Liv 2 Korent / 2 Corinthiens / 2 Corinthians

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

2 Korent 7                 

Mezanmi, se pou nou wi Bondye te fè tout pwomès sa yo. Ann kenbe kò nou ak nanm nou nan kondisyon pou n’ sèvi Bondye! Ann voye tout bagay ki ka wete nou nan kondisyon sa a jete! Ann chache viv apa pou Bondye! Ann viv nan krentif li!
Tanpri, ban m’ yon ti plas nan kè nou! (Konprann mwen byen). Mwen pa fè pesonn okenn mal, pesonn pa ka di mwen lakòz yo pèdi pozisyon yo. Pesonn pa ka di mwen pwofite sou yo.
Mwen pa di nou sa pou kondannen nou. Mwen deja di nou sa: sitèlman mwen renmen nou, mwen pote nou sou kè mwen pou lavi ak pou lanmò.
Mwen gen anpil konfyans nan nou, mwen kontan nou anpil. Nan mitan tout soufrans mwen yo, mwen toujou gen anpil kouraj, kè m’ kontan nèt.
 Se konsa, depi mwen te rive nan peyi Masedwan, kè m’ pa t’ poze menm: mwen jwenn traka tout jan. Yon bò mwen te nan gwo diskisyon ak kèk moun, yon lòt bò mwen te pè nan kè mwen.
Men, Bondye ki bay moun ki nan lafliksyon yo kouraj te ban m’ kouraj lè l’ te voye Tit vin jwenn mwen.
Se pa rive Tit la ase ki te ankouraje mwen. Sa te remoute kouraj mwen anpil tou lè li rakonte m’ jan nou menm nou te ba li ankourajman. Li fè m’ konnen jan nou anvi wè m’, jan sa fè nou lapenn pou mwen, jan nou pare pou nou pran defans mwen. Se sak fè, koulye a mwen pi kontan toujou.
Menm si lèt mwen te ekri nou an te fè nou lapenn, mwen pa règrèt sa. Mwen te regrèt mwen te ekri l’ lè m’ te wè jan l’ te fè nou lapenn lè sa a.
Men koulye a, kè m’ kontan, pa paske mwen te fè nou lapenn, men paske lapenn nou te genyen an te fè nou chanje kondit. Nou te sipòte lapenn sa a jan Bondye vle l’ la. Se konsa mwen pa fè nou okenn mal.
10 Paske, lè yon moun sipòte lapenn li jan Bondye vle l’ la, sa chanje kè li pou l’ ka rive sove. Pa gen anyen la a pou n’ règrèt. Men, lapenn nou sipòte jan tout moun fè l’ la, se touye l’ap touye nou.
11 Nou menm, nou sipòte lapenn nou an jan Bondye vle l’ la. Koulye a, gade sa l’ fè pou nou! Gade ki jan li fè nou pran sitiyasyon an pou bagay serye! Gade ak ki lanpresman nou soti pou defann tèt nou? Gade jan n’ te fache! Gade jan n’ te pè! Gade jan nou anvi wè m’ ankò! Gade jan nou aktif, jan nou prese peni moun ki te fè sa ki mal la! Nou moutre nou pa t’ koupab nan tout bagay sa yo.
12  Se pa pou moun ki te fè sa ki mal la, ni pou moun yo te fè mal la mwen te ekri nou. Mwen ekri nou pou n’ te ka wè jan nou devwe pou mwen devan Bondye. Se poutèt sa, sa te ban m’ anpil ankourajman.
13 Se pa ankouraje sèlman mwen te ankouraje. Mwen te pi kontan ankò lè m’ wè kouman Tit te kontan pou jan nou te ba li ankourajman.
14 Mwen te pale byen pou nou anpil ak Tit, epi nou pa fè m’ wont. Mwen pa janm ban nou manti lè m’ap pale ak nou. Se konsa, sa m’ te di Tit sou nou an se te verite a tout bon.
15 Koulye a, li vin renmen nou plis toujou lè l’ chonje jan nou tout nou te dispoze obeyi, jan nou te resevwa l’ avèk krentif sitèlman nou t’ap tranble.
16 Mwen kontan nèt mwen ka toujou konte sou nou.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

2 Corinthiens 7           

1 Ayant donc de telles promesses, bien-aimés, purifions-nous de toute souillure de la chair et de l’esprit, en achevant notre sanctification dans la crainte de Dieu.
Donnez-nous une place dans vos coeurs! Nous n’avons fait tort à personne, nous n’avons ruiné personne, nous n’avons tiré du profit de personne.
Ce n’est pas pour vous condamner que je parle de la sorte; car j’ai déjà dit que vous êtes dans nos coeurs à la vie et à la mort.
J’ai une grande confiance en vous, j’ai tout sujet de me glorifier de vous; je suis rempli de consolation, je suis comblé de joie au milieu de toutes nos tribulations.
Car, depuis notre arrivée en Macédoine, notre chair n’eut aucun repos; nous étions affligés de toute manière: luttes au dehors, craintes au dedans.
Mais Dieu, qui console ceux qui sont abattus, nous a consolés par l’arrivée de Tite,
et non seulement par son arrivée, mais encore par la consolation que Tite lui-même ressentait à votre sujet: il nous a raconté votre ardent désir, vos larmes, votre zèle pour moi, en sorte que ma joie a été d’autant plus grande.
Quoique je vous aie attristés par ma lettre, je ne m’en repens pas. Et, si je m’en suis repenti, -car je vois que cette lettre vous a attristés, bien que momentanément, –
je me réjouis à cette heure, non pas de ce que vous avez été attristés, mais de ce que votre tristesse vous a portés à la repentance; car vous avez été attristés selon Dieu, afin de ne recevoir de notre part aucun dommage.
10 En effet, la tristesse selon Dieu produit une repentance à salut dont on ne se repent jamais, tandis que la tristesse du monde produit la mort.
11 Et voici, cette même tristesse selon Dieu, quel empressement n’a-t-elle pas produit en vous! Quelle justification, quelle indignation, quelle crainte, quel désir ardent, quel zèle, quelle punition! Vous avez montré à tous égards que vous étiez purs dans cette affaire.
12 Si donc je vous ai écrit, ce n’était ni à cause de celui qui a fait l’injure, ni à cause de celui qui l’a reçue; c’était afin que votre empressement pour nous fût manifesté parmi vous devant Dieu.
13 C’est pourquoi nous avons été consolés. Mais, outre notre consolation, nous avons été réjouis beaucoup plus encore par la joie de Tite, dont l’esprit a été tranquillisé par vous tous.
14 Et si devant lui je me suis un peu glorifié à votre sujet, je n’en ai point eu de confusion; mais, comme nous vous avons toujours parlé selon la vérité, ce dont nous nous sommes glorifiés auprès de Tite s’est trouvé être aussi la vérité.
15 Il éprouve pour vous un redoublement d’affection, au souvenir de votre obéissance à tous, et de l’accueil que vous lui avez fait avec crainte et tremblement.
16 Je me réjouis de pouvoir en toutes choses me confier en vous.

Louis Segond {LSG}

2 Corinthians 7        

1 Having therefore these promises, dearly beloved, let us cleanse ourselves from all filthiness of the flesh and spirit, perfecting holiness in the fear of God.
Receive us; we have wronged no man, we have corrupted no man, we have defrauded no man.
I speak not this to condemn you: for I have said before, that ye are in our hearts to die and live with you.
Great is my boldness of speech toward you, great is my glorying of you: I am filled with comfort, I am exceeding joyful in all our tribulation.
For, when we were come into Macedonia, our flesh had no rest, but we were troubled on every side; without were fightings, within were fears.
Nevertheless God, that comforteth those that are cast down, comforted us by the coming of Titus;
And not by his coming only, but by the consolation wherewith he was comforted in you, when he told us your earnest desire, your mourning, your fervent mind toward me; so that I rejoiced the more.
For though I made you sorry with a letter, I do not repent, though I did repent: for I perceive that the same epistle hath made you sorry, though it were but for a season.
Now I rejoice, not that ye were made sorry, but that ye sorrowed to repentance: for ye were made sorry after a godly manner, that ye might receive damage by us in nothing.
10 For godly sorrow worketh repentance to salvation not to be repented of: but the sorrow of the world worketh death.
11 For behold this selfsame thing, that ye sorrowed after a godly sort, what carefulness it wrought in you, yea, what clearing of yourselves, yea, what indignation, yea, what fear, yea, what vehement desire, yea, what zeal, yea, what revenge! In all things ye have approved yourselves to be clear in this matter.
12 Wherefore, though I wrote unto you, I did it not for his cause that had done the wrong, nor for his cause that suffered wrong, but that our care for you in the sight of God might appear unto you.
13 Therefore we were comforted in your comfort: yea, and exceedingly the more joyed we for the joy of Titus, because his spirit was refreshed by you all.
14 For if I have boasted any thing to him of you, I am not ashamed; but as we spake all things to you in truth, even so our boasting, which I made before Titus, is found a truth.
15 And his inward affection is more abundant toward you, whilst he remembereth the obedience of you all, how with fear and trembling ye received him.
16 I rejoice therefore that I have confidence in you in all things.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}