Liv Jeremi / Jérémie / Jeremiah

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jeremi 13   

1 Seyè a pale avè m’, li di m’ konsa: -Al achte yon sentiwon lenn, mare l’ nan ren ou. Men, piga ou tranpe l’ nan dlo.
Se konsa m’ achte yon sentiwon jan Seyè a te di m’ lan. Mwen mare l’ nan ren mwen.
Apre sa, Seyè a pale avè m’ ankò, li di m’ konsa:
-Pran sentiwon lenn ou te achte a, sa ki mare nan ren ou lan, ale bò larivyè Lefrat la. W’a kache l’ nan yon fant wòch.
Mwen leve vre, m’ ale bò larivyè Lefrat la, mwen kache l’ jan Seyè a te ban m’ lòd la.
Apre yon bon ti tan, Seyè a di m’ konsa: -Leve non! Tounen bò larivyè Lefrat la, al pran sentiwon mwen te ba ou lòd kache a.
Se konsa, m’ ale bò larivyè Lefrat la, mwen chache, mwen pran sentiwon an kote m’ te kache l’ la. Men, li te gate, li pa t’ vo anyen ankò.
Lè sa a, Seyè a pale avè m’ ankò, li di m’ konsa:
-Men ki jan mwen pral kraze lògèy moun granpanpan peyi Jida yo, ak gwo lògèy moun lavil Jerizalèm yo.
10 Moun sa yo se move moun yo ye. Yo refize koute m’ lè m’ pale yo. Yo fè tèt di, yo fè tout vye lide ki vin nan tèt yo. Y’ al dèyè lòt bondye, yo fè sèvis pou yo, yo adore yo. Se konsa y’ap tounen tankou sentiwon lenn lan ki pa bon pou anyen ankò.
11 Menm jan moun mare sentiwon nan ren yo, se konsa mwen te vle pou moun peyi Jida yo ansanm ak moun lavil Jerizalèm yo te mare avè m’, pou yo te ka yon pèp apa pou mwen, yon non, yon lwanj, yon bèl bagay pou mwen. Men yo pa koute m’. Se Seyè a menm ki di sa.
12  W’a di yo pawoli sa a: Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Potich diven fèt pou mete diven ladan l’. Y’a reponn ou: Men wi, tout potich diven fèt pou mete diven ladan l’. Se bagay nou konnen.
13 Lè sa a w’a di yo: Men sa mwen menm Seyè a, mwen di: Mwen pral plen vant tout moun nan peyi a ak diven jouk yo sou, depi wa a ki chita sou fotèy David la, prèt yo, pwofèt yo, jouk dènye moun ki rete lavil Jerizalèm.
14 Apre sa, m’ap frape yo yonn ak lòt pou yo kraze, granmoun kou timoun, tout ansanm. M’ap san pitye, mwen p’ap kite yonn chape. Mwen p’ap pran priyè, m’ap touye yo tout.
15 Nou menm pèp Izrayèl, Seyè a ap pale, louvri zòrèy nou pou nou tande! Pa fè gwo kòlèt!
16 Fè lwanj Seyè a, Bondye nou an, anvan fènwa bare nou, pou pye nou pa al bite sou mòn yo lannwit la, anvan li fè limyè nou t’ap tann lan tounen yon gwo fènwa, yon dekou ki fènwa kou lank.
17 Si nou pa koute l’, mwen pral kache kò m’ yon kote pou m’ kriye, paske nou gen twòp lògèy. Je m’ pral koule dlo, yo pral ponpe dlo, paske yo pral fè pèp Seyè a prizonye, yo pral depòte yo.
18 Seyè a di m’ konsa: -Pale ak wa a ansanm ak manman l’. Di yo desann soti sou fotèy yo, paske bèl kouwòn ki te sou tèt yo a tonbe atè.
19 Yo sènen tout lavil ki nan sid peyi Jida a. Pesonn pa ka pase. Yo depòte dènye moun peyi Jida yo. Yo pa kite yonn deyò.
20 Jerizalèm, leve je ou gade. Gade lènmi ou yo k’ap desann soti nan nò! Kote moun ki te sou kont ou yo, moun ki t’ap fè ou mache tèt byen wo a?
21 Kisa w’a di lè w’a wè moun ou te kwè ki te zanmi ou yo leve dèyè ou pou yo vin chèf sou ou nan peyi ou? Ou pral nan lapenn tankou yon fanm ansent ki gen tranche.
22  W’a mande tèt ou: Poukisa tout bagay sa yo ap rive ou? Se paske sa ou te fè a te grav anpil kifè yo mete ou toutouni, yo fè kadejak sou ou.
23 Moun po nwa pa ka chanje koulè po yo. Leyopa pa ka wete takte nwa ki sou kò li yo. Konsa tou, nou menm ki fin gen labitid fè sa ki mal nou pa ka fè sa byen.
24 Mwen menm, Seyè a, mwen pral gaye yo tankou pay van ap gaye nan savann.
25 Seyè a di: Men sa k’ap tann nou. Men sa mwen deside fè nou paske nou te bliye m’, nou t’ al mete konfyans nou nan fo bondye.
26 Se mwen menm menm ki pral leve rad nou jouk sou tèt nou, pou yo wè nou toutouni.
27 Mwen te wè n’ap fè bagay mwen rayi. Tankou yon nonm marye k’ap kouri dèyè madanm lòt moun, tankou poulen k’ap ranni dèyè jiman, nou kouri dèyè lòt bondye, n’ap rele nan pye yo. San ankenn wont, n’ap fè sèvis pou yo sou tèt ti mòn yo ak nan laplenn. Aa! moun lavil Jerizalèm, nou fini vre! Kilè n’a sispann? Kilè n’a manyè netwaye kè nou?

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Jérémie 13

1 Ainsi m’a parlé l’Éternel: Va, achète-toi une ceinture de lin, et mets-la sur tes reins; mais ne la trempe pas dans l’eau.
J’achetai la ceinture, selon la parole de l’Éternel, et je la mis sur mes reins.
La parole de l’Éternel me fut adressée une seconde fois, en ces mots:
Prends la ceinture que tu as achetée, et qui est sur tes reins; lève-toi, va vers l’Euphrate, et là, cache-la dans la fente d’un rocher.
J’allai, et je la cachai près de l’Euphrate, comme l’Éternel me l’avait ordonné.
Plusieurs jours après, l’Éternel me dit: Lève-toi, va vers l’Euphrate, et là, prends la ceinture que je t’avais ordonné d’y cacher.
J’allai vers l’Euphrate, je fouillai, et je pris la ceinture dans le lieu où je l’avais cachée; mais voici, la ceinture était gâtée, elle n’était plus bonne à rien.
La parole de l’Éternel me fut adressée, en ces mots:
Ainsi parle l’Éternel: C’est ainsi que je détruirai l’orgueil de Juda Et l’orgueil immense de Jérusalem.
10 Ce méchant peuple, qui refuse d’écouter mes paroles, Qui suit les penchants de son coeur, Et qui va après d’autres dieux, Pour les servir et se prosterner devant eux, Qu’il devienne comme cette ceinture, Qui n’est plus bonne à rien!
11 Car comme on attache la ceinture aux reins d’un homme, Ainsi je m’étais attaché toute la maison d’Israël Et toute la maison de Juda, dit l’Éternel, Afin qu’elles fussent mon peuple, Mon nom, ma louange, et ma gloire. Mais ils ne m’ont point écouté.
12 Tu leur diras cette parole: Ainsi parle l’Éternel, le Dieu d’Israël: Tous les vases seront remplis de vin. Et ils te diront: Ne savons-nous pas Que tous les vases seront remplis de vin?
13 Alors dis-leur: Ainsi parle l’Éternel: Voici, je remplirai tous les habitants de ce pays, Les rois qui sont assis sur le trône de David, Les sacrificateurs, les prophètes, et tous les habitants de Jérusalem, Je les remplirai d’ivresse.
14 Je les briserai les uns contre les autres, Les pères et les fils ensemble, dit l’Éternel; Je n’épargnerai pas, je n’aurai point de pitié, point de miséricorde, Rien ne m’empêchera de les détruire.
15 Écoutez et prêtez l’oreille! Ne soyez point orgueilleux! Car l’Éternel parle.
16 Rendez gloire à l’Éternel, votre Dieu, Avant qu’il fasse venir les ténèbres, Avant que vos pieds heurtent contre les montagnes de la nuit; Vous attendrez la lumière, Et il la changera en ombre de la mort, Il la réduira en obscurité profonde.
17 Si vous n’écoutez pas, Je pleurerai en secret, à cause de votre orgueil; Mes yeux fondront en larmes, Parce que le troupeau de l’Éternel sera emmené captif.
18 Dis au roi et à la reine: Asseyez-vous à terre! Car il est tombé de vos têtes, Le diadème qui vous servait d’ornement.
19 Les villes du midi sont fermées, Il n’y a personne pour ouvrir; Tout Juda est emmené captif, Il est emmené tout entier captif.
20 Lève tes yeux et regarde Ceux qui viennent du septentrion. Où est le troupeau qui t’avait été donné, Le troupeau qui faisait ta gloire?
21 Que diras-tu de ce qu’il te châtie? C’est toi-même qui leur as appris à te traiter en maîtres. Les douleurs ne te saisiront-elles pas, Comme elles saisissent une femme en travail?
22 Si tu dis en ton coeur: Pourquoi cela m’arrive-t-il? C’est à cause de la multitude de tes iniquités Que les pans de tes habits sont relevés, Et que tes talons sont violemment mis à nu.
23 Un Éthiopien peut-il changer sa peau, Et un léopard ses taches? De même, pourriez-vous faire le bien, Vous qui êtes accoutumés à faire le mal?
24 Je les disperserai, comme la paille emportée Par le vent du désert.
25 Voilà ton sort, la part que je te mesure, Dit l’Éternel, Parce que tu m’as oublié, Et que tu as mis ta confiance dans le mensonge.
26 Je relèverai tes pans jusque sur ton visage, Afin qu’on voie ta honte.
27 J’ai vu tes adultères et tes hennissements, Tes criminelles prostitutions sur les collines et dans les champs, J’ai vu tes abominations. Malheur à toi, Jérusalem! Jusques à quand tarderas-tu à te purifier?

Louis Segond {LSG}

Jeremiah 13 

1 Thus saith the Lord unto me, Go and get thee a linen girdle, and put it upon thy loins, and put it not in water.
So I got a girdle according to the word of the Lord, and put it on my loins.
And the word of the Lord came unto me the second time, saying,
Take the girdle that thou hast got, which is upon thy loins, and arise, go to Euphrates, and hide it there in a hole of the rock.
So I went, and hid it by Euphrates, as the Lord commanded me.
And it came to pass after many days, that the Lord said unto me, Arise, go to Euphrates, and take the girdle from thence, which I commanded thee to hide there.
Then I went to Euphrates, and digged, and took the girdle from the place where I had hid it: and, behold, the girdle was marred, it was profitable for nothing.
Then the word of the Lord came unto me, saying,
Thus saith the Lord, After this manner will I mar the pride of Judah, and the great pride of Jerusalem.
10 This evil people, which refuse to hear my words, which walk in the imagination of their heart, and walk after other gods, to serve them, and to worship them, shall even be as this girdle, which is good for nothing.
11 For as the girdle cleaveth to the loins of a man, so have I caused to cleave unto me the whole house of Israel and the whole house of Judah, saith the Lord; that they might be unto me for a people, and for a name, and for a praise, and for a glory: but they would not hear.
12 Therefore thou shalt speak unto them this word; Thus saith the Lord God of Israel, Every bottle shall be filled with wine: and they shall say unto thee, Do we not certainly know that every bottle shall be filled with wine?
13 Then shalt thou say unto them, Thus saith the Lord, Behold, I will fill all the inhabitants of this land, even the kings that sit upon David’s throne, and the priests, and the prophets, and all the inhabitants of Jerusalem, with drunkenness.
14 And I will dash them one against another, even the fathers and the sons together, saith the Lord: I will not pity, nor spare, nor have mercy, but destroy them.
15 Hear ye, and give ear; be not proud: for the Lord hath spoken.
16 Give glory to the Lord your God, before he cause darkness, and before your feet stumble upon the dark mountains, and, while ye look for light, he turn it into the shadow of death, and make it gross darkness.
17 But if ye will not hear it, my soul shall weep in secret places for your pride; and mine eye shall weep sore, and run down with tears, because the Lord‘s flock is carried away captive.
18 Say unto the king and to the queen, Humble yourselves, sit down: for your principalities shall come down, even the crown of your glory.
19 The cities of the south shall be shut up, and none shall open them: Judah shall be carried away captive all of it, it shall be wholly carried away captive.
20 Lift up your eyes, and behold them that come from the north: where is the flock that was given thee, thy beautiful flock?
21 What wilt thou say when he shall punish thee? for thou hast taught them to be captains, and as chief over thee: shall not sorrows take thee, as a woman in travail?
22 And if thou say in thine heart, Wherefore come these things upon me? For the greatness of thine iniquity are thy skirts discovered, and thy heels made bare.
23 Can the Ethiopian change his skin, or the leopard his spots? then may ye also do good, that are accustomed to do evil.
24 Therefore will I scatter them as the stubble that passeth away by the wind of the wilderness.
25 This is thy lot, the portion of thy measures from me, saith the Lord; because thou hast forgotten me, and trusted in falsehood.
26 Therefore will I discover thy skirts upon thy face, that thy shame may appear.
27 I have seen thine adulteries, and thy neighings, the lewdness of thy whoredom, and thine abominations on the hills in the fields. Woe unto thee, O Jerusalem! wilt thou not be made clean? when shall it once be?     
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}