Liv Lik / Luc / Luke

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Lik 7             

Lè Jezi fin pale tout pawòl sa yo ak pèp la, li ale lavil Kapènawòm.
Nan lavil sa a, yon kaptenn lame a te gen yon domestik li te renmen anpil. Domestik sa a te twouve l’ malad prèt pou mouri.
Kaptenn lan tande pale sou Jezi; se konsa li voye kèk chèf fanmi nan jwif yo al mande Jezi pou l’ vin geri domestik li a.
Yo rive bò kot Jezi, yo di li: Tanpri, fè sa pou li, li merite li. Paske li renmen pèp nou an.
Se li ki te bati sinagòg la pou nou.
Jezi ale avè yo. Li te rive toupre kay la lè kaptenn lan voye kèk zanmi di l’ konsa: Mèt, pa bay kò ou tout traka sa a. Mwen pa merite pou ou antre lakay mwen.
Se poutèt sa mwen pa t’ kwè m’ ase bon pou m’ te vin jwenn ou, mwen menm. Annik di yon mo, domestik mwen an va geri.
Mwen menm, mwen sou zòd chèf, mwen gen sòlda sou zòd mwen tou. Lè m’ di yonn: Ale! li ale. Lè m’ di yon lòt: Vini! li vini. Lè m’ di domestik mwen an: Fè sa! li fè li.
Lè Jezi tande pawòl sa yo, li vin gen yon gwo admirasyon pou kaptenn lan. Li vire bò foul moun ki t’ap swiv li a, li di yo: M’ap di nou sa: Mwen poko janm jwenn yon moun ki gen konfyans nan Bondye konsa, pa menm nan pèp Izrayèl la.
10 Lè zanmi kaptenn lan te voye yo tounen nan kay la, yo jwenn domestik ki te malad la geri.
11  Apre sa, Jezi ale nan yon lavil yo rele Nayen. Disip li yo t’ap fè wout avè l’ ansanm ak yon gwo foul moun.
12 Li rive bò pòtay lavil la. Lè sa a yo t’ap pote yon mò al antere: se te sèl pitit gason yon madanm vèv. Te gen anpil moun lavil la avèk li.
13 Lè Jezi wè vèv la, kè l’ fè l’ mal pou li, li di li: Pa kriye, tande!
14 Apre sa li pwoche, li manyen sèkèy la. Moun ki t’ap pote l’ yo ret kanpe. Li di: Jennonm, se mwen menm k’ap pale avè ou. Leve.
15 Epi mò a leve chita, li kòmanse pale. Jezi renmèt li bay manman li.
16 Tout moun yo te pè, yo t’ap fè lwanj Bondye, yo t’ap di: Yon gwo pwofèt parèt nan mitan nou! Yo t’ap di tou: Bondye vin sove pèp li a.
17 Nouvèl la te gaye nan tout peyi Jide a ak nan tout vwazinaj la.
18 Patizan Jan Batis yo te rakonte tout bagay sa yo bay Jan Batis.
19  Jan rele de ladan yo, li voye yo bò kot Jezi al mande li: Eske ou se moun nou konnen ki gen pou vini an, osinon èske nou dwe tann yon lòt?
20 Lè mesye sa yo rive bò kot Jezi, yo di li: Jan Batis voye nou bò kote ou vin mande ou: Eske ou se moun nou konnen ki gen pou vini an, osinon èske nou dwe tann yon lòt?
21 Lè sa a, Jezi t’ap geri anpil moun malad ak anpil moun enfim, li t’ap wete yo anba pouvwa move lespri, li t’ap fè anpil avèg wè ankò.
22 Apre sa, li reponn moun Jan Batis te voye yo konsa: Ale rakonte Jan sa nou sot wè ak sa nou sot tande la a: je avèg yo louvri, moun ki t’ap bwete yo mache byen, moun ki te gen maladi lalèp yo geri, moun soudè yo tande, moun mouri yo leve, pòv yo tande bon nouvèl la.
23 benediksyon pou moun ki p’ap jwenn nan mwen okazyon pou yo tonbe nan peche.
24 Lè moun Jan te voye yo al fè wout yo, Jezi kòmanse pale ak foul moun yo sou Jan Batis. Li di yo konsa: Kisa nou te al wè nan dezè a? Yon pye wozo van ap balanse? Non.
25 Men, kisa nou te al wè menm? Yon nonm abiye ak bèl rad? Ala, moun ki abiye ak bèl rad, k’ap viv nan jwisans, se kay wa yo jwenn yo.
26 Men, manyè di m’ kisa nou tal wè? Yon pwofèt? Wi. Mwen menm, mwen di nou: li pi plis pase yon pwofèt.
27 Men sa ki te ekri sou Jan Batis: Men m’ap voye mesaje m’ lan devan ou, la louvri chemen an devan pou ou.
28 M’ap di nou sa: Nan tout moun ki fèt sou latè pa gen yonn ki pi konsekan pase Jan Batis. Men, moun ki pi piti nan peyi kote Bondye wa a pi konsekan pase li.
29 Tout pèp la ansanm ak pèseptè kontribisyon yo t’ap tande li. Moun sa yo te rekonèt se Bondye ki gen rezon, se pou sa yo te fè Jan Batis batize yo.
30 Men, farizyen yo ak dirèktè lalwa yo te refize sa Bondye te vle fè pou yo; se sak fè yo pa t’ kite Jan Batis batize yo.
31 Jezi di yo ankò: Ak ki moun mwen ta konpare moun k’ap viv nan tan alèkile yo? Ki moun yo sanble menm?
32 Yo sanble timoun ki chita sou plas piblik. Yonn ap rele lòt pou di l’ konsa: Nou jwe mizik cho pou nou ak fif nou, nou pa danse. Nou chante chante ki tris pou nou, nou pa kriye.
33 Jan Batis vini, li pa manje pen, ni li pa bwè diven, nou di: Li gen yon move lespri sou li.
34 Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen vini, mwen manje, mwen bwè, nou di: Gade yon nonm! Se manje ak bwè ase l’ konnen; se zanmi pèseptè kontribisyon ak moun k’ap fè sa ki mal li ye.
35 Men, tout moun ki asepte bon konprann Bondye a, yo moutre se Bondye nan bon konprann li ki gen rezon.
36  Yon farizyen te envite Jezi vin manje avè li. Jezi ale lakay farizyen an; li chita bò tab la pou l’ manje.
37 Nan lavil sa a, te gen yon fanm movèz vi. Lè fanm lan pran nouvèl Jezi t’ap manje lakay farizyen an, li pote yon ti boutèy fèt an albat plen odè.
38 Li mete kò l’ dèyè bò pye Jezi. Li kriye, li kriye, li mouye pye Jezi ak dlo ki t’ap soti nan je li. Apre sa, li siye yo ak cheve l’, li bo yo, epi li vide odè sou yo.
39 Lè farizyen ki te envite Jezi a wè sa, li t’ap di nan kè l’: Si nonm sa a te yon pwofèt vre, se pou l’ ta konnen ki kalite moun fanm sa k’ap manyen l’ lan ye, li ta konnen ki movèz vi fanm sa a ap mennen.
40 Lè sa a, Jezi pran lapawòl, li di l’ konsa: Simon, mwen gen kichòy pou m’ di ou. Simon reponn li: Mèt, ou mèt pale wi.
41 Jezi di li: Vwala, se te de moun ki te dwe yon nonm ki te prete yo lajan; premye a te dwe l’ senksan (500) goud; lòt la te dwe l’ senkant goud.
42 Ni yonn ni lòt pa t’ gen dekwa peye dèt la. Lè sa a, nonm lan di yo yo pa bezwen peye dèt la ankò. Kilès nan yo de a va renmen l’ plis?
43 Simon reponn li: Mwen ta kwè se nonm ki te dwe l’ plis la. Jezi di l’: Ou byen reponn.
44 Epi li vire bò fanm lan, li di Simon: Ou wè fanm sa a? Mwen antre lakay ou, ou pa menm ban m’ dlo pou m’ lave pye m’; men li menm, li lave pye m’ ak dlo ki soti nan je l’. Apre sa, li siye yo ak cheve li.
45 Ou pa te bo m’ lè m’ t’ap antre lakay ou; men li menm, depi mwen antre se bo l’ap bo pye m’.
46 Ou pa vide lwil sou tèt mwen; men li menm, li vide odè sou pye mwen.
47 Se poutèt sa, mwen di ou: li fè tout bagay sa yo pou moutre jan li renmen anpil, paske yo padonnen li anpil peche. Men, yon moun yo padonnen yon ti kras, se yon ti kras l’ap moutre jan l’ renmen tou.
48 Apre sa, Jezi di fanm lan: Peche ou yo padonnen.
49 Moun ki te chita bò tab la avèk li yo pran di nan kè yo: Ki moun nonm sa a ye menm pou li padonnen peche?
50 Men Jezi di fanm lan: Se konfyans ou nan Bondye ki sove ou. Ale ak kè poze.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Luc 7            

 1 Après avoir achevé tous ces discours devant le peuple qui l’écoutait, Jésus entra dans Capernaüm.
Un centenier avait un serviteur auquel il était très attaché, et qui se trouvait malade, sur le point de mourir.
Ayant entendu parler de Jésus, il lui envoya quelques anciens des Juifs, pour le prier de venir guérir son serviteur.
Ils arrivèrent auprès de Jésus, et lui adressèrent d’instantes supplications, disant: Il mérite que tu lui accordes cela;
car il aime notre nation, et c’est lui qui a bâti notre synagogue.
Jésus, étant allé avec eux, n’était guère éloigné de la maison, quand le centenier envoya des amis pour lui dire: Seigneur, ne prends pas tant de peine; car je ne suis pas digne que tu entres sous mon toit.
C’est aussi pour cela que je ne me suis pas cru digne d’aller en personne vers toi. Mais dis un mot, et mon serviteur sera guéri.
Car, moi qui suis soumis à des supérieurs, j’ai des soldats sous mes ordres; et je dis à l’un: Va! et il va; à l’autre: Viens! et il vient; et à mon serviteur: Fais cela! et il le fait.
Lorsque Jésus entendit ces paroles, il admira le centenier, et, se tournant vers la foule qui le suivait, il dit: Je vous le dis, même en Israël je n’ai pas trouvé une aussi grande foi.
10 De retour à la maison, les gens envoyés par le centenier trouvèrent guéri le serviteur qui avait été malade.
11 Le jour suivant, Jésus alla dans une ville appelée Naïn; ses disciples et une grande foule faisaient route avec lui.
12 Lorsqu’il fut près de la porte de la ville, voici, on portait en terre un mort, fils unique de sa mère, qui était veuve; et il y avait avec elle beaucoup de gens de la ville.
13 Le Seigneur, l’ayant vue, fut ému de compassion pour elle, et lui dit: Ne pleure pas!
14 Il s’approcha, et toucha le cercueil. Ceux qui le portaient s’arrêtèrent. Il dit: Jeune homme, je te le dis, lève-toi!
15 Et le mort s’assit, et se mit à parler. Jésus le rendit à sa mère.
16 Tous furent saisis de crainte, et ils glorifiaient Dieu, disant: Un grand prophète a paru parmi nous, et Dieu a visité son peuple.
17 Cette parole sur Jésus se répandit dans toute la Judée et dans tout le pays d’alentour.
18 Jean fut informé de toutes ces choses par ses disciples.
19 Il en appela deux, et les envoya vers Jésus, pour lui dire: Es-tu celui qui doit venir, ou devons-nous en attendre un autre?
20 Arrivés auprès de Jésus, ils dirent: Jean Baptiste nous a envoyés vers toi, pour dire: Es-tu celui qui doit venir, ou devons-nous en attendre un autre?
21 A l’heure même, Jésus guérit plusieurs personnes de maladies, d’infirmités, et d’esprits malins, et il rendit la vue à plusieurs aveugles.
22 Et il leur répondit: Allez rapporter à Jean ce que vous avez vu et entendu: les aveugles voient, les boiteux marchent, les lépreux sont purifiés, les sourds entendent, les morts ressuscitent, la bonne nouvelle est annoncée aux pauvres.
23 Heureux celui pour qui je ne serai pas une occasion de chute!
24 Lorsque les envoyés de Jean furent partis, Jésus se mit à dire à la foule, au sujet de Jean: Qu’êtes-vous allés voir au désert? un roseau agité par le vent?
25 Mais, qu’êtes-vous allés voir? un homme vêtu d’habits précieux? Voici, ceux qui portent des habits magnifiques, et qui vivent dans les délices, sont dans les maisons des rois.
26 Qu’êtes-vous donc allés voir? un prophète? Oui, vous dis-je, et plus qu’un prophète.
27 C’est celui dont il est écrit: Voici, j’envoie mon messager devant ta face, Pour préparer ton chemin devant toi.
28 Je vous le dis, parmi ceux qui sont nés de femmes, il n’y en a point de plus grand que Jean. Cependant, le plus petit dans le royaume de Dieu est plus grand que lui.
29 Et tout le peuple qui l’a entendu et même les publicains ont justifié Dieu, en se faisant baptiser du baptême de Jean;
30 mais les pharisiens et les docteurs de la loi, en ne se faisant pas baptiser par lui, ont rendu nul à leur égard le dessein de Dieu.
31 A qui donc comparerai-je les hommes de cette génération, et à qui ressemblent-ils?
32 Ils ressemblent aux enfants assis dans la place publique, et qui, se parlant les uns aux autres, disent: Nous vous avons joué de la flûte, et vous n’avez pas dansé; nous vous avons chanté des complaintes, et vous n’avez pas pleuré.
33 Car Jean Baptiste est venu, ne mangeant pas de pain et ne buvant pas de vin, et vous dites: Il a un démon.
34 Le Fils de l’homme est venu, mangeant et buvant, et vous dites: C’est un mangeur et un buveur, un ami des publicains et des gens de mauvaise vie.
35 Mais la sagesse a été justifiée par tous ses enfants.
36 Un pharisien pria Jésus de manger avec lui. Jésus entra dans la maison du pharisien, et se mit à table.
37 Et voici, une femme pécheresse qui se trouvait dans la ville, ayant su qu’il était à table dans la maison du pharisien, apporta un vase d’albâtre plein de parfum,
38 et se tint derrière, aux pieds de Jésus. Elle pleurait; et bientôt elle lui mouilla les pieds de ses larmes, puis les essuya avec ses cheveux, les baisa, et les oignit de parfum.
39 Le pharisien qui l’avait invité, voyant cela, dit en lui-même: Si cet homme était prophète, il connaîtrait qui et de quelle espèce est la femme qui le touche, il connaîtrait que c’est une pécheresse.
40 Jésus prit la parole, et lui dit: Simon, j’ai quelque chose à te dire. -Maître, parle, répondit-il. –
41 Un créancier avait deux débiteurs: l’un devait cinq cents deniers, et l’autre cinquante.
42 Comme ils n’avaient pas de quoi payer, il leur remit à tous deux leur dette. Lequel l’aimera le plus?
43 Simon répondit: Celui, je pense, auquel il a le plus remis. Jésus lui dit: Tu as bien jugé.
44 Puis, se tournant vers la femme, il dit à Simon: Vois-tu cette femme? Je suis entré dans ta maison, et tu ne m’as point donné d’eau pour laver mes pieds; mais elle, elle les a mouillés de ses larmes, et les a essuyés avec ses cheveux.
45 Tu ne m’as point donné de baiser; mais elle, depuis que je suis entré, elle n’a point cessé de me baiser les pieds.
46 Tu n’as point versé d’huile sur ma tête; mais elle, elle a versé du parfum sur mes pieds.
47 C’est pourquoi, je te le dis, ses nombreux péchés ont été pardonnés: car elle a beaucoup aimé. Mais celui à qui on pardonne peu aime peu.
48 Et il dit à la femme: Tes péchés sont pardonnés.
49 Ceux qui étaient à table avec lui se mirent à dire en eux-mêmes: Qui est celui-ci, qui pardonne même les péchés?
50 Mais Jésus dit à la femme: Ta foi t’a sauvée, va en paix.

Louis Segond {LSG}

Luke 7     

1 Now when he had ended all his sayings in the audience of the people, he entered into Capernaum.
And a certain centurion’s servant, who was dear unto him, was sick, and ready to die.
And when he heard of Jesus, he sent unto him the elders of the Jews, beseeching him that he would come and heal his servant.
And when they came to Jesus, they besought him instantly, saying, That he was worthy for whom he should do this:
For he loveth our nation, and he hath built us a synagogue.
Then Jesus went with them. And when he was now not far from the house, the centurion sent friends to him, saying unto him, Lord, trouble not thyself: for I am not worthy that thou shouldest enter under my roof:
Wherefore neither thought I myself worthy to come unto thee: but say in a word, and my servant shall be healed.
For I also am a man set under authority, having under me soldiers, and I say unto one, Go, and he goeth; and to another, Come, and he cometh; and to my servant, Do this, and he doeth it.
When Jesus heard these things, he marvelled at him, and turned him about, and said unto the people that followed him, I say unto you, I have not found so great faith, no, not in Israel.
10 And they that were sent, returning to the house, found the servant whole that had been sick.
11 And it came to pass the day after, that he went into a city called Nain; and many of his disciples went with him, and much people.
12 Now when he came nigh to the gate of the city, behold, there was a dead man carried out, the only son of his mother, and she was a widow: and much people of the city was with her.
13 And when the Lord saw her, he had compassion on her, and said unto her, Weep not.
14 And he came and touched the bier: and they that bare him stood still. And he said, Young man, I say unto thee, Arise.
15 And he that was dead sat up, and began to speak. And he delivered him to his mother.
16 And there came a fear on all: and they glorified God, saying, That a great prophet is risen up among us; and, That God hath visited his people.
17 And this rumour of him went forth throughout all Judaea, and throughout all the region round about.
18 And the disciples of John shewed him of all these things.
19 And John calling unto him two of his disciples sent them to Jesus, saying, Art thou he that should come? or look we for another?
20 When the men were come unto him, they said, John Baptist hath sent us unto thee, saying, Art thou he that should come? or look we for another?
21 And in that same hour he cured many of their infirmities and plagues, and of evil spirits; and unto many that were blind he gave sight.
22 Then Jesus answering said unto them, Go your way, and tell John what things ye have seen and heard; how that the blind see, the lame walk, the lepers are cleansed, the deaf hear, the dead are raised, to the poor the gospel is preached.
23 And blessed is he, whosoever shall not be offended in me.
24 And when the messengers of John were departed, he began to speak unto the people concerning John, What went ye out into the wilderness for to see? A reed shaken with the wind?
25 But what went ye out for to see? A man clothed in soft raiment? Behold, they which are gorgeously apparelled, and live delicately, are in kings’ courts.
26 But what went ye out for to see? A prophet? Yea, I say unto you, and much more than a prophet.
27 This is he, of whom it is written, Behold, I send my messenger before thy face, which shall prepare thy way before thee.
28 For I say unto you, Among those that are born of women there is not a greater prophet than John the Baptist: but he that is least in the kingdom of God is greater than he.
29 And all the people that heard him, and the publicans, justified God, being baptized with the baptism of John.
30 But the Pharisees and lawyers rejected the counsel of God against themselves, being not baptized of him.
31 And the Lord said, Whereunto then shall I liken the men of this generation? and to what are they like?
32 They are like unto children sitting in the marketplace, and calling one to another, and saying, We have piped unto you, and ye have not danced; we have mourned to you, and ye have not wept.
33 For John the Baptist came neither eating bread nor drinking wine; and ye say, He hath a devil.
34 The Son of man is come eating and drinking; and ye say, Behold a gluttonous man, and a winebibber, a friend of publicans and sinners!
35 But wisdom is justified of all her children.
36 And one of the Pharisees desired him that he would eat with him. And he went into the Pharisee’s house, and sat down to meat.
37 And, behold, a woman in the city, which was a sinner, when she knew that Jesus sat at meat in the Pharisee’s house, brought an alabaster box of ointment,
38 And stood at his feet behind him weeping, and began to wash his feet with tears, and did wipe them with the hairs of her head, and kissed his feet, and anointed them with the ointment.
39 Now when the Pharisee which had bidden him saw it, he spake within himself, saying, This man, if he were a prophet, would have known who and what manner of woman this is that toucheth him: for she is a sinner.
40 And Jesus answering said unto him, Simon, I have somewhat to say unto thee. And he saith, Master, say on.
41 There was a certain creditor which had two debtors: the one owed five hundred pence, and the other fifty.
42 And when they had nothing to pay, he frankly forgave them both. Tell me therefore, which of them will love him most?
43 Simon answered and said, I suppose that he, to whom he forgave most. And he said unto him, Thou hast rightly judged.
44 And he turned to the woman, and said unto Simon, Seest thou this woman? I entered into thine house, thou gavest me no water for my feet: but she hath washed my feet with tears, and wiped them with the hairs of her head.
45 Thou gavest me no kiss: but this woman since the time I came in hath not ceased to kiss my feet.
46 My head with oil thou didst not anoint: but this woman hath anointed my feet with ointment.
47 Wherefore I say unto thee, Her sins, which are many, are forgiven; for she loved much: but to whom little is forgiven, the same loveth little.
48 And he said unto her, Thy sins are forgiven.
49 And they that sat at meat with him began to say within themselves, Who is this that forgiveth sins also?
50 And he said to the woman, Thy faith hath saved thee; go in peace.    
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}