Liv 2 Wa / 2 Rois / 2 Kings

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

2 Wa 15

1 Wa Jewoboram te gen vennsetan depi li t’ap gouvènen peyi Izrayèl lè Azarya, pitit Amasya, moute wa nan peyi Jida.
Li te gen sèzan lè sa a. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan senkanndezan. Manman l’ te rele Jekolya. Se te moun lavil Jerizalèm.
Li te fè sa ki dwat devan Seyè a, menm jan ak Amasya, papa l’.
Tansèlman, li pa t’ kraze tanp bondye lòt nasyon yo, kifè moun yo te toujou al touye bèt, boule lansan nan tanp sa yo.
Seyè a peni wa a pou sa. Li voye yon move maladi po sou li ki rete avè l’ jouk jou li mouri. Li te rete nan yon kay apa, yo pa t’ kite l’ gouvènen. Se Jotam, pitit li, ki te chèf nan palè a. Se li menm ki te regle tout zafè nan peyi a.
Tout rès istwa Azarya a ak tou sa li te fè, n’a jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo.
Lè Azarya mouri, yo antere l’ menm kote ak zansèt li yo nan lavil David la. Se Jotam, pitit gason l’ lan, ki moute wa nan plas li.
 Wa Azarya te gen tranntwitan depi li t’ap gouvènen peyi Jida lè Zakari, pitit Jewoboram, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen nan lavil Samari pandan sis mwa.
Men li fè sa ki mal nan je Seyè a tankou zansèt li yo. Li te lage kò l’ nan fè menm peche ak Jewoboram, pitit Nebat la, li te lakòz pèp Izrayèl la peche tou.
10 Chaloum, pitit Jabès, moute yon konplo sou do Zakari. Li atake l’ lavil Jibleyam, li ansasinen l’. Apre sa, li moute wa nan plas li.
11 Tout rès istwa Zakari a ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.
12 Se konsa pawòl Seyè a te di Jeou a rive vre. Li te di l’: Pitit ou yo ap chita sou fotèy wa peyi Izrayèl la jouk sou kat jenerasyon apre ou.
13 Wa Azarya te gen trannevan depi li t’ap gouvènen peyi Jida a lè Chaloum, pitit Jabès, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen nan lavil Samari pandan yon mwa.
14 Menayèm, pitit gason Gadi, soti lavil Tiza, li moute lavil Samari, l’ al atake Chaloum. Li touye l’, lèfini li moute wa nan plas li.
15 Tout rès istwa Chaloum lan ak konplo li te moute sou do Zakari a, tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.
16 Apre sa, Menayèm soti lavil Tiza, li atake lavil Tifsak, li touye dènye moun ki te rete ladan l’ ak nan tout vwazenaj lavil la. Li menm rive louvri vant tout fanm ansent yo. Li te fè sa paske yo pa t’ louvri pòtay lavil la ba li.
17 Wa Azarya t’ap mache sou tranteyennan depi li t’ap gouvènen peyi Jida lè Menayèm, pitit Gadi, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen nan lavil Samari pandan dizan.
18 Men, li fè sa ki mal nan je Seyè a. Jouk jou li mouri a, li lage kò l’ nan fè menm peche ak Jewoboram, pitit Nebat la. Li lakòz pèp Izrayèl la peche tou.
19 Poul, wa peyi Lasiri, anvayi peyi a. Menayèm bay Poul twamil (3000) kilo ajan pou Poul te ka ede l’ chita pouvwa li nan peyi a.
20 Pou Menayèm te ka peye kantite lajan sa a bay wa Lasiri a, li pase lòd nan peyi a pou chak moun rich nan peyi Izrayèl la bay yon demi kilo ajan yo chak. Apre sa, wa peyi Lasiri a tounen lakay li, li pa rete pi lontan nan peyi Izrayèl.
21 Tout rès istwa Menayèm lan ak tou sa li te fè, nou jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.
22 Lè li mouri, se Pekaya, pitit li, ki moute wa nan plas li.
23 Wa Azarya t’ap mache sou senkantan depi li t’ap gouvènen peyi Jida lè Pekaya, pitit Menayèm, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen nan lavil Samari pandan dezan.
24 Men, li fè sa ki mal nan je Seyè a. Li te lage kò l’ nan fè menm peche ak Jewoboram, pitit Nebat la. Li lakòz pèp Izrayèl la peche tou.
25 Men, yonn nan òdonans li yo, Peka, pitit gason Remalya, moute yon konplo sou do li. Li pran senkant gason nan lavil Galarad, l’ al atake gwo fò ki nan palè wa a lavil Samari, li touye l’. Lèfini, li moute wa nan plas li.
26 Tout rès istwa Pekaya a ak tou sa li te fè, nou jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.
27 Wa Azarya t’ap mache sou senkanndezan depi li t’ap gouvènen peyi Jida lè Peka, pitit Remalya, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen nan lavil Samari pandan ventan.
28 Li fè sa ki mal nan je Seyè a. Li te lage kò l’ nan fè menm peche ak Jewoboram, pitit Nebat la. Li lakòz pèp Izrayèl la peche tou.
29 Se sou reny Peka, Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri, anvayi peyi a, li pran lavil Ijon, lavil Abèl bèt Maka, lavil Janoa, lavil Kadès, lavil Azò, tout teritwa Galarad, tout teritwa Galile ak tout zòn Neftali a. Li fè tout moun yo prizonye, li depòte yo nan peyi Lasiri.
30 Lè sa a, Oze, pitit gason Ela a, moute yon konplo sou do Peka, pitit Remalya a. Li atake l’, li touye l’. Lèfini, li moute wa nan plas li. Lè sa a, Jotam, pitit gason Ozyas la, te gen ventan depi li t’ap gouvènen peyi Jida.
31 Tout rès istwa Peka a ak tou sa li te fè, nou jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.
32  Wa Peka, pitit Remalya, t’ap mache sou dezan depi li t’ap gouvènen peyi Izrayèl lè Jotam, pitit Ozyas, moute wa nan peyi Jida.
33 Li te gen vennsenkan lè li moute wa. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan sèzan. Manman l’ te rele Jewoucha. Se te pitit fi Zadòk.
34 Li te mache dwat devan Seyè a, li te fè menm jan ak Ozyas, papa l’.
35 Tansèlman, li pa t’ kraze tanp bondye lòt nasyon yo, kifè moun yo te toujou al touye bèt, boule lansan nan tanp sa yo. Se Jotam ki te bati gwo pòtay ki nan Tanp Seyè a.
36 Tout rès istwa Jotam ak tou sa li te fè, n’a jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo.
37 Se sou reny li Seyè a te voye Rezin, wa peyi Siri, ak Peka, pitit Remalya a, vin atake peyi Jida yonn apre lòt.
38 Lè Jotam mouri, yo antere l’ menm kote ak zansèt li yo nan lavil David, zansèt li a. Se Akaz, pitit gason li, ki moute wa nan plas li.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

2 Rois 15 

1 La vingt-septième année de Jéroboam, roi d’Israël, Azaria, fils d’Amatsia, roi de Juda, régna.
Il avait seize ans lorsqu’il devint roi, et il régna cinquante-deux ans à Jérusalem. Sa mère s’appelait Jecolia, de Jérusalem.
Il fit ce qui est droit aux yeux de l’Éternel, entièrement comme avait fait Amatsia, son père.
Seulement, les hauts lieux ne disparurent point; le peuple offrait encore des sacrifices et des parfums sur les hauts lieux.
L’Éternel frappa le roi, qui fut lépreux jusqu’au jour de sa mort et demeura dans une maison écartée. Et Jotham, fils du roi, était à la tête de la maison et jugeait le peuple du pays.
Le reste des actions d’Azaria, et tout ce qu’il a fait, cela n’est-il pas écrit dans le livre des Chroniques des rois de Juda?
Azaria se coucha avec ses pères, et on l’enterra avec ses pères dans la ville de David. Et Jotham, son fils, régna à sa place.
La trente-huitième année d’Azaria, roi de Juda, Zacharie, fils de Jéroboam, régna sur Israël à Samarie. Il régna six mois.
Il fit ce qui est mal aux yeux de l’Éternel, comme avaient fait ses pères; il ne se détourna point des péchés de Jéroboam, fils de Nebath, qui avait fait pécher Israël.
10 Schallum, fils de Jabesch, conspira contre lui, le frappa devant le peuple, et le fit mourir; et il régna à sa place.
11 Le reste des actions de Zacharie, cela est écrit dans le livre des Chroniques des rois d’Israël.
12 Ainsi s’accomplit ce que l’Éternel avait déclaré à Jéhu, en disant: Tes fils jusqu’à la quatrième génération seront assis sur le trône d’Israël.
13 Schallum, fils de Jabesch, régna la trente-neuvième année d’Ozias, roi de Juda. Il régna pendant un mois à Samarie.
14 Menahem, fils de Gadi, monta de Thirtsa et vint à Samarie, frappa dans Samarie Schallum, fils de Jabesch, et le fit mourir; et il régna à sa place.
15 Le reste des actions de Schallum, et la conspiration qu’il forma, cela est écrit dans le livre des Chroniques des rois d’Israël.
16 Alors Menahem frappa Thiphsach et tous ceux qui y étaient, avec son territoire depuis Thirtsa; il la frappa parce qu’elle n’avait pas ouvert ses portes, et il fendit le ventre de toutes les femmes enceintes.
17 La trente-neuvième année d’Azaria, roi de Juda, Menahem, fils de Gadi, régna sur Israël. Il régna dix ans à Samarie.
18 Il fit ce qui est mal aux yeux de l’Éternel; il ne se détourna point, tant qu’il vécut, des péchés de Jéroboam, fils de Nebath, qui avait fait pécher Israël.
19 Pul, roi d’Assyrie, vint dans le pays; et Menahem donna à Pul mille talents d’argent, pour qu’il aidât à affermir la royauté entre ses mains.
20 Menahem leva cet argent sur tous ceux d’Israël qui avaient de la richesse, afin de le donner au roi d’Assyrie; il les taxa chacun à cinquante sicles d’argent. Le roi d’Assyrie s’en retourna, et ne s’arrêta pas alors dans le pays.
21 Le reste des actions de Menahem, et tout ce qu’il a fait, cela n’est-il pas écrit dans le livre des Chroniques des rois d’Israël?
22 Menahem se coucha avec ses pères. Et Pekachia, son fils, régna à sa place.
23 La cinquantième année d’Azaria, roi de Juda, Pekachia, fils de Menahem, régna sur Israël à Samarie. Il régna deux ans.
24 Il fit ce qui est mal aux yeux de l’Éternel; il ne se détourna point des péchés de Jéroboam, fils de Nebath, qui avait fait pécher Israël.
25 Pékach, fils de Remalia, son officier, conspira contre lui; il le frappa à Samarie, dans le palais de la maison du roi, de même qu’Argob et Arié; il avait avec lui cinquante hommes d’entre les fils des Galaadites. Il fit ainsi mourir Pekachia, et il régna à sa place.
26 Le reste des actions de Pekachia, et tout ce qu’il a fait, cela est écrit dans le livre des Chroniques des rois d’Israël.
27 La cinquante-deuxième année d’Azaria, roi de Juda, Pékach, fils de Remalia, régna sur Israël à Samarie. Il régna vingt ans.
28 Il fit ce qui est mal aux yeux de l’Éternel; il ne se détourna point des péchés de Jéroboam, fils de Nebath, qui avait fait pécher Israël.
29 Du temps de Pékach, roi d’Israël, Tiglath Piléser, roi d’Assyrie, vint et prit Ijjon, Abel Beth Maaca, Janoach, Kédesch, Hatsor, Galaad et la Galilée, tout le pays de Nephthali, et il emmena captifs les habitants en Assyrie.
30 Osée, fils d’Éla, forma une conspiration contre Pékach, fils de Remalia, le frappa et le fit mourir; et il régna à sa place, la vingtième année de Jotham, fils d’Ozias.
31 Le reste des actions de Pékach, et tout ce qu’il a fait, cela est écrit dans le livre des Chroniques des rois d’Israël.
32 La seconde année de Pékach, fils de Remalia, roi d’Israël, Jotham, fils d’Ozias, roi de Juda, régna.
33 Il avait vingt-cinq ans lorsqu’il devint roi, et il régna seize ans à Jérusalem. Sa mère s’appelait Jeruscha, fille de Tsadok.
34 Il fit ce qui est droit aux yeux de l’Éternel; il agit entièrement comme avait agi Ozias, son père.
35 Seulement, les hauts lieux ne disparurent point; le peuple offrait encore des sacrifices et des parfums sur les hauts lieux. Jotham bâtit la porte supérieure de la maison de l’Éternel.
36 Le reste des actions de Jotham, et tout ce qu’il a fait, cela n’est-il pas écrit dans le livre des Chroniques des rois de Juda?
37 Dans ce temps-là, l’Éternel commença à envoyer contre Juda Retsin, roi de Syrie, et Pékach, fils de Remalia.
38 Jotham se coucha avec ses pères, et il fut enterré avec ses pères dans la ville de David, son père. Et Achaz, son fils, régna à sa place.
Louis Segond {LSG}

2 Kings 15

 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}