Liv 2 Samyèl / 2 Samuel / 2 Samuel

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

2 Samyèl 11

1 Nan prentan apre sa, nan epòk wa yo konn soti pou al fè lagè, David voye Joab ansanm ak tout lòt ofisye yo alatèt lame pèp Izrayèl la al goumen ak moun Amon yo. Yo ravaje peyi Amon an, yo sènen lavil Raba. David menm te rete lavil Jerizalèm.
Yon jou, bò aswè, David te fin fè yon ti poze, li leve, li soti al sou teras ki anwo palè a. Antan li la, li wè yon fanm ki t’ap benyen. Fanm lan te bèl anpil.
Li voye chache konnen ki moun fanm lan te ye. Yo vin di l’ se Batcheba, pitit fi Eliyam lan, madan Ouri, moun peyi Et la.
David voye mesaje al chache l’ mennen l’ ba li, li kouche avè l’. Lè sa a Batcheba te fèk fin fè sèvis pou l’ fè apre règ li. Apre sa, Batcheba tounen lakay li.
Fanm lan vin ansent. Li voye nouvèl bay David pou fè l’ konn sa.
 David voye yon mesaj bay Joab, li mande l’ pou l’ voye Ouri, moun peyi Et la, ba li. Se konsa, Joab voye Ouri bay David.
Lè Ouri rive, David mande l’ nouvèl Joab ak sòlda yo, ki jan batay la ye.
Apre sa, li di Ouri: -Desann al lakay ou non! Al poze kò ou! Ouri soti. David voye yon kado pou li lakay li.
Men Ouri pa al lakay li. Li kouche bò pòtay palè a ansanm ak tout lòt sòlda wa yo.
10 Lè David vin konnen Ouri pa t’ al lakay li, li mande l’: -Ou fèk antre soti nan vwayaj, poukisa ou pa al lakay ou?
11 Ouri reponn David: -Sòlda Izrayèl yo ak sòlda Jida yo byen lwen ap fè lagè, Bwat Kontra Seyè a ansanm ak yo. Kòmandan Joab ak lòt chèf lame monwa yo ap pase nwit deyò nan plenn yo. Ki jan ou vle pou m’ al lakay mwen, manje, bwè, kouche ak madanm mwen? Mwen fè sèman sou tèt ou, menm jan ou vivan an, m’ pa ka janm fè bagay konsa.
12 David di li: -Bon. Ou mèt rete pase rès jounen an isit la. Denmen m’a voye ou ale. Se konsa, Ouri rete lavil Jerizalèm pou de jou ankò.
13 David envite l’ vin manje avè l’. Li fè l’ bwè jouk li sou. Men jou swa sa a tou, Ouri pa desann al lakay li. Li kouche sou kabann li ansanm ak sòlda palè wa yo.
14  Nan denmen, David ekri Joab yon lèt, li bay Ouri pote l’ ale.
15 Nan lèt la, li te ekri: W’a mete Ouri devan nèt, kote batay la pi cho a. Apre sa, rale kò ou dèyè, kite yo touye l’.
16 Se konsa, Joab ki te sènen lavil Raba a voye Ouri kote li te konnen lènmi yo te pi fò a.
17 Lame lènmi yo soti nan lavil la, yo vin kontre ak lame Joab la. Gen anpil sòlda ak anpil ofisye lame David la ki te mouri. Ouri, moun peyi Et la, mouri tou.
18 Joab voye rakonte David tout ti detay sou jan batay la pase.
19 Epi li bay mesaje a lòd sa a: -Lè w’a fin rakonte wa a tout ti detay batay la,
20 li ka fè kòlè, li ka di ou: Poukisa nou te pwoche pre lavil la konsa pou m’ te goumen ak lènmi yo? Se konnen nou pa konnen yo te ka rete sou tèt miray la pou yo tire flèch sou nou?
21 Nou gen lè bliye jan Abimelèk, pitit Jedeyon an te mouri lavil Tebès? Se yon fanm ki te rete sou tèt miray la, li voye yo wòl moulen sou li, li touye l’ frèt. Poukisa atò nou te pwoche pre lavil la konsa? Si wa a pale konsa avè ou, w’a di l’: Ouri, moun peyi Et la, ofisye lame ou la, mouri tou.
22 Mesaje a ale, li rakonte David tou sa Joab te ba li lòd rakonte l’ la.
23 Li di l’: -Lènmi nou yo te pi fò pase nou. Yo fè yon soti nan lavil la, yo vin goumen avè nou nan plenn lan. Men nou fè yo kase tèt tounen, nou kouri dèyè yo jouk devan pòtay lavil la.
24 Se lè sa a, yo rete sou tèt miray yo, yo voye flèch sou nou. Gen kèk ofisye lame wa a ki mouri. Ouri, moun peyi Et la, ofisye wa a, mouri tou.
25 David di mesaje a: -Ankouraje Joab. Di li li pa bezwen kite sa fatige l’ twòp. Se toujou konsa lè y’ap fè lagè. Ou pa janm konnen kilès ki pral mouri. Di li pare pou li fè yon gwo atak sou lavil la pou li pran l’.
26 Lè Batcheba vin pran nouvèl mari l’ te mouri, li pran lapenn pou li.
27 Lè seremoni lantèman yo fini, David voye chache l’, li pran l’ lakay li. Batcheba vin madanm li. Li fè yon pitit gason pou David. Men, sa David te fè a pa t’ fè Seyè a plezi menm.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

2 Samuel 11

L’année suivante, au temps où les rois se mettaient en campagne, David envoya Joab, avec ses serviteurs et tout Israël, pour détruire les fils d’Ammon et pour assiéger Rabba. Mais David resta à Jérusalem.
Un soir, David se leva de sa couche; et, comme il se promenait sur le toit de la maison royale, il aperçut de là une femme qui se baignait, et qui était très belle de figure.
David fit demander qui était cette femme, et on lui dit: N’est-ce pas Bath Schéba, fille d’Éliam, femme d’Urie, le Héthien?
Et David envoya des gens pour la chercher. Elle vint vers lui, et il coucha avec elle. Après s’être purifiée de sa souillure, elle retourna dans sa maison.
Cette femme devint enceinte, et elle fit dire à David: Je suis enceinte.
Alors David expédia cet ordre à Joab: Envoie-moi Urie, le Héthien. Et Joab envoya Urie à David.
Urie se rendit auprès de David, qui l’interrogea sur l’état de Joab, sur l’état du peuple, et sur l’état de la guerre.
Puis David dit à Urie: Descends dans ta maison, et lave tes pieds. Urie sortit de la maison royale, et il fut suivi d’un présent du roi.
Mais Urie se coucha à la porte de la maison royale, avec tous les serviteurs de son maître, et il ne descendit point dans sa maison.
10 On en informa David, et on lui dit: Urie n’est pas descendu dans sa maison. Et David dit à Urie: N’arrives-tu pas de voyage? Pourquoi n’es-tu pas descendu dans ta maison?
11 Urie répondit à David: L’arche et Israël et Juda habitent sous des tentes, mon seigneur Joab et les serviteurs de mon seigneur campent en rase campagne, et moi j’entrerais dans ma maison pour manger et boire et pour coucher avec ma femme! Aussi vrai que tu es vivant et que ton âme est vivante, je ne ferai point cela.
12 David dit à Urie: Reste ici encore aujourd’hui, et demain je te renverrai. Et Urie resta à Jérusalem ce jour-là et le lendemain.
13 David l’invita à manger et à boire en sa présence, et il l’enivra; et le soir, Urie sortit pour se mettre sur sa couche, avec les serviteurs de son maître, mais il ne descendit point dans sa maison.
14 Le lendemain matin, David écrivit une lettre à Joab, et l’envoya par la main d’Urie.
15 Il écrivit dans cette lettre: Placez Urie au plus fort du combat, et retirez-vous de lui, afin qu’il soit frappé et qu’il meure.
16 Joab, en assiégeant la ville, plaça Urie à l’endroit qu’il savait défendu par de vaillants soldats.
17 Les hommes de la ville firent une sortie et se battirent contre Joab; plusieurs tombèrent parmi le peuple, parmi les serviteurs de David, et Urie, le Héthien, fut aussi tué.
18 Joab envoya un messager pour faire rapport à David de tout ce qui s’était passé dans le combat.
19 Il donna cet ordre au messager: Quand tu auras achevé de raconter au roi tous les détails du combat,
20 peut-être se mettra-t-il en fureur et te dira-t-il: Pourquoi vous êtes vous approchés de la ville pour combattre? Ne savez-vous pas qu’on lance des traits du haut de la muraille?
21 Qui a tué Abimélec, fils de Jerubbéscheth? n’est-ce pas une femme qui lança sur lui du haut de la muraille un morceau de meule de moulin, et n’en est-il pas mort à Thébets? Pourquoi vous êtes-vous approchés de la muraille? Alors tu diras: Ton serviteur Urie, le Héthien, est mort aussi.
22 Le messager partit: et, à son arrivée, il fit rapport à David de tout ce que Joab lui avait ordonné.
23 Le messager dit à David: Ces gens ont eu sur nous l’avantage; ils avaient fait une sortie contre nous dans les champs, et nous les avons repoussés jusqu’à l’entrée de la porte;
24 les archers ont tiré du haut de la muraille sur tes serviteurs, et plusieurs des serviteurs du roi ont été tués, et ton serviteur Urie, le Héthien, est mort aussi.
25 David dit au messager: Voici ce que tu diras à Joab: Ne sois point peiné de cette affaire, car l’épée dévore tantôt l’un, tantôt l’autre; attaque vigoureusement la ville, et renverse-la. Et toi, encourage-le!
26 La femme d’Urie apprit que son mari était mort, et elle pleura son mari.
27 Quand le deuil fut passé, David l’envoya chercher et la recueillit dans sa maison. Elle devint sa femme, et lui enfanta un fils. Ce que David avait fait déplut à l’Éternel.
Louis Segond {LSG}

2 Samuel 11

1 And it came to pass, after the year was expired, at the time when kings go forth to battle, that David sent Joab, and his servants with him, and all Israel; and they destroyed the children of Ammon, and besieged Rabbah. But David tarried still at Jerusalem.
And it came to pass in an eveningtide, that David arose from off his bed, and walked upon the roof of the king’s house: and from the roof he saw a woman washing herself; and the woman was very beautiful to look upon.
And David sent and enquired after the woman. And one said, Is not this Bathsheba, the daughter of Eliam, the wife of Uriah the Hittite?
And David sent messengers, and took her; and she came in unto him, and he lay with her; for she was purified from her uncleanness: and she returned unto her house.
And the woman conceived, and sent and told David, and said, I am with child.
And David sent to Joab, saying, Send me Uriah the Hittite. And Joab sent Uriah to David.
And when Uriah was come unto him, David demanded of him how Joab did, and how the people did, and how the war prospered.
And David said to Uriah, Go down to thy house, and wash thy feet. And Uriah departed out of the king’s house, and there followed him a mess of meat from the king.
But Uriah slept at the door of the king’s house with all the servants of his lord, and went not down to his house.
10 And when they had told David, saying, Uriah went not down unto his house, David said unto Uriah, Camest thou not from thy journey? why then didst thou not go down unto thine house?
11 And Uriah said unto David, The ark, and Israel, and Judah, abide in tents; and my lord Joab, and the servants of my lord, are encamped in the open fields; shall I then go into mine house, to eat and to drink, and to lie with my wife? as thou livest, and as thy soul liveth, I will not do this thing.
12 And David said to Uriah, Tarry here to day also, and to morrow I will let thee depart. So Uriah abode in Jerusalem that day, and the morrow.
13 And when David had called him, he did eat and drink before him; and he made him drunk: and at even he went out to lie on his bed with the servants of his lord, but went not down to his house.
14 And it came to pass in the morning, that David wrote a letter to Joab, and sent it by the hand of Uriah.
15 And he wrote in the letter, saying, Set ye Uriah in the forefront of the hottest battle, and retire ye from him, that he may be smitten, and die.
16 And it came to pass, when Joab observed the city, that he assigned Uriah unto a place where he knew that valiant men were.
17 And the men of the city went out, and fought with Joab: and there fell some of the people of the servants of David; and Uriah the Hittite died also.
18 Then Joab sent and told David all the things concerning the war;
19 And charged the messenger, saying, When thou hast made an end of telling the matters of the war unto the king,
20 And if so be that the king’s wrath arise, and he say unto thee, Wherefore approached ye so nigh unto the city when ye did fight? knew ye not that they would shoot from the wall?
21 Who smote Abimelech the son of Jerubbesheth? did not a woman cast a piece of a millstone upon him from the wall, that he died in Thebez? why went ye nigh the wall? then say thou, Thy servant Uriah the Hittite is dead also.
22 So the messenger went, and came and shewed David all that Joab had sent him for.
23 And the messenger said unto David, Surely the men prevailed against us, and came out unto us into the field, and we were upon them even unto the entering of the gate.
24 And the shooters shot from off the wall upon thy servants; and some of the king’s servants be dead, and thy servant Uriah the Hittite is dead also.
25 Then David said unto the messenger, Thus shalt thou say unto Joab, Let not this thing displease thee, for the sword devoureth one as well as another: make thy battle more strong against the city, and overthrow it: and encourage thou him.
26 And when the wife of Uriah heard that Uriah her husband was dead, she mourned for her husband.
27 And when the mourning was past, David sent and fetched her to his house, and she became his wife, and bare him a son. But the thing that David had done displeased the Lord.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}