Liv Pwovèb / Proverbes / Proverbs

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Pwovèb 27   

1 Pa fè grandizè pou sa ou pral fè denmen. Ou wè jòdi, ou pa konn denmen.
 Kite lòt moun pale byen pou ou. Pa fè sa ou menm. Kite etranje fè lwanj pou ou. Pa janm fè lwanj tèt pa ou.
 Wòch lou, sab lou. Men, yo pa ka pi lou pase yon moun san konprann lè l’ fache.
4  Lè yon moun ankòlè, li kraze brize. Men, ki moun ki ka kenbe tèt ak yon moun k’ap fè jalouzi?
 Pito ou rale zòrèy yon moun kareman pase pou ou kite l’ konprann sa li fè a pa anyen.
6  Lè yon zanmi ap rale zòrèy ou, se byen ou li vle wè. Men, lè yon lènmi ap pase men l’ nan kou ou, se twonpe l’ap twonpe ou.
 Lè vant moun plen, yo refize ata siwo myèl. Lè moun grangou vre, menm bagay anmè gou nan bouch.
 Yon moun ki lwen lakay li, se tankou yon zwezo ki byen lwen nich li.
 Losyon ak lwil santi bon bay kè kontan. Konsèy yon bon zanmi remoute kouraj.
10   Pa janm bliye zanmi ou, ni zanmi papa ou. Lè zafè ou pa bon, pa al lakay frè ou. Yon bon vwazen pi bon pase yon frè ki lwen.
11  Pitit mwen, aprann gen bon konprann. Fè kè m’ kontan. Konsa, m’a ka reponn moun k’ap kritike m’ yo.
12  Moun ki gen konprann, lè li wè malè ap vin sou li, li wete kò l’. Moun sòt pote lestonmak li bay, epi se li ki peye sa.
13  Si yon moun sòt jouk pou li asepte bay pawòl li pou dèt yon etranje, se pou yo sezi ata rad ki sou li jouk lòt la peye.
14  Si ou di yon zanmi ou bonjou twò fò granmaten, se tankou si ou te ba li madichon.
15  Yon fanm ki toujou ap chache kont, se tankou yon goutyè k’ap degoute lè lapli ap tonbe tout lajounen.
16  Si ou rive fè l’ pe bouch li, w’a kenbe van ak men ou, w’a kenbe lwil ak dwèt ou tou!
17  Menm jan fè file fè, konsa tou pou moun, yonn aprann nan men lòt.
18  Moun ki pran swen yon pye rezen, se li ki va jwenn rezen pou li manje. Moun ki fè travay mèt li byen, y’a gen respè pou li.
19  Lè ou gade nan glas, se pwòp figi ou ou wè ladan l’. Konsa tou, lè ou gade nan kè yon moun, ou wè ki moun li ye.
20  Menm jan toujou gen plas pou mò kote mò yo ye a, konsa tou, toujou gen plas pou lanvi nan kè moun.
21  Yo pase lò ak ajan nan dife pou wè si yo bon. Konsa tou, dapre jan yo nonmen non yon moun, yo ka di ki moun li ye.
22  Ou te mèt woule yon moun sòt anba baton tankou yo bat pwa, se pa sa k’ap fè l’ kite sòt.
23  Chache konnen jan tout bèt ou yo ye. Pran swen yo.
24   Richès pa la pou tout tan. Ou ka pa rive pase tout byen ou bay pitit pitit ou.
25   Lè ou koupe zèb, li pouse ankò. Konsa, toujou gen zèb sou mòn yo.
26   Mouton ou yo ap ba ou lenn pou fè rad met sou ou. Bouk kabrit yo ap rapòte ou lajan pou achte tè pou fè jaden.
27   W’a jwenn kont lèt kabrit pou ou bwè ak fanmi ou ansanm ak moun k’ap sèvi lakay ou.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Proverbes 27

1 Ne te vante pas du lendemain, Car tu ne sais pas ce qu’un jour peut enfanter.
Qu’un autre te loue, et non ta bouche, Un étranger, et non tes lèvres.
La pierre est pesante et le sable est lourd, Mais l’humeur de l’insensé pèse plus que l’un et l’autre.
La fureur est cruelle et la colère impétueuse, Mais qui résistera devant la jalousie?
Mieux vaut une réprimande ouverte Qu’une amitié cachée.
Les blessures d’un ami prouvent sa fidélité, Mais les baisers d’un ennemi sont trompeurs.
Celui qui est rassasié foule aux pieds le rayon de miel, Mais celui qui a faim trouve doux tout ce qui est amer.
Comme l’oiseau qui erre loin de son nid, Ainsi est l’homme qui erre loin de son lieu.
L’huile et les parfums réjouissent le coeur, Et les conseils affectueux d’un ami sont doux.
10 N’abandonne pas ton ami et l’ami de ton père, Et n’entre pas dans la maison de ton frère au jour de ta détresse; Mieux vaut un voisin proche qu’un frère éloigné.
11 Mon fils, sois sage, et réjouis mon coeur, Et je pourrai répondre à celui qui m’outrage.
12 L’homme prudent voit le mal et se cache; Les simples avancent et sont punis.
13 Prends son vêtement, car il a cautionné autrui; Exige de lui des gages, à cause des étrangers.
14 Si l’on bénit son prochain à haute voix et de grand matin, Cela est envisagé comme une malédiction.
15 Une gouttière continue dans un jour de pluie Et une femme querelleuse sont choses semblables.
16 Celui qui la retient retient le vent, Et sa main saisit de l’huile.
17 Comme le fer aiguise le fer, Ainsi un homme excite la colère d’un homme.
18 Celui qui soigne un figuier en mangera le fruit, Et celui qui garde son maître sera honoré.
19 Comme dans l’eau le visage répond au visage, Ainsi le coeur de l’homme répond au coeur de l’homme.
20 Le séjour des morts et l’abîme sont insatiables; De même les yeux de l’homme sont insatiables.
21 Le creuset est pour l’argent, et le fourneau pour l’or; Mais un homme est jugé d’après sa renommée.
22 Quand tu pilerais l’insensé dans un mortier, Au milieu des grains avec le pilon, Sa folie ne se séparerait pas de lui.
23 Connais bien chacune de tes brebis, Donne tes soins à tes troupeaux;
24 Car la richesse ne dure pas toujours, Ni une couronne éternellement.
25 Le foin s’enlève, la verdure paraît, Et les herbes des montagnes sont recueillies.
26 Les agneaux sont pour te vêtir, Et les boucs pour payer le champ;
27 Le lait des chèvres suffit à ta nourriture, à celle de ta maison, Et à l’entretien de tes servantes.
Louis Segond {LSG}

Proverbs   

1 Boast not thyself of to morrow; for thou knowest not what a day may bring forth.
Let another man praise thee, and not thine own mouth; a stranger, and not thine own lips.
A stone is heavy, and the sand weighty; but a fool’s wrath is heavier than them both.
Wrath is cruel, and anger is outrageous; but who is able to stand before envy?
Open rebuke is better than secret love.
Faithful are the wounds of a friend; but the kisses of an enemy are deceitful.
The full soul loatheth an honeycomb; but to the hungry soul every bitter thing is sweet.
As a bird that wandereth from her nest, so is a man that wandereth from his place.
Ointment and perfume rejoice the heart: so doth the sweetness of a man’s friend by hearty counsel.
10 Thine own friend, and thy father’s friend, forsake not; neither go into thy brother’s house in the day of thy calamity: for better is a neighbour that is near than a brother far off.
11 My son, be wise, and make my heart glad, that I may answer him that reproacheth me.
12 A prudent man foreseeth the evil, and hideth himself; but the simple pass on, and are punished.
13 Take his garment that is surety for a stranger, and take a pledge of him for a strange woman.
14 He that blesseth his friend with a loud voice, rising early in the morning, it shall be counted a curse to him.
15 A continual dropping in a very rainy day and a contentious woman are alike.
16 Whosoever hideth her hideth the wind, and the ointment of his right hand, which bewrayeth itself.
17 Iron sharpeneth iron; so a man sharpeneth the countenance of his friend.
18 Whoso keepeth the fig tree shall eat the fruit thereof: so he that waiteth on his master shall be honoured.
19 As in water face answereth to face, so the heart of man to man.
20 Hell and destruction are never full; so the eyes of man are never satisfied.
21 As the fining pot for silver, and the furnace for gold; so is a man to his praise.
22 Though thou shouldest bray a fool in a mortar among wheat with a pestle, yet will not his foolishness depart from him.
23 Be thou diligent to know the state of thy flocks, and look well to thy herds.
24 For riches are not for ever: and doth the crown endure to every generation?
25 The hay appeareth, and the tender grass sheweth itself, and herbs of the mountains are gathered.
26 The lambs are for thy clothing, and the goats are the price of the field.
27 And thou shalt have goats’ milk enough for thy food, for the food of thy household, and for the maintenance for thy maidens.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}