion that is greedy of his prey, and as it were a young lion lurking in secret places.
13 Arise, O Lord, disappoint him, cast him down: deliver my soul from the wicked, which is thy sword:
14 From men which are thy hand, O Lord, from men of the world, which have their portion in this life, and whose belly thou fillest with thy hid treasure: they are full of children, and leave the rest of their substance to their babes.
15 As for me, I will behold thy face in righteousness: I shall be satisfied, when I awake, with thy likeness.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}