Liv 1 Pyè / 1 Pierre / 1 Peter

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

1 Pyè 5       

1 Mwen menm ki yon chèf reskonsab, m’ap pale koulye a ak chèf reskonsab ki nan mitan nou yo. Mwen menm ki te wè jan Kris la te soufri a, mwen pral patisipe tou nan bèl pouvwa Bondye ki gen pou parèt la.
Men sa m’ap di nou: Tankou gadò, se pou nou swen bann mouton Bondye ki sou kont nou an. Pa fè sa tankou si se fòse y’ap fòse nou. Men, fè l’ paske nou vle fè sa Bondye vle. Pa fè travay la tankou si se dèyè lajan nou ye. Men, fè l’ ak tout kè nou.
Pa fè menm jan ak chèf k’ap maltrete moun ki sou kont yo. Okontrè, se pou nou tounen yon egzanp pou mouton yo.
Konsa, lè gran gadò a va parèt, n’a resevwa yon kouwòn ki p’ap janm fennen: n’a resevwa lwanj Bondye.
 Menm jan an tou, nou menm jennjan yo, se pou nou soumèt devan chèf reskonsab yo. Nan tout rapò nou yonn ak lòt, se pou nou soumèt devan Bondye. Paske Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy. Men, moun ki soumèt devan l’, li ba yo favè li.
Se poutèt sa, soumèt nou devan Bondye ki gen pouvwa, konsa la leve nou lè pou l’ leve nou an.
Lage tout tèt chaje nou yo ba li, paske l’ap pran swen nou.
8 Kenbe tèt nou anplas, rete sou prigad nou. Paske dyab la, lènmi nou an, ap veye nou tankou yon lyon ki move, k’ap chache moun pou l’ devore.
Kanpe fèm nan konfyans nou, kenbe tèt avè l’, paske nou konnen lòt frè nou yo ki nan lemonn ap soufri menm soufrans ak nou.
10  Men, apre n’a fin soufri yon ti tan, Bondye li menm va rann nou bon nèt, la kenbe nou fèm, la ban nou fòs, l’ap fè nou kanpe san brannen. Paske Bondye bay tout kalite favè. Se li menm ki te rele nou, gremesi Kris la, pou n’ te patisipe nan pouvwa li ki p’ap janm fini.
11 Se pou li tout pouvwa a, depi tout tan ak pou tout tan. Amèn.
12 Se avèk konkou frè Silven, yon nonm serye dapre sa mwen konnen, m’ap ekri nou lèt sa a, pou m’ ka ankouraje nou, pou m’ fè nou konnen jan favè Bondye pou nou an se yon bagay ki vre. Kenbe fèm nan li.
13 Legliz Bondye chwazi nan lavil Babilòn lan voye bonjou pou nou, ansanm ak Mak, pitit mwen an.
14 Bò pa nou, yonn di lòt bonjou pou mwen, yonn bo lòt tankou frè ak frè. Mwen mande pou nou tout k’ap viv ansanm nan Kris la, pou nou gen kè poze.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

1 Pierre 5                       

1 Voici les exhortations que j’adresse aux anciens qui sont parmi vous, moi ancien comme eux, témoin des souffrances de Christ, et participant de la gloire qui doit être manifestée:
Paissez le troupeau de Dieu qui est sous votre garde, non par contrainte, mais volontairement, selon Dieu; non pour un gain sordide, mais avec dévouement;
non comme dominant sur ceux qui vous sont échus en partage, mais en étant les modèles du troupeau.
Et lorsque le souverain pasteur paraîtra, vous obtiendrez la couronne incorruptible de la gloire.
De mêmes, vous qui êtes jeunes, soyez soumis aux anciens. Et tous, dans vos rapports mutuels, revêtez-vous d’humilité; car Dieu résiste aux orgueilleux, Mais il fait grâce aux humbles.
Humiliez-vous donc sous la puissante main de Dieu, afin qu’il vous élève au temps convenable;
et déchargez-vous sur lui de tous vos soucis, car lui-même prend soin de vous.
Soyez sobres, veillez. Votre adversaire, le diable, rôde comme un lion rugissant, cherchant qui il dévorera.
Résistez-lui avec une foi ferme, sachant que les mêmes souffrances sont imposées à vos frères dans le monde.
10 Le Dieu de toute grâce, qui vous a appelés en Jésus Christ à sa gloire éternelle, après que vous aurez souffert un peu de temps, vous perfectionnera lui-même, vous affermira, vous fortifiera, vous rendra inébranlables.
11 A lui soit la puissance aux siècles des siècles! Amen!
12 C’est par Silvain, qui est à mes yeux un frère fidèle, que je vous écris ce peu de mots, pour vous exhorter et pour vous attester que la grâce de Dieu à laquelle vous êtes attachés est la véritable.
13 L’Église des élus qui est à Babylone vous salue, ainsi que Marc, mon fils.
14 Saluez-vous les uns les autres par un baiser d’affection. Que la paix soit avec vous tous qui êtes en Christ!

Louis Segond {LSG}

1 Peter 5            

1 The elders which are among you I exhort, who am also an elder, and a witness of the sufferings of Christ, and also a partaker of the glory that shall be revealed:
Feed the flock of God which is among you, taking the oversight thereof, not by constraint, but willingly; not for filthy lucre, but of a ready mind;
Neither as being lords over God’s heritage, but being examples to the flock.
And when the chief Shepherd shall appear, ye shall receive a crown of glory that fadeth not away.
Likewise, ye younger, submit yourselves unto the elder. Yea, all of you be subject one to another, and be clothed with humility: for God resisteth the proud, and giveth grace to the humble.
Humble yourselves therefore under the mighty hand of God, that he may exalt you in due time:
Casting all your care upon him; for he careth for you.
Be sober, be vigilant; because your adversary the devil, as a roaring lion, walketh about, seeking whom he may devour:
Whom resist stedfast in the faith, knowing that the same afflictions are accomplished in your brethren that are in the world.
10 But the God of all grace, who hath called us unto his eternal glory by Christ Jesus, after that ye have suffered a while, make you perfect, stablish, strengthen, settle you.
11 To him be glory and dominion for ever and ever. Amen.
12 By Silvanus, a faithful brother unto you, as I suppose, I have written briefly, exhorting, and testifying that this is the true grace of God wherein ye stand.
13 The church that is at Babylon, elected together with you, saluteth you; and so doth Marcus my son.
14 Greet ye one another with a kiss of charity. Peace be with you all that are in Christ Jesus. Amen.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}