Liv Levitik / Levitique / Levticus

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Levitik 24

1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l’ konsa:
-Bay moun pèp Izrayèl yo lòd pou yo fè ou jwenn bon lwil fèt ak grenn oliv kraze pou gwo lanp sèt branch ki nan Tant Randevou a, pou lanp yo toujou ka rete limen.
Chak aswè, Arawon va limen yo, l’a veye pou yo toujou rete limen jouk denmen maten devan Seyè a, sou deyò rido ki devan Bwat Kontra a nan Tant Randevou a. Sa se yon regleman pou yo kenbe pou tout tan, de pitit an pitit.
Arawon va pran swen tout ti lanp ki sou gwo lanp sèt branch an lò a. L’a veye pou yo toujou rete limen devan Seyè a.
W’a pran vennkat liv farin frans, w’a fè douz pen. Chak pen va fèt ak de liv farin.
W’a mete pen yo sou de ran sou tab lò ki devan Seyè a, sis pen nan chak ran.
Apre sa, w’a pran lansan bon kalite, w’a mete sou chak ran pen yo. Se lansan sa a w’a ofri nan dife bay Seyè a tankou si se te pen yo menm ou te ofri.
Se pou moun pèp Izrayèl yo pote pen chak jou repo, pou yo ofri bay Seyè a. Se bagay pou yo toujou fè dapre kontra Bondye a ki p’ap janm kase.
Se pou Arawon ak pitit gason l’ yo pen yo va ye. Y’a manje yo yon kote ki apa pou Seyè a, paske se yon pòsyon ki apa nèt pou Bondye nan manje yo ofri pou boule nan dife pou Seyè a. Se yon regleman ki la pou tout tan tout tan.
10  Vwala te gen yon nonm, manman l’ te moun pèp Izrayèl, men papa l’ te moun peyi Lejip. Msye vin rive nan mitan pèp la, epi li pete yon kont nan kan an avèk yon moun pèp Izrayèl la.
11 Manman nonm lan te rele Chelomit. Se te pitit fi Dibri, yon moun nan branch fanmi Dann lan. Pandan yo t’ap joure a, nonm lan nonmen non Bondye mal. Nan koze a, li derespekte Bondye. Se konsa yo pran l’ mennen bay Moyiz.
12 Yo mete msye yon kote ak moun pou veye l’, pandan Moyiz menm t’ap tann Seyè a vin di l’ sa pou l’ fè.
13 Seyè a di Moyiz konsa:
14 -Mennen nonm lan lòt bò limit kan an. Fè tout moun ki te tande l’ lè li t’ap derespekte Bondye a mete men yo sou tèt li. Konsa, y’a ba l’ pote reskonsablite sa l’ fè a, epi tout pèp la va kalonnen msye wòch jouk li mouri.
15 Apre sa, w’a pale ak moun pèp Izrayèl yo, w’a di yo: Lè yon moun derespekte Bondye, se pou l’ peye pou sa l’ fè a.
16 Se pou yo touye l’. Wi, si yon moun peyi a osinon yon moun lòt nasyon k’ap viv nan mitan nou derespekte Bondye, se pou yo touye l’. Tout moun nan peyi a va kalonnen l’ wòch jouk li mouri.
17 Depi yon moun touye yon lòt, se pou yo touye l’ tou.
18 Si yon moun touye yon bèt ki pa pou li, se pou l’ renmèt li. Prensip la vle kou pou kou, lavi pou lavi.
19 Si ou fè yon moun menm peyi avè ou mal, se pou yo fè ou menm bagay la tou.
20 Si ou kase yon zo nan kò l’, y’a kase yon zo nan kò pa ou tou. Si ou pete yon grenn je l’, y’a pete yon grenn je pa ou tou. Si ou kase yon dan nan bouch li, y’a kase yon dan nan bouch pa ou tou. Sa ou fè lòt la, se sa y’a fè ou tou.
21 Si ou touye yon bèt ki pa pou ou, se pou ou renmèt li. Men, si se yon moun ou touye, y’ap touye ou tou.
22 Menm jijman sa a va pou tout moun k’ap viv nan peyi a, kit se yon moun peyi a ki menm ras avè ou, kit se yon moun lòt nasyon, paske se mwen menm Seyè a ki Bondye nou an.
23 Moyiz pale ak moun pèp Izrayèl yo, epi yo pran nonm ki te nonmen non Bondye a mal la, yo mennen l’ andeyò lòt bò limit kote tout moun rete a, epi yo kalonnen l’ wòch jouk yo touye l’. Se konsa moun pèp Izrayèl yo te fè tou sa Seyè a te bay Moyiz lòd fè a.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

Levitique 24

1 L’Éternel parla à Moïse, et dit:
Ordonne aux enfants d’Israël de t’apporter pour le chandelier de l’huile pure d’olives concassées, afin d’entretenir les lampes continuellement.
C’est en dehors du voile qui est devant le témoignage, dans la tente d’assignation, qu’Aaron la préparera, pour que les lampes brûlent continuellement du soir au matin en présence de l’Éternel. C’est une loi perpétuelle pour vos descendants.
Il arrangera les lampes sur le chandelier d’or pur, pour qu’elles brûlent continuellement devant l’Éternel.
Tu prendras de la fleur de farine, et tu en feras douze gâteaux; chaque gâteau sera de deux dixièmes.
Tu les placeras en deux piles, six par pile, sur la table d’or pur devant l’Éternel.
Tu mettras de l’encens pur sur chaque pile, et il sera sur le pain comme souvenir, comme une offrande consumée par le feu devant l’Éternel.
Chaque jour de sabbat, on rangera ces pains devant l’Éternel, continuellement: c’est une alliance perpétuelle qu’observeront les enfants d’Israël.
Ils appartiendront à Aaron et à ses fils, et ils les mangeront dans un lieu saint; car ce sera pour eux une chose très sainte, une part des offrandes consumées par le feu devant l’Éternel. C’est une loi perpétuelle.
10 Le fils d’une femme israélite et d’un homme égyptien, étant venu au milieu des enfants d’Israël, se querella dans le camp avec un homme israélite.
11 Le fils de la femme israélite blasphéma et maudit le nom de Dieu. On l’amena à Moïse. Sa mère s’appelait Schelomith, fille de Dibri, de la tribu de Dan.
12 On le mit en prison, jusqu’à ce que Moïse eût déclaré ce que l’Éternel ordonnerait.
13 L’Éternel parla à Moïse, et dit:
14 Fais sortir du camp le blasphémateur; tous ceux qui l’ont entendu poseront leurs mains sur sa tête, et toute l’assemblée le lapidera.
15 Tu parleras aux enfants d’Israël, et tu diras: Quiconque maudira son Dieu portera la peine de son péché.
16 Celui qui blasphémera le nom de l’Éternel sera puni de mort: toute l’assemblée le lapidera. Qu’il soit étranger ou indigène, il mourra, pour avoir blasphémé le nom de Dieu.
17 Celui qui frappera un homme mortellement sera puni de mort.
18 Celui qui frappera un animal mortellement le remplacera: vie pour vie.
19 Si quelqu’un blesse son prochain, il lui sera fait comme il a fait:
20 fracture pour fracture, oeil pour oeil, dent pour dent; il lui sera fait la même blessure qu’il a faite à son prochain.
21 Celui qui tuera un animal le remplacera, mais celui qui tuera un homme sera puni de mort.
22 Vous aurez la même loi, l’étranger comme l’indigène; car je suis l’Éternel, votre Dieu.
23 Moïse parla aux enfants d’Israël; ils firent sortir du camp le blasphémateur, et ils le lapidèrent. Les enfants d’Israël se conformèrent à l’ordre que l’Éternel avait donné à Moïse.
Louis Segond {LSG}

Leviticus 24

1 Command the children of Israel, that they bring unto thee pure oil olive beaten for the light, to cause the lamps to burn continually.
Without the vail of the testimony, in the tabernacle of the congregation, shall Aaron order it from the evening unto the morning before the Lord continually: it shall be a statute for ever in your generations.
He shall order the lamps upon the pure candlestick before the Lord continually.
And thou shalt take fine flour, and bake twelve cakes thereof: two tenth deals shall be in one cake.
And thou shalt set them in two rows, six on a row, upon the pure table before the Lord.
And thou shalt put pure frankincense upon each row, that it may be on the bread for a memorial, even an offering made by fire unto the Lord.
Every sabbath he shall set it in order before the Lord continually, being taken from the children of Israel by an everlasting covenant.
And it shall be Aaron’s and his sons’; and they shall eat it in the holy place: for it is most holy unto him of the offerings of the Lord made by fire by a perpetual statute.
10 And the son of an Israelitish woman, whose father was an Egyptian, went out among the children of Israel: and this son of the Israelitish woman and a man of Israel strove together in the camp;
11 And the Israelitish woman’s son blasphemed the name of the Lord, and cursed. And they brought him unto Moses: (and his mother’s name was Shelomith, the daughter of Dibri, of the tribe of Dan:)
12 And they put him in ward, that the mind of the Lord might be shewed them.
13 And the Lord spake unto Moses, saying,
14 Bring forth him that hath cursed without the camp; and let all that heard him lay their hands upon his head, and let all the congregation stone him.
15 And thou shalt speak unto the children of Israel, saying, Whosoever curseth his God shall bear his sin.
16 And he that blasphemeth the name of the Lord, he shall surely be put to death, and all the congregation shall certainly stone him: as well the stranger, as he that is born in the land, when he blasphemeth the name of the Lord, shall be put to death.
17 And he that killeth any man shall surely be put to death.
18 And he that killeth a beast shall make it good; beast for beast.
19 And if a man cause a blemish in his neighbour; as he hath done, so shall it be done to him;
20 Breach for breach, eye for eye, tooth for tooth: as he hath caused a blemish in a man, so shall it be done to him again.
21 And he that killeth a beast, he shall restore it: and he that killeth a man, he shall be put to death.
22 Ye shall have one manner of law, as well for the stranger, as for one of your own country: for I am the Lord your God.
23 And Moses spake to the children of Israel, that they should bring forth him that had cursed out of the camp, and stone him with stones. And the children of Israel did as the Lord commanded Moses.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}