Liv Jòb  / Job / Job

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jòb 2  

1 Yon jou tout zanj Bondye yo te reyini devan Seyè a, Satan vini tou nan mitan yo.
Seyè a mande l’: -Kote ou soti? Satan reponn: -Mwen sot moute desann toupatou sou latè, mwen t’ap pwonmennen gade.
Seyè a di Satan konsa: -Eske ou te wè Jòb, sèvitè m’ lan? Pa gen tankou l’ sou tout latè. Se yon nonm san repwòch ki mache dwat nan tou sa l’ap fè. Li gen krentif pou Bondye, li toujou ap chache fè sa ki byen. Se koulye a li kenbe m’. Ou wè se pou gremesi ou t’ap pouse m’ pou m’ te fini avè l’.
Satan reponn li: -Lavi miyò pase byen! Yon moun va bay tou sa li genyen pou l’ pa mouri.
Men, si ou manyen kò pa l’ menm, ou mèt sèten fwa sa a, l’ap di sa li pa t’ dwe di sou ou nan figi ou.
Seyè a di Satan konsa: -Ou mèt fè sa ou vle avè l’. Men, pa touye l’ pou mwen.
 Lamenm, Satan vire do l’, li ale. Li fè gwo bouton pete sou tout kò Jòb, depi anba pla pye l’ jouk nan po tèt li.
Lè sa a, Jòb soti, li al chita nan pil sann kote yo boule fatra. Li pran yon moso krich kraze pou grate kò l’.
Madanm li di l’ konsa: -Ou nan kenbe pye Bondye fèm toujou? Joure l’ byen joure, epi mouri mouri ou kont fini!
10 Jòb di li: -Pe bouch ou la, madanm! W’ap pale tankou moun fou! Lè Bondye ban nou benediksyon, nou kontan. Atò poukisa pou nou plenyen lè li voye malè sou nou? Malgre tou sa ki te rive l’, Jòb pa t’ kite ankenn move pawòl soti nan bouch li pou li fè peche kont Bondye.
11  Twa nan zanmi Jòb yo vin konnen tout malè ki te tonbe sou li. Yo kite peyi yo, yo vin wè Job. Se te Elifaz, moun Teman, Bildad, moun Chwak, epi Sofa, moun Naama. Yo fè lide vin ansanm pou plenn sò li epi pou ba li kouraj.
12 Yo te yon bèl ti distans toujou lè yo wè Jòb. Yo pa t’ rekonèt li. Lè yo rekonèt li, dlo vin nan je yo, yo konmanse rele, yo kriye. Yo chire rad sou yo, yo voye pousyè tè sou tèt yo tèlman sa te fè yo lapenn.
13 Apre sa, yo chita atè a bò kot Jòb pandan sèt jou sèt nwit san di yon mo, paske yo te wè jan l’ap soufri.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Job 2

1 Or, les fils de Dieu vinrent un jour se présenter devant l’Éternel, et Satan vint aussi au milieu d’eux se présenter devant l’Éternel.
L’Éternel dit à Satan: D’où viens-tu? Et Satan répondit à l’Éternel: De parcourir la terre et de m’y promener.
L’Éternel dit à Satan: As-tu remarqué mon serviteur Job? Il n’y a personne comme lui sur la terre; c’est un homme intègre et droit, craignant Dieu, et se détournant du mal. Il demeure ferme dans son intégrité, et tu m’excites à le perdre sans motif.
Et Satan répondit à l’Éternel: Peau pour peau! tout ce que possède un homme, il le donne pour sa vie.
Mais étends ta main, touche à ses os et à sa chair, et je suis sûr qu’il te maudit en face.
L’Éternel dit à Satan: Voici, je te le livre: seulement, épargne sa vie.
Et Satan se retira de devant la face de l’Éternel. Puis il frappa Job d’un ulcère malin, depuis la plante du pied jusqu’au sommet de la tête.
Et Job prit un tesson pour se gratter et s’assit sur la cendre.
Sa femme lui dit: Tu demeures ferme dans ton intégrité! Maudis Dieu, et meurs!
10 Mais Job lui répondit: Tu parles comme une femme insensée. Quoi! nous recevons de Dieu le bien, et nous ne recevrions pas aussi le mal! En tout cela Job ne pécha point par ses lèvres.
11 Trois amis de Job, Éliphaz de Théman, Bildad de Schuach, et Tsophar de Naama, apprirent tous les malheurs qui lui étaient arrivés. Ils se concertèrent et partirent de chez eux pour aller le plaindre et le consoler!
12 Ayant de loin porté les regards sur lui, ils ne le reconnurent pas, et ils élevèrent la voix et pleurèrent. Ils déchirèrent leurs manteaux, et ils jetèrent de la poussière en l’air au-dessus de leur tête.
13 Et ils se tinrent assis à terre auprès de lui sept jours et sept nuits, sans lui dire une parole, car ils voyaient combien sa douleur était grande.
Louis Segond {LSG}

Job 2   

1 Again there was a day when the sons of God came to present themselves before the Lord, and Satan came also among them to present himself before the Lord.
And the Lord said unto Satan, From whence comest thou? And Satan answered the Lord, and said, From going to and fro in the earth, and from walking up and down in it.
And the Lord said unto Satan, Hast thou considered my servant Job, that there is none like him in the earth, a perfect and an upright man, one that feareth God, and escheweth evil? and still he holdeth fast his integrity, although thou movedst me against him, to destroy him without cause.
And Satan answered the Lord, and said, Skin for skin, yea, all that a man hath will he give for his life.
But put forth thine hand now, and touch his bone and his flesh, and he will curse thee to thy face.
And the Lord said unto Satan, Behold, he is in thine hand; but save his life.
So went Satan forth from the presence of the Lord, and smote Job with sore boils from the sole of his foot unto his crown.
And he took him a potsherd to scrape himself withal; and he sat down among the ashes.
Then said his wife unto him, Dost thou still retain thine integrity? curse God, and die.
10 But he said unto her, Thou speakest as one of the foolish women speaketh. What? shall we receive good at the hand of God, and shall we not receive evil? In all this did not Job sin with his lips.
11 Now when Job’s three friends heard of all this evil that was come upon him, they came every one from his own place; Eliphaz the Temanite, and Bildad the Shuhite, and Zophar the Naamathite: for they had made an appointment together to come to mourn with him and to comfort him.
12 And when they lifted up their eyes afar off, and knew him not, they lifted up their voice, and wept; and they rent every one his mantle, and sprinkled dust upon their heads toward heaven.
13 So they sat down with him upon the ground seven days and seven nights, and none spake a word unto him: for they saw that his grief was very great.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}