Liv Jan / Jean / John

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jan 2              

De jou apre sa, te gen yon maryaj lavil Kana nan peyi Galile. Manman Jez te la,
yo te envite Jezi ak disip li yo nan nòs la tou.
Rive yon lè pa t’ gen diven ankò. Manman Jezi di l’ konsa: Yo pa gen diven ankò non.
Men Jezi reponn li: Nan kisa mwen ye avè ou, madanm? Lè pa m’ lan poko rive.
Lè sa a, manman Jezi di moun ki t’ap sèvi yo: Fè tou sa l’ di nou fè.
Te gen sis gwo ja fèt an wòch ki te sèvi pou jwif yo lave kò yo dapre koutim yo. Yo te gwo ase pou chak te kenbe vin trant galon konsa.
Jezi di moun ki t’ap sèvi yo: Plen ja yo dlo. Yo plen yo ra bouch.
Lè yo fini, Jezi di yo: Pran ti gout nan dlo sa a, pote bay chèf kanbiz la goute. Yo pote ti gout bay chèf kanbiz la.
Chèf kanbiz la goute dlo ki te tounen diven an. Li pa t’ konnen ki bò diven sa a te soti. (Men, domestik yo ki te pran dlo a te konnen.) Li rele nonm ki t’ap marye a,
10 li di li konsa: Tout moun sèvi pi bon diven an anvan. Se apre tout envite yo fin sou, se lè sa a yo sèvi diven ki pa twò bon an. Men ou menm, ou te sere pi bon diven an. Se koulye a w’ap sèvi l’.
11 Se konsa Jezi te fè premye mirak li lavil Kana nan peyi Galile. Li te fè wè pouvwa li. Sa te fè disip li yo kwè nan li.
12  Apre sa, li ale lavil Kapènawòm ansanm ak manman l’, frè l’ yo ak disip li yo. Yo pase de twa jou la.
13 Fèt Delivrans jwif yo te vanse rive. Se konsa Jezi moute Jerizalèm.
14 Li jwenn yon bann moun nan tanp lan ki t’ap vann bèf, mouton ak pijon. Gen lòt menm ki te chita dèyè tab yo ap chanje lajan.
15 Li pran kèk kòd, li mare yo ansanm, li fè yon fwèt ak yo. Epi li mete tout moun yo deyò nan tanp lan ansanm ak tout mouton yo ak tout bèf yo. Li chavire tab moun ki t’ap chanje lajan yo, li jete tout kòb yo atè.
16 Li di moun ki t’ap vann pijon yo: Wete sa la. Pa fè kay Papa m’ lan tounen yon boutik kote yo fè komès.
17 Disip li yo vin chonje pawòl sa yo ki te ekri nan Liv la: O Bondye, mwen sitèlman renmen kay ou a, mwen santi se tankou yon dife k’ap boule tout anndan mwen.
18 Jwif yo mande li: Ki mirak ou ka fè pou moutre nou ou gen dwa fè sa w’ap fè la a?
19 Jezi reponn yo: Kraze tanp sa a koulye a. Nan twa jou m’ap rebati l’ ban nou.
20 Jwif yo di li: Yo pran karannsizan pou yo bati tanp sa a, pou ou menm, pou ou ta pran twa sèl jou pou rebati li?
21 Men Jezi li menm, lè l’ t’ap di mo tanp lan se pwòp kò li li te gen nan tèt li.
22 Lè Jezi leve soti vivan nan lanmò, disip li yo vin chonje li te di sa. Se konsa yo te kwè sa ki te ekri nan Liv la ansanm ak tout pawòl Jezi te di yo.
23  Pandan Jezi te Jerizalèm pou fèt Delivrans lan anpil moun te kwè nan li lè yo te wè mirak li t’ap fè.
24 Men, Jezi pa t’ fè okenn ladan yo konfyans, paske li te konnen yo tout byen.
25 Li pa t’ bezwen moun te di l’ anyen sou pesonn, paske li menm li te konnen sa ki nan kè yo.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Jean 2             

1 Trois jours après, il y eut des noces à Cana en Galilée. La mère de Jésus était là,
et Jésus fut aussi invité aux noces avec ses disciples.
Le vin ayant manqué, la mère de Jésus lui dit: Ils n’ont plus de vin.
Jésus lui répondit: Femme, qu’y a-t-il entre moi et toi? Mon heure n’est pas encore venue.
Sa mère dit aux serviteurs: Faites ce qu’il vous dira.
Or, il y avait là six vases de pierre, destinés aux purifications des Juifs, et contenant chacun deux ou trois mesures.
Jésus leur dit: Remplissez d’eau ces vases. Et ils les remplirent jusqu’au bord.
Puisez maintenant, leur dit-il, et portez-en à l’ordonnateur du repas. Et ils en portèrent.
Quand l’ordonnateur du repas eut goûté l’eau changée en vin, -ne sachant d’où venait ce vin, tandis que les serviteurs, qui avaient puisé l’eau, le savaient bien, -il appela l’époux,
10 et lui dit: Tout homme sert d’abord le bon vin, puis le moins bon après qu’on s’est enivré; toi, tu as gardé le bon vin jusqu’à présent.
11 Tel fut, à Cana en Galilée, le premier des miracles que fit Jésus. Il manifesta sa gloire, et ses disciples crurent en lui.
12 Après cela, il descendit à Capernaüm, avec sa mère, ses frères et ses disciples, et ils n’y demeurèrent que peu de jours.
13 La Pâque des Juifs était proche, et Jésus monta à Jérusalem.
14 Il trouva dans le temple les vendeurs de boeufs, de brebis et de pigeons, et les changeurs assis.
15 Ayant fait un fouet avec des cordes, il les chassa tous du temple, ainsi que les brebis et les boeufs; il dispersa la monnaie des changeurs, et renversa les tables;
16 et il dit aux vendeurs de pigeons: Otez cela d’ici, ne faites pas de la maison de mon Père une maison de trafic.
17 Ses disciples se souvinrent qu’il est écrit: Le zèle de ta maison me dévore.
18 Les Juifs, prenant la parole, lui dirent: Quel miracle nous montres-tu, pour agir de la sorte?
19 Jésus leur répondit: Détruisez ce temple, et en trois jours je le relèverai.
20 Les Juifs dirent: Il a fallu quarante-six ans pour bâtir ce temple, et toi, en trois jours tu le relèveras!
21 Mais il parlait du temple de son corps.
22 C’est pourquoi, lorsqu’il fut ressuscité des morts, ses disciples se souvinrent qu’il avait dit cela, et ils crurent à l’Écriture et à la parole que Jésus avait dite.
23 Pendant que Jésus était à Jérusalem, à la fête de Pâque, plusieurs crurent en son nom, voyant les miracles qu’il faisait.
24 Mais Jésus ne se fiait point à eux, parce qu’il les connaissait tous,
25 et parce qu’il n’avait pas besoin qu’on lui rendît témoignage d’aucun homme; car il savait lui-même ce qui était dans l’homme.

Louis Segond {LSG}

John 2     

1 And the third day there was a marriage in Cana of Galilee; and the mother of Jesus was there:
And both Jesus was called, and his disciples, to the marriage.
And when they wanted wine, the mother of Jesus saith unto him, They have no wine.
Jesus saith unto her, Woman, what have I to do with thee? mine hour is not yet come.
His mother saith unto the servants, Whatsoever he saith unto you, do it.
And there were set there six waterpots of stone, after the manner of the purifying of the Jews, containing two or three firkins apiece.
Jesus saith unto them, Fill the waterpots with water. And they filled them up to the brim.
And he saith unto them, Draw out now, and bear unto the governor of the feast. And they bare it.
When the ruler of the feast had tasted the water that was made wine, and knew not whence it was: (but the servants which drew the water knew;) the governor of the feast called the bridegroom,
10 And saith unto him, Every man at the beginning doth set forth good wine; and when men have well drunk, then that which is worse: but thou hast kept the good wine until now.
11 This beginning of miracles did Jesus in Cana of Galilee, and manifested forth his glory; and his disciples believed on him.
12 After this he went down to Capernaum, he, and his mother, and his brethren, and his disciples: and they continued there not many days.
13 And the Jews’ passover was at hand, and Jesus went up to Jerusalem.
14 And found in the temple those that sold oxen and sheep and doves, and the changers of money sitting:
15 And when he had made a scourge of small cords, he drove them all out of the temple, and the sheep, and the oxen; and poured out the changers’ money, and overthrew the tables;
16 And said unto them that sold doves, Take these things hence; make not my Father’s house an house of merchandise.
17 And his disciples remembered that it was written, The zeal of thine house hath eaten me up.
18 Then answered the Jews and said unto him, What sign shewest thou unto us, seeing that thou doest these things?
19 Jesus answered and said unto them, Destroy this temple, and in three days I will raise it up.
20 Then said the Jews, Forty and six years was this temple in building, and wilt thou rear it up in three days?
21 But he spake of the temple of his body.
22 When therefore he was risen from the dead, his disciples remembered that he had said this unto them; and they believed the scripture, and the word which Jesus had said.
23 Now when he was in Jerusalem at the passover, in the feast day, many believed in his name, when they saw the miracles which he did.
24 But Jesus did not commit himself unto them, because he knew all men,
25 And needed not that any should testify of man: for he knew what was in man.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}