Liv Jeremi / Jérémie / Jeremiah

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jeremi 46   

1 Men mesaj Seyè a bay pwofèt Jeremi sou lòt nasyon yo:
Mesaj sou peyi Lejip. Men sa li di sou lame farawon Neko, wa peyi Lejip ki te lavil Kakemich, bò larivyè Lefrat. Se lame sa a Nèbikadneza, wa Babilòn lan, te bat byen bat. Lè sa a, Jojakim, pitit Ozyas la, te gen katran depi li te wa nan peyi Jida.
Ofisye lame Lejip la ap bay lòd: -Pare plak pwotèj yo, gwo kou piti, pou pare kou! Annavan pou batay la!
Sele chwal yo. Kavalye, moute sou yo. Mete nou an ran, kas nou nan tèt nou. File pwent frenn nou yo. Mete rad an fè pou fè lagè nou sou nou.
Seyè a ap mande: -Kisa nou wè la a? Yo pè, y’ap kouri tounen, yo kraze vanyan sòlda yo anba kou! Y’ap kouri met deyò san gad dèyè. Toupatou tout moun pè.
Sa ki kouri yo p’ap sove, vanyan sòlda yo p’ap chape. Nan nò, bò larivyè Lefrat la, yo bite, yo tonbe.
Kilès sa a k’ap vini tankou dlo nan larivyè Nil k’ap desann, tankou yon rivyè k’ap anvayi toupatou?
Se peyi Lejip k’ap gonfle kò l’ konsa, tankou dlo larivyè Nil, tankou yon rivyè k’ap anvayi toupatou. Lejip te di: M’ap gonfle, m’ap kouvri tout latè. M’ap kraze tout lavil yo ansanm ak tout moun ki rete ladan yo.
Bay chwal yo lòd pou yo ale. Bay cha lagè yo lòd pou yo woule. Voye sòlda yo al goumen: moun peyi Soudan ak moun peyi Liban yo ak plak pwotèj yo sou bra yo, ansanm ak moun peyi Lidi yo ki gen ladrès pou sèvi ak banza.
10 Paske, sa se jou Seyè ki gen tout pouvwa a. Se jou revanj li. Li pral tire revanj li sou lènmi l’ yo. Nepe li pral touye yo jouk li pa kapab ankò. Li pral bwè san yo jouk vant li plen. Se jou y’ap touye bèt yo ofri pou Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, nan nò, bò larivyè Lefrat.
11 Nou menm moun peyi Lejip, moute nan peyi Galarad, al chache renmèd! Tout renmèd nou yo p’ap fè anyen pou nou. Pa gen geri pou nou.
12  Moun lòt nasyon yo pran nouvèl gwo wont ki rive nou an. Toupatou sou latè yo tande rèl nou. Vanyan sòlda yo ap bite yonn sou lòt, y’ap tonbe atè ansanm.
13 Men mesaj Seyè a te bay pwofèt Jeremi lè Nèbikadneza, wa Babilòn lan, te vin atake peyi Lejip la:
14 -Fè piblikasyon nan tout peyi Lejip la. Fè tout moun lavil Migdòl, lavil Menmfis ak lavil Tapanès konnen. Di yo: Leve non, pare pou defann nou. Lagè fin detwi tou sa ki bò kote nou.
15 Poukisa Apis, towo bèf ki bondye nou an, kouri met deyò? Poukisa towo bèf nou an pa kenbe tèt? Se Seyè a ki lage l’ atè!
16 Li fè sòlda yo bite, yo tonbe yonn sou lòt. Yonn ap di lòt: Leve non! Ann tounen lakay nou, nan peyi nou! Ann chape anba nepe lènmi yo!
17 Yo bay farawon an, wa Lejip la, yon lòt non. Yo rele l’: Paladò. Li kite lè a pase!
18 Mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a, se mwen ki wa. Men sa m’ di: Se mwen ki Bondye vivan an. Moun k’ap vini pou atake nou an ap tankou mòn Tabò ki nan mitan lòt mòn yo, tankou mòn Kamèl ki kanpe byen wo nan lanmè a.
19 Nou menm moun peyi Lejip, mare pakèt nou pou yo depòte nou! Lavil Menmfis pral tounen yon dezè, yon bann miray kraze, san pesonn ladan l’.
20 Peyi Lejip te tankou yon bèl gazèl. Men, yon tanwouan soti nan nò vin atake l’.
21 Peyi Lejip te pran yon bann moun lòt nasyon sèvi sòlda nan lame li. Men, yo te gra tankou towo chatre ki nan manje. Yo menm tou yo pa kanpe goumen. Yo vire do yo, yo tout kouri met deyò, lè jou malè yo rive sou yo, lè jou chatiman yo a tonbe sou yo.
22 Peyi Lejip ap tankou koulèv k’ap kouri pou moun, l’ap kouri ale lè lame lènmi l’ yo ap pwoche. Y’ap atake l’ ak rach tankou moun k’ap koupe pyebwa.
23 Yo mete tout gwo rakbwa yo atè, rakbwa kote moun pa t’ ka antre a. Lènmi yo anpil, ou pa ka konte yo. Sòlda yo pi plis pase yon lame krikèt. Se Seyè a menm ki di sa.
24 Moun Lejip yo wont, pèp ki soti nan nò a kraze yo.
25 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di ankò: -Mwen pral pini Amon, bondye lavil Tèb la. Mwen pral pini farawon an, pèp peyi Lejip la, ak tout chèf li yo ak tout bondye l’ yo. Wi, mwen pral pini farawon an ansanm ak tout moun ki te mete konfyans yo nan li.
26 M’ap lage yo nan men moun ki soti pou touye yo a, nan men Nèbikadneza, wa Babilòn lan, ak lame moun pa l’ yo. Men, apre sa, moun va rete nan peyi Lejip la tankou nan tan lontan. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
27 Nou pa bezwen pè, nou menm pitit Jakòb, sèvitè mwen an. Nou pa bezwen tranble, nou menm moun pèp Izrayèl yo. M’ap vin delivre nou nan peyi lwen sa yo. M’ap vin sove pitit nou yo nan peyi kote yo te depòte nou an. N’ap tounen lakay nou pou nou viv ak kè poze, san pesonn pa chache nou kont ankò.
28 Nou menm pitit Jakòb, sèvitè mwen an, nou pa bezwen pè. M’ap vin jwenn nou, m’ap sove nou. Se Seyè a menm ki di sa. M’ap disparèt tout nasyon kote mwen te gaye nou yo. Nou menm, mwen p’ap detwi nou. Men, pou pini se pou m’ pini nou, jan sa dwe fèt. Mwen p’ap kite anyen pou nou.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Jérémie 46

1 La parole de l’Éternel qui fut adressée à Jérémie, le prophète, sur les nations.
Sur l’Égypte. Sur l’armée de Pharaon Neco, roi d’Égypte, qui était près du fleuve de l’Euphrate, à Carkemisch, et qui fut battue par Nebucadnetsar, roi de Babylone, la quatrième année de Jojakim, fils de Josias, roi de Juda.
Préparez le petit et le grand bouclier, Et marchez au combat!
Attelez les chevaux, Montez, cavaliers! Paraissez avec vos casques, Polissez vos lances, Revêtez la cuirasse!…
Que vois-je? Ils ont peur, ils reculent; Leurs vaillants hommes sont battus; Ils fuient sans se retourner… L’épouvante est de toutes parts, dit l’Éternel.
Que le plus léger ne trouve aucun salut dans la fuite, Que le plus vaillant n’échappe pas! Au septentrion, sur les rives de l’Euphrate, Ils chancellent, ils tombent.
Qui est celui qui s’avance comme le Nil, Et dont les eaux sont agitées comme les torrents?
C’est l’Égypte. Elle s’avance comme le Nil, Et ses eaux sont agitées comme les torrents. Elle dit: Je monterai, je couvrirai la terre, Je détruirai les villes et leurs habitants.
Montez, chevaux! précipitez-vous, chars! Qu’ils se montrent, les vaillants hommes, Ceux d’Éthiopie et de Puth qui portent le bouclier, Et ceux de Lud qui manient et tendent l’arc!
10 Ce jour est au Seigneur, à l’Éternel des armées; C’est un jour de vengeance, où il se venge de ses ennemis. L’épée dévore, elle se rassasie, Elle s’enivre de leur sang. Car il y a des victimes du Seigneur, de l’Éternel des armées, Au pays du septentrion, sur les rives de l’Euphrate.
11 Monte en Galaad, prends du baume, Vierge, fille de l’Égypte! En vain tu multiplies les remèdes, Il n’y a point de guérison pour toi.
12 Les nations apprennent ta honte, Et tes cris remplissent la terre, Car les guerriers chancellent l’un sur l’autre, Ils tombent tous ensemble.
13 La parole qui fut adressée par l’Éternel à Jérémie, le prophète, sur l’arrivée de Nebucadnetsar, roi de Babylone, qui voulait frapper le pays d’Égypte.
14 Annoncez-le en Égypte, Publiez-le à Migdol, Publiez-le à Noph et à Tachpanès! Dites: Lève-toi, prépare-toi, Car l’épée dévore autour de toi!
15 Pourquoi tes vaillants hommes sont-ils emportés? Ils ne tiennent pas ferme, car l’Éternel les renverse.
16 Il en fait chanceler un grand nombre; Ils tombent l’un sur l’autre, et ils disent: Allons, retournons vers notre peuple, Dans notre pays natal, Loin du glaive destructeur!
17 Là, on s’écrie: Pharaon, roi d’Égypte, Ce n’est qu’un bruit; il a laissé passer le moment.
18 Je suis vivant! dit le roi, Dont l’Éternel des armées est le nom, Comme le Thabor parmi les montagnes, Comme le Carmel qui s’avance dans la mer, il viendra.
19 Fais ton bagage pour la captivité, Habitante, fille de L’Égypte! Car Noph deviendra un désert, Elle sera ravagée, elle n’aura plus d’habitants.
20 L’Égypte est une très belle génisse… Le destructeur vient du septentrion, il arrive…
21 Ses mercenaires aussi sont au milieu d’elle comme des veaux engraissés. Et eux aussi, ils tournent le dos, ils fuient tous sans résister. Car le jour de leur malheur fond sur eux, Le temps de leur châtiment.
22 Sa voix se fait entendre comme celle du serpent; Car ils s’avancent avec une armée, Ils marchent contre elle avec des haches, Pareils à des bûcherons.
23 Ils abattent sa forêt, dit l’Éternel, Bien qu’elle soit impénétrable; Car ils sont plus nombreux que les sauterelles, On ne pourrait les compter.
24 La fille de l’Égypte est confuse, Elle est livrée entre les mains du peuple du septentrion.
25 L’Éternel des armées, le Dieu d’Israël, dit: Voici, je vais châtier Amon de No, Pharaon, l’Égypte, ses dieux et ses rois, Pharaon et ceux qui se confient en lui.
26 Je les livrerai entre les mains de ceux qui en veulent à leur vie, Entre les mains de Nebucadnetsar, roi de Babylone, Et entre les mains de ses serviteurs; Et après cela, l’Égypte sera habitée comme aux jours d’autrefois, Dit l’Éternel.
27 Et toi, mon serviteur Jacob, ne crains pas; Ne t’effraie pas, Israël! Car je te délivrerai de la terre lointaine, Je délivrerai ta postérité du pays où elle est captive; Jacob reviendra, il jouira du repos et de la tranquillité, Et il n’y aura personne pour le troubler.
28 Toi, mon serviteur Jacob, ne crains pas! dit l’Éternel; Car je suis avec toi. J’anéantirai toutes les nations parmi lesquelles je t’ai dispersé, Mais toi, je ne t’anéantirai pas; Je te châtierai avec équité, Je ne puis pas te laisser impuni.

Louis Segond {LSG}

Jeremiah 46 

1 The word of the Lord which came to Jeremiah the prophet against the Gentiles;
Against Egypt, against the army of Pharaohnecho king of Egypt, which was by the river Euphrates in Carchemish, which Nebuchadrezzar king of Babylon smote in the fourth year of Jehoiakim the son of Josiah king of Judah.
Order ye the buckler and shield, and draw near to battle.
Harness the horses; and get up, ye horsemen, and stand forth with your helmets; furbish the spears, and put on the brigandines.
Wherefore have I seen them dismayed and turned away back? and their mighty ones are beaten down, and are fled apace, and look not back: for fear was round about, saith the Lord.
Let not the swift flee away, nor the mighty man escape; they shall stumble, and fall toward the north by the river Euphrates.
Who is this that cometh up as a flood, whose waters are moved as the rivers?
Egypt riseth up like a flood, and his waters are moved like the rivers; and he saith, I will go up, and will cover the earth; I will destroy the city and the inhabitants thereof.
Come up, ye horses; and rage, ye chariots; and let the mighty men come forth; the Ethiopians and the Libyans, that handle the shield; and the Lydians, that handle and bend the bow.
10 For this is the day of the Lord God of hosts, a day of vengeance, that he may avenge him of his adversaries: and the sword shall devour, and it shall be satiate and made drunk with their blood: for the Lord God of hosts hath a sacrifice in the north country by the river Euphrates.
11 Go up into Gilead, and take balm, O virgin, the daughter of Egypt: in vain shalt thou use many medicines; for thou shalt not be cured.
12 The nations have heard of thy shame, and thy cry hath filled the land: for the mighty man hath stumbled against the mighty, and they are fallen both together.
13 The word that the Lord spake to Jeremiah the prophet, how Nebuchadrezzar king of Babylon should come and smite the land of Egypt.
14 Declare ye in Egypt, and publish in Migdol, and publish in Noph and in Tahpanhes: say ye, Stand fast, and prepare thee; for the sword shall devour round about thee.
15 Why are thy valiant men swept away? they stood not, because the Lord did drive them.
16 He made many to fall, yea, one fell upon another: and they said, Arise, and let us go again to our own people, and to the land of our nativity, from the oppressing sword.
17 They did cry there, Pharaoh king of Egypt is but a noise; he hath passed the time appointed.
18 As I live, saith the King, whose name is the Lord of hosts, Surely as Tabor is among the mountains, and as Carmel by the sea, so shall he come.
19 O thou daughter dwelling in Egypt, furnish thyself to go into captivity: for Noph shall be waste and desolate without an inhabitant.
20 Egypt is like a very fair heifer, but destruction cometh; it cometh out of the north.
21 Also her hired men are in the midst of her like fatted bullocks; for they also are turned back, and are fled away together: they did not stand, because the day of their calamity was come upon them, and the time of their visitation.
22 The voice thereof shall go like a serpent; for they shall march with an army, and come against her with axes, as hewers of wood.
23 They shall cut down her forest, saith the Lord, though it cannot be searched; because they are more than the grasshoppers, and are innumerable.
24 The daughter of Egypt shall be confounded; she shall be delivered into the hand of the people of the north.
25 The Lord of hosts, the God of Israel, saith; Behold, I will punish the multitude of No, and Pharaoh, and Egypt, with their gods, and their kings; even Pharaoh, and all them that trust in him:
26 And I will deliver them into the hand of those that seek their lives, and into the hand of Nebuchadrezzar king of Babylon, and into the hand of his servants: and afterward it shall be inhabited, as in the days of old, saith the Lord.
27 But fear not thou, O my servant Jacob, and be not dismayed, O Israel: for, behold, I will save thee from afar off, and thy seed from the land of their captivity; and Jacob shall return, and be in rest and at ease, and none shall make him afraid.
28 Fear thou not, O Jacob my servant, saith the Lord: for I am with thee; for I will make a full end of all the nations whither I have driven thee: but I will not make a full end of thee, but correct thee in measure; yet will I not leave thee wholly unpunished.     
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}