Liv Travay / Actes / Acts

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Travay 7               

Granprèt la mande Etyèn: Eske se vre?
Etyèn reponn: Frè m’ yo, grandèt mwen yo, koute. Bondye, ki gen bèl pouvwa a, te parèt devan Abraram, zansèt nou. Lè sa a, li te rete nan peyi Mezopotami, li pa t’ ankò vin rete Karan.
Bondye di l’ konsa: Kite peyi ou la, kite tout fanmi ou yo ladan l’. Ale nan peyi m’a moutre ou la.
Se konsa, Abraram kite peyi kaldeyen yo, li al rete Karan. Lè papa Abraram mouri, Bondye fè l’ kite Karan vin nan peyi kote n’ap viv koulye a.
Lè sa a, Bondye pa t’ bay Abraram okenn bitasyon nan peyi a, pa menm yon ti pous tè. Men, Bondye te pwomèt li t’ap ba l’ peyi a ki t’ap rete nèt pou li ak pou pitit pitit li yo. Men, lè sa a Abraram pa t’ gen pitit.
Men sa Bondye te di l’: Pitit pitit ou yo gen pou y’ al viv nan yon peyi etranje, kote y’ap fè yo tounen esklav, kote y’ap maltrete yo pandan katsanzan (400 an).
Men, Bondye di l’ ankò: Se mwen menm k’ap peni nasyon ki va pran yo fè esklav la. Apre sa, y’a soti kite peyi etranje sa a, y’a vin sèvi m’ isit la.
Apre sa, Bondye pase yon kontra ak Abraram, li ba li sikonsizyon an pou sèvi mak kontra a. Se konsa Abraram te sikonsi Izarak, pitit gason l’ lan, wit jou apre l’ te fèt. Menm jan an tou, Izarak te sikonsi Jakòb, pitit li a. Jakòb menm sikonsi douz pitit li yo, zansèt douz branch fanmi pèp Izrayèl la.
Pitit Jakòb yo, zansèt nou yo, fè jalouzi pou Jozèf. Yo vann li tankou yon esklav nan peyi Lejip. Men, Bondye te kanpe la avèk Jozèf.
10 Li delivre l’ nan tout malè li. Lè Jozèf parèt devan farawon an, wa peyi Lejip la, Bondye ba l’ bon konprann, li fè l’ aji yon jan ki fè wa a plezi. Farawon an mete Jozèf chèf pou l’ gouvènen tout peyi Lejip la ansanm ak kay wa a tou.
11 Apre sa, vin gen yon grangou nan tout peyi Lejip ak nan peyi Kanaran. Moun t’ap soufri anpil. Zansèt nou yo pa t’ jwenn anyen pou yo te manje.
12 Lè Jakòb tande te gen manje nan peyi Lejip, li voye zansèt nou yo la yon premye fwa.
13 Dezyèm fwa y’ ale a, Jozèf fè frè l’ yo rekonèt li. Se konsa farawon an vin fè konesans ak fanmi Jozèf yo.
14 Jozèf voye chache Jakòb, papa l’, ansanm ak tout fanmi li. Lè sa a, yo te swasannkenz moun antou.
15 Jakòb desann nan peyi Lejip. Se la li mouri, li menm ak tout zansèt nou yo.
16 Yo pote kò yo Sichèm, yo antere yo la, nan twou wòch Abraram te achte nan men eritye Emò yo, lavil Sichèm.
17  Lè a t’ap pwoche pou Bondye te kenbe pwomès li te fè Abraram lan. Pèp nou an te vin anpil, chak jou li t’ap vin pi plis toujou nan peyi Lejip la.
18 Yon lòt wa ki pa t’ konnen anyen sou Jozèf te pran kòmandman peyi a.
19 Wa sa a twonpe pèp nou an, li maltrete zansèt nou yo: li fòse yo kite tibebe ki fenk fèt yo deyò pou yo mouri.
20 Se lè sa a Moyiz te fèt: se te yon bèl pitit devan Bondye. Yo te kenbe l’ pandan twa mwa lakay papa li pou ba l’ tete.
21 Men, lè yo te lage l’ deyò a, pitit fi farawon an te ranmase l’: li elve l’ tankou pitit pa li.
22 Se konsa Moyiz te vin gen tout konesans moun peyi Lejip yo. Sou jan l’ te pale ak sa l’ t’ap fè, yo te wè msye te fò anpil.
23 Lè Moyiz vin gen karantan, li fè lide al vizite frè l’ yo, moun pèp Izrayèl yo.
24 Lè l’ rive, li wè yon moun peyi Lejip ki t’ap maltrete yonn nan frè l’ yo, li pran defans nonm yo t’ap maltrete a. Li pran revanj li sou moun peyi Lejip la, li touye li.
25 Li te kwè frè l’ yo ta konprann travay Bondye ki te chwazi l’ pou delivre yo a. Men, yo pa t’ konprann sa.
26 Nan denmen, Moyiz wè de nan moun pèp Izrayèl yo ki t’ap goumen. Li te vle fè yo byen ankò, li di yo: Mezanmi, se frè nou ye. Poukisa yonn ap maltrete lòt konsa?
27 Men, sa ki t’ap maltrete moun pèp Izrayèl parèy li a bay Moyiz yon zòp, li di l’ konsa: Kilès ki mete ou la pou ban nou lòd, osinon pou jije nou?
28 Gen lè ou vle touye m’ menm jan ou te touye moun peyi Lejip ayè a?
29 Lè Moyiz tande pawòl sa yo, li kouri kite peyi a, li al viv nan peyi Madyan. Antan l’ te la, li fè de pitit gason.
30  Karantan apre sa, yon zanj Bondye parèt devan Moyiz nan yon flanm dife ki t’ap boule yon ti touf bwa nan mitan dezè ki bò Mòn Sinayi a.
31 Moyiz te sezi lè l’ wè aparisyon sa a. Antan l’ t’ap pwoche pou gade l’ pi pre, li tande vwa Bondye ki t’ap di:
32 Se mwen menm ki Bondye zansèt ou yo, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb. Moyiz pran tranble sitèlman li te pè. Li pa menm louvri je l’ pou l’ gade.
33 Lè sa a Bondye di l’ ankò: Wete sapat ou, paske kote ou ye a se yon tè ki apa pou Bondye.
34 Mwen wè tray pèp mwen an ap pase nan peyi Lejip, mwen tande jan li ap plenn, mwen desann vin delivre yo. Koulye a, ale non. Se mwen menm k’ap voye ou nan peyi Lejip.
35 Moun pèp Izrayèl yo te voye Moyiz jete lè yo te di: Kilès ki mete ou la pou ban nou lòd osinon pou jije nou? Se menm Moyiz sa a Bondye te voye pou kòmande yo, pou delivre yo avèk konkou zanj ki te parèt nan ti touf bwa a.
36 Se Moyiz ki fè pèp Izrayèl la soti kite peyi Lejip, avèk tout mirak ak tout bèl bagay li te fè nan peyi a bò lanmè Wouj la ak nan dezè a pandan karantan.
37 Se menm Moyiz sa a ki te di pèp Izrayèl la: Bondye gen pou l’ voye yon pwofèt ban nou tankou l’ te voye m’ lan: se va yonn nan frè nou yo.
38 Se li menm ki te la ak pèp Izrayèl la lè yo te sanble nan gwo dezè a; li te la avèk zansèt nou yo ansanm ak zanj Bondye a ki t’ap pale avè l’ sou gwo mòn Sinayi a. Se li menm ki te resevwa pawòl ki bay lavi a nan men Bondye epi ki pase yo ban nou.
39 Men, zansèt nou yo pa t’ vle obeyi l’; yo mete l’ sou kote, epi yo te anvi tounen Lejip.
40 Yo di Arawon: Fè lòt bondye ki pou mache devan nou, paske nou pa konnen sa ki rive nonm yo rele Moyiz la ki te fè nou soti kite peyi Lejip la.
41 Lè sa a, yo fè yon estati an fòm yon ti towo bèf, epi yo touye bèt ofri bay zidòl la. Yo te kontan pou sa yo te fè ak men yo a.
42  Men, Bondye vire do l’ ba yo, li kite yo adore zetwal ki nan syèl la, jan sa te ekri nan Liv pwofèt yo: Nou menm pèp Izrayèl, èske se pou mwen nou te fè ofrann bèt ak lòt sakrifis, pandan karantan nou pase nan gwo dezè a?
43 Non, se pa t’ pou mwen. Men, nou redi pote wogatwa zidòl Molòk la, ansanm ak pòtre zetwal Refan, bondye nou an, bann zidòl nou te fè ak men nou pou n’ adore! Se poutèt sa, m’ap voye nou jouk lòt bò Babilòn.
44 Nan gwo dezè a, zansèt nou yo te gen yon tant kote yo te fèmen de wòch plat lalwa yo. Yo te fè l’ jan Bondye te mande Moyiz pou l’ fè l’ la, dapre modèl li te moutre Moyiz la.
45 Yo pase tant sa a bay grandèt nou yo ki te vin apre. Grandèt nou yo menm te pote l’ avèk yo lè Jozye t’ap mennen yo pou yo pran peyi a nan men pèp Bondye t’ap chase met deyò devan yo. Tant la rete la jouk sou tan David.
46 David te jwenn favè Bondye, li te mande l’ pèmisyon pou l’ te fè yon kay pou Bondye Jakòb la.
47 Men se Salomon ki te bati kay la pou li.
48 Men, Bondye ki anwo nan syèl la pa rete nan kay moun bati ak men yo. Men sa pwofèt la di:
49 Syèl la se fòtèy kote m’ chita a. Se Bondye ki di sa. Tè a se yon ti ban pou m’ lonje pye mwen. Ki kalite kay nou ta ka bati pou mwen? Ki kote nou ta ka ban mwen pou m’ poze kò m’?
50 Eske se pa mwen ki fè tout bagay sa yo?
51  Ala moun gen tèt di! Tankou moun lòt nasyon yo, nou fèmen kè nou, nou fèmen zòrèy nou bay Bondye, n’ap kenbe tèt ak Sentespri toujou. Nou tankou zansèt nou yo.
52 Kilès nan pwofèt yo zansèt nou yo pa t’ pèsekite? Yo te touye tout pwofèt ki te fè konnen davans ki jan Sèvitè Bondye a te gen pou vini. Koulye a, se Sèvitè Bondye a menm nou trayi, se li menm nou touye.
53 Se nou menm ki te resevwa lalwa Moyiz nan men zanj Bondye yo, epi se nou menm ankò ki pa obeyi li.
54  Lè manm Gran Konsèy yo tande pawòl sa yo, yo fin pran chenn, yo manje dan yo sou Etyèn sitèlman yo te an kolè.
55 Men Etyèn, anba pouvwa Sentespri, leve je l’ anlè, li gade syèl la. Li wè tout bèl pouvwa Bondye a ansanm ak Jezi kanpe sou bò dwat Bondye.
56 Li di: Gade, men mwen wè syèl la louvri, ak Moun Bondye voye nan lachè a kanpe sou bò dwat Bondye.
57 Moun yo pran rele byen fò, yo bouche zòrèy yo. Epi yo tout tonbe sou li ansanm.
58 Yo trennen l’ deyò lavil la. Yo touye l’ ak kout wòch. Moun ki t’ap akize Etyèn yo te mete rad yo nan pye yon jenn gason yo te rele Sòl.
59 Pandan yo t’ap voye wòch sou Etyèn, Etyèn menm t’ap lapriyè, li t’ap di: Seyè Jezi, resevwa lespri mwen.
60 Apre sa, li tonbe ajenou, li rele byen fò: Seyè, pa mete peche sa a sou kont yo. Lè l’ fin di sa, li mouri.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Actes 7              

1 Le souverain sacrificateur dit: Les choses sont-elles ainsi?
Étienne répondit: Hommes frères et pères, écoutez! Le Dieu de gloire apparut à notre père Abraham, lorsqu’il était en Mésopotamie, avant qu’il s’établît à Charran; et il lui dit:
Quitte ton pays et ta famille, et va dans le pays que je te montrerai.
Il sortit alors du pays des Chaldéens, et s’établit à Charran. De là, après la mort de son père, Dieu le fit passer dans ce pays que vous habitez maintenant;
il ne lui donna aucune propriété en ce pays, pas même de quoi poser le pied, mais il promit de lui en donner la possession, et à sa postérité après lui, quoiqu’il n’eût point d’enfant.
Dieu parla ainsi: Sa postérité séjournera dans un pays étranger; on la réduira en servitude et on la maltraitera pendant quatre cents ans.
Mais la nation à laquelle ils auront été asservis, c’est moi qui la jugerai, dit Dieu. Après cela, ils sortiront, et ils me serviront dans ce lieu-ci.
Puis Dieu donna à Abraham l’alliance de la circoncision; et ainsi, Abraham, ayant engendré Isaac, le circoncit le huitième jour; Isaac engendra et circoncit Jacob, et Jacob les douze patriarches.
Les patriarches, jaloux de Joseph, le vendirent pour être emmené en Égypte.
10 Mais Dieu fut avec lui, et le délivra de toutes ses tribulations; il lui donna de la sagesse et lui fit trouver grâce devant Pharaon, roi d’Égypte, qui l’établit gouverneur d’Égypte et de toute sa maison.
11 Il survint une famine dans tout le pays d’Égypte, et dans celui de Canaan. La détresse était grande, et nos pères ne trouvaient pas de quoi se nourrir.
12 Jacob apprit qu’il y avait du blé en Égypte, et il y envoya nos pères une première fois.
13 Et la seconde fois, Joseph fut reconnu par ses frères, et Pharaon sut de quelle famille il était.
14 Puis Joseph envoya chercher son père Jacob, et toute sa famille, composée de soixante-quinze personnes.
15 Jacob descendit en Égypte, où il mourut, ainsi que nos pères;
16 et ils furent transportés à Sichem, et déposés dans le sépulcre qu’Abraham avait acheté, à prix d’argent, des fils d’Hémor, père de Sichem.
17 Le temps approchait où devait s’accomplir la promesse que Dieu avait faite à Abraham, et le peuple s’accrut et se multiplia en Égypte,
18 jusqu’à ce que parut un autre roi, qui n’avait pas connu Joseph.
19 Ce roi, usant d’artifice contre notre race, maltraita nos pères, au point de leur faire exposer leurs enfants, pour qu’ils ne vécussent pas.
20 A cette époque, naquit Moïse, qui était beau aux yeux de Dieu. Il fut nourri trois mois dans la maison de son père;
21 et, quand il eut été exposé, la fille de Pharaon le recueillit, et l’éleva comme son fils.
22 Moïse fut instruit dans toute la sagesse des Égyptiens, et il était puissant en paroles et en oeuvres.
23 Il avait quarante ans, lorsqu’il lui vint dans le coeur de visiter ses frères, les fils d’Israël.
24 Il en vit un qu’on outrageait, et, prenant sa défense, il vengea celui qui était maltraité, et frappa l’Égyptien.
25 Il pensait que ses frères comprendraient que Dieu leur accordait la délivrance par sa main; mais ils ne comprirent pas.
26 Le jour suivant, il parut au milieu d’eux comme ils se battaient, et il les exhorta à la paix: Hommes, dit-il, vous êtes frères; pourquoi vous maltraitez-vous l’un l’autre?
27 Mais celui qui maltraitait son prochain le repoussa, en disant: Qui t’a établi chef et juge sur nous?
28 Veux-tu me tuer, comme tu as tué hier l’Égyptien?
29 A cette parole, Moïse prit la fuite, et il alla séjourner dans le pays de Madian, où il engendra deux fils.
30 Quarante ans plus tard, un ange lui apparut, au désert de la montagne de Sinaï, dans la flamme d’un buisson en feu.
31 Moïse, voyant cela, fut étonné de cette apparition; et, comme il s’approchait pour examiner, la voix du Seigneur se fit entendre:
32 Je suis le Dieu de tes pères, le Dieu d’Abraham, d’Isaac et de Jacob. Et Moïse, tout tremblant, n’osait regarder.
33 Le Seigneur lui dit: Ote tes souliers de tes pieds, car le lieu sur lequel tu te tiens est une terre sainte.
34 J’ai vu la souffrance de mon peuple qui est en Égypte, j’ai entendu ses gémissements, et je suis descendu pour le délivrer. Maintenant, va, je t’enverrai en Égypte.
35 Ce Moïse, qu’ils avaient renié, en disant: Qui t’a établi chef et juge? c’est lui que Dieu envoya comme chef et comme libérateur avec l’aide de l’ange qui lui était apparu dans le buisson.
36 C’est lui qui les fit sortir d’Égypte, en opérant des prodiges et des miracles au pays d’Égypte, au sein de la mer Rouge, et au désert, pendant quarante ans.
37 C’est ce Moïse qui dit aux fils d’Israël: Dieu vous suscitera d’entre vos frères un prophète comme moi.
38 C’est lui qui, lors de l’assemblée au désert, étant avec l’ange qui lui parlait sur la montagne de Sinaï et avec nos pères, reçut des oracles vivants, pour nous les donner.
39 Nos pères ne voulurent pas lui obéir, ils le repoussèrent, et ils tournèrent leur coeur vers l’Égypte,
40 en disant à Aaron: Fais-nous des dieux qui marchent devant nous; car ce Moïse qui nous a fait sortir du pays d’Égypte, nous ne savons ce qu’il est devenu.
41 Et, en ces jours-là, ils firent un veau, ils offrirent un sacrifice à l’idole, et se réjouirent de l’oeuvre de leurs mains.
42 Alors Dieu se détourna, et les livra au culte de l’armée du ciel, selon qu’il est écrit dans le livre des prophètes: M’avez-vous offert des victimes et des sacrifices Pendant quarante ans au désert, maison d’Israël?…
43 Vous avez porté la tente de Moloch Et l’étoile du dieu Remphan, Ces images que vous avez faites pour les adorer! Aussi vous transporterai-je au delà de Babylone.
44 Nos pères avaient au désert le tabernacle du témoignage, comme l’avait ordonné celui qui dit à Moïse de le faire d’après le modèle qu’il avait vu.
45 Et nos pères, l’ayant reçu, l’introduisirent, sous la conduite de Josué, dans le pays qui était possédé par les nations que Dieu chassa devant eux, et il y resta jusqu’aux jours de David.
46 David trouva grâce devant Dieu, et demanda d’élever une demeure pour le Dieu de Jacob;
47 et ce fut Salomon qui lui bâtit une maison.
48 Mais le Très Haut n’habite pas dans ce qui est fait de main d’homme, comme dit le prophète:
49 Le ciel est mon trône, Et la terre mon marchepied. Quelle maison me bâtirez-vous, dit le Seigneur, Ou quel sera le lieu de mon repos?
50 N’est-ce pas ma main qui a fait toutes ces choses?…
51 Hommes au cou raide, incirconcis de coeur et d’oreilles! vous vous opposez toujours au Saint Esprit. Ce que vos pères ont été, vous l’êtes aussi.
52 Lequel des prophètes vos pères n’ont-ils pas persécuté? Ils ont tué ceux qui annonçaient d’avance la venue du Juste, que vous avez livré maintenant, et dont vous avez été les meurtriers,
53 vous qui avez reçu la loi d’après des commandements d’anges, et qui ne l’avez point gardée!…
54 En entendant ces paroles, ils étaient furieux dans leur coeur, et ils grinçaient des dents contre lui.
55 Mais Étienne, rempli du Saint Esprit, et fixant les regards vers le ciel, vit la gloire de Dieu et Jésus debout à la droite de Dieu.
56 Et il dit: Voici, je vois les cieux ouverts, et le Fils de l’homme debout à la droite de Dieu.
57 Ils poussèrent alors de grands cris, en se bouchant les oreilles, et ils se précipitèrent tous ensemble sur lui,
58 le traînèrent hors de la ville, et le lapidèrent. Les témoins déposèrent leurs vêtements aux pieds d’un jeune homme nommé Saul.
59 Et ils lapidaient Étienne, qui priait et disait: Seigneur Jésus, reçois mon esprit!
60 Puis, s’étant mis à genoux, il s’écria d’une voix forte: Seigneur, ne leur impute pas ce péché! Et, après ces paroles, il s’endormit.

Louis Segond {LSG}

Acts 7      

1 Then said the high priest, Are these things so?
And he said, Men, brethren, and fathers, hearken; The God of glory appeared unto our father Abraham, when he was in Mesopotamia, before he dwelt in Charran,
And said unto him, Get thee out of thy country, and from thy kindred, and come into the land which I shall shew thee.
Then came he out of the land of the Chaldaeans, and dwelt in Charran: and from thence, when his father was dead, he removed him into this land, wherein ye now dwell.
And he gave him none inheritance in it, no, not so much as to set his foot on: yet he promised that he would give it to him for a possession, and to his seed after him, when as yet he had no child.
And God spake on this wise, That his seed should sojourn in a strange land; and that they should bring them into bondage, and entreat them evil four hundred years.
And the nation to whom they shall be in bondage will I judge, said God: and after that shall they come forth, and serve me in this place.
And he gave him the covenant of circumcision: and so Abraham begat Isaac, and circumcised him the eighth day; and Isaac begat Jacob; and Jacob begat the twelve patriarchs.
And the patriarchs, moved with envy, sold Joseph into Egypt: but God was with him,
10 And delivered him out of all his afflictions, and gave him favour and wisdom in the sight of Pharaoh king of Egypt; and he made him governor over Egypt and all his house.
11 Now there came a dearth over all the land of Egypt and Chanaan, and great affliction: and our fathers found no sustenance.
12 But when Jacob heard that there was corn in Egypt, he sent out our fathers first.
13 And at the second time Joseph was made known to his brethren; and Joseph’s kindred was made known unto Pharaoh.
14 Then sent Joseph, and called his father Jacob to him, and all his kindred, threescore and fifteen souls.
15 So Jacob went down into Egypt, and died, he, and our fathers,
16 And were carried over into Sychem, and laid in the sepulchre that Abraham bought for a sum of money of the sons of Emmor the father of Sychem.
17 But when the time of the promise drew nigh, which God had sworn to Abraham, the people grew and multiplied in Egypt,
18 Till another king arose, which knew not Joseph.
19 The same dealt subtilly with our kindred, and evil entreated our fathers, so that they cast out their young children, to the end they might not live.
20 In which time Moses was born, and was exceeding fair, and nourished up in his father’s house three months:
21 And when he was cast out, Pharaoh’s daughter took him up, and nourished him for her own son.
22 And Moses was learned in all the wisdom of the Egyptians, and was mighty in words and in deeds.
23 And when he was full forty years old, it came into his heart to visit his brethren the children of Israel.
24 And seeing one of them suffer wrong, he defended him, and avenged him that was oppressed, and smote the Egyptian:
25 For he supposed his brethren would have understood how that God by his hand would deliver them: but they understood not.
26 And the next day he shewed himself unto them as they strove, and would have set them at one again, saying, Sirs, ye are brethren; why do ye wrong one to another?
27 But he that did his neighbour wrong thrust him away, saying, Who made thee a ruler and a judge over us?
28 Wilt thou kill me, as thou diddest the Egyptian yesterday?
29 Then fled Moses at this saying, and was a stranger in the land of Madian, where he begat two sons.
30 And when forty years were expired, there appeared to him in the wilderness of mount Sina an angel of the Lord in a flame of fire in a bush.
31 When Moses saw it, he wondered at the sight: and as he drew near to behold it, the voice of the Lord came unto him,
32 Saying, I am the God of thy fathers, the God of Abraham, and the God of Isaac, and the God of Jacob. Then Moses trembled, and durst not behold.
33 Then said the Lord to him, Put off thy shoes from thy feet: for the place where thou standest is holy ground.
34 I have seen, I have seen the affliction of my people which is in Egypt, and I have heard their groaning, and am come down to deliver them. And now come, I will send thee into Egypt.
35 This Moses whom they refused, saying, Who made thee a ruler and a judge? the same did God send to be a ruler and a deliverer by the hand of the angel which appeared to him in the bush.
36 He brought them out, after that he had shewed wonders and signs in the land of Egypt, and in the Red sea, and in the wilderness forty years.
37 This is that Moses, which said unto the children of Israel, A prophet shall the Lord your God raise up unto you of your brethren, like unto me; him shall ye hear.
38 This is he, that was in the church in the wilderness with the angel which spake to him in the mount Sina, and with our fathers: who received the lively oracles to give unto us:
39 To whom our fathers would not obey, but thrust him from them, and in their hearts turned back again into Egypt,
40 Saying unto Aaron, Make us gods to go before us: for as for this Moses, which brought us out of the land of Egypt, we wot not what is become of him.
41 And they made a calf in those days, and offered sacrifice unto the idol, and rejoiced in the works of their own hands.
42 Then God turned, and gave them up to worship the host of heaven; as it is written in the book of the prophets, O ye house of Israel, have ye offered to me slain beasts and sacrifices by the space of forty years in the wilderness?
43 Yea, ye took up the tabernacle of Moloch, and the star of your god Remphan, figures which ye made to worship them: and I will carry you away beyond Babylon.
44 Our fathers had the tabernacle of witness in the wilderness, as he had appointed, speaking unto Moses, that he should make it according to the fashion that he had seen.
45 Which also our fathers that came after brought in with Jesus into the possession of the Gentiles, whom God drave out before the face of our fathers, unto the days of David;
46 Who found favour before God, and desired to find a tabernacle for the God of Jacob.
47 But Solomon built him an house.
48 Howbeit the most High dwelleth not in temples made with hands; as saith the prophet,
49 Heaven is my throne, and earth is my footstool: what house will ye build me? saith the Lord: or what is the place of my rest?
50 Hath not my hand made all these things?
51 Ye stiffnecked and uncircumcised in heart and ears, ye do always resist the Holy Ghost: as your fathers did, so do ye.
52 Which of the prophets have not your fathers persecuted? and they have slain them which shewed before of the coming of the Just One; of whom ye have been now the betrayers and murderers:
53 Who have received the law by the disposition of angels, and have not kept it.
54 When they heard these things, they were cut to the heart, and they gnashed on him with their teeth.
55 But he, being full of the Holy Ghost, looked up stedfastly into heaven, and saw the glory of God, and Jesus standing on the right hand of God,
56 And said, Behold, I see the heavens opened, and the Son of man standing on the right hand of God.
57 Then they cried out with a loud voice, and stopped their ears, and ran upon him with one accord,
58 And cast him out of the city, and stoned him: and the witnesses laid down their clothes at a young man’s feet, whose name was Saul.
59 And they stoned Stephen, calling upon God, and saying, Lord Jesus, receive my spirit.
60 And he kneeled down, and cried with a loud voice, Lord, lay not this sin to their charge. And when he had said this, he fell asleep.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}