Liv Jan / Jean / John

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jan 3              

Te gen yon nonm yo te rele Nikodèm ki te fè pati gwoup farizyen yo. Se te yonn nan chèf jwif yo.
Yon jou lannwit, li vin bò kot Jezi, li di l’ konsa: Mèt, nou konnen se Bondye ki voye ou moutre nou tout bagay sa yo. Paske, pesonn pa ka fè tout mirak w’ap fè yo si Bondye pa avèk li.
Jezi reponn li: Sa m’ap di ou la a, se vre wi: Pesonn pa kapab wè Pèyi kote Bondye Wa a si li pa fèt yon dezyèm fwa.
Nikodèm di li: Ki jan yon nonm ki fin granmoun ka fèt yon dezyèm fwa? Li pa ka tounen nan vant manman l’, pou l’ fèt yon lòt fwa ankò.
Jezi reponn li: Sa m’ap di ou la a, se vre wi: Pesonn pa ka antre nan Peyi kote Bondye Wa a si li pa fèt nan dlo ak nan Sentespri.
Lachè soti nan lachè, lespri soti nan Lespri Bondye.
Pa sezi si mwen di ou: se pou nou fèt yon dezyèm fwa.
Van an soufle kote l’ vle. Ou tande bri l’ap fè. Men, ou pa konnen ki bò l’ soti, ni ki bò l’ prale. Se menm jan an pou tout moun ki fèt nan Lespri Bondye.
Lè sa a Nikodèm di li: Ki jan sa ka fèt menm?
10 Jezi reponn li: Ou se yon gwo mèt k’ap moutre pèp Izrayèl la anpil bagay, epi ou pa konn bagay sa yo?
11 Sa m’ap di ou la a, se vre wi: mwen menm, mwen pale sa m’ konnen, mwen di sa m’ te wè. Men nou menm, nou pa vle asepte sa m’ap di a.
12 Nou pa kwè m’ lè m’ap pale nou bagay k’ap pase isit sou latè. Ki jan n’a fè kwè m’ lè m’a pale nou bagay k’ap pase nan syèl la?
13 Pesonn pa janm moute nan syèl la, esepte Moun Bondye voye nan lachè a ki desann soti nan syèl la.
14 Menm jan Moyiz te leve sèpan ki te fèt an bwonz lan byen wo sou yon poto nan mitan dezè a, konsa tou yo gen pou yo leve Moun Bondye voye nan lachè a byen wo tou.
15 Tout moun ki mete konfyans yo nan li va gen lavi ki p’ap janm fini an.
16 Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p’ap pedi lavi yo. Okontrè y’a gen lavi ki p’ap janm fini an.
17 Bondye pa voye Pitit li a sou latè pou kondannen lèzòm, men pito pou l’ te kapab delivre yo.
18 Moun ki mete konfyans yo nan Pitit Bondye a p’ap kondannen. Men, moun ki pa kwè nan li, yo deja kondannen, paske yo pa t’ gen konfyans nan sèl Pitit Bondye a.
19 Men ki bò kondannasyon an soti pou yo: limyè a te vini nan lemonn, men lèzòm te pito fènwa a pase limyè a, paske sa y’ap fè a mal.
20 Lè yon moun ap fè sa ki mal, li pa vle wè limyè a, li p’ap vini kote limyè a ye, paske li pè pou move zak li yo pa parèt aklè.
21 Men, moun ki fè sa ki bon vre, se nan limyè a menm l’ap vini, pou moun ka wè aklè se obeyi l’ap obeyi Bondye nan sa l’ap fè a.
22  Apre sa, Jezi ale ansanm ak disip li yo nan peyi Jide. Li rete kèk tan la ak yo, li t’ap batize moun.
23 Jan Batis menm t’ap batize moun tou nan Enon, toupre Salim, paske te gen anpil dlo la. Anpil moun te vin jwenn li la pou l’ li te batize yo.
24 (Lè sa a, yo pa t’ ankò mete Jan Batis nan prizon.)
25 De twa nan patizan Jan yo tonbe diskite ak yon jwif sou regleman relijyon an ki mande pou moun lave kò yo.
26 Y’ ale bò kot Jan, yo di l’ konsa: Mèt, ou chonje nonm ki te avè ou lòt bò larivyè Jouden an, moun ou t’ap pale nou an? Enben, l’ap batize koulye a. Tout moun al jwenn li.
27 Jan reponn yo: Pesonn pa ka gen anyen si se pa Bondye nan syèl la ki ba li li.
28 Nou menm, nou ka di mwen te di nou sa: Se pa mwen ki Kris la, se voye Bondye voye m’ pran devan li.
29 Nan yon maryaj, lamarye se pou nonm k’ap marye a. Zanmi nonm k’ap marye a kanpe toupre l’, l’ap koute. Li pa manke kontan lè li tande vwa nonm k’ap marye a. Se konsa, mwen menm, mwen kontan nèt koulye a.
30 Li fèt pou li vin pi gran, pou mwen menm, mwen vin pi piti toujou.
31 Moun ki soti anwo a pi gran pase nou tout. Moun ki soti sou latè, se pou latè li ye, l’ap pale nou bagay ki sou latè. Moun ki soti anwo nan syèl la, li pi wo pase nou tout.
32 L’ap di sa l’ wè, sa l’ tande. Men, pesonn pa asepte mesaj li.
33 Moun ki asepte sa l’ap di a, li rekonèt sa Bondye di a se vre.
34 Moun Bondye voye a, se pawòl Bondye l’ap pale, paske Bondye ba li Sentespri san mezi.
35 Papa a renmen Pitit la, li ba li pouvwa sou tout bagay.
36 Moun ki mete konfyans yo nan Pitit la, yo gen lavi ki p’ap janm fini an. Moun ki desobeyi Pitit la, yo p’ap gen lavi sa a. Se kòlè Bondye k’ap tonbe sou yo.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Jean 3             

1 Mais il y eut un homme d’entre les pharisiens, nommé Nicodème, un chef des Juifs,
qui vint, lui, auprès de Jésus, de nuit, et lui dit: Rabbi, nous savons que tu es un docteur venu de Dieu; car personne ne peut faire ces miracles que tu fais, si Dieu n’est avec lui.
Jésus lui répondit: En vérité, en vérité, je te le dis, si un homme ne naît de nouveau, il ne peut voir le royaume de Dieu.
Nicodème lui dit: Comment un homme peut-il naître quand il est vieux? Peut-il rentrer dans le sein de sa mère et naître?
Jésus répondit: En vérité, en vérité, je te le dis, si un homme ne naît d’eau et d’Esprit, il ne peut entrer dans le royaume de Dieu.
Ce qui est né de la chair est chair, et ce qui est né de l’Esprit est Esprit.
Ne t’étonne pas que je t’aie dit: Il faut que vous naissiez de nouveau.
Le vent souffle où il veut, et tu en entends le bruit; mais tu ne sais d’où il vient, ni où il va. Il en est ainsi de tout homme qui est né de l’Esprit.
Nicodème lui dit: Comment cela peut-il se faire?
10 Jésus lui répondit: Tu es le docteur d’Israël, et tu ne sais pas ces choses!
11 En vérité, en vérité, je te le dis, nous disons ce que nous savons, et nous rendons témoignage de ce que nous avons vu; et vous ne recevez pas notre témoignage.
12 Si vous ne croyez pas quand je vous ai parlé des choses terrestres, comment croirez-vous quand je vous parlerai des choses célestes?
13 Personne n’est monté au ciel, si ce n’est celui qui est descendu du ciel, le Fils de l’homme qui est dans le ciel.
14 Et comme Moïse éleva le serpent dans le désert, il faut de même que le Fils de l’homme soit élevé,
15 afin que quiconque croit en lui ait la vie éternelle.
16 Car Dieu a tant aimé le monde qu’il a donné son Fils unique, afin que quiconque croit en lui ne périsse point, mais qu’il ait la vie éternelle.
17 Dieu, en effet, n’a pas envoyé son Fils dans le monde pour qu’il juge le monde, mais pour que le monde soit sauvé par lui.
18 Celui qui croit en lui n’est point jugé; mais celui qui ne croit pas est déjà jugé, parce qu’il n’a pas cru au nom du Fils unique de Dieu.
19 Et ce jugement c’est que, la lumière étant venue dans le monde, les hommes ont préféré les ténèbres à la lumière, parce que leurs oeuvres étaient mauvaises.
20 Car quiconque fait le mal hait la lumière, et ne vient point à la lumière, de peur que ses oeuvres ne soient dévoilées;
21 mais celui qui agit selon la vérité vient à la lumière, afin que ses oeuvres soient manifestées, parce qu’elles sont faites en Dieu.
22 Après cela, Jésus, accompagné de ses disciples, se rendit dans la terre de Judée; et là il demeurait avec eux, et il baptisait.
23 Jean aussi baptisait à Énon, près de Salim, parce qu’il y avait là beaucoup d’eau; et on y venait pour être baptisé.
24 Car Jean n’avait pas encore été mis en prison.
25 Or, il s’éleva de la part des disciples de Jean une dispute avec un Juif touchant la purification.
26 Ils vinrent trouver Jean, et lui dirent: Rabbi, celui qui était avec toi au delà du Jourdain, et à qui tu as rendu témoignage, voici, il baptise, et tous vont à lui.
27 Jean répondit: Un homme ne peut recevoir que ce qui lui a été donné du ciel.
28 Vous-mêmes m’êtes témoins que j’ai dit: Je ne suis pas le Christ, mais j’ai été envoyé devant lui.
29 Celui à qui appartient l’épouse, c’est l’époux; mais l’ami de l’époux, qui se tient là et qui l’entend, éprouve une grande joie à cause de la voix de l’époux: aussi cette joie, qui est la mienne, est parfaite.
30 Il faut qu’il croisse, et que je diminue.
31 Celui qui vient d’en haut est au-dessus de tous; celui qui est de la terre est de la terre, et il parle comme étant de la terre. Celui qui vient du ciel est au-dessus de tous,
32 il rend témoignage de ce qu’il a vu et entendu, et personne ne reçoit son témoignage.
33 Celui qui a reçu son témoignage a certifié que Dieu est vrai;
34 car celui que Dieu a envoyé dit les paroles de Dieu, parce que Dieu ne lui donne pas l’Esprit avec mesure.
35 Le Père aime le Fils, et il a remis toutes choses entre ses mains.
36 Celui qui croit au Fils a la vie éternelle; celui qui ne croit pas au Fils ne verra point la vie, mais la colère de Dieu demeure sur lui.

Louis Segond {LSG}

John 3     

1 There was a man of the Pharisees, named Nicodemus, a ruler of the Jews:
The same came to Jesus by night, and said unto him, Rabbi, we know that thou art a teacher come from God: for no man can do these miracles that thou doest, except God be with him.
Jesus answered and said unto him, Verily, verily, I say unto thee, Except a man be born again, he cannot see the kingdom of God.
Nicodemus saith unto him, How can a man be born when he is old? can he enter the second time into his mother’s womb, and be born?
Jesus answered, Verily, verily, I say unto thee, Except a man be born of water and of the Spirit, he cannot enter into the kingdom of God.
That which is born of the flesh is flesh; and that which is born of the Spirit is spirit.
Marvel not that I said unto thee, Ye must be born again.
The wind bloweth where it listeth, and thou hearest the sound thereof, but canst not tell whence it cometh, and whither it goeth: so is every one that is born of the Spirit.
Nicodemus answered and said unto him, How can these things be?
10 Jesus answered and said unto him, Art thou a master of Israel, and knowest not these things?
11 Verily, verily, I say unto thee, We speak that we do know, and testify that we have seen; and ye receive not our witness.
12 If I have told you earthly things, and ye believe not, how shall ye believe, if I tell you of heavenly things?
13 And no man hath ascended up to heaven, but he that came down from heaven, even the Son of man which is in heaven.
14 And as Moses lifted up the serpent in the wilderness, even so must the Son of man be lifted up:
15 That whosoever believeth in him should not perish, but have eternal life.
16 For God so loved the world, that he gave his only begotten Son, that whosoever believeth in him should not perish, but have everlasting life.
17 For God sent not his Son into the world to condemn the world; but that the world through him might be saved.
18 He that believeth on him is not condemned: but he that believeth not is condemned already, because he hath not believed in the name of the only begotten Son of God.
19 And this is the condemnation, that light is come into the world, and men loved darkness rather than light, because their deeds were evil.
20 For every one that doeth evil hateth the light, neither cometh to the light, lest his deeds should be reproved.
21 But he that doeth truth cometh to the light, that his deeds may be made manifest, that they are wrought in God.
22 After these things came Jesus and his disciples into the land of Judaea; and there he tarried with them, and baptized.
23 And John also was baptizing in Aenon near to Salim, because there was much water there: and they came, and were baptized.
24 For John was not yet cast into prison.
25 Then there arose a question between some of John’s disciples and the Jews about purifying.
26 And they came unto John, and said unto him, Rabbi, he that was with thee beyond Jordan, to whom thou barest witness, behold, the same baptizeth, and all men come to him.
27 John answered and said, A man can receive nothing, except it be given him from heaven.
28 Ye yourselves bear me witness, that I said, I am not the Christ, but that I am sent before him.
29 He that hath the bride is the bridegroom: but the friend of the bridegroom, which standeth and heareth him, rejoiceth greatly because of the bridegroom’s voice: this my joy therefore is fulfilled.
30 He must increase, but I must decrease.
31 He that cometh from above is above all: he that is of the earth is earthly, and speaketh of the earth: he that cometh from heaven is above all.
32 And what he hath seen and heard, that he testifieth; and no man receiveth his testimony.
33 He that hath received his testimony hath set to his seal that God is true.
34 For he whom God hath sent speaketh the words of God: for God giveth not the Spirit by measure unto him.
35 The Father loveth the Son, and hath given all things into his hand.
36 He that believeth on the Son hath everlasting life: and he that believeth not the Son shall not see life; but the wrath of God abideth on him.    
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}