Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 92  

1 Sòm sa a se yon chante espesyal pou jou repo a. Sa bon nèt pou nou di Seyè a mèsi, pou nou chante pou ou, Bondye ki anwo nan syèl la.
2  Sa bon nèt pou chak maten nou fè konnen jan ou gen kè sansib, pou chak swa nou fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou.
 Avèk mizik yo jwe sou enstriman akòd yo, avèk mizik yo jwe sou gita, sa bon nèt pou nou fè lwanj ou.
 Paske, Seyè, ou fè kè m’ kontan ak bèl mèvèy ou yo, m’ap fè fèt lè m’ wè tou sa w’ap fè.
 Ala bèl bagay ou fè yo bèl! Seyè, moun p’ap janm ka fin konprann sa ki nan tèt ou!
 Se bagay moun lespri lou pa ka konnen, bagay moun fou pa ka konprann.
  Mechan yo ap grandi tankou zèb, moun k’ap fè mal yo ap wè zafè yo mache byen, men yon lè yo tout gen pou disparèt nèt.
 Men ou menm, Seyè, ou se Bondye nan syèl la. Ou la pou tout tan.
 Paske, Seyè, lènmi ou yo pral mouri. Wi, ou pral gaye tout moun k’ap fè mal yo.
10  Ou fè m’ gen menm fòs ak towo bèf mawon yo. Ou fè kè m’ kontan.
11  Mwen wè ak je m’ jan lènmi m’ yo pèdi batay la, mwen tande jan moun ki pa vle wè m’ yo ap rele.
12  Moun k’ap mache dwat yo pral pouse tankou palmis, y’ap grandi tankou pye sèd nan peyi Liban.
13  Yo tankou pyebwa yo plante nan kay Seyè a, y’ap pouse bèl branch nan tanp Bondye nou an.
14  Yo te mèt granmoun, y’ap donnen, y’ap toujou vèt, y’ap toujou gen fòs.
15  Sa fè nou wè jan Seyè a pa gen patipri. Se li ki tout pwoteksyon mwen. Pa gen lenjistis nan kè li.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 92

1 Psaume. Cantique pour le jour du sabbat. Il est beau de louer l’Éternel, Et de célébrer ton nom, ô Très Haut!
 D’annoncer le matin ta bonté, Et ta fidélité pendant les nuits,
 Sur l’instrument à dix cordes et sur le luth, Aux sons de la harpe.
 Tu me réjouis par tes oeuvres, ô Éternel! Et je chante avec allégresse l’ouvrage de tes mains.
 Que tes oeuvres sont grandes, ô Éternel! Que tes pensées sont profondes!
 L’homme stupide n’y connaît rien, Et l’insensé n’y prend point garde.
 Si les méchants croissent comme l’herbe, Si tous ceux qui font le mal fleurissent, C’est pour être anéantis à jamais.
 Mais toi, tu es le Très Haut, A perpétuité, ô Éternel!
 Car voici, tes ennemis, ô Éternel! Car voici, tes ennemis périssent; Tous ceux qui font le mal sont dispersés.
10  Et tu me donnes la force du buffle; Je suis arrosé avec une huile fraîche.
11  Mon oeil se plaît à contempler mes ennemis, Et mon oreille à entendre mes méchants adversaires.
12  Les justes croissent comme le palmier, Ils s’élèvent comme le cèdre du Liban.
13  Plantés dans la maison de l’Éternel, Ils prospèrent dans les parvis de notre Dieu;
14  Ils portent encore des fruits dans la vieillesse, Ils sont pleins de sève et verdoyants,
15  Pour faire connaître que l’Éternel est juste. Il est mon rocher, et il n’y a point en lui d’iniquité.
Louis Segond {LSG}

Psalm 92 

1 It is a good thing to give thanks unto the Lord, and to sing praises unto thy name, O Most High:
To shew forth thy lovingkindness in the morning, and thy faithfulness every night,
Upon an instrument of ten strings, and upon the psaltery; upon the harp with a solemn sound.
For thou, Lord, hast made me glad through thy work: I will triumph in the works of thy hands.
Lord, how great are thy works! and thy thoughts are very deep.
A brutish man knoweth not; neither doth a fool understand this.
When the wicked spring as the grass, and when all the workers of iniquity do flourish; it is that they shall be destroyed for ever:
But thou, Lord, art most high for evermore.
For, lo, thine enemies, O Lord, for, lo, thine enemies shall perish; all the workers of iniquity shall be scattered.
10 But my horn shalt thou exalt like the horn of an unicorn: I shall be anointed with fresh oil.
11 Mine eye also shall see my desire on mine enemies, and mine ears shall hear my desire of the wicked that rise up against me.
12 The righteous shall flourish like the palm tree: he shall grow like a cedar in Lebanon.
13 Those that be planted in the house of the Lord shall flourish in the courts of our God.
14 They shall still bring forth fruit in old age; they shall be fat and flourishing;
15 To shew that the Lord is upright: he is my rock, and there is no unrighteousness in him.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}