Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 27  

1 Se yon sòm David. Seyè a se limyè mwen, se li ki delivrans mwen. Ki moun ki ka fè m’ pè? Se Seyè a k’ap pwoteje mwen. Ki moun ki ka fè m’ tranble?
Lè mechan yo ap mache sou mwen, lè lènmi m’ yo ap chache touye m’, se yo menm k’ap bite, se yo menm k’ap tonbe.
Menm si tout yon lame ta sènen m’ toupatou, mwen p’ap pè anyen. Menm si yo ta vle fè m’ lagè, m’ap toujou gen konfyans nan Bondye.
Mwen mande Seyè a yon bagay, yon bagay mwen anvi anpil anpil: Se pou m’ ta pase tout lavi m’ nan kay Seyè a, pou m’ ka gade bèl bagay li yo byen, pou m’ ka pran tan m’ pou m’ kalkile nan kay ki apa pou li a.
Jou malè tonbe sou mwen, l’a pwoteje m’ lakay li. L’a kache m’ byen fon nan tanp li a. L’a leve m’ mete yon kote pou anyen pa rive m’.
Se konsa m’ap genyen batay la sou tout lènmi k’ap sènen m’ yo. M’a bat tanbou, m’a ofri bèt pou touye bay Bondye nan tanp li a. M’a chante, m’a fè lwanj Seyè a.
 Seyè, tande m’ non lè m’ap rele ou! Gen pitye pou mwen, reponn mwen non!
Ou pale nan kè m’, ou di m’ vin jwenn ou. M’ap vin jwenn ou, Seyè.
Pa vire do ban mwen. Pa fache, pa repouse moun k’ap sèvi ou la. Se ou ki tout sekou mwen. Pa kite m’ pou kont mwen, pa lage m’.
10 Papa m’ ak manman m’ te mèt lage m’, Seyè a va ranmase mwen.
11 Seyè, moutre m’ jan ou vle m’ viv la. Fè m’ mache nan chemen ki pa gen move pa a, paske mwen gen anpil lènmi k’ap veye m’.
12 Pa lage m’ nan men lènmi m’ yo. Yo soti pou yo touye m’. Se yon bann moun k’ap bay manti.
13 Mwen menm, mwen sèten m’a viv pou m’ wè jan Bondye sèvi byen ak pèp li a.
14 Mete espwa ou nan Seyè a! Gen konfyans, pa dekouraje! Wi, mete espwa ou nan Seyè a!

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 27

1 De David. L’Éternel est ma lumière et mon salut: De qui aurais-je crainte? L’Éternel est le soutien de ma vie: De qui aurais-je peur?
Quand des méchants s’avancent contre moi, Pour dévorer ma chair, Ce sont mes persécuteurs et mes ennemis Qui chancellent et tombent.
Si une armée se campait contre moi, Mon coeur n’aurait aucune crainte; Si une guerre s’élevait contre moi, Je serais malgré cela plein de confiance.
Je demande à l’Éternel une chose, que je désire ardemment: Je voudrais habiter toute ma vie dans la maison de l’Éternel, Pour contempler la magnificence de l’Éternel Et pour admirer son temple.
Car il me protégera dans son tabernacle au jour du malheur, Il me cachera sous l’abri de sa tente; Il m’élèvera sur un rocher.
Et déjà ma tête s’élève sur mes ennemis qui m’entourent; J’offrirai des sacrifices dans sa tente, au son de la trompette; Je chanterai, je célébrerai l’Éternel.
Éternel! écoute ma voix, je t’invoque: Aie pitié de moi et exauce-moi!
Mon coeur dit de ta part: Cherchez ma face! Je cherche ta face, ô Éternel!
Ne me cache point ta face, Ne repousse pas avec colère ton serviteur! Tu es mon secours, ne me laisse pas, ne m’abandonne pas, Dieu de mon salut!
10 Car mon père et ma mère m’abandonnent, Mais l’Éternel me recueillera.
11 Éternel! enseigne-moi ta voie, Conduis-moi dans le sentier de la droiture, A cause de mes ennemis.
12 Ne me livre pas au bon plaisir de mes adversaires, Car il s’élève contre moi de faux témoins Et des gens qui ne respirent que la violence.
13 Oh! si je n’étais pas sûr de voir la bonté de l’Éternel Sur la terre des vivants!…
14 Espère en l’Éternel! Fortifie-toi et que ton coeur s’affermisse! Espère en l’Éternel!
Louis Segond {LSG}

Psalm 27 

1 The Lord is my light and my salvation; whom shall I fear? the Lord is the strength of my life; of whom shall I be afraid?
When the wicked, even mine enemies and my foes, came upon me to eat up my flesh, they stumbled and fell.
Though an host should encamp against me, my heart shall not fear: though war should rise against me, in this will I be confident.
One thing have I desired of the Lord, that will I seek after; that I may dwell in the house of the Lord all the days of my life, to behold the beauty of the Lord, and to enquire in his temple.
For in the time of trouble he shall hide me in his pavilion: in the secret of his tabernacle shall he hide me; he shall set me up upon a rock.
And now shall mine head be lifted up above mine enemies round about me: therefore will I offer in his tabernacle sacrifices of joy; I will sing, yea, I will sing praises unto the Lord.
Hear, O Lord, when I cry with my voice: have mercy also upon me, and answer me.
When thou saidst, Seek ye my face; my heart said unto thee, Thy face, Lord, will I seek.
Hide not thy face far from me; put not thy servant away in anger: thou hast been my help; leave me not, neither forsake me, O God of my salvation.
10 When my father and my mother forsake me, then the Lord will take me up.
11 Teach me thy way, O Lord, and lead me in a plain path, because of mine enemies.
12 Deliver me not over unto the will of mine enemies: for false witnesses are risen up against me, and such as breathe out cruelty.
13 I had fainted, unless I had believed to see the goodness of the Lord in the land of the living.
14 Wait on the Lord: be of good courage, and he shall strengthen thine heart: wait, I say, on the Lord.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}