Liv Resansman / Nombres / Numbers

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Resansman 15 

1 Seyè a pale ak Moyiz ankò, li di l’ konsa:
-Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w’a di yo pou mwen: Lè n’a antre nan peyi mwen pral ban nou pou nou rete a,
lè n’ap ofri yon towo bèf, osinon yon mouton, oswa yon kabrit pou yo boule nèt nan dife pou Seyè a, tankou yon ofrann ki pou fè Seyè a plezi ak bon sant li, kit se paske nou te fè yon ve, kit se paske nou menm nou te fè lide fè yon ofrann, osinon paske lè fèt n’ap fete pou mwen yo rive,
wi, lè n’ap fè ofrann konsa pou Seyè a, n’a fè ofrann grenn ki donnen nan jaden pou mache ak yo tou: sèt ti mamit farin frans melanje avèk de boutèy ka plen lwil oliv.
Lè n’ap fè ofrann pou yo boule nèt pou Seyè a, n’a ofri de boutèy ka plen diven pou chak ti mouton n’ap ofri.
Lè se yon belye mouton n’ap ofri, se va katòz ti mamit farin frans melanje avèk twa boutèy ka plen lwil oliv n’a ofri pou ofrann grenn ki donnen nan jaden,
ansanm ak twa boutèy ka diven. Ofrann sa yo, lè yo boule nan dife, y’a fè Seyè a plezi ak bon sant yo.
Lè se yon jenn towo n’ap ofri pou yo boule nèt nan dife osinon pou yo touye pou Seyè a, kit se paske nou te fè yon ve, kit se pou di Bondye mèsi,
se pou nou pote yon ofrann grenn ki donnen nan jaden tou: venteyen ti mamit farin frans melanje ak senk ti boutèy ka lwil oliv.
10 Lèfini, n’a ofri kat boutèy ka diven avèk li. Ofrann sa a, lè li boule nan dife, l’a fè Seyè a plezi ak bon sant li.
11 Se sa pou nou bay ansanm ak chak jenn towo, chak belye mouton osinon chak bouk kabrit n’ap ofri.
12 Pou chak bèt n’ap ofri an plis, n’a ofri kantite grenn jaden ki pou mache ak l’ a.
13 Se konsa chak moun natif natal peyi Izrayèl la gen pou fè l’ lè y’ap ofri yon bèt pou boule nèt pou Seyè a, yon ofrann ki pou fè Seyè a plezi ak bon sant li.
14 Lè yon moun lòt nasyon k’ap viv nan mitan nou pou yon ti tan, osinon pou tout tan, ap fè yon ofrann bay Bondye, yon ofrann pou yo boule nan dife epi ki pou fè Seyè a plezi ak bon sant li, se pou l’ swiv menm regleman ak nou.
15 Nan peyi a, se va yon sèl regleman pou tout moun, ni pou nou menm ni pou moun lòt nasyon k’ap viv nan mitan nou yo, yon sèl regleman pou tout tan, de pitit an pitit: Se va menm bagay la ni pou nou ni pou moun lòt nasyon yo devan Seyè a.
16 Se va yon sèl lwa, yon sèl regleman ni pou nou ni pou moun lòt nasyon k’ap viv nan mitan nou yo.
17 Apre sa Seyè a pale ak Moyiz, li di l’ konsa:
18 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo. W’a di yo pou mwen: Lè n’a antre nan peyi kote mwen pral mennen nou an,
19 lè n’ap manje manje peyi a va bay, n’a wete yon pòsyon, n’a mete l’ apa pou nou fè Seyè a kado.
20 Chak lanne, apre rekòt la, n’a pran yon pen nan premye pen fèt ak ble nou fèk rekòlte a, n’a mete l’ apa pou nou fè Seyè a kado, jan nou fè l’ pou grenn ki pase sou glasi.
21 Se pou nou toujou wete yon pen nan premye pen nou fè apre rekòt nou yo pou nou fè Seyè a kado. Se va yon lwa pou pitit ak pitit pitit nou yo, depi koulye a ak pou tout tan.
22  Men, si san nou pa fè espre, nou pa swiv yonn nan lòd Seyè a te bay Moyiz yo,
23 lòd pou nou te toujou swiv de pitit an pitit depi jou li te voye Moyiz pale ak nou an, men sa pou yo fè:
24 Si se tout pèp la ki fè sa l’ pa t’ dwe fè san li pa t’ konnen sa l’ap fè a, yo tout ansanm y’a ofri yon jenn ti towo bèf pou yo boule nèt nan dife pou Seyè a. Se va yon ofrann pou yo boule nan dife pou fè Seyè a plezi ak bon sant li. Y’a ofri l’ ansanm ak ofrann grenn jaden ak bwason ki pou mache avè l’ la. Apre sa, y’a ofri yon bouk kabrit pou repare sa yo te fè ki mal la.
25 Prèt la va pote ofrann lan devan Bondye, l’a touye bèt yo ofri pou peche tout moun pèp Izrayèl yo te fè a, epi Bondye va padonnen sa yo te fè a, paske yo pa t’ fè espre, epi yo te pote ofrann pou yo te boule nan dife pou Seyè a ansanm ak ofrann pou repare sa yo te fè ki mal devan Seyè a san yo pa t’ fè espre a.
26 Se konsa Bondye va padonnen tout moun pèp Izrayèl yo ansanm ak tout moun lòt nasyon k’ap viv nan mitan yo, paske se yo tout ki te koupab nan sa yo te fè san yo pa konnen an.
27 Si se yon moun ki fè sa l’ pa t’ dwe fè san li pa fè espre, l’a gen pou l’ ofri yon ti fenmèl kabrit ki poko gen ennan pou repare pou sa l’ te fè a.
28 Prèt la va pote ofrann lan devan Seyè a, l’a touye bèt yo ofri pou peche moun lan te fè san li pa t’ fè espre a, epi Bondye va padonnen l’ sa l’ te fè a.
29 Se va menm regleman an pou tout moun ki fè bagay yo pa t’ dwe fè san yo pa fè espre, kit se yon moun pèp Izrayèl la menm li ye, kit se yon moun lòt nasyon k’ap viv nan mitan yo a.
30  Men, lè yon moun fè yon bagay li konnen byen pwòp li pa t’ dwe fè, kit se yon moun pèp Izrayèl la menm li ye, kit se yon moun lòt nasyon k’ap viv nan mitan yo a, se pase l’ap pase Seyè a nan betiz. Se pou yo wete moun sa a nan mitan pèp la.
31 Paske li refize tande sa Seyè a te di a, li fè sa li konnen li pa t’ dwe fè. Dapre lòd Seyè a, se pou yo touye l’. Epi se li menm sèl ki va reskonsab lanmò li.
32 Yon jou, antan moun pèp Izrayèl yo te nan dezè a, yo bare yon nonm ki t’ap ranmase bwa jou repo a.
33 Moun ki te bare l’ yo mennen l’ bay Moyiz, Arawon ak tout moun pèp Izrayèl yo.
34 Yo pran msye, yo mete moun veye l’, paske yo pa t’ fin konnen sa pou yo te fè avè l’.
35 Lè sa a, Seyè a di Moyiz konsa: -Se pou nou touye nonm lan pou sa li fè a. Y’a mennen msye andeyò limit kan kote yo rete a, pou tout moun kalonnen l’ kout wòch jouk li mouri.
36 Se konsa tout moun yo fè msye soti andeyò limit kan an, epi yo kalonnen msye kout wòch jouk li mouri, jan Seyè a te ba yo lòd la.
37  Seyè a pale ak Moyiz, li di l’ konsa:
38 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo. W’a di yo pou mwen: Se pou yo toujou mete ponpon sou woulèt rad yo, se pou yo pase kòdon ble nan chak ponpon. Se pou nou toujou fè sa de pitit an pitit.
39 Chak fwa n’a wè ponpon sa yo, sa va fè nou chonje tou sa Seyè a te ban nou lòd fè pou nou ka fè yo. Konsa, nou p’ap pèdi tèt nou, nou p’ap vire do ban mwen pou nou swiv pwòp lide pa nou ak pwòp dezi pa nou.
40 Ponpon yo va fè nou chonje tout lòd mwen te ban nou pou nou ka swiv yo, pou nou ka viv apa nèt pou mwen menm ki Bondye nou an.
41 Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Se mwen menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip la pou m’ te ka Bondye nou. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

Nombres 15

1 L’Éternel parla à Moïse, et dit:
Parle aux enfants d’Israël, et dis-leur: Quand vous serez entrés dans le pays que je vous donne pour y établir vos demeures,
et que vous offrirez à l’Éternel un sacrifice consumé par le feu, soit un holocauste, soit un sacrifice en accomplissement d’un voeu ou en offrande volontaire, ou bien dans vos fêtes, pour produire avec votre gros ou votre menu bétail une agréable odeur à l’Éternel, –
celui qui fera son offrande à l’Éternel présentera en offrande un dixième de fleur de farine pétrie dans un quart de hin d’huile,
et tu feras une libation d’un quart de hin de vin, avec l’holocauste ou le sacrifice, pour chaque agneau.
Pour un bélier, tu présenteras en offrande deux dixièmes de fleur de farine pétrie dans un tiers de hin d’huile,
et tu feras une libation d’un tiers de hin de vin, comme offrande d’une agréable odeur à l’Éternel.
Si tu offres un veau, soit comme holocauste, soit comme sacrifice en accomplissement d’un voeu, ou comme sacrifice d’actions de grâces à l’Éternel,
on présentera en offrande, avec le veau, trois dixièmes de fleur de farine pétrie dans un demi-hin d’huile,
10 et tu feras une libation d’un demi-hin de vin: c’est un sacrifice consumé par le feu, d’une agréable odeur à l’Éternel.
11 On fera ainsi pour chaque boeuf, pour chaque bélier, pour chaque petit des brebis ou des chèvres.
12 Suivant le nombre des victimes, vous ferez ainsi pour chacune, d’après leur nombre.
13 Tout indigène fera ces choses ainsi, lorsqu’il offrira un sacrifice consumé par le feu, d’une agréable odeur à l’Éternel.
14 Si un étranger séjournant chez vous, ou se trouvant à l’avenir au milieu de vous, offre un sacrifice consumé par le feu, d’une agréable odeur à l’Éternel, il l’offrira de la même manière que vous.
15 Il y aura une seule loi pour toute l’assemblée, pour vous et pour l’étranger en séjour au milieu de vous; ce sera une loi perpétuelle parmi vos descendants: il en sera de l’étranger comme de vous, devant l’Éternel.
16 Il y aura une seule loi et une seule ordonnance pour vous et pour l’étranger en séjour parmi vous.
17 L’Éternel parla à Moïse, et dit:
18 Parle aux enfants d’Israël, et dis-leur: Quand vous serez arrivés dans le pays où je vous ferai entrer,
19 et que vous mangerez du pain de ce pays, vous prélèverez une offrande pour l’Éternel.
20 Vous présenterez par élévation un gâteau, les prémices de votre pâte; vous le présenterez comme l’offrande qu’on prélève de l’aire.
21 Vous prélèverez pour l’Éternel une offrande des prémices de votre pâte, dans les temps à venir.
22 Si vous péchez involontairement, en n’observant pas tous ces commandements que l’Éternel a fait connaître à Moïse,
23 tout ce que l’Éternel vous a ordonné par Moïse, depuis le jour où l’Éternel a donné des commandements et plus tard dans les temps à venir;
24 si l’on a péché involontairement, sans que l’assemblée s’en soit aperçue, toute l’assemblée offrira un jeune taureau en holocauste d’une agréable odeur à l’Éternel, avec l’offrande et la libation, d’après les règles établies; elle offrira encore un bouc en sacrifice d’expiation.
25 Le sacrificateur fera l’expiation pour toute l’assemblée des enfants d’Israël, et il leur sera pardonné; car ils ont péché involontairement, et ils ont apporté leur offrande, un sacrifice consumé par le feu en l’honneur de l’Éternel et une victime expiatoire devant l’Éternel, à cause du péché qu’ils ont involontairement commis.
26 Il sera pardonné à toute l’assemblée des enfants d’Israël et à l’étranger en séjour au milieu d’eux, car c’est involontairement que tout le peuple a péché.
27 Si c’est une seule personne qui a péché involontairement, elle offrira une chèvre d’un an en sacrifice pour le péché.
28 Le sacrificateur fera l’expiation pour la personne qui a péché involontairement devant l’Éternel: quand il aura fait l’expiation pour elle, il lui sera pardonné.
29 Pour l’indigène parmi les enfants d’Israël et pour l’étranger en séjour au milieu d’eux, il y aura pour vous une même loi, quand on péchera involontairement.
30 Mais si quelqu’un, indigène ou étranger, agit la main levée, il outrage l’Éternel; celui-là sera retranché du milieu de son peuple.
31 Il a méprisé la parole de l’Éternel, et il a violé son commandement: celui-là sera retranché, il portera la peine de son iniquité.
32 Comme les enfants d’Israël étaient dans le désert, on trouva un homme qui ramassait du bois le jour du sabbat.
33 Ceux qui l’avaient trouvé ramassant du bois l’amenèrent à Moïse, à Aaron, et à toute l’assemblée.
34 On le mit en prison, car ce qu’on devait lui faire n’avait pas été déclaré.
35 L’Éternel dit à Moïse: Cet homme sera puni de mort, toute l’assemblée le lapidera hors du camp.
36 Toute l’assemblée le fit sortir du camp et le lapida, et il mourut, comme l’Éternel l’avait ordonné à Moïse.
37 L’Éternel dit à Moïse:
38 Parle aux enfants d’Israël, et dis-leur qu’ils se fassent, de génération en génération, une frange au bord de leurs vêtements, et qu’ils mettent un cordon bleu sur cette frange du bord de leurs vêtements.
39 Quand vous aurez cette frange, vous la regarderez, et vous vous souviendrez de tous les commandements de l’Éternel pour les mettre en pratique, et vous ne suivrez pas les désirs de vos coeurs et de vos yeux pour vous laisser entraîner à l’infidélité.
40 Vous vous souviendrez ainsi de mes commandements, vous les mettrez en pratique, et vous serez saints pour votre Dieu.
41 Je suis l’Éternel, votre Dieu, qui vous ai fait sortir du pays d’Égypte, pour être votre Dieu. Je suis l’Éternel, votre Dieu.
Louis Segond {LSG}

Numbers 15

1 And the Lord spake unto Moses, saying,
Speak unto the children of Israel, and say unto them, When ye be come into the land of your habitations, which I give unto you,
And will make an offering by fire unto the Lord, a burnt offering, or a sacrifice in performing a vow, or in a freewill offering, or in your solemn feasts, to make a sweet savour unto the Lord, of the herd or of the flock:
Then shall he that offereth his offering unto the Lord bring a meat offering of a tenth deal of flour mingled with the fourth part of an hin of oil.
And the fourth part of an hin of wine for a drink offering shalt thou prepare with the burnt offering or sacrifice, for one lamb.
Or for a ram, thou shalt prepare for a meat offering two tenth deals of flour mingled with the third part of an hin of oil.
And for a drink offering thou shalt offer the third part of an hin of wine, for a sweet savour unto the Lord.
And when thou preparest a bullock for a burnt offering, or for a sacrifice in performing a vow, or peace offerings unto the Lord:
Then shall he bring with a bullock a meat offering of three tenth deals of flour mingled with half an hin of oil.
10 And thou shalt bring for a drink offering half an hin of wine, for an offering made by fire, of a sweet savour unto the Lord.
11 Thus shall it be done for one bullock, or for one ram, or for a lamb, or a kid.
12 According to the number that ye shall prepare, so shall ye do to every one according to their number.
13 All that are born of the country shall do these things after this manner, in offering an offering made by fire, of a sweet savour unto the Lord.
14 And if a stranger sojourn with you, or whosoever be among you in your generations, and will offer an offering made by fire, of a sweet savour unto the Lord; as ye do, so he shall do.
15 One ordinance shall be both for you of the congregation, and also for the stranger that sojourneth with you, an ordinance for ever in your generations: as ye are, so shall the stranger be before the Lord.
16 One law and one manner shall be for you, and for the stranger that sojourneth with you.
17 And the Lord spake unto Moses, saying,
18 Speak unto the children of Israel, and say unto them, When ye come into the land whither I bring you,
19 Then it shall be, that, when ye eat of the bread of the land, ye shall offer up an heave offering unto the Lord.
20 Ye shall offer up a cake of the first of your dough for an heave offering: as ye do the heave offering of the threshingfloor, so shall ye heave it.
21 Of the first of your dough ye shall give unto the Lord an heave offering in your generations.
22 And if ye have erred, and not observed all these commandments, which the Lord hath spoken unto Moses,
23 Even all that the Lord hath commanded you by the hand of Moses, from the day that the Lord commanded Moses, and henceforward among your generations;
24 Then it shall be, if ought be committed by ignorance without the knowledge of the congregation, that all the congregation shall offer one young bullock for a burnt offering, for a sweet savour unto the Lord, with his meat offering, and his drink offering, according to the manner, and one kid of the goats for a sin offering.
25 And the priest shall make an atonement for all the congregation of the children of Israel, and it shall be forgiven them; for it is ignorance: and they shall bring their offering, a sacrifice made by fire unto the Lord, and their sin offering before the Lord, for their ignorance:
26 And it shall be forgiven all the congregation of the children of Israel, and the stranger that sojourneth among them; seeing all the people were in ignorance.
27 And if any soul sin through ignorance, then he shall bring a she goat of the first year for a sin offering.
28 And the priest shall make an atonement for the soul that sinneth ignorantly, when he sinneth by ignorance before the Lord, to make an atonement for him; and it shall be forgiven him.
29 Ye shall have one law for him that sinneth through ignorance, both for him that is born among the children of Israel, and for the stranger that sojourneth among them.
30 But the soul that doeth ought presumptuously, whether he be born in the land, or a stranger, the same reproacheth the Lord; and that soul shall be cut off from among his people.
31 Because he hath despised the word of the Lord, and hath broken his commandment, that soul shall utterly be cut off; his iniquity shall be upon him.
32 And while the children of Israel were in the wilderness, they found a man that gathered sticks upon the sabbath day.
33 And they that found him gathering sticks brought him unto Moses and Aaron, and unto all the congregation.
34 And they put him in ward, because it was not declared what should be done to him.
35 And the Lord said unto Moses, The man shall be surely put to death: all the congregation shall stone him with stones without the camp.
36 And all the congregation brought him without the camp, and stoned him with stones, and he died; as the Lord commanded Moses.
37 And the Lord spake unto Moses, saying,
38 Speak unto the children of Israel, and bid them that they make them fringes in the borders of their garments throughout their generations, and that they put upon the fringe of the borders a ribband of blue:
39 And it shall be unto you for a fringe, that ye may look upon it, and remember all the commandments of the Lord, and do them ; and that ye seek not after your own heart and your own eyes, after which ye use to go a whoring:
40 That ye may remember, and do all my commandments, and be holy unto your God.
41 I am the Lord your God, which brought you out of the land of Egypt, to be your God: I am the Lord your God.
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}