Liv Jòb  / Job / Job

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jòb 18  

1 Bildad, moun peyi Chwa a, pran lapawòl, li di konsa:
-Jòb monchè, ou pa ka pe bouch ou yon ti kadè? Si ou te fè yon ti sispann, nou ta pale avè ou!
Poukisa ou pran nou pou moun san konprann? Poukisa ou pran nou pou zannimo?
Si ou ankòlè, se pwòp tèt ou ase w’ap fè mal. Atò, poutèt ou, se pou tout moun sou latè te mouri? Se pou Bondye te deplase mòn yo pou fè ou plezi?
 Wi, y’ap touye limyè mechan an, flanm dife l’ la p’ap klere ankò.
Lanp lakay li ap mouri, limyè lakay li ap tenyen.
Li te konn mache byen enganm, koulye a se ti pa ti pa, l’ap bite. Se plan li t’ap fè yo ki lakòz sa rive l’.
Li pile yon pèlen, pye l’ pran ladan l’.
Kòd la mare nan je pye l’, l’ap sere l’ byen sere.
10 Yo kache yon chita tann pou li anba tè. Yo moute yon pèlen sou wout li.
11  Kote l’ vire, malè ap tann li. Kote l’ pase, yo la dèyè l’.
12 Grangou nan kò l’ fini ak kouraj li. Malè kanpe la bò kote l’ ap tann li.
13 Yon sèl maladi po pete sou tout kò l’. L’ap manje tout janm li ak tout bra li yo. Se tè ki pou geri l’.
14 Yo rale l’ mete deyò anba tant kote li te al kache a. Yo trennen l’ devan jeneral Lanmò.
15 Koulye a, nenpòt moun gen dwa pran kay li a pou yo. Y’ap dezenfèkte l’ nèt ak souf.
16 Anba tè, rasin li yo ap mouri. Anwo tè, branch li yo ap fennen.
17 p’ap gen pesonn k’ap chonje l’ ankò sou latè. Y’ap bliye l’ nèt nan tout peyi a.
18 Y’ap pouse l’ soti nan limyè ale nan fènwa. Y’ap depòte l’ byen lwen nan peyi san chapo.
19 Li p’ap kite ni pitit, ni ankenn lòt fanmi nan mitan pèp la. Yo tout ap mouri anvan l’.
20 Depi solèy leve jouk solèy kouche, tout moun pral sezi wè jan li fini.
21 Wi, men sa k’ap tann lakou moun k’ap fè mechanste yo, fanmi moun ki pa respekte Bondye yo.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Job 18 

1 Bildad de Schuach prit la parole et dit:
Quand mettrez-vous un terme à ces discours? Ayez de l’intelligence, puis nous parlerons.
Pourquoi sommes-nous regardés comme des bêtes? Pourquoi ne sommes-nous à vos yeux que des brutes?
O toi qui te déchires dans ta fureur, Faut-il, à cause de toi, que la terre devienne déserte? Faut-il que les rochers disparaissent de leur place?
La lumière du méchant s’éteindra, Et la flamme qui en jaillit cessera de briller.
La lumière s’obscurcira sous sa tente, Et sa lampe au-dessus de lui s’éteindra.
Ses pas assurés seront à l’étroit; Malgré ses efforts, il tombera.
Car il met les pieds sur un filet, Il marche dans les mailles,
Il est saisi au piège par le talon, Et le filet s’empare de lui;
10 Le cordeau est caché dans la terre, Et la trappe est sur son sentier.
11 Des terreurs l’assiègent, l’entourent, Le poursuivent par derrière.
12 La faim consume ses forces, La misère est à ses côtés.
13 Les parties de sa peau sont l’une après l’autre dévorées, Ses membres sont dévorés par le premier-né de la mort.
14 Il est arraché de sa tente où il se croyait en sûreté, Il se traîne vers le roi des épouvantements.
15 Nul des siens n’habite sa tente, Le soufre est répandu sur sa demeure.
16 En bas, ses racines se dessèchent; En haut, ses branches sont coupées.
17 Sa mémoire disparaît de la terre, Son nom n’est plus sur la face des champs.
18 Il est poussé de la lumière dans les ténèbres, Il est chassé du monde.
19 Il ne laisse ni descendants ni postérité parmi son peuple, Ni survivant dans les lieux qu’il habitait.
20 Les générations à venir seront étonnées de sa ruine, Et la génération présente sera saisie d’effroi.
21 Point d’autre destinée pour le méchant, Point d’autre sort pour qui ne connaît pas Dieu!
Louis Segond {LSG}

Job 18   

1 Then answered Bildad the Shuhite, and said,
How long will it be ere ye make an end of words? mark, and afterwards we will speak.
Wherefore are we counted as beasts, and reputed vile in your sight?
He teareth himself in his anger: shall the earth be forsaken for thee? and shall the rock be removed out of his place?
Yea, the light of the wicked shall be put out, and the spark of his fire shall not shine.
The light shall be dark in his tabernacle, and his candle shall be put out with him.
The steps of his strength shall be straitened, and his own counsel shall cast him down.
For he is cast into a net by his own feet, and he walketh upon a snare.
The gin shall take him by the heel, and the robber shall prevail against him.
10 The snare is laid for him in the ground, and a trap for him in the way.
11 Terrors shall make him afraid on every side, and shall drive him to his feet.
12 His strength shall be hungerbitten, and destruction shall be ready at his side.
13 It shall devour the strength of his skin: even the firstborn of death shall devour his strength.
14 His confidence shall be rooted out of his tabernacle, and it shall bring him to the king of terrors.
15 It shall dwell in his tabernacle, because it is none of his: brimstone shall be scattered upon his habitation.
16 His roots shall be dried up beneath, and above shall his branch be cut off.
17 His remembrance shall perish from the earth, and he shall have no name in the street.
18 He shall be driven from light into darkness, and chased out of the world.
19 He shall neither have son nor nephew among his people, nor any remaining in his dwellings.
20 They that come after him shall be astonied at his day, as they that went before were affrighted.
21 Surely such are the dwellings of the wicked, and this is the place of him that knoweth not God.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}