Liv 1 Korent / 1 Corinthiens / 1 Corinthians

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

1 Korent 16                 

Kanta lajan nou t’ap ranmase pou ede pèp Bondye ki lavil Jerizalèm lan, se pou nou fè tankou mwen te di legliz nan peyi Galasi yo fè.
Chak premye jou nan senmenn lan, se pou chak moun mete yon ti lajan apa dapre sa yo te fè. Y’a sere l’ lakay yo. Konsa, nou p’ap bezwen tann se lè m’ rive lakay nou pou n’ap chache lajan an.
Lè m’ ava rive, n’a chwazi kèk moun pou m’ voye pote kado nou fè a ale lavil Jerizalèm ak yon lèt rekòmandasyon.
Si sa merite pou m’ ale tou, y’a fè vwayaj la ansanm avè mwen.
 M’a vin lakay nou lè m’a fin pase nan peyi Masedwan. Paske, fòk mwen pase la anvan.
Mwen ka rete pase kèk jou lakay nou. Mwen ka menm pase tout sezon fredi a avè nou. Apre sa, n’a ka ede m’ ale kote m’a gen pou mwen ale a.
Fwa sa a, mwen pa vle wè nou anpasan konsa. Mwen ta renmen rete pase kèk tan ak nou, si Bondye vle.
Men, mwen fè lide rete isit nan lavil Efèz jouk pou fèt Lapannkòt.
Paske nan lavil sa a, mwen jwenn yon bon okazyon pou m’ fè travay mwen, atout gen anpil moun ki pa vle wè mwen.
10  Si Timote rive bò kote nou ye a, n’a fè yon jan pou l’ santi l’ lakay li nan mitan nou, paske se menm jan avè mwen li travay pou Seyè a.
11 Pa kite pesonn meprize li. Se pou nou ede l’ pou li ka kontinye vwayaj li ak kè poze, pou l’ ka tounen vin jwenn mwen. Paske, n’ap tann li ak frè yo.
12 Kanta frè Apolòs, mwen pa t’ manke ankouraje l’ pou l’ te vin lakay nou. Men, sanble lide li pa sou sa koulye a. Enben, la fè vwayaj la lè la kapab.
13  Pa bliye kò nou. Kenbe fèm nan konfyans nou. Mete kouraj sou nou. Pa moutre nou fèb.
14 Se pou nou fè tout bagay avèk renmen nan kè nou.
15 Frè m’ yo, nou konnen Estefanas ak tout fanmi li. Nou konnen se yo menm premye moun nan peyi Lakayi ki te mete konfyans yo nan Kris la. Tout moun nan fanmi an te ofri tèt yo pou sèvi pèp Bondye a.
16 Enben, moun konsa ansanm ak moun nou wè k’ap travay ak yo epi k’ap sèvi ak yo, nou mèt kite yo mennen nou.
17 Mwen pa manke kontan pou Estefanas, Fòtenatis, Akaykis ki vin wè mwen. Yo fè m’ santi se tankou si se nou menm menm ki te la avèk mwen.
18 Yo remoute kouraj mwen, menm jan yo te remoute kouraj nou. Moun konsa, se pou nou konnen ki jan pou nou konsidere yo.
19  Legliz ki nan peyi Lazi yo voye bonjou pou nou. Akilas ak Prisil ansanm ak legliz ki reyini lakay yo a voye yon pakèt bonjou pou nou nan Seyè a.
20 Tout frè ki isit yo voye bonjou pou nou tou. Nou menm, bò pa nou, yonn di lòt bonjou pou mwen, yonn bo lòt tankou moun k’ap viv pou Bondye.
21 M’ap ekri nou sa ak men pa m’: Pòl voye bonjou pou nou tout.
22 Si yon moun pa renmen Seyè a, madichon pou li. Seyè nou, vini non!
23 Se pou benediksyon Jezi Seyè a toujou la avè nou.
24 Mwen renmen nou tout nan Jezikri.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

1 Corinthiens 16         

1 Pour ce qui concerne la collecte en faveur des saints, agissez, vous aussi, comme je l’ai ordonné aux Églises de la Galatie.
Que chacun de vous, le premier jour de la semaine, mette à part chez lui ce qu’il pourra, selon sa prospérité, afin qu’on n’attende pas mon arrivée pour recueillir les dons.
Et quand je serai venu, j’enverrai avec des lettres, pour porter vos libéralités à Jérusalem, les personnes que vous aurez approuvées.
Si la chose mérite que j’y aille moi-même, elles feront le voyage avec moi.
J’irai chez vous quand j’aurai traversé la Macédoine, car je traverserai la Macédoine.
Peut-être séjournerai-je auprès de vous, ou même y passerai-je l’hiver, afin que vous m’accompagniez là où je me rendrai.
Je ne veux pas cette fois vous voir en passant, mais j’espère demeurer quelque temps auprès de vous, si le Seigneur le permet.
Je resterai néanmoins à Éphèse jusqu’à la Pentecôte;
car une porte grande et d’un accès efficace m’est ouverte, et les adversaires sont nombreux.
10 Si Timothée arrive, faites en sorte qu’il soit sans crainte parmi vous, car il travaille comme moi à l’oeuvre du Seigneur.
11 Que personne donc ne le méprise. Accompagnez-le en paix, afin qu’il vienne vers moi, car je l’attends avec les frères.
12 Pour ce qui est du frère Apollos, je l’ai beaucoup exhorté à se rendre chez vous avec les frères, mais ce n’était décidément pas sa volonté de le faire maintenant; il partira quand il en aura l’occasion.
13 Veillez, demeurez fermes dans la foi, soyez des hommes, fortifiez-vous.
14 Que tout ce que vous faites se fasse avec charité!
15 Encore une recommandation que je vous adresse, frères. Vous savez que la famille de Stéphanas est les prémices de l’Achaïe, et qu’elle s’est dévouée au service des saints.
16 Ayez vous aussi de la déférence pour de tels hommes, et pour tous ceux qui travaillent à la même oeuvre.
17 Je me réjouis de la présence de Stéphanas, de Fortunatus et d’Achaïcus; ils ont suppléé à votre absence,
18 car ils ont tranquillisé mon esprit et le vôtre. Sachez donc apprécier de tels hommes.
19 Les Églises d’Asie vous saluent. Aquilas et Priscille, avec l’Église qui est dans leur maison, vous saluent beaucoup dans le Seigneur.
20 Tous les frères vous saluent. Saluez-vous les uns les autres par un saint baiser.
21 Je vous salue, moi Paul, de ma propre main.
22 Si quelqu’un n’aime pas le Seigneur, qu’il soit anathème! Maranatha.
23 Que la grâce du Seigneur Jésus soit avec vous!
24 Mon amour est avec vous tous en Jésus Christ.

Louis Segond {LSG}

1 Corinthians 16        

1 Now concerning the collection for the saints, as I have given order to the churches of Galatia, even so do ye.
Upon the first day of the week let every one of you lay by him in store, as God hath prospered him, that there be no gatherings when I come.
And when I come, whomsoever ye shall approve by your letters, them will I send to bring your liberality unto Jerusalem.
And if it be meet that I go also, they shall go with me.
Now I will come unto you, when I shall pass through Macedonia: for I do pass through Macedonia.
And it may be that I will abide, yea, and winter with you, that ye may bring me on my journey whithersoever I go.
For I will not see you now by the way; but I trust to tarry a while with you, if the Lord permit.
But I will tarry at Ephesus until Pentecost.
For a great door and effectual is opened unto me, and there are many adversaries.
10 Now if Timotheus come, see that he may be with you without fear: for he worketh the work of the Lord, as I also do.
11 Let no man therefore despise him: but conduct him forth in peace, that he may come unto me: for I look for him with the brethren.
12 As touching our brother Apollos, I greatly desired him to come unto you with the brethren: but his will was not at all to come at this time; but he will come when he shall have convenient time.
13 Watch ye, stand fast in the faith, quit you like men, be strong.
14 Let all your things be done with charity.
15 I beseech you, brethren, (ye know the house of Stephanas, that it is the firstfruits of Achaia, and that they have addicted themselves to the ministry of the saints,)
16 That ye submit yourselves unto such, and to every one that helpeth with us, and laboureth.
17 I am glad of the coming of Stephanas and Fortunatus and Achaicus: for that which was lacking on your part they have supplied.
18 For they have refreshed my spirit and yours: therefore acknowledge ye them that are such.
19 The churches of Asia salute you. Aquila and Priscilla salute you much in the Lord, with the church that is in their house.
20 All the brethren greet you. Greet ye one another with an holy kiss.
21 The salutation of me Paul with mine own hand.
22 If any man love not the Lord Jesus Christ, let him be Anathema Maranatha.
23 The grace of our Lord Jesus Christ be with you.
24 My love be with you all in Christ Jesus. Amen.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}