Liv Ezekyel / Ézéchiel / Ezekiel

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Ezekyel 14    

1 Lè sa a, gen kèk chèf fanmi Izrayèl yo ki te vin kote m’ pou m’ te fè yo konnen volonte Bondye.
Se konsa, Seyè a pale avè m’, li di m’ konsa:
-Nonm o! Moun sa yo lage kò yo bay zidòl nèt. Yo kite zidòl pran nanm yo pou fè sa ki mal. Yo met nan tèt yo mwen pral kite yo vin mande m’ konsèy?
Enben, pale ak yo, di yo konsa: Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Tout moun nan pèp Izrayèl la ap lage kò yo bay zidòl yo nèt, yo kite zidòl pran nanm yo pou fè sa ki mal. Lèfini, y’ap vin jwenn pwofèt Bondye a! Se mwen menm menm, Seyè a, k’ap ba yo repons yo merite poutèt kantite zidòl y’ap sèvi yo.
Zidòl yo te fè moun pèp Izrayèl yo vire do ban mwen. Men, m’ap reponn yo pou yo ka tounen vin jwenn mwen ankò.
Koulye a, men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo, men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Tounen vin jwenn mwen. Vire do bay zidòl nou yo, sispann fè vye bagay derespektan sa yo.
Chak fwa yonn nan moun pèp Izrayèl yo osinon yonn nan moun lòt nasyon k’ap viv nan mitan pèp mwen an va vire do ban mwen pou li al sèvi zidòl, si li kite zidòl pran nanm li pou li fè sa ki mal, lèfini pou li konprann pou li al jwenn pwofèt Bondye a pou mande l’ mande m’ anyen, se mwen menm menm, Seyè a, ki pral ba li repons la.
M’ap kenbe tèt ak li. M’ap fè l’ tounen yon egzanp pou yo mete non l’ nan chante. M’ap wete l’ nan mitan pèp mwen an. Lè sa a, n’a konnen se mwen menm ki Seyè a.
Si yon pwofèt kite yo pran tèt li pou li pa pale verite, se mwen menm k’ap kite yo pran tèt li. M’ap lonje men m’ sou li pou m’ pini l’, m’ap wete l’ nan mitan pèp mwen an, pèp Izrayèl la.
10 Ni pwofèt la, ni moun ki te vin jwenn li an ap peye pou sa yo fè. Y’ap resevwa menm chatiman an.
11 Konsa, moun pèp Izrayèl yo p’ap vire do ban mwen ankò. Yo pa pral avili tèt yo nan fè sa ki mal. Lè sa a, se pèp mwen y’ap ye, se mwen menm k’ap Bondye yo. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.
12  Seyè a pale avè m’ ankò, li di m’ konsa:
13 -Nonm o! Si moun k’ap viv nan yon peyi peche kont mwen, si yo pa kenbe pawòl yo ak mwen, m’ap lonje men m’ sou yo pou m’ pini yo. M’ap koupe viv yo. M’ap fè yon sèl grangou tonbe sou yo, m’ap touye ni moun, ni bèt nan peyi a.
14 Si twa moun dwat sa yo, Noe, Danèl ak Jòb, ta nan mitan yo, se yo menm ase ki t’ap sove lavi yo, paske se yo ki te mache dwat. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.
15 Ou ankò, mwen ta ka voye bèt sovaj touye tout moun nan peyi a, pou fè peyi a tounen yon dezè moun pè travèse poutèt bèt sovaj sa yo.
16 Si twa moun sa yo ta nan mitan yo, jan nou konnen mwen vivan vre a, -se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, k’ap pale, -yo pa ta ka sove ata pwòp pitit gason ak pitit fi yo. Se yo ase ki t’ap sove. Tout peyi a t’ap tounen yon dezè.
17 Ou ankò, mwen ta ka voye lagè sou peyi a. Mwen ta ka bay lòd pou nan lagè a yo touye dènye moun ak dènye bèt.
18 Si twa mesye sa yo ta nan peyi a, jan nou konnen mwen vivan vre a, -se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, k’ap pale, -yo pa ta ka sove ata pwòp pitit gason ak pitit fi yo. Yo ase ki ta sove.
19 Si mwen ta voye yon move maladi sou peyi a, si mwen ta move sou li jouk pou m’ ta voye yon maladi san renmèd pou m’ touye ni moun ni bèt,
20 epi si Noe, Danèl ak Jòb te la nan peyi a, jan nou konnen mwen vivan vre a, -se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, k’ap pale, -yo pa ta sove ata pwòp pitit gason ak pitit fi yo. Se yo ase ki ta sove lavi yo, paske se yo ki te mache dwat.
21 Men sa Seyè, Bondye sèl Mèt la, di ankò: M’ap voye kat pi gwo chatiman m’ yo sou lavil Jerizalèm: lagè, grangou, bèt sovaj ak move maladi, pou yo touye dènye moun ak dènye bèt.
22 Men, si nou wè gen kèk moun ki chape, epi ki sove pitit gason yo ak pitit fi yo, gade yo byen lè y’a vin jwenn nou. Gade jan yo viv, gade sa yo fè. Lè sa a, n’a wè si m’ pa t’ gen rezon voye tout malè sa yo sou lavil Jerizalèm.
23 Wi, lè n’a wè jan moun sa yo t’ap viv ak sa yo t’ap fè, n’a konnen mwen te gen rezon fè lavil Jerizalèm sa m’ te fè l’ la. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Ézéchiel 14

1 Quelques-uns des anciens d’Israël vinrent auprès de moi et s’assirent devant moi.
Et la parole de l’Éternel me fut adressée, en ces mots:
Fils de l’homme, ces gens-là portent leurs idoles dans leur coeur, et ils attachent les regards sur ce qui les a fait tomber dans l’iniquité. Me laisserai-je consulter par eux?
C’est pourquoi parle-leur, et dis-leur: Ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: Tout homme de la maison d’Israël qui porte ses idoles dans son coeur, et qui attache les regards sur ce qui l’a fait tomber dans son iniquité, -s’il vient s’adresser au prophète, -moi, l’Éternel, je lui répondrai, malgré la multitude de ses idoles,
afin de saisir dans leur propre coeur ceux de la maison d’Israël qui se sont éloignés de moi avec toutes leurs idoles.
C’est pourquoi dis à la maison d’Israël: Ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: Revenez, et détournez-vous de vos idoles, détournez les regards de toutes vos abominations!
Car tout homme de la maison d’Israël, ou des étrangers séjournant en Israël, qui s’est éloigné de moi, qui porte ses idoles dans son coeur, et qui attache les regards sur ce qui l’a fait tomber dans son iniquité, -s’il vient s’adresser au prophète pour me consulter par lui, -moi, l’Éternel, je lui répondrai par moi.
Je tournerai ma face contre cet homme, je ferai de lui un signe et un sujet de sarcasme, et je l’exterminerai du milieu de mon peuple. Et vous saurez que je suis l’Éternel.
Si le prophète se laisse séduire, s’il prononce une parole, c’est moi, l’Éternel, qui aurai séduit ce prophète; j’étendrai ma main contre lui, et je le détruirai du milieu de mon peuple d’Israël.
10 Ils porteront ainsi la peine de leur iniquité; la peine du prophète sera comme la peine de celui qui consulte,
11 afin que la maison d’Israël ne s’égare plus loin de moi, et qu’elle ne se souille plus par toutes ses transgressions. Alors ils seront mon peuple, et je serai leur Dieu, dit le Seigneur, l’Éternel.
12 La parole de l’Éternel me fut adressée, en ces mots:
13 Fils de l’homme, lorsqu’un pays pécherait contre moi en se livrant à l’infidélité, et que j’étendrais ma main sur lui, -si je brisais pour lui le bâton du pain, si je lui envoyais la famine, si j’en exterminais les hommes et les bêtes,
14 et qu’il y eût au milieu de lui ces trois hommes, Noé, Daniel et Job, ils sauveraient leur âme par leur justice, dit le Seigneur, l’Éternel.
15 Si je faisais parcourir le pays par des bêtes féroces qui le dépeupleraient, s’il devenait un désert où personne ne passerait à cause de ces bêtes,
16 et qu’il y eût au milieu de lui ces trois hommes, je suis vivant! dit le Seigneur, l’Éternel, ils ne sauveraient ni fils ni filles, eux seuls seraient sauvés, et le pays deviendrait un désert.
17 Ou si j’amenais l’épée contre ce pays, si je disais: Que l’épée parcoure le pays! si j’en exterminais les hommes et les bêtes,
18 et qu’il y eût au milieu de lui ces trois hommes, je suis vivant! dit le Seigneur, l’Éternel, ils ne sauveraient ni fils ni filles, mais eux seuls seraient sauvés.
19 Ou si j’envoyais la peste dans ce pays, si je répandais contre lui ma fureur par la mortalité, pour en exterminer les hommes et les bêtes,
20 et qu’il y eût au milieu de lui Noé, Daniel et Job, je suis vivant! dit le Seigneur, l’Éternel, ils ne sauveraient ni fils ni filles, mais ils sauveraient leur âme par leur justice.
21 Oui, ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: Quoique j’envoie contre Jérusalem mes quatre châtiments terribles, l’épée, la famine, les bêtes féroces et la peste, pour en exterminer les hommes et les bêtes,
22 il y aura néanmoins un reste qui échappera, qui en sortira, des fils et des filles. Voici, ils arriveront auprès de vous; vous verrez leur conduite et leurs actions, et vous vous consolerez du malheur que je fais venir sur Jérusalem, de tout ce que je fais venir sur elle.
23 Ils vous consoleront, quand vous verrez leur conduite et leurs actions; et vous reconnaîtrez que ce n’est pas sans raison que je fais tout ce que je lui fais, dit le Seigneur, l’Éternel.

Louis Segond {LSG}

Ezekiel 14

1 Then came certain of the elders of Israel unto me, and sat before me.
And the word of the Lord came unto me, saying,
Son of man, these men have set up their idols in their heart, and put the stumblingblock of their iniquity before their face: should I be enquired of at all by them?
Therefore speak unto them, and say unto them, Thus saith the Lord God; Every man of the house of Israel that setteth up his idols in his heart, and putteth the stumblingblock of his iniquity before his face, and cometh to the prophet; I the Lord will answer him that cometh according to the multitude of his idols;
That I may take the house of Israel in their own heart, because they are all estranged from me through their idols.
Therefore say unto the house of Israel, Thus saith the Lord God; Repent, and turn yourselves from your idols; and turn away your faces from all your abominations.
For every one of the house of Israel, or of the stranger that sojourneth in Israel, which separateth himself from me, and setteth up his idols in his heart, and putteth the stumblingblock of his iniquity before his face, and cometh to a prophet to enquire of him concerning me; I the Lord will answer him by myself:
And I will set my face against that man, and will make him a sign and a proverb, and I will cut him off from the midst of my people; and ye shall know that I am the Lord.
And if the prophet be deceived when he hath spoken a thing, I the Lord have deceived that prophet, and I will stretch out my hand upon him, and will destroy him from the midst of my people Israel.
10 And they shall bear the punishment of their iniquity: the punishment of the prophet shall be even as the punishment of him that seeketh unto him;
11 That the house of Israel may go no more astray from me, neither be polluted any more with all their transgressions; but that they may be my people, and I may be their God, saith the Lord God.
12 The word of the Lord came again to me, saying,
13 Son of man, when the land sinneth against me by trespassing grievously, then will I stretch out mine hand upon it, and will break the staff of the bread thereof, and will send famine upon it, and will cut off man and beast from it:
14 Though these three men, Noah, Daniel, and Job, were in it, they should deliver but their own souls by their righteousness, saith the Lord God.
15 If I cause noisome beasts to pass through the land, and they spoil it, so that it be desolate, that no man may pass through because of the beasts:
16 Though these three men were in it, as I live, saith the Lord God, they shall deliver neither sons nor daughters; they only shall be delivered, but the land shall be desolate.
17 Or if I bring a sword upon that land, and say, Sword, go through the land; so that I cut off man and beast from it:
18 Though these three men were in it, as I live, saith the Lord God, they shall deliver neither sons nor daughters, but they only shall be delivered themselves.
19 Or if I send a pestilence into that land, and pour out my fury upon it in blood, to cut off from it man and beast:
20 Though Noah, Daniel, and Job were in it, as I live, saith the Lord God, they shall deliver neither son nor daughter; they shall but deliver their own souls by their righteousness.
21 For thus saith the Lord God; How much more when I send my four sore judgments upon Jerusalem, the sword, and the famine, and the noisome beast, and the pestilence, to cut off from it man and beast?
22 Yet, behold, therein shall be left a remnant that shall be brought forth, both sons and daughters: behold, they shall come forth unto you, and ye shall see their way and their doings: and ye shall be comforted concerning the evil that I have brought upon Jerusalem, even concerning all that I have brought upon it.
23 And they shall comfort you, when ye see their ways and their doings: and ye shall know that I have not done without cause all that I have done in it, saith the Lord God.    
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}