Liv 2 Samyèl / 2 Samuel / 2 Samuel

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

2 Samyèl 23

1 Men dènye pawòl David yo. David, pitit gason Izayi a, te yon nonm Bondye te mete byen wo. Se li menm Bondye Jakòb la te chwazi pou wa. Li te fè bèl chante pou pèp Izrayèl la. Men sa li te di:
Se lespri Seyè a k’ap pale nan mwen. Se mesaj li k’ap soti nan bouch mwen.
Bondye pèp Izrayèl la pale. Moun k’ap pwoteje pèp Izrayèl la di m’ konsa: Chèf k’ap gouvènen san patipri, k’ap gouvènen avèk krentif pou Bondye,
ap tankou solèy k’ap leve byen klere nan maten, nan yon syèl klè san yon ti nwaj ladan l’. L’ap tankou solèy k’ap fè zèb pouse apre lapli.
Se konsa Bondye pral beni tout ras mwen, paske li te pase yon kontra avè m’ pou tout tan, yon kontra ki p’ap janm kase, yon pwomès ki p’ap janm chanje. Nan tout sikonstans l’ap fè m’ genyen. L’ap ban mwen tou sa mwen vle.
Men, moun ki pa konn Bondye yo, y’ap tankou pikan y’ap voye jete. Pesonn p’ap manyen yo ak men.
Pou manyen yo se pou ou gen yon bout fè osinon yon frenn. Lèfini, ou boule yo nèt nan dife.
 Men non vanyan sòlda David yo: Premye a te rele Jochèb Bachebèt, moun lavil Tachemon. Se li menm ki te chèf Twa pi vanyan yo. Pou kont li, li goumen ak frenn li ak witsan (800) moun. Li touye tout yon sèl kou.
Dezyèm lan te rele Eleaza, pitit Dodo, pitit yon moun lavil Awoya. Se te yonn nan Twa pi vanyan yo. Yon jou, li menm ak David, y’ al atake moun Filisti yo ki te sanble pou goumen. Sòlda pèp Izrayèl yo te kouri pou batay la.
10 Men, li menm, li kenbe tèt ak moun Filisti yo, li touye moun jouk li gen lakranp nan men l’. Li pa t’ ka louvri men l’ pou l’ lage nepe a. Jou sa a, Seyè a goumen byen goumen jouk li touye tout lènmi yo. Apre sa, lame pèp Izrayèl la tounen kote Eleaza te ye a, yo pran tou sa lènmi yo te kite.
11 Twazyèm lan te rele Chama, pitit gason Age, moun lavil Ara. Yon jou, moun Filisti yo te sanble lavil Lechi, kote ki te gen yon gwo jaden pwa. Sòlda pèp Izrayèl yo t’ap kouri pou moun Filisti yo.
12 Men Chama rete kanpe nan mitan jaden pwa a, li kenbe tèt ak moun Filisti yo, li bat yo byen bat. Se konsa Seyè a te goumen byen goumen jouk li touye tout lènmi yo.
13 Yon lòt jou, nan sezon rekòt, twa nan gwoup trant yo al jwenn David nan gwòt Adoulam lan. Lame moun Filisti yo te moute kan yo nan plenn Refrayim yo.
14 Lè sa a, David te nan ti fò a. Yon gwoup moun Filisti te pran lavil Betleyèm.
15 Yon sèl anvi pran David, li di konsa: Ki moun ki va fè m’ bwè ti gout dlo nan pi ki nan pòtay lavil Betleyèm lan?
16 Lamenm, twa mesye yo desann nan kan moun Filisti yo, yo pran dlo nan pi ki te nan pòtay lavil Betleyèm lan, yo pote l’ vin bay David. Men, David refize bwè dlo a. Li vide l’ atè, li ofri l’ bay Seyè a.
17 Li di konsa: Seyè, mwen pa gen dwa bwè dlo sa a. Se tankou si m’ ta bwè san mesye sa yo ki te riske lavi yo pou al chache l’. Se konsa li derefize bwè dlo a. Se sa twa vanyan sòlda sa yo te fè.
18 Abichayi, frè Joab, pitit Sewouja, te chèf gwoup trant yo. Pou kont li, avèk yon frenn nan men l’, li goumen ak twasan (300) moun, li touye yo. Se konsa, tout moun t’ap nonmen non l’ nan gwoup trant lan.
19 Se non li yo t’ap nonmen pi plis nan Trant yo. Apre sa, li vin chèf yo. Men, li pa janm rive fè sa Twa pi vanyan yo te fè.
20 Benaja, pitit gason Jeojada a, moun lavil Kabseyèl, te pitit pitit yon vanyan sòlda. Li te fè anpil bagay ki fè wè li pa t’ manke kouraj. Se li menm ki te touye de pitit Ariyèl yo, moun lavil Moab. Yon jou, lanèj t’ap tonbe, li desann nan yon sitèn dlo pou li touye yon lyon.
21 Se li menm ki te touye yon moun peyi Lejip, yon potorik gason bèl wotè, ki te gen yon frenn nan men l’. Li menm, li atake l’ ak yon baton ase. Li wete frenn lan nan men moun Lejip la epi li touye l’ avè l’.
22 Men sa Benaja, pitit gason Jeojada a, te fè. Se konsa tout moun t’ap nonmen non l’ nan gwoup Trant lan.
23 Se non li yo t’ap nonmen pi plis nan Trant yo. Apre sa, li vin chèf yo. Men, li pa t’ janm rive fè sa twa pi vanyan yo te fè. David te mete l’ chèf gad kò li.
24 Nan gwoup Trant lan te gen ankò: Asayèl, frè Joab la, Elanan, pitit gason Dodo, moun lavil Betleyèm,
25 Chama ak Elika, moun lavil Awòd,
26 Elèz, moun lavil Pelèt, Ira, pitit gason Ikèch, moun lavil Tekoa,
27 Abyezè, moun lavil Anatòt, Mebounayi, moun lavil Oucha,
28 Salmon, moun lavil Awoya, Marayi, moun lavil Netofa,
29 Elèb, pitit gason Bana, moun lavil Gibeya nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Benjamen yo,
30 Benaja, moun lavil Piraton, Idayi, moun ravin Gach yo,
31 Abyalbon, moun lavil Araba, Azmavèt, moun lavil Baawoun,
32 Elyaba, moun lavil Chalbon, pitit gason Joachenn yo, Jonatan,
33 Chama, moun lavil Ara, Akiyam, pitit gason Chara, moun lavil Ara,
34 Elifelèt, pitit gason Asbayi, moun lavil Maka, Elyam, pitit gason Achitofèl, moun lavil Gilo,
35 Ezarayi, moun lavil Kamèl, Parayi, moun lavil Arab,
36 Igal, pitit gason Natan, moun lavil Zoba, Bani, moun lavil Gad,
37 Zelèk, moun lavil Amon, Nakarayi, moun lavil Bewòt, se li menm ki te pote zam Joab, pitit Sewouya a,
38 Ira ak Garèb, nan fanmi Jetè a,
39 Ouri, moun lavil Et la. Antou, te gen trannsèt vanyan sòlda.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

2 Samuel 23

1 Voici les dernières paroles de David. Parole de David, fils d’Isaï, Parole de l’homme haut placé, De l’oint du Dieu de Jacob, Du chantre agréable d’Israël.
L’esprit de l’Éternel parle par moi, Et sa parole est sur ma langue.
Le Dieu d’Israël a parlé, Le rocher d’Israël m’a dit: Celui qui règne parmi les hommes avec justice, Celui qui règne dans la crainte de Dieu,
Est pareil à la lumière du matin, quand le soleil brille Et que la matinée est sans nuages; Ses rayons après la pluie font sortir de terre la verdure.
N’en est-il pas ainsi de ma maison devant Dieu, Puisqu’il a fait avec moi une alliance éternelle, En tous points bien réglée et offrant pleine sécurité? Ne fera-t-il pas germer tout mon salut et tous mes désirs?
Mais les méchants sont tous comme des épines que l’on rejette, Et que l’on ne prend pas avec la main;
Celui qui les touche s’arme d’un fer ou du bois d’une lance, Et on les brûle au feu sur place.
Voici les noms des vaillants hommes qui étaient au service de David. Joscheb Basschébeth, le Tachkemonite, l’un des principaux officiers. Il brandit sa lance sur huit cents hommes, qu’il fit périr en une seule fois.
Après lui, Éléazar, fils de Dodo, fils d’Achochi. Il était l’un des trois guerriers qui affrontèrent avec David les Philistins rassemblés pour combattre, tandis que les hommes d’Israël se retiraient sur les hauteurs.
10 Il se leva, et frappa les Philistins jusqu’à ce que sa main fût lasse et qu’elle restât attachée à son épée. L’Éternel opéra une grande délivrance ce jour-là. Le peuple revint après Éléazar, seulement pour prendre les dépouilles.
11 Après lui, Schamma, fils d’Agué, d’Harar. Les Philistins s’étaient rassemblés à Léchi. Il y avait là une pièce de terre remplie de lentilles; et le peuple fuyait devant les Philistins.
12 Schamma se plaça au milieu du champ, le protégea, et battit les Philistins. Et l’Éternel opéra une grande délivrance.
13 Trois des trente chefs descendirent au temps de la moisson et vinrent auprès de David, dans la caverne d’Adullam, lorsqu’une troupe de Philistins était campée dans la vallée des Rephaïm.
14 David était alors dans la forteresse, et il y avait un poste de Philistins à Bethléhem.
15 David eut un désir, et il dit: Qui me fera boire de l’eau de la citerne qui est à la porte de Bethléhem?
16 Alors les trois vaillants hommes passèrent au travers du camp des Philistins, et puisèrent de l’eau de la citerne qui est à la porte de Bethléhem. Ils l’apportèrent et la présentèrent à David; mais il ne voulut pas la boire, et il la répandit devant l’Éternel.
17 Il dit: Loin de moi, ô Éternel, la pensée de faire cela! Boirais-je le sang de ces hommes qui sont allés au péril de leur vie? Et il ne voulut pas la boire. Voilà ce que firent ces trois vaillants hommes.
18 Abischaï, frère de Joab, fils de Tseruja, était le chef des trois. Il brandit sa lance sur trois cents hommes, et les tua; et il eut du renom parmi les trois.
19 Il était le plus considéré des trois, et il fut leur chef; mais il n’égala pas les trois premiers.
20 Benaja, fils de Jehojada, fils d’un homme de Kabtseel, rempli de valeur et célèbre par ses exploits. Il frappa les deux lions de Moab. Il descendit au milieu d’une citerne, où il frappa un lion, un jour de neige.
21 Il frappa un Égyptien d’un aspect formidable et ayant une lance à la main; il descendit contre lui avec un bâton, arracha la lance de la main de l’Égyptien, et s’en servit pour le tuer.
22 Voilà ce que fit Benaja, fils de Jehojada; et il eut du renom parmi les trois vaillants hommes.
23 Il était le plus considéré des trente; mais il n’égala pas les trois premiers. David l’admit dans son conseil secret.
24 Asaël, frère de Joab, du nombre des trente. Elchanan, fils de Dodo, de Bethléhem.
25 Schamma, de Harod. Élika, de Harod.
26 Hélets, de Péleth. Ira, fils d’Ikkesch, de Tekoa.
27 Abiézer, d’Anathoth. Mebunnaï, de Huscha.
28 Tsalmon, d’Achoach. Maharaï, de Nethopha.
29 Héleb, fils de Baana, de Nethopha. Ittaï, fils de Ribaï, de Guibea des fils de Benjamin.
30 Benaja, de Pirathon. Hiddaï, de Nachalé Gaasch.
31 Abi Albon, d’Araba. Azmaveth, de Barchum.
32 Eliachba, de Schaalbon. Bené Jaschen. Jonathan.
33 Schamma, d’Harar. Achiam, fils de Scharar, d’Arar.
34 Éliphéleth, fils d’Achasbaï, fils d’un Maacathien. Éliam, fils d’Achitophel, de Guilo.
35 Hetsraï, de Carmel. Paaraï, d’Arab.
36 Jigueal, fils de Nathan, de Tsoba. Bani, de Gad.
37 Tsélek, l’Ammonite. Naharaï, de Beéroth, qui portait les armes de Joab, fils de Tseruja.
38 Ira, de Jéther. Gareb, de Jéther.
39 Urie, le Héthien. En tout, trente-sept.
Louis Segond {LSG}

2 Samuel 23

1 Now these be the last words of David. David the son of Jesse said, and the man who was raised up on high, the anointed of the God of Jacob, and the sweet psalmist of Israel, said,
The Spirit of the Lord spake by me, and his word was in my tongue.
The God of Israel said, the Rock of Israel spake to me, He that ruleth over men must be just, ruling in the fear of God.
And he shall be as the light of the morning, when the sun riseth, even a morning without clouds; as the tender grass springing out of the earth by clear shining after rain.
Although my house be not so with God; yet he hath made with me an everlasting covenant, ordered in all things, and sure: for this is all my salvation, and all my desire, although he make it not to grow.
But the sons of Belial shall be all of them as thorns thrust away, because they cannot be taken with hands:
But the man that shall touch them must be fenced with iron and the staff of a spear; and they shall be utterly burned with fire in the same place.
These be the names of the mighty men whom David had: The Tachmonite that sat in the seat, chief among the captains; the same was Adino the Eznite: he lift up his spear against eight hundred, whom he slew at one time.
And after him was Eleazar the son of Dodo the Ahohite, one of the three mighty men with David, when they defied the Philistines that were there gathered together to battle, and the men of Israel were gone away:
10 He arose, and smote the Philistines until his hand was weary, and his hand clave unto the sword: and the Lord wrought a great victory that day; and the people returned after him only to spoil.
11 And after him was Shammah the son of Agee the Hararite. And the Philistines were gathered together into a troop, where was a piece of ground full of lentiles: and the people fled from the Philistines.
12 But he stood in the midst of the ground, and defended it, and slew the Philistines: and the Lord wrought a great victory.
13 And three of the thirty chief went down, and came to David in the harvest time unto the cave of Adullam: and the troop of the Philistines pitched in the valley of Rephaim.
14 And David was then in an hold, and the garrison of the Philistines was then in Bethlehem.
15 And David longed, and said, Oh that one would give me drink of the water of the well of Bethlehem, which is by the gate!
16 And the three mighty men brake through the host of the Philistines, and drew water out of the well of Bethlehem, that was by the gate, and took it, and brought it to David: nevertheless he would not drink thereof, but poured it out unto the Lord.
17 And he said, Be it far from me, O Lord, that I should do this: is not this the blood of the men that went in jeopardy of their lives? therefore he would not drink it. These things did these three mighty men.
18 And Abishai, the brother of Joab, the son of Zeruiah, was chief among three. And he lifted up his spear against three hundred, and slew them, and had the name among three.
19 Was he not most honourable of three? therefore he was their captain: howbeit he attained not unto the first three.
20 And Benaiah the son of Jehoiada, the son of a valiant man, of Kabzeel, who had done many acts, he slew two lionlike men of Moab: he went down also and slew a lion in the midst of a pit in time of snow:
21 And he slew an Egyptian, a goodly man: and the Egyptian had a spear in his hand; but he went down to him with a staff, and plucked the spear out of the Egyptian’s hand, and slew him with his own spear.
22 These things did Benaiah the son of Jehoiada, and had the name among three mighty men.
23 He was more honourable than the thirty, but he attained not to the first three. And David set him over his guard.
24 Asahel the brother of Joab was one of the thirty; Elhanan the son of Dodo of Bethlehem,
25 Shammah the Harodite, Elika the Harodite,
26 Helez the Paltite, Ira the son of Ikkesh the Tekoite,
27 Abiezer the Anethothite, Mebunnai the Hushathite,
28 Zalmon the Ahohite, Maharai the Netophathite,
29 Heleb the son of Baanah, a Netophathite, Ittai the son of Ribai out of Gibeah of the children of Benjamin,
30 Benaiah the Pirathonite, Hiddai of the brooks of Gaash,
31 Abialbon the Arbathite, Azmaveth the Barhumite,
32 Eliahba the Shaalbonite, of the sons of Jashen, Jonathan,
33 Shammah the Hararite, Ahiam the son of Sharar the Hararite,
34 Eliphelet the son of Ahasbai, the son of the Maachathite, Eliam the son of Ahithophel the Gilonite,
35 Hezrai the Carmelite, Paarai the Arbite,
36 Igal the son of Nathan of Zobah, Bani the Gadite,
37 Zelek the Ammonite, Nahari the Beerothite, armourbearer to Joab the son of Zeruiah,
38 Ira an Ithrite, Gareb an Ithrite,
39 Uriah the Hittite: thirty and seven in all.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}