Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 31  

1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Seyè, m’ap chache pwoteksyon anba zèl ou! Pa janm kite m’ pran wont ankò. Ou se yon Bondye ki pa nan patipri. Tanpri, delivre mwen.
 Panche zòrèy ou bò kote m’, prese vin delivre mwen. Se ou menm ki twou wòch kote m’ ka jwenn pwoteksyon. Se ou menm ki pou sèvi m’ ranpa. Se ou menm ki pou delivre m’.
 Se ou ki tout pwoteksyon mwen, tout defans mwen. Tanpri, dirije m’, kondi m’ poutèt non ou pote a.
 Pa kite m’ tonbe nan pèlen yo tann pou mwen an. Se ou menm k’ap pwoteje m’.
 Mwen renmèt lespri mwen nan men ou. W’a delivre m’, Seyè, paske ou se yon Bondye ki kenbe pawòl li.
 Ou rayi moun k’ap adore zidòl. Pou mwen menm, tout konfyans mwen se nan ou li ye.
 M’ap kontan, m’ap fè fèt, paske ou renmen m’. Ou wè jan m’ap soufri, ou konnen nan ki pwoblèm mwen ye.
 Ou pa kite lènmi m’ yo mete men sou mwen, ou mete m’ yon kote pou anyen pa rive m’.
 Gen pitye pou mwen, Seyè, paske mwen anba tray. Figi m’ fin rale, mwen kagou. Kò m’ ap fin deperi afòs mwen gen lapenn.
10  Mwen pase tout lavi m’ ap soufri, se tout tan m’ap plenn. Mwen santi m’ap febli paske mwen fè twòp move bagay. Tout zo nan kò m’ ap fè m’ mal.
11  Tout lènmi m’ yo ap pase m’ nan rizib. Vwazen m’ yo ap pase m’ nan betiz. Tout moun ki konnen m’ yo pè m’. Lè yo wè m’ nan lari, yo kouri pou mwen.
12  Tout moun gen tan bliye m’, tankou si m’ te mouri deja. Mwen tankou yon vye bagay yo voye jete.
13  Mwen tande jan anpil moun ap pale m’ mal. Kote m’ pase mwen pè. Yo mete tèt yo ansanm sou do m’, y’ap fè konplo pou yo touye m’.
14  Men, Seyè, se nan ou mwen mete tou konfyans mwen. Se ou ki Bondye mwen.
15  Lavi m’ nan men ou. Delivre m’ anba lènmi m’ yo, anba moun k’ap pèsekite m’ yo.
16  Se sèvi m’ap sèvi ou, tanpri, fè m’ santi ou la avèk mwen. Delivre m’, paske ou renmen m’.
17  M’ap rele ou, Seyè. Pa kite m’ pran wont. Se mechan yo ki pou wont. Se pou yo mouri san di krik.
18  Se pou yo rete san pale, moun sa yo k’ap bay manti, tout moun sa yo k’ap fè grandizè yo, k’ap fè awogans, k’ap pale mal sou moun k’ap mache dwat devan Bondye yo.
19  Ala bon yo bon, bagay ou kenbe an rezèv pou moun ki gen krentif pou ou! Ala bèl yo bèl, bagay ou fè devan tout moun, lè w’ap pwoteje moun k’ap chache pwoteksyon anba zèl ou!
20  Ou kenbe yo la devan je ou, pou ou ka pwoteje yo anba moun k’ap pèsekite yo. Ou kache yo lakay ou pou yo pa fini ak yo anba kout lang.
21  Lwanj pou Seyè a! Ala bèl bagay li fè pou l’ moutre jan l’ renmen mwen, lè m’ te anba tray, lè yo te sènen m’ toupatou a!
22  Mwen te pè, mwen t’ap di nan kè m’: -Gen lè ou voye m’ jete byen lwen ou. Men, ou te tande rèl mwen, lè m’ t’ap mande ou sekou.
23  Nou tout k’ap sèvi Seyè a, se pou nou renmen l’. Wi, Seyè a pwoteje tout moun ki kenbe fèm nan li. Men, se pa ti pini l’ap pini moun k’ap vante tèt yo.
24  Nou tout ki met espwa nou nan Seyè a, pran kouraj, kenbe fèm.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 31

1  Au chef des chantres. Psaume de David.  Éternel! je cherche en toi mon refuge: Que jamais je ne sois confondu! Délivre-moi dans ta justice!
 Incline vers moi ton oreille, hâte-toi de me secourir! Sois pour moi un rocher protecteur, une forteresse, Où je trouve mon salut!
3  Car tu es mon rocher, ma forteresse; Et à cause de ton nom tu me conduiras, tu me dirigeras.
 Tu me feras sortir du filet qu’ils m’ont tendu; Car tu es mon protecteur.
 Je remets mon esprit entre tes mains; Tu me délivreras, Éternel, Dieu de vérité!
 Je hais ceux qui s’attachent à de vaines idoles, Et je me confie en l’Éternel.
 Je serai par ta grâce dans l’allégresse et dans la joie; Car tu vois ma misère, tu sais les angoisses de mon âme,
 Et tu ne me livreras pas aux mains de l’ennemi, Tu mettras mes pieds au large.
 Aie pitié de moi, Éternel! car je suis dans la détresse; J’ai le visage, l’âme et le corps usés par le chagrin.
10  Ma vie se consume dans la douleur, Et mes années dans les soupirs; Ma force est épuisée à cause de mon iniquité, Et mes os dépérissent.
11 Tous mes adversaires m’ont rendu un objet d’opprobre, De grand opprobre pour mes voisins, et de terreur pour mes amis; Ceux qui me voient dehors s’enfuient loin de moi.
12  Je suis oublié des coeurs comme un mort, Je suis comme un vase brisé.
13  J’apprends les mauvais propos de plusieurs, L’épouvante qui règne à l’entour, Quand ils se concertent ensemble contre moi: Ils complotent de m’ôter la vie.
14  Mais en toi je me confie, ô Éternel! Je dis: Tu es mon Dieu!
15  Mes destinées sont dans ta main; Délivre-moi de mes ennemis et de mes persécuteurs!
16  Fais luire ta face sur ton serviteur, Sauve-moi par ta grâce!
17  Éternel, que je ne sois pas confondu quand je t’invoque. Que les méchants soient confondus, Qu’ils descendent en silence au séjour des morts!
18  Qu’elles deviennent muettes, les lèvres menteuses, Qui parlent avec audace contre le juste, Avec arrogance et dédain!
19  Oh! combien est grande ta bonté, Que tu tiens en réserve pour ceux qui te craignent, Que tu témoignes à ceux qui cherchent en toi leur refuge, A la vue des fils de l’homme!
20  Tu les protèges sous l’abri de ta face contre ceux qui les persécutent, Tu les protèges dans ta tente contre les langues qui les attaquent.
21  Béni soit l’Éternel! Car il a signalé sa grâce envers moi, Comme si j’avais été dans une ville forte.
22  Je disais dans ma précipitation: Je suis chassé loin de ton regard! Mais tu as entendu la voix de mes supplications, Quand j’ai crié vers toi.
23  Aimez l’Éternel, vous qui avez de la piété! L’Éternel garde les fidèles, Et il punit sévèrement les orgueilleux.
24  Fortifiez-vous et que votre coeur s’affermisse, Vous tous qui espérez en l’Éternel!
Louis Segond {LSG}

Psalm 31 

1 In thee, O Lord, do I put my trust; let me never be ashamed: deliver me in thy righteousness.
Bow down thine ear to me; deliver me speedily: be thou my strong rock, for an house of defence to save me.
For thou art my rock and my fortress; therefore for thy name’s sake lead me, and guide me.
Pull me out of the net that they have laid privily for me: for thou art my strength.
Into thine hand I commit my spirit: thou hast redeemed me, O Lord God of truth.
I have hated them that regard lying vanities: but I trust in the Lord.
I will be glad and rejoice in thy mercy: for thou hast considered my trouble; thou hast known my soul in adversities;
And hast not shut me up into the hand of the enemy: thou hast set my feet in a large room.
Have mercy upon me, O Lord, for I am in trouble: mine eye is consumed with grief, yea, my soul and my belly.
10 For my life is spent with grief, and my years with sighing: my strength faileth because of mine iniquity, and my bones are consumed.
11 I was a reproach among all mine enemies, but especially among my neighbours, and a fear to mine acquaintance: they that did see me without fled from me.
12 I am forgotten as a dead man out of mind: I am like a broken vessel.
13 For I have heard the slander of many: fear was on every side: while they took counsel together against me, they devised to take away my life.
14 But I trusted in thee, O Lord: I said, Thou art my God.
15 My times are in thy hand: deliver me from the hand of mine enemies, and from them that persecute me.
16 Make thy face to shine upon thy servant: save me for thy mercies’ sake.
17 Let me not be ashamed, O Lord; for I have called upon thee: let the wicked be ashamed, and let them be silent in the grave.
18 Let the lying lips be put to silence; which speak grievous things proudly and contemptuously against the righteous.
19 Oh how great is thy goodness, which thou hast laid up for them that fear thee; which thou hast wrought for them that trust in thee before the sons of men!
20 Thou shalt hide them in the secret of thy presence from the pride of man: thou shalt keep them secretly in a pavilion from the strife of tongues.
21 Blessed be the Lord: for he hath shewed me his marvellous kindness in a strong city.
22 For I said in my haste, I am cut off from before thine eyes: nevertheless thou heardest the voice of my supplications when I cried unto thee.
23 O love the Lord, all ye his saints: for the Lord preserveth the faithful, and plentifully rewardeth the proud doer.
24 Be of good courage, and he shall strengthen your heart, all ye that hope in the Lord.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}