Liv Jòb  / Job / Job

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jòb 39  

1 Eske ou konnen lè kabrit mawon yo ap fè pitit? Eske ou janm wè kote fenmèl yo ap miba?
Eske ou konnen konbe mwa yo pote yon pitit nan vant yo? Kilè pitit yo rive dat pou yo fèt?
Eske ou konnen lè yo pral kwoupi pou miba, lè y’ap fè pitit yo nan mitan dezè a?
Pitit yo grandi, yo pran fòs, yo kite manman yo, y’ ale, yo pa tounen.
Ki moun ki bay bourik mawon libète yo? Ki moun ki lage yo nan savann?
Mwen ba yo dezè pou kay yo. Mwen kite yo viv nan savann tè sale a.
Tout bri k’ap fèt nan lavil yo pa di yo anyen. Pesonn pa ka donte yo pou fè yo travay.
Yo mache nan tout mòn yo dèyè manje. Y’ap chache fèy vèt pou yo mete anba dan yo.
Eske ou ka fè bèf mawon travay pou ou? Eske l’ap rete pase nwit mare nan lakou kay ou?
10 Eske ou ka pase kòd nan kou yonn pou fè l’ raboure tè a pou ou? Eske ou ka fè l’ rale chari pou woule tè jaden ou yo?
11 Eske ou ka konte sou gwo fòs kouraj li pou fè li travay di pou ou?
12 Eske ou kwè l’ap asepte pote rekòt ou soti nan jaden? Eske l’ap asepte ranmase grenn ou yo sou glasi?
13  Otrich alèz lè l’ap bat zèl li, men, li pa ka vole tankou sigòy.
14 Otrich la ponn ze l’ yo atè konsa. Se chalè tè a ki fè yo kale.
15 Li pa konnen nenpòt moun k’ap pase ka pile yo, nenpòt bèt nan raje ka kraze yo anba pye.
16 Li fè tankou ze yo pa pou li. Sa pa di l’ anyen si li bay tèt li tout lapenn ponn ze yo pou gremesi,
17 Se mwen menm, Bondye, ki fè l’ sòt konsa, ki pa ba li lespri menm.
18 Men, lè l’ pran kouri, nanpwen kavalye sou chwal ki ka pran devan l’.
19  Eske se ou menm ki bay chwal yo fòs, ki mete bèl krenyen sou kou yo?
20 Eske se ou ki fè yo sote ponpe tankou kabrit, ki fè yo ranni pou fè moun pè?
21 Y’ap pyafe konsa nan ti fon yo, y’ap bat tè a ak zago yo. Yo kouri ak tout fòs yo lè yo nan lagè.
22 Se brave danje yo ye. Yo pa janm pè anyen. Pa gen zam ki pou fè yo fè bak.
23 Lè konsa, ti sak flèch ki nan do kavalye yo ap fè bri. Lans ak frenn ki nan men yo ap fè zèklè.
24 Yo eksite, yo pa ka tann. Y’ap kouri sou lènmi an. Lè yo tande twonpèt la soufle, yo pa ka rete an plas.
25 Chak fwa twonpèt la soufle, yo fè han! Yo gen tan pran sant batay la byen lwen. Yo tande chèf yo k’ap pase lòd byen fò.
26  Eske se ou ki moutre grigri jan pou l’ vole lè li louvri zèl li yo vole ale nan sid?
27 Eske se ou ki bay malfini lòd pou li fè nich li byen wo sou tèt mòn yo?
28 Li rete sou tèt gwo wòch yo. Se la li pase nwit. Kote l’ ye a, moun pa ka vin pran l’.
29 Se la li rete, l’ap veye bèt pou l’ trape manje. Li te mèt byen lwen, l’ap wè yo ak je li.
30 Se san bèt ti malfini yo bwè. Kote ki gen kadav, se la yo ye.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Job 39

(39:4) Sais-tu quand les chèvres sauvages font leurs petits? Observes-tu les biches quand elles mettent bas?
(39:5) Comptes-tu les mois pendant lesquels elles portent, Et connais-tu l’époque où elles enfantent?
(39:6) Elles se courbent, laissent échapper leur progéniture, Et sont délivrées de leurs douleurs.
(39:7) Leurs petits prennent de la vigueur et grandissent en plein air, Ils s’éloignent et ne reviennent plus auprès d’elles.
(39:8) Qui met en liberté l’âne sauvage, Et l’affranchit de tout lien?
(39:9) J’ai fait du désert son habitation, De la terre salée sa demeure.
(39:10) Il se rit du tumulte des villes, Il n’entend pas les cris d’un maître.
(39:11) Il parcourt les montagnes pour trouver sa pâture, Il est à la recherche de tout ce qui est vert.
(39:12) Le buffle veut-il être à ton service? Passe-t-il la nuit vers ta crèche?
10 (39:13) L’attaches-tu par une corde pour qu’il trace un sillon? Va-t-il après toi briser les mottes des vallées?
11 (39:14) Te reposes-tu sur lui, parce que sa force est grande? Lui abandonnes-tu le soin de tes travaux?
12 (39:15) Te fies-tu à lui pour la rentrée de ta récolte? Est-ce lui qui doit l’amasser dans ton aire?
13 (39:16) L’aile de l’autruche se déploie joyeuse; On dirait l’aile, le plumage de la cigogne.
14 (39:17) Mais l’autruche abandonne ses oeufs à la terre, Et les fait chauffer sur la poussière;
15 (39:18) Elle oublie que le pied peut les écraser, Qu’une bête des champs peut les fouler.
16 (39:19) Elle est dure envers ses petits comme s’ils n’étaient point à elle; Elle ne s’inquiète pas de l’inutilité de son enfantement.
17 (39:20) Car Dieu lui a refusé la sagesse, Il ne lui a pas donné l’intelligence en partage.
18 (39:21) Quand elle se lève et prend sa course, Elle se rit du cheval et de son cavalier.
19 (39:22) Est-ce toi qui donnes la vigueur au cheval, Et qui revêts son cou d’une crinière flottante?
20 (39:23) Le fais-tu bondir comme la sauterelle? Son fier hennissement répand la terreur.
21 (39:24) Il creuse le sol et se réjouit de sa force, Il s’élance au-devant des armes;
22 (39:25) Il se rit de la crainte, il n’a pas peur, Il ne recule pas en face de l’épée.
23 (39:26) Sur lui retentit le carquois, Brillent la lance et le javelot.
24 (39:27) Bouillonnant d’ardeur, il dévore la terre, Il ne peut se contenir au bruit de la trompette.
25 (39:28) Quand la trompette sonne, il dit: En avant! Et de loin il flaire la bataille, La voix tonnante des chefs et les cris de guerre.
26 (39:29) Est-ce par ton intelligence que l’épervier prend son vol, Et qu’il étend ses ailes vers le midi?
27 (39:30) Est-ce par ton ordre que l’aigle s’élève, Et qu’il place son nid sur les hauteurs?
28 (39:31) C’est dans les rochers qu’il habite, qu’il a sa demeure, Sur la cime des rochers, sur le sommet des monts.
29 (39:32) De là il épie sa proie, Il plonge au loin les regards.
30 (39:33) Ses petits boivent le sang; Et là où sont des cadavres, l’aigle se trouve.
Louis Segond {LSG}

Job 39   

1 Knowest thou the time when the wild goats of the rock bring forth? or canst thou mark when the hinds do calve?
Canst thou number the months that they fulfil? or knowest thou the time when they bring forth?
They bow themselves, they bring forth their young ones, they cast out their sorrows.
Their young ones are in good liking, they grow up with corn; they go forth, and return not unto them.
Who hath sent out the wild ass free? or who hath loosed the bands of the wild ass?
Whose house I have made the wilderness, and the barren land his dwellings.
He scorneth the multitude of the city, neither regardeth he the crying of the driver.
The range of the mountains is his pasture, and he searcheth after every green thing.
Will the unicorn be willing to serve thee, or abide by thy crib?
10 Canst thou bind the unicorn with his band in the furrow? or will he harrow the valleys after thee?
11 Wilt thou trust him, because his strength is great? or wilt thou leave thy labour to him?
12 Wilt thou believe him, that he will bring home thy seed, and gather it into thy barn?
13 Gavest thou the goodly wings unto the peacocks? or wings and feathers unto the ostrich?
14 Which leaveth her eggs in the earth, and warmeth them in dust,
15 And forgetteth that the foot may crush them, or that the wild beast may break them.
16 She is hardened against her young ones, as though they were not her’s: her labour is in vain without fear;
17 Because God hath deprived her of wisdom, neither hath he imparted to her understanding.
18 What time she lifteth up herself on high, she scorneth the horse and his rider.
19 Hast thou given the horse strength? hast thou clothed his neck with thunder?
20 Canst thou make him afraid as a grasshopper? the glory of his nostrils is terrible.
21 He paweth in the valley, and rejoiceth in his strength: he goeth on to meet the armed men.
22 He mocketh at fear, and is not affrighted; neither turneth he back from the sword.
23 The quiver rattleth against him, the glittering spear and the shield.
24 He swalloweth the ground with fierceness and rage: neither believeth he that it is the sound of the trumpet.
25 He saith among the trumpets, Ha, ha; and he smelleth the battle afar off, the thunder of the captains, and the shouting.
26 Doth the hawk fly by thy wisdom, and stretch her wings toward the south?
27 Doth the eagle mount up at thy command, and make her nest on high?
28 She dwelleth and abideth on the rock, upon the crag of the rock, and the strong place.
29 From thence she seeketh the prey, and her eyes behold afar off.
30 Her young ones also suck up blood: and where the slain are, there is she.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}