Liv Egzòd / Exode / Exodus

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Egzòd 22

1 Si yon moun vòlò yon bèf osinon yon mouton, si li touye l’ epi li vann li, li gen pou l’ bay senk bèf pou bèf li pran an osinon kat mouton pou mouton li pran an.
Si yo bare yon vòlè ap kase yon kay epi yo touye l’, moun ki touye l’ la pa koupab.
Men, si sa rive apre solèy fin leve, moun ki touye l’ la koupab. Li gen pou l’ peye pou li, wè pa wè. Si li pa gen anyen, y’a vann li pou yo ka peye pou sa l’ te vòlò a.
Men, si yo jwenn bèt li te vòlò a vivan nan men l’ toujou, kit se bèf, kit se kabrit, kit se bourik, l’a renmèt de pou yonn.
Si yon moun kite bèt li manje nan jaden yon lòt, osinon nan jaden rezen li, si yon moun kite bèt li lage pou yo fè kont dega nan jaden yon lòt moun, li gen pou l’ dedonmaje lòt moun lan. L’a ba li pi bon bagay li gen nan jaden pa l’ la osinon nan jaden rezen l’ yo.
Si yon dife pran yon kote, li tonbe nan zèb chèch epi li rive boule danre ki nan depo, osinon grenn ki fin keyi, ou ankò yon jaden tou plante, moun ki lakòz dife a va peye yon dedomajman.
 Si yon moun pran lajan l’ osinon yon bagay ki gen anpil valè, li bay yon lòt moun sere l’ pou li, si yo rive vòlò bagay sa yo nan kay moun ki te sere yo a, si yo jwenn vòlè a, vòlè a va gen pou renmèt de fwa lavalè.
Men, si yo pa jwenn vòlè a, y’a mennen mèt kay kote bagay yo te sere a devan lòtèl Bondye a, pou yo wè si se pa li menm ki te pran bagay lòt moun lan.
Si yon moun pèdi yon bagay, kit se yon bèf, osinon yon bourik, ou ankò yon mouton, kit se yon rad ou nenpòt lòt bagay, si lè yo jwenn sak te pèdi a yon lòt moun pretann di se pou li li ye, y’a mennen yo tou de devan lòtèl Bondye a pou regle sa. Moun Bondye va kondannen an va gen pou l’ bay lòt la de fwa lavalè pou dedomajman.
10 Si yon moun bay yon frè parèy li gade yon bourik, yon bèf, yon mouton, ou ankò nenpòt ki lòt bèt pou li, si bèt la mouri osinon si malè rive l’ ou ankò si piyajè pran l’ san pesonn pa wè sa,
11 lè sa a, y’a mande ni mèt bèt la ni gadò a pou yo fè sèman devan lòtèl Bondye a. Moun ki t’ap gade bèt la va deklare se pa li menm ki te pran bèt lòt moun lan. Lè sa a, mèt bèt la va asepte pèt la. Gadò a p’ap gen ankenn dedomajman pou l’ bay.
12 Men si se vòlò yo te vòlò bèt la nan men l’, l’a gen pou l’ peye mèt la kichòy.
13 Si se bèt nan bwa ki devore bèt la, l’a pote rès la pou mèt bèt la ka wè ak de je l’ se pa manti l’ap ba li. Li p’ap gen anyen pou l’ peye pou sa.
14 Si yon moun prete yon bèt nan men yon frè parèy li, epi malè rive bèt la, osinon li mouri an absans mèt li, se pou l’ peye mèt bèt la kichòy.
15 Men, si mèt la te la lè malè a rive, moun lan pa gen anyen pou l’ peye. Si se yon bèt li te lwe, se pri li te lwe l’ la ase pou li bay.
16  Si yon nonm pran tèt yon jenn fi ki poko fiyanse, epi li kouche avè l’, li gen pou l’ peye lajan yo konn bay pou yon maryaj, epi se pou l’ marye ak jenn fi a.
17 Men, si papa jenn fi a refize kite l’ marye avè l’, tout jan se pou msye peye lajan yo bay lè yo pral marye ak yon fi ki tifi.
18 Se pou nou touye tout fanm k’ap fè maji.
19 Se pou yo touye tout moun ki kwaze ak zannimo.
20 Si yon moun ofri bèt pou yo touye pou lòt bondye pase Seyè a, se pou yo disparèt li tankou bèt y’ap ofri bay Bondye.
21 Piga nou maltrete moun lòt nasyon ki vin rete nan peyi nou. Piga nou peze yo non plis, paske nou menm, chonje nou te etranje tou nan peyi Lejip.
22 Piga nou maltrete ni vèv yo, ni timoun san papa yo.
23 Si nou malmennen yo, m’ap reponn yo lè y’a rele mande m’ sekou.
24 m’a fache, m’a fè nou mouri nan lagè. Konsa, madanm nou yo ap vin vèv tou, pitit nou yo ap rete san papa tou.
25  Si nou prete yonn nan frè parèy nou yo lajan, yonn nan pòv ki nan mitan nou yo, piga nou fè tankou moun k’ap bay ponya pou nou egzije l’ peye enterè.
26 Si yon nonm plane levit li lakay ou pou ou prete l’ yon ti kòb, se pou ou renmèt li rad li anvan solèy kouche.
27 Paske, se sèl rad li gen pou l’ mete sou li pou fredi pa bat li. Kisa pou l’ mete sou li pou l’ kouvri aswè? Si li rele mande m’ sekou, m’a reponn li paske mwen gen bon kè.
28 Piga nou pale Bondye mal. Piga nou bay chèf pèp la madichon.
29 Pa pran reta pou n’ ofri m’ sa pou n’ ofri m’ nan rekòt danre nou yo ak nan diven nou. n’a ban mwen premye pitit gason nou yo.
30 N’a ban mwen tou premye pitit bèf nou yo ak premye pitit mouton nou yo. Ti bèt la va pase sèt jou avèk manman l’. Sou wityèm jou a n’a ofri l’ ban mwen.
31 Se pou nou mache tankou moun k’ap viv apa pou mwen. Pa manje vyann bèt nou jwenn lòt bèt nan bwa devore. Vyann konsa se chen pou nou jete l’ bay.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} 

Exode 22

1 Si un homme dérobe un boeuf ou un agneau, et qu’il l’égorge ou le vende, il restituera cinq boeufs pour le boeuf et quatre agneaux pour l’agneau.
Si le voleur est surpris dérobant avec effraction, et qu’il soit frappé et meure, on ne sera point coupable de meurtre envers lui;
mais si le soleil est levé, on sera coupable de meurtre envers lui. Il fera restitution; s’il n’a rien, il sera vendu pour son vol;
si ce qu’il a dérobé, boeuf, âne, ou agneau, se trouve encore vivant entre ses mains, il fera une restitution au double.
Si un homme fait du dégât dans un champ ou dans une vigne, et qu’il laisse son bétail paître dans le champ d’autrui, il donnera en dédommagement le meilleur produit de son champ et de sa vigne.
Si un feu éclate et rencontre des épines, et que du blé en gerbes ou sur pied, ou bien le champ, soit consumé, celui qui a causé l’incendie sera tenu à un dédommagement.
Si un homme donne à un autre de l’argent ou des objets à garder, et qu’on les vole dans la maison de ce dernier, le voleur fera une restitution au double, dans le cas où il serait trouvé.
Si le voleur ne se trouve pas, le maître de la maison se présentera devant Dieu, pour déclarer qu’il n’a pas mis la main sur le bien de son prochain.
Dans toute affaire frauduleuse concernant un boeuf, un âne, un agneau, un vêtement, ou un objet perdu, au sujet duquel on dira: C’est cela! -la cause des deux parties ira jusqu’à Dieu; celui que Dieu condamnera fera à son prochain une restitution au double.
10 Si un homme donne à un autre un âne, un boeuf, un agneau, ou un animal quelconque à garder, et que l’animal meure, se casse un membre, ou soit enlevé, sans que personne l’ait vu,
11 le serment au nom de l’Éternel interviendra entre les deux parties, et celui qui a gardé l’animal déclarera qu’il n’a pas mis la main sur le bien de son prochain; le maître de l’animal acceptera ce serment, et l’autre ne sera point tenu à une restitution.
12 Mais si l’animal a été dérobé chez lui, il sera tenu vis-à-vis de son maître à une restitution.
13 Si l’animal a été déchiré, il le produira en témoignage, et il ne sera point tenu à une restitution pour ce qui a été déchiré.
14 Si un homme emprunte à un autre un animal, et que l’animal se casse un membre ou qu’il meure, en l’absence de son maître, il y aura lieu à restitution.
15 Si le maître est présent, il n’y aura pas lieu à restitution. Si l’animal a été loué, le prix du louage suffira.
16 Si un homme séduit une vierge qui n’est point fiancée, et qu’il couche avec elle, il paiera sa dot et la prendra pour femme.
17 Si le père refuse de la lui accorder, il paiera en argent la valeur de la dot des vierges.
18 Tu ne laisseras point vivre la magicienne.
19 Quiconque couche avec une bête sera puni de mort.
20 Celui qui offre des sacrifices à d’autres dieux qu’à l’Éternel seul sera voué à l’extermination.
21 Tu ne maltraiteras point l’étranger, et tu ne l’opprimeras point; car vous avez été étrangers dans le pays d’Égypte.
22 Tu n’affligeras point la veuve, ni l’orphelin.
23 Si tu les affliges, et qu’ils viennent à moi, j’entendrai leurs cris;
24 ma colère s’enflammera, et je vous détruirai par l’épée; vos femmes deviendront veuves, et vos enfants orphelins.
25 Si tu prêtes de l’argent à mon peuple, au pauvre qui est avec toi, tu ne seras point à son égard comme un créancier, tu n’exigeras de lui point d’intérêt.
26 Si tu prends en gage le vêtement de ton prochain, tu le lui rendras avant le coucher du soleil;
27 car c’est sa seule couverture, c’est le vêtement dont il s’enveloppe le corps: dans quoi coucherait-il? S’il crie à moi, je l’entendrai, car je suis miséricordieux.
28 Tu ne maudiras point Dieu, et tu ne maudiras point le prince de ton peuple.
29 Tu ne différeras point de m’offrir les prémices de ta moisson et de ta vendange. Tu me donneras le premier-né de tes fils.
30 Tu me donneras aussi le premier-né de ta vache et de ta brebis; il restera sept jours avec sa mère; le huitième jour, tu me le donneras.
31 Vous serez pour moi des hommes saints. Vous ne mangerez point de chair déchirée dans les champs: vous la jetterez aux chiens.

Louis Segond {LSG}

Exodus 22

1 If a man shall steal an ox, or a sheep, and kill it, or sell it; he shall restore five oxen for an ox, and four sheep for a sheep.
If a thief be found breaking up, and be smitten that he die, there shall no blood be shed for him.
If the sun be risen upon him, there shall be blood shed for him; for he should make full restitution; if he have nothing, then he shall be sold for his theft.
If the theft be certainly found in his hand alive, whether it be ox, or ass, or sheep; he shall restore double.
If a man shall cause a field or vineyard to be eaten, and shall put in his beast, and shall feed in another man’s field; of the best of his own field, and of the best of his own vineyard, shall he make restitution.
If fire break out, and catch in thorns, so that the stacks of corn, or the standing corn, or the field, be consumed therewith; he that kindled the fire shall surely make restitution.
If a man shall deliver unto his neighbour money or stuff to keep, and it be stolen out of the man’s house; if the thief be found, let him pay double.
If the thief be not found, then the master of the house shall be brought unto the judges, to see whether he have put his hand unto his neighbour’s goods.
For all manner of trespass, whether it be for ox, for ass, for sheep, for raiment, or for any manner of lost thing which another challengeth to be his, the cause of both parties shall come before the judges; and whom the judges shall condemn, he shall pay double unto his neighbour.
10 If a man deliver unto his neighbour an ass, or an ox, or a sheep, or any beast, to keep; and it die, or be hurt, or driven away, no man seeing it:
11 Then shall an oath of the Lord be between them both, that he hath not put his hand unto his neighbour’s goods; and the owner of it shall accept thereof, and he shall not make it good.
12 And if it be stolen from him, he shall make restitution unto the owner thereof.
13 If it be torn in pieces, then let him bring it for witness, and he shall not make good that which was torn.
14 And if a man borrow ought of his neighbour, and it be hurt, or die, the owner thereof being not with it, he shall surely make it good.
15 But if the owner thereof be with it, he shall not make it good: if it be an hired thing, it came for his hire.
16 And if a man entice a maid that is not betrothed, and lie with her, he shall surely endow her to be his wife.
17 If her father utterly refuse to give her unto him, he shall pay money according to the dowry of virgins.
18 Thou shalt not suffer a witch to live.
19 Whosoever lieth with a beast shall surely be put to death.
20 He that sacrificeth unto any god, save unto the Lord only, he shall be utterly destroyed.
21 Thou shalt neither vex a stranger, nor oppress him: for ye were strangers in the land of Egypt.
22 Ye shall not afflict any widow, or fatherless child.
23 If thou afflict them in any wise, and they cry at all unto me, I will surely hear their cry;
24 And my wrath shall wax hot, and I will kill you with the sword; and your wives shall be widows, and your children fatherless.
25 If thou lend money to any of my people that is poor by thee, thou shalt not be to him as an usurer, neither shalt thou lay upon him usury.
26 If thou at all take thy neighbour’s raiment to pledge, thou shalt deliver it unto him by that the sun goeth down:
27 For that is his covering only, it is his raiment for his skin: wherein shall he sleep? and it shall come to pass, when he crieth unto me, that I will hear; for I am gracious.
28 Thou shalt not revile the gods, nor curse the ruler of thy people.
29 Thou shalt not delay to offer the first of thy ripe fruits, and of thy liquors: the firstborn of thy sons shalt thou give unto me.
30 Likewise shalt thou do with thine oxen, and with thy sheep: seven days it shall be with his dam; on the eighth day thou shalt give it me.
31 And ye shall be holy men unto me: neither shall ye eat any flesh that is torn of beasts in the field; ye shall cast it to the dogs.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}