Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 109  

1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Bondye, m’ap fè lwanj ou! Tanpri, pa rete san ou pa di anyen.
Yon bann mechan ak yon bann mantò ap pale m’ mal. Y’ap fè manti sou mwen.
Kote m’ pase, moun ki rayi m’ yo ap pale m’ mal. Y’ap fè m’ lagè san mwen pa fè yo anyen.
Mwen renmen yo, men yo menm yo pa vle wè m’. Pou mwen menm, m’ap lapriyè nan pye ou.
M’ap fè byen pou yo, yo menm y’ap fè m’ mal. Mwen renmen yo, men yo menm yo rayi m’.
 Pran yon mechan, mete l’ chèf sou lènmi m’ lan. Moun ki la pou pran defans li, se li ki pou kanpe akize li.
Lè yo jije l’, se pou yo jwenn li koupab. Menm lapriyè l’ap fè yo, se pou yo pase pou peche.
Se pou l’ pa gen anpil jou pou l’ viv ankò. Se pou yon lòt moun pran plas li nan travay li.
Se pou pitit li yo rete san papa. Se pou madanm li vin vèv.
10 Se pou pitit li yo tounen vakabon k’ap mande. Se pou yo mete yo deyò nan vye kay kraze kote yo rete a.
11 Se pou moun ki te prete l’ lajan mete men sou tou sa ki pou li. Se pou etranje piye rekòt jaden li.
12 Se pou pesonn pa zanmi l’ ankò. Se pou pesonn pa gen pitye pou pitit li kite.
13 Se pou tout pitit pitit li yo mouri. Se pou timoun k’ap vini yo bliye non li.
14 Se pou Seyè a toujou chonje tou sa zansèt li yo te fè ki mal, pou l’ pa janm padonnen peche manman l’ yo.
15 Se pou Seyè a pa janm bliye peche yo te fè. Se pou li fè moun bliye yo nèt sou latè,
16 paske li pa janm chonje gen pitye pou pesonn. Li pèsekite malere yo, endijan yo, moun ki san sekou, jouk li touye yo.
17 Li renmen bay madichon. Se pou madichon tonbe sou li. Li pa renmen bay benediksyon. Se pou pesonn pa ba li benediksyon.
18 Tout kò l’ se madichon! Se pou madichon pase l’ nan san. Se pou madichon antre nan tout zo nan kò l’.
19 Se pou madichon kouvri l’ tankou dra. Se pou madichon mare nan ren l’ tankou yon sentiwon.
20 Se konsa pou Seyè a pini moun ki pa vle wè m’ yo, moun k’ap pale m’ mal yo.
21  Men, Seyè, Bondye mwen, fè kichòy pou mwen non, pou sa sèvi yon lwanj pou ou. Delivre m’ non paske ou p’ap janm sispann renmen m’.
22 Se yon pòv malere san sekou mwen ye, kè m’ ap fann.
23 Kò m’ ap tchoule tankou solèy k’ap kouche. Mwen tankou bigay van ap pote ale.
24 Jenou m’ fèb sitèlman mwen pa manje. Mwen tounen zo ak po. Mwen fèb anpil!
25 Lè moun wè m’, y’ap fè siy sou mwen, y’ap pase m’ nan rizib.
26 Ede m’ non, Seyè, Bondye mwen! Delivre m’ paske ou gen bon kè.
27 Se pou lènmi m’ yo konnen se ou menm, Seyè, k’ap delivre m’.
28 Yo mèt ban m’ madichon. Men, ou menm, w’ap ban m’ benediksyon. Se pou moun ki pa vle wè m’ yo wont. Men, mwen menm k’ap sèvi ou la, se pou m’ gen kè kontan.
29 Se pou moun ki pa vle wè m’ yo wont, se pou dezonè tonbe sou yo.
30 M’ap louvri bouch mwen tout lajè pou m’ di Seyè a mèsi. M’ap fè lwanj li lè tout pèp la reyini,
31 paske li pran defans pòv malere a, li delivre l’ anba men moun ki te kondannen l’ yo.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 109

1 Au chef des chantres. De David. Psaume. Dieu de ma louange, ne te tais point!
Car ils ouvrent contre moi une bouche méchante et trompeuse, Ils me parlent avec une langue mensongère,
Ils m’environnent de discours haineux Et ils me font la guerre sans cause.
Tandis que je les aime, ils sont mes adversaires; Mais moi je recours à la prière.
Ils me rendent le mal pour le bien, Et de la haine pour mon amour.
Place-le sous l’autorité d’un méchant, Et qu’un accusateur se tienne à sa droite!
Quand on le jugera, qu’il soit déclaré coupable, Et que sa prière passe pour un péché!
Que ses jours soient peu nombreux, Qu’un autre prenne sa charge!
Que ses enfants deviennent orphelins, Et sa femme veuve!
10 Que ses enfants soient vagabonds et qu’ils mendient, Qu’ils cherchent du pain loin de leur demeure en ruines!
11 Que le créancier s’empare de tout ce qui est à lui, Et que les étrangers pillent le fruit de son travail!
12 Que nul ne conserve pour lui de l’affection, Et que personne n’ait pitié de ses orphelins!
13 Que ses descendants soient exterminés, Et que leur nom s’éteigne dans la génération suivante!
14 Que l’iniquité de ses pères reste en souvenir devant l’Éternel, Et que le péché de sa mère ne soit point effacé!
15 Qu’ils soient toujours présents devant l’Éternel, Et qu’il retranche de la terre leur mémoire,
16 Parce qu’il ne s’est pas souvenu d’exercer la miséricorde, Parce qu’il a persécuté le malheureux et l’indigent, Jusqu’à faire mourir l’homme au coeur brisé!
17 Il aimait la malédiction: qu’elle tombe sur lui! Il ne se plaisait pas à la bénédiction: qu’elle s’éloigne de lui!
18 Qu’il revête la malédiction comme son vêtement, Qu’elle pénètre comme de l’eau dans son intérieur, Comme de l’huile dans ses os!
19 Qu’elle lui serve de vêtement pour se couvrir, De ceinture dont il soit toujours ceint!
20 Tel soit, de la part de l’Éternel, le salaire de mes ennemis, Et de ceux qui parlent méchamment de moi!
21 Et toi, Éternel, Seigneur! agis en ma faveur à cause de ton nom, Car ta bonté est grande; délivre-moi!
22 Je suis malheureux et indigent, Et mon coeur est blessé au dedans de moi.
23 Je m’en vais comme l’ombre à son déclin, Je suis chassé comme la sauterelle.
24 Mes genoux sont affaiblis par le jeûne, Et mon corps est épuisé de maigreur.
25 Je suis pour eux un objet d’opprobre; Ils me regardent, et secouent la tête.
26 Secours-moi, Éternel, mon Dieu! Sauve-moi par ta bonté!
27 Et qu’ils sachent que c’est ta main, Que c’est toi, Éternel, qui l’as fait!
28 S’ils maudissent, toi tu béniras; S’ils se lèvent, ils seront confus, Et ton serviteur se réjouira.
29 Que mes adversaires revêtent l’ignominie, Qu’ils se couvrent de leur honte comme d’un manteau!
30 Je louerai de ma bouche hautement l’Éternel, Je le célébrerai au milieu de la multitude;
31 Car il se tient à la droite du pauvre, Pour le délivrer de ceux qui le condamnent.
Louis Segond {LSG}

Psalm 109 

1 Hold not thy peace, O God of my praise;
For the mouth of the wicked and the mouth of the deceitful are opened against me: they have spoken against me with a lying tongue.
They compassed me about also with words of hatred; and fought against me without a cause.
For my love they are my adversaries: but I give myself unto prayer.
And they have rewarded me evil for good, and hatred for my love.
Set thou a wicked man over him: and let Satan stand at his right hand.
When he shall be judged, let him be condemned: and let his prayer become sin.
Let his days be few; and let another take his office.
Let his children be fatherless, and his wife a widow.
10 Let his children be continually vagabonds, and beg: let them seek their bread also out of their desolate places.
11 Let the extortioner catch all that he hath; and let the strangers spoil his labour.
12 Let there be none to extend mercy unto him: neither let there be any to favour his fatherless children.
13 Let his posterity be cut off; and in the generation following let their name be blotted out.
14 Let the iniquity of his fathers be remembered with the Lord; and let not the sin of his mother be blotted out.
15 Let them be before the Lord continually, that he may cut off the memory of them from the earth.
16 Because that he remembered not to shew mercy, but persecuted the poor and needy man, that he might even slay the broken in heart.
17 As he loved cursing, so let it come unto him: as he delighted not in blessing, so let it be far from him.
18 As he clothed himself with cursing like as with his garment, so let it come into his bowels like water, and like oil into his bones.
19 Let it be unto him as the garment which covereth him, and for a girdle wherewith he is girded continually.
20 Let this be the reward of mine adversaries from the Lord, and of them that speak evil against my soul.
21 But do thou for me, O God the Lord, for thy name’s sake: because thy mercy is good, deliver thou me.
22 For I am poor and needy, and my heart is wounded within me.
23 I am gone like the shadow when it declineth: I am tossed up and down as the locust.
24 My knees are weak through fasting; and my flesh faileth of fatness.
25 I became also a reproach unto them: when they looked upon me they shaked their heads.
26 Help me, O Lord my God: O save me according to thy mercy:
27 That they may know that this is thy hand; that thou, Lord, hast done it.
28 Let them curse, but bless thou: when they arise, let them be ashamed; but let thy servant rejoice.
29 Let mine adversaries be clothed with shame, and let them cover themselves with their own confusion, as with a mantle.
30 I will greatly praise the Lord with my mouth; yea, I will praise him among the multitude.
31 For he shall stand at the right hand of the poor, to save him from those that condemn his soul.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}