Liv Lik / Luc / Luke

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Lik 12             

Lè sa a, se pa ti kras moun ki te sanble; te sitèlman gen moun, yonn t’ap pile lòt. Jezi pran di disip li yo: Veye kò nou ak ledven farizyen yo, ak ti jan ipokrit yo a.
Pa gen anyen ki kache ki p’ap dekouvri yon lè, nanpwen sekrè ki p’ap devwale.
Se poutèt sa, tou sa n’a di nan fènwa, y’a tande l’ gwo lajounen; tout sa n’a di moun nan zòrèy anndan chanm, y’a mache di l’ nan tout kalfou.
Nou menm ki zanmi m’, m’ap di nou sa. Nou pa bezwen pè moun ki touye kò men ki pa kapab fè anyen plis pase sa.
M’ap moutre nou moun pou nou pè a: Se Bondye pou nou pè. Lè Bondye fin touye, li gen pouvwa pou l’ jete nan lanfè apre sa. Wi, mwen di nou se li menm pou nou pè.
Eske ti zwezo pa vann senk pou dis kòb? Men, Bondye pa bliye yon sèl ladan yo.
Menm cheve nan tèt nou, yo tout konte. Se sak fè, nou pa bezwen pè menm: nou vo pi plis pase anpil ti zwezo.
M’ap di nou sa: Moun ki va kanpe pou mwen devan lèzòm, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, m’a fè menm bagay la pou li devan zanj Bondye yo.
Men, moun ki va di devan lèzòm li pa konnen m’, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, m’a kanpe devan zanj Bondye yo tou m’a di mwen pa konnen l’.
10 Tout moun ki pale mal sou Moun Bondye voye nan lachè a, y’a padonnen yo. Men, moun ki pale mal sou Sentespri a yo p’ap padonnen yo sa.
11 Lè y’a mennen nou pou yo jije nou nan sinagòg, osinon devan chèf ou ankò devan lòt otorite, pa bat tèt nou pou n’ chache konnen ki jan nou pral fè defans nou, ni kisa pou n’ di.
12 Paske, Sentespri a va moutre nou sa pou nou di lè sa a.
13  Yon moun rete nan mitan foul la, li di Jezi konsa: Mèt, di frè m’ lan pou l’ separe eritaj papa nou an avèk mwen.
14 Jezi reponn li: Zanmi mwen, ki moun ki mete m’ pou jije afè nou osinon pou fè pataj pou nou?
15 Apre sa, li di yo tout: Fè atansyon. Veye kò nou pou lajan pa pran tèt nou. Paske, se pa anpil byen ki garanti lavi yon nonm, li te mèt rich kont kò li.
16 Li di yo parabòl sa a tou: Vwala, se te yon nonm rich ki te gen yon tè ki te rapòte l’ anpil.
17 Li t’ap di nan kè li: Kisa pou m’ fè? Mwen pa gen plas pou m’ sere rekòt mwen yo.
18 Apre sa li di: Bon. Men sa m’ap fè; m’ap kraze depo m’ yo, m’ap bati lòt pi gwo pou m’ mete tout rekòt mwen yo ak tout lòt byen mwen yo.
19 Apre sa, m’a di tèt mwen: Monchè, ou gen anpil byen an depò pou plizyè lanne. Pa fatige kò ou ankò. Manje, bwè, pran plezi ou.
20 Men, Bondye di li: Egare! Aswè a menm yo pral mande ou nanm ou. Tou sa ou te sere yo, pou ki moun y’a ye?
21 Jezi di yo ankò: Se konsa sa ye tou pou moun k’ap ranmase byen pou tèt pa l’ men ki pa rich devan Bondye.
22  Apre sa, Jezi di disip li yo: Se poutèt sa mwen di nou: Pa bat kò nou pou manje nou bezwen pou nou viv, ni pou rad nou bezwen pou mete sou nou.
23 Lavi pi konsekan pase manje, kò pi konsekan pase rad.
24 Gade zwezo yo rele kònèy la: yo pa plante, yo pa fè rekòt; yo pa gen ni depo ni galata. Men, Bondye ba yo manje. Nou menm nou vo pi plis pase zwezo yo, pa vre?
25 Kilès nan nou ki ka mete kek lanne an plis sou lavi l’ afòs li fè tèt li travay?
26 Si nou pa ka fè bagay ki pi piti a, poukisa pou n’ap bat tèt nou pou lòt bagay yo?
27 Gade ki jan flè raje yo pouse: yo pa travay, yo pa fè rad. Men, m’ap di nou sa: Wa Salomon ki wa Salomon, ak tout richès li yo, li pa t’ gen bèl rad tankou yonn nan flè sa yo.
28 Se konsa Bondye abiye pye zèb yo tou: jòdi a yo la, men denmen yo jete sa nan dife pou chofe fou. Se sak fè, se pa nou menm li pa ta abiye. Ala moun manke konfyans nan Bondye!
29 Pa bay kò nou traka pou n’ toujou ap chache sa pou n’ manje ak sa pou n’ bwè.
30 Tout bagay sa yo, se moun lòt nasyon sou latè yo k’ap chache yo tout tan san rete. Men nou menm, nou gen yon Papa ki konnen nou bezwen tout bagay sa yo.
31 Pito nou chache bay bagay peyi kote Bondye Wa a premye plas nan lavi nou, konsa Bondye va ban nou tou sa nou bezwen.
32 Nou pa bezwen pè, nou menm ti bann mouton yo, paske se tout plezi papa nou pou l’ ban nou peyi kote Bondye Wa a.
33 Vann tou sa nou genyen, separe lajan an bay pòv. Chache yon bous ki p’ap chire. Sere lajan nou nan syèl kote li p’ap janm fini. Paske la, vòlò p’ap ka jwenn li, poudbwa p’ap kapab manje li.
34 Kote richès ou ye, se la kè ou ye tou.
35 Se pou nou toujou pare ak ponyèt nou tou twouse, lanp nou tou limen,
36 tankou domestik k’ap tann mèt yo tounen sot nan nòs. Kou l’ rive, li frape, yo louvri pòt pou li.
37 L’ap bon nèt pou domestik sa yo lè mèt la p’ap jwenn yo ap dòmi! Sa m’ap di nou la a, se vre wi. Mèt la va twouse ponyèt li, l’ap fè domestik yo chita sou tab, la vin sèvi yo.
38 Wi, l’ap bon nèt pou domestik sa yo, si l’ jwenn yo p’ap dòmi, kit li tounen vè menwit osinon menm pita toujou.
39 Se yon bagay nou tout nou dwe konnen: Si mèt kay la te konn kilè vòlò ap vini, li ta veye, li pa ta kite l’ kase kay la.
40 Nou menm tou, se pou n’ toujou pare, paske Moun Bondye voye nan lachè a va vini lè nou pa ta kwè!
41  Lè sa a Pyè di li: Mèt, parabòl sa a, se pou nou menm sèlman osinon pou tout moun ou di li?
42 Jezi reponn li: Ki moun ki ka di li se yon jeran ki fè tout travay li byen, epi ki konn kenbe tèt li anplas? Se moun sa a mèt kay la va mete pou veye sou tout moun nan kay la, pou bay lòt domestik yo manje lè pou yo manje.
43 Se va bèl bagay pou domestik sa a, si mèt la jwenn li ap fè travay li lè l’ tounen lakay la.
44 Sa m’ap di nou la a, se vre wi: mèt la va mete l’ reskonsab tout byen l’ yo.
45 Men, si domestik sa a te di nan kè l’: Mèt mwen ap fè reta. Li poko ap vini. Epi, li tonbe bat lòt sèvitè yo, fi kou gason, li rete ap plede manje, bwè jouk li sou;
46 mèt domestik sa a va rive jou l’ pa t’ap tann, yon lè li p’ap konnen. L’ap rachonnen l’ anba kou, l’ap aji avè l’ menm jan yo aji ak moun ki pa fè travay yo.
47 Yon domestik ki konnen sa mèt li vle, men ki pa janm pare epi ki pa fè sa mèt la vle, domestik sa a anba kou.
48 Men, yon domestik ki pa konn sa mèt li vle, lèfini k’ap fè bagay ki merite pou yo bat li, y’ap bay domestik sa a de twa kou sèlman. Moun yo bay anpil, y’ap mande l’ anpil tou. Moun yo mete reskonsab anpil bagay, y’ap egzije plis ankò nan men li.
49 Mwen vini jete yon dife sou latè. Mwen ta renmen wè dife sa a limen deja!
50 Mwen gen yon batèm pou m’ resevwa. Men, mwen twouve l’ pran anpil tan pou l’ rive.
51 Nou kwè mwen vin mete lapè sou latè. Mwen di nou: Non, mwen vin mete divizyon.
52 Depi koulye a, yon fanmi ki gen senk moun va divize, twa kont de, de kont twa.
53 Papa va leve kont pitit gason, pitit gason va leve kont papa, manman va leve kont pitit fi, pitit fi va leve kont manman, bèlmè va leve kont bèlfi, bèlfi va leve kont bèlmè.
54  Jezi t’ap di foul moun yo tou: Lè nou wè yon nwaj ap leve bò kote solèy kouche a, lamenm nou di: Li pral fe lapli. Epi se sak rive vre.
55 Lè nou wè van an soufle soti nan sid, nou di: Li pral fè cho. E se sak rive vre.
56 Ipokrit, nou konn ki sans pou nou bay bagay k’ap pase sou tè a ak nan syèl la, poukisa atò nou pa konn ki sans pou nou bay bagay k’ap pase koulye a nan tan sa a?
57 Poukisa nou pa chache konprann pou tèt pa nou sa nou dwe fè ki dwat?
58 Si yon moun pote plent lajistis pou ou, si nou tou de nou pral nan tribinal ansanm, pito n’ chache antann nou pandan nou nan chemen. Si se pa sa, l’ap trennen ou devan jij la, jij la ap lage ou nan men lapolis, lapolis ap mete ou nan prizon.
59 M’ap di ou sa: ou p’ap soti nan prizon an tout tan ou pa peye dènye lajan ou dwe a.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Luc 12            

1 Sur ces entrefaites, les gens s’étant rassemblés par milliers, au point de se fouler les uns les autres, Jésus se mit à dire à ses disciples: Avant tout, gardez-vous du levain des pharisiens, qui est l’hypocrisie.
Il n’y a rien de caché qui ne doive être découvert, ni de secret qui ne doive être connu.
C’est pourquoi tout ce que vous aurez dit dans les ténèbres sera entendu dans la lumière, et ce que vous aurez dit à l’oreille dans les chambres sera prêché sur les toits.
Je vous dis, à vous qui êtes mes amis: Ne craignez pas ceux qui tuent le corps et qui, après cela, ne peuvent rien faire de plus.
Je vous montrerai qui vous devez craindre. Craignez celui qui, après avoir tué, a le pouvoir de jeter dans la géhenne; oui, je vous le dis, c’est lui que vous devez craindre.
Ne vend-on pas cinq passereaux pour deux sous? Cependant, aucun d’eux n’est oublié devant Dieu.
Et même les cheveux de votre tête sont tous comptés. Ne craignez donc point: vous valez plus que beaucoup de passereaux.
Je vous le dis, quiconque me confessera devant les hommes, le Fils de l’homme le confessera aussi devant les anges de Dieu;
mais celui qui me reniera devant les hommes sera renié devant les anges de Dieu.
10 Et quiconque parlera contre le Fils de l’homme, il lui sera pardonné; mais à celui qui blasphémera contre le Saint Esprit il ne sera point pardonné.
11 Quand on vous mènera devant les synagogues, les magistrats et les autorités, ne vous inquiétez pas de la manière dont vous vous défendrez ni de ce que vous direz;
12 car le Saint Esprit vous enseignera à l’heure même ce qu’il faudra dire.
13 Quelqu’un dit à Jésus, du milieu de la foule: Maître, dis à mon frère de partager avec moi notre héritage.
14 Jésus lui répondit: O homme, qui m’a établi pour être votre juge, ou pour faire vos partages?
15 Puis il leur dit: Gardez-vous avec soin de toute avarice; car la vie d’un homme ne dépend pas de ses biens, fût-il dans l’abondance.
16 Et il leur dit cette parabole: Les terres d’un homme riche avaient beaucoup rapporté.
17 Et il raisonnait en lui-même, disant: Que ferai-je? car je n’ai pas de place pour serrer ma récolte.
18 Voici, dit-il, ce que je ferai: j’abattrai mes greniers, j’en bâtirai de plus grands, j’y amasserai toute ma récolte et tous mes biens;
19 et je dirai à mon âme: Mon âme, tu as beaucoup de biens en réserve pour plusieurs années; repose-toi, mange, bois, et réjouis-toi.
20 Mais Dieu lui dit: Insensé! cette nuit même ton âme te sera redemandée; et ce que tu as préparé, pour qui cela sera-t-il?
21 Il en est ainsi de celui qui amasse des trésors pour lui-même, et qui n’est pas riche pour Dieu.
22 Jésus dit ensuite à ses disciples: C’est pourquoi je vous dis: Ne vous inquiétez pas pour votre vie de ce que vous mangerez, ni pour votre corps de quoi vous serez vêtus.
23 La vie est plus que la nourriture, et le corps plus que le vêtement.
24 Considérez les corbeaux: ils ne sèment ni ne moissonnent, ils n’ont ni cellier ni grenier; et Dieu les nourrit. Combien ne valez-vous pas plus que les oiseaux!
25 Qui de vous, par ses inquiétudes, peut ajouter une coudée à la durée de sa vie?
26 Si donc vous ne pouvez pas même la moindre chose, pourquoi vous inquiétez-vous du reste?
27 Considérez comment croissent les lis: ils ne travaillent ni ne filent; cependant je vous dis que Salomon même, dans toute sa gloire, n’a pas été vêtu comme l’un d’eux.
28 Si Dieu revêt ainsi l’herbe qui est aujourd’hui dans les champs et qui demain sera jetée au four, à combien plus forte raison ne vous vêtira-t-il pas, gens de peu de foi?
29 Et vous, ne cherchez pas ce que vous mangerez et ce que vous boirez, et ne soyez pas inquiets.
30 Car toutes ces choses, ce sont les païens du monde qui les recherchent. Votre Père sait que vous en avez besoin.
31 Cherchez plutôt le royaume de Dieu; et toutes ces choses vous seront données par-dessus.
32 Ne crains point, petit troupeau; car votre Père a trouvé bon de vous donner le royaume.
33 Vendez ce que vous possédez, et donnez-le en aumônes. Faites-vous des bourses qui ne s’usent point, un trésor inépuisable dans les cieux, où le voleur n’approche point, et où la teigne ne détruit point.
34 Car là où est votre trésor, là aussi sera votre coeur.
35 Que vos reins soient ceints, et vos lampes allumées.
36 Et vous, soyez semblables à des hommes qui attendent que leur maître revienne des noces, afin de lui ouvrir dès qu’il arrivera et frappera.
37 Heureux ces serviteurs que le maître, à son arrivée, trouvera veillant! Je vous le dis en vérité, il se ceindra, les fera mettre à table, et s’approchera pour les servir.
38 Qu’il arrive à la deuxième ou à la troisième veille, heureux ces serviteurs, s’il les trouve veillant!
39 Sachez-le bien, si le maître de la maison savait à quelle heure le voleur doit venir, il veillerait et ne laisserait pas percer sa maison.
40 Vous aussi, tenez-vous prêts, car le Fils de l’homme viendra à l’heure où vous n’y penserez pas.
41 Pierre lui dit: Seigneur, est-ce à nous, ou à tous, que tu adresses cette parabole?
42 Et le Seigneur dit: Quel est donc l’économe fidèle et prudent que le maître établira sur ses gens, pour leur donner la nourriture au temps convenable?
43 Heureux ce serviteur, que son maître, à son arrivée, trouvera faisant ainsi!
44 Je vous le dis en vérité, il l’établira sur tous ses biens.
45 Mais, si ce serviteur dit en lui-même: Mon maître tarde à venir; s’il se met à battre les serviteurs et les servantes, à manger, à boire et à s’enivrer,
46 le maître de ce serviteur viendra le jour où il ne s’y attend pas et à l’heure qu’il ne connaît pas, il le mettra en pièces, et lui donnera sa part avec les infidèles.
47 Le serviteur qui, ayant connu la volonté de son maître, n’a rien préparé et n’a pas agi selon sa volonté, sera battu d’un grand nombre de coups.
48 Mais celui qui, ne l’ayant pas connue, a fait des choses dignes de châtiment, sera battu de peu de coups. On demandera beaucoup à qui l’on a beaucoup donné, et on exigera davantage de celui à qui l’on a beaucoup confié.
49 Je suis venu jeter un feu sur la terre, et qu’ai-je à désirer, s’il est déjà allumé?
50 Il est un baptême dont je dois être baptisé, et combien il me tarde qu’il soit accompli!
51 Pensez-vous que je sois venu apporter la paix sur la terre? Non, vous dis-je, mais la division.
52 Car désormais cinq dans une maison seront divisés, trois contre deux, et deux contre trois;
53 le père contre le fils et le fils contre le père, la mère contre la fille et la fille contre la mère, la belle-mère contre la belle-fille et la belle-fille contre la belle-mère.
54 Il dit encore aux foules: Quand vous voyez un nuage se lever à l’occident, vous dites aussitôt: La pluie vient. Et il arrive ainsi.
55 Et quand vous voyez souffler le vent du midi, vous dites: Il fera chaud. Et cela arrive.
56 Hypocrites! vous savez discerner l’aspect de la terre et du ciel; comment ne discernez-vous pas ce temps-ci?
57 Et pourquoi ne discernez-vous pas de vous-mêmes ce qui est juste?
58 Lorsque tu vas avec ton adversaire devant le magistrat, tâche en chemin de te dégager de lui, de peur qu’il ne te traîne devant le juge, que le juge ne te livre à l’officier de justice, et que celui-ci ne te mette en prison.
59 Je te le dis, tu ne sortiras pas de là que tu n’aies payé jusqu’à dernière pite.

Louis Segond {LSG}

Luke 12     

1 In the mean time, when there were gathered together an innumerable multitude of people, insomuch that they trode one upon another, he began to say unto his disciples first of all, Beware ye of the leaven of the Pharisees, which is hypocrisy.
For there is nothing covered, that shall not be revealed; neither hid, that shall not be known.
Therefore whatsoever ye have spoken in darkness shall be heard in the light; and that which ye have spoken in the ear in closets shall be proclaimed upon the housetops.
And I say unto you my friends, Be not afraid of them that kill the body, and after that have no more that they can do.
But I will forewarn you whom ye shall fear: Fear him, which after he hath killed hath power to cast into hell; yea, I say unto you, Fear him.
Are not five sparrows sold for two farthings, and not one of them is forgotten before God?
But even the very hairs of your head are all numbered. Fear not therefore: ye are of more value than many sparrows.
Also I say unto you, Whosoever shall confess me before men, him shall the Son of man also confess before the angels of God:
But he that denieth me before men shall be denied before the angels of God.
10 And whosoever shall speak a word against the Son of man, it shall be forgiven him: but unto him that blasphemeth against the Holy Ghost it shall not be forgiven.
11 And when they bring you unto the synagogues, and unto magistrates, and powers, take ye no thought how or what thing ye shall answer, or what ye shall say:
12 For the Holy Ghost shall teach you in the same hour what ye ought to say.
13 And one of the company said unto him, Master, speak to my brother, that he divide the inheritance with me.
14 And he said unto him, Man, who made me a judge or a divider over you?
15 And he said unto them, Take heed, and beware of covetousness: for a man’s life consisteth not in the abundance of the things which he possesseth.
16 And he spake a parable unto them, saying, The ground of a certain rich man brought forth plentifully:
17 And he thought within himself, saying, What shall I do, because I have no room where to bestow my fruits?
18 And he said, This will I do: I will pull down my barns, and build greater; and there will I bestow all my fruits and my goods.
19 And I will say to my soul, Soul, thou hast much goods laid up for many years; take thine ease, eat, drink, and be merry.
20 But God said unto him, Thou fool, this night thy soul shall be required of thee: then whose shall those things be, which thou hast provided?
21 So is he that layeth up treasure for himself, and is not rich toward God.
22 And he said unto his disciples, Therefore I say unto you, Take no thought for your life, what ye shall eat; neither for the body, what ye shall put on.
23 The life is more than meat, and the body is more than raiment.
24 Consider the ravens: for they neither sow nor reap; which neither have storehouse nor barn; and God feedeth them: how much more are ye better than the fowls?
25 And which of you with taking thought can add to his stature one cubit?
26 If ye then be not able to do that thing which is least, why take ye thought for the rest?
27 Consider the lilies how they grow: they toil not, they spin not; and yet I say unto you, that Solomon in all his glory was not arrayed like one of these.
28 If then God so clothe the grass, which is to day in the field, and to morrow is cast into the oven; how much more will he clothe you, O ye of little faith?
29 And seek not ye what ye shall eat, or what ye shall drink, neither be ye of doubtful mind.
30 For all these things do the nations of the world seek after: and your Father knoweth that ye have need of these things.
31 But rather seek ye the kingdom of God; and all these things shall be added unto you.
32 Fear not, little flock; for it is your Father’s good pleasure to give you the kingdom.
33 Sell that ye have, and give alms; provide yourselves bags which wax not old, a treasure in the heavens that faileth not, where no thief approacheth, neither moth corrupteth.
34 For where your treasure is, there will your heart be also.
35 Let your loins be girded about, and your lights burning;
36 And ye yourselves like unto men that wait for their lord, when he will return from the wedding; that when he cometh and knocketh, they may open unto him immediately.
37 Blessed are those servants, whom the lord when he cometh shall find watching: verily I say unto you, that he shall gird himself, and make them to sit down to meat, and will come forth and serve them.
38 And if he shall come in the second watch, or come in the third watch, and find them so, blessed are those servants.
39 And this know, that if the goodman of the house had known what hour the thief would come, he would have watched, and not have suffered his house to be broken through.
40 Be ye therefore ready also: for the Son of man cometh at an hour when ye think not.
41 Then Peter said unto him, Lord, speakest thou this parable unto us, or even to all?
42 And the Lord said, Who then is that faithful and wise steward, whom his lord shall make ruler over his household, to give them their portion of meat in due season?
43 Blessed is that servant, whom his lord when he cometh shall find so doing.
44 Of a truth I say unto you, that he will make him ruler over all that he hath.
45 But and if that servant say in his heart, My lord delayeth his coming; and shall begin to beat the menservants and maidens, and to eat and drink, and to be drunken;
46 The lord of that servant will come in a day when he looketh not for him, and at an hour when he is not aware, and will cut him in sunder, and will appoint him his portion with the unbelievers.
47 And that servant, which knew his lord’s will, and prepared not himself, neither did according to his will, shall be beaten with many stripes.
48 But he that knew not, and did commit things worthy of stripes, shall be beaten with few stripes. For unto whomsoever much is given, of him shall be much required: and to whom men have committed much, of him they will ask the more.
49 I am come to send fire on the earth; and what will I, if it be already kindled?
50 But I have a baptism to be baptized with; and how am I straitened till it be accomplished!
51 Suppose ye that I am come to give peace on earth? I tell you, Nay; but rather division:
52 For from henceforth there shall be five in one house divided, three against two, and two against three.
53 The father shall be divided against the son, and the son against the father; the mother against the daughter, and the daughter against the mother; the mother in law against her daughter in law, and the daughter in law against her mother in law.
54 And he said also to the people, When ye see a cloud rise out of the west, straightway ye say, There cometh a shower; and so it is.
55 And when ye see the south wind blow, ye say, There will be heat; and it cometh to pass.
56 Ye hypocrites, ye can discern the face of the sky and of the earth; but how is it that ye do not discern this time?
57 Yea, and why even of yourselves judge ye not what is right?
58 When thou goest with thine adversary to the magistrate, as thou art in the way, give diligence that thou mayest be delivered from him; lest he hale thee to the judge, and the judge deliver thee to the officer, and the officer cast thee into prison.
59 I tell thee, thou shalt not depart thence, till thou hast paid the very last mite.    
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}