Liv 2 Timote / 2 Timothée / 2 Timothy

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

2 Timote 3

1 Mete sa byen nan tèt ou: nan dènye jou yo, tan an pral difisil anpil.
Moun pral fè rayisab, y’ap renmen lajan, y’ap fè grandizè, lògèy ap vire tèt yo, y’ap pale Bondye mal, y’ap dezobeyi papa ak manman yo, y’ap engra, y’ap san okenn respè pou bagay Bondye.
Kè yo ap di, y’ap san pitye, y’ap pale moun mal, y’ap fè gwo kòlè, y’ap brital. Yo p’ap vle wè sa ki byen menm.
Y’a mòde an trèt, y’a fè kòlè fasil, lògèy va gonfle lestonmak yo. Y’ap pito plezi pase sèvis Bondye.
Y’ap fè tankou y’ap sèvi Bondye. Men, yo pa kwè nan pouvwa Bondye a tout bon vre. Pa mele ak moun konsa menm.
Gen ladan yo k’ap antre lakay moun pou pran tèt medam ki fèb yo, ki gen konsyans yo chaje anba peche epi k’ap kite tout kalite move lanvi mennen lavi yo.
Medam sa yo toujou ap chache konnen. Men, yo pa janm ka rive konnen verite a.
Menm jan ou te wè Janès ak Janbrès t’ap fè Moyiz opozisyon an, konsa tou moun sa yo ap fè verite a opozisyon. Se yon bann moun ki gen lespri yo deraye. Bondye voye yo jete paske yo pa gen konfyans tout bon nan li.
Men, yo p’ap rive lwen, paske tout moun pral rekonèt jan yo pèdi tèt yo, menm jan sa te rive pou Janès ak Janbrès.
10  Men, ou menm, ou te swiv mwen pye pou pye nan tout bagay: nan verite mwen moutre moun yo, nan jan mwen mennen lavi mwen, nan lide m’ mete nan tèt mwen, nan konfyans mwen gen nan Bondye, nan pasyans mwen, nan renmen mwen gen nan kè m’, nan jan mwen kenbe fèm,
11 nan pèsekisyon mwen ak nan soufrans mwen. Ou konnen tou sa ki te rive m’ Antiòch, Ikoniòm ak List, ki kalite pèsekisyon mwen te sipòte. Men, Bondye te delivre m’ anba yo tout.
12 Tout moun ki vle viv nan sèvis Bondye ansanm ak Jezikri gen pou soufri pèsekisyon.
13 Men, mechan k’ap fè bagay pou twonpe moun yo pral pi lwen toujou nan mechanste yo, yo toujou ap twonpe moun, y’ap kite moun twonpe pwòp tèt yo tou.
14 Kanta ou menm, se pou ou kenbe fèm sa yo te moutre ou la, sa ou te resevwa ak fèm konviksyon, paske ou konnen nan men ki moun ou te aprann yo.
15 Depi ou te tou piti ou konnen sa ki nan Liv Bondye a. Se liv sa a k’ap ba ou bon konprann, bon konprann ki fè moun rive delivre, gremesi konfyans yo gen nan Jezikri.
16 Tou sa ki ekri nan Liv la, se nan Lespri Bondye a yo soti. Y’ap sèvi pou moutre moun verite a, pou konbat moun ki nan lerè, pou korije moun k’ap fè fòt, pou moutre yo ki jan pou yo viv byen devan Bondye.
17 Konsa, yon moun k’ap sèvi Bondye, li tou pare, li gen tou sa li bezwen pou l’ fè tou sa ki byen.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

2 Timothée 3                

1 Sache que, dans les derniers jours, il y aura des temps difficiles.
Car les hommes seront égoïstes, amis de l’argent, fanfarons, hautains, blasphémateurs, rebelles à leurs parents, ingrats, irréligieux,
insensibles, déloyaux, calomniateurs, intempérants, cruels, ennemis des gens de bien,
traîtres, emportés, enflés d’orgueil, aimant le plaisir plus que Dieu,
ayant l’apparence de la piété, mais reniant ce qui en fait la force. Éloigne-toi de ces hommes-là.
Il en est parmi eux qui s’introduisent dans les maisons, et qui captivent des femmes d’un esprit faible et borné, chargées de péchés, agitées par des passions de toute espèce,
apprenant toujours et ne pouvant jamais arriver à la connaissance de la vérité.
De même que Jannès et Jambrès s’opposèrent à Moïse, de même ces hommes s’opposent à la vérité, étant corrompus d’entendement, réprouvés en ce qui concerne la foi.
Mais ils ne feront pas de plus grands progrès; car leur folie sera manifeste pour tous, comme le fut celle de ces deux hommes.
10 Pour toi, tu as suivi de près mon enseignement, ma conduite, mes résolutions, ma foi, ma douceur, ma charité, ma constance,
11 mes persécutions, mes souffrances. A quelles souffrances n’ai-je pas été exposé à Antioche, à Icone, à Lystre? Quelles persécutions n’ai-je pas supportées? Et le Seigneur m’a délivré de toutes.
12 Or, tous ceux qui veulent vivre pieusement en Jésus Christ seront persécutés.
13 Mais les homme méchants et imposteurs avanceront toujours plus dans le mal, égarants les autres et égarés eux-mêmes.
14 Toi, demeure dans les choses que tu as apprises, et reconnues certaines, sachant de qui tu les as apprises;
15 dès ton enfance, tu connais les saintes lettres, qui peuvent te rendre sage à salut par la foi en Jésus Christ.
16 Toute Écriture est inspirée de Dieu, et utile pour enseigner, pour convaincre, pour corriger, pour instruire dans la justice,
17 afin que l’homme de Dieu soit accompli et propre à toute bonne oeuvre.

Louis Segond {LSG}

2 Timothy 3         

1 This know also, that in the last days perilous times shall come.
For men shall be lovers of their own selves, covetous, boasters, proud, blasphemers, disobedient to parents, unthankful, unholy,
Without natural affection, trucebreakers, false accusers, incontinent, fierce, despisers of those that are good,
Traitors, heady, highminded, lovers of pleasures more than lovers of God;
Having a form of godliness, but denying the power thereof: from such turn away.
For of this sort are they which creep into houses, and lead captive silly women laden with sins, led away with divers lusts,
Ever learning, and never able to come to the knowledge of the truth.
Now as Jannes and Jambres withstood Moses, so do these also resist the truth: men of corrupt minds, reprobate concerning the faith.
But they shall proceed no further: for their folly shall be manifest unto all men, as their’s also was.
10 But thou hast fully known my doctrine, manner of life, purpose, faith, longsuffering, charity, patience,
11 Persecutions, afflictions, which came unto me at Antioch, at Iconium, at Lystra; what persecutions I endured: but out of them all the Lord delivered me.
12 Yea, and all that will live godly in Christ Jesus shall suffer persecution.
13 But evil men and seducers shall wax worse and worse, deceiving, and being deceived.
14 But continue thou in the things which thou hast learned and hast been assured of, knowing of whom thou hast learned them;
15 And that from a child thou hast known the holy scriptures, which are able to make thee wise unto salvation through faith which is in Christ Jesus.
16 All scripture is given by inspiration of God, and is profitable for doctrine, for reproof, for correction, for instruction in righteousness:
17 That the man of God may be perfect, thoroughly furnished unto all good works.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}