Liv Levitik / Lévitique / Leviticus

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Levitik 9

1 Sou wityèm jou a apre yo fini avèk sèvis pou mete yo apa pou Bondye a, Moyiz rele Arawon ak pitit gason l’ yo ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl la.
Epi li di Arawon konsa: -Pran yon jenn ti towo san ankenn enfimite ki pou sèvi ofrann pou peye pou sa nou fè ki mal, ak yon belye mouton san ankenn enfimite ki pou sèvi ofrann pou nou boule nèt pou Seyè a. Ofri yo bay Seyè a.
Apre sa, w’a mande moun pèp Izrayèl yo pou yo pran yon bouk san ankenn enfimite ki pou sèvi ofrann pou yo boule nèt pou Seyè a, yon ti towo san ankenn enfimite ki gen ennan ak yon ti mouton san ankenn enfimite ki gen ennan ki pou sèvi ofrann pou peye pou sa pèp la fè ki mal.
Lèfini, y’a pran yon towo ak yon belye pou sèvi ofrann pou di Bondye mèsi. Y’a ofri yo tout bay Seyè a ansanm ak ofrann grenn ki sot nan jaden yo melanje ak lwil. Y’a fè sa paske Seyè a pral parèt devan yo jòdi a.
Se konsa yo pran tou sa Moyiz te ba yo lòd pran an. Yo mennen yo devan pòt Tant Randevou a. Apre sa, tout pèp la nèt sanble menm kote a, yo rete kanpe devan Seyè a.
Lè sa a Moyiz di yo: -Seyè a te bay lòd pou nou te fè tou sa pou li ka fè nou wè pouvwa li.
Apre sa, Moyiz di Arawon konsa: -Pwoche bò lotèl la, fè yon ofrann pou peye pou tou sa ou fè ki mal, ak yon ofrann pou ou boule nèt pou Seyè a. Apre sa w’a fè menm bagay pou pèp la. Wi, mete ofrann pèp la devan Bondye, mande Bondye pou l’ fè yo gras, jan Seyè a te bay lòd la.
 Se konsa Arawon pwoche bò lotèl la, li touye ti towo bèf li te bay pou ofrann pou peye pou sa li te fè ki mal.
Pitit li yo pote san an ba li, li tranpe dwèt li nan san an, epi li mete ti gout san sou kat kòn lotèl la. Apre sa, li vide rès la nan pye lotèl la.
10 Lè l’ fini, li pran grès la, wonyon yo, mas grès ki te sou fwa a, li mete yo boule sou lotèl la jan Seyè a te bay Moyiz lòd la.
11 Pou vyann lan ak po a, li boule yo nan dife andeyò lòt bò limit kote yo rete a.
12 Apre sa, Arawon touye bèt li te ofri pou boule nèt pou Seyè a. Pitit li yo pote san an ba li, li vide l’ sou lotèl la ak tout arebò lotèl la.
13 Yo pote ba li tou tèt la ansanm ak rès vyann lan dekoupe, epi li mete yo boule sou lotèl la.
14 Li lave tripay yo ansanm ak pye yo. Lèfini li mete yo boule sou lotèl la anwo vyann yo t’ap boule pou Seyè a.
15 Apre sa, Arawon mete ofrann pèp la devan Seyè a: li pran bouk pèp la te ofri pou peye pou sa yo fè ki mal la, li touye l’ epi li ofri l’ bay Seyè a pou peche pèp la, jan l’ te fè l’ pou pa l’ la.
16 Apre sa, li fè ofrann pou yo boule nèt pou Seyè a, dapre regleman yo.
17 Li mete ofrann grenn jaden yo devan Seyè a. Li pran yon ponyen farin, li boule l’ sou lotèl la, anplis ofrann ki t’ap boule depi maten an.
18 Li touye towo a ak belye a, li ofri yo tankou ofrann pèp la fè pou di Bondye mèsi. Pitit li yo pote san an ba li, li vide san an sou lotèl la ak tout arebò lotèl la.
19 Apre sa, Arawon pran tout moso grès towo a ak moso grès belye a, ke yo, grès ki vlope zantray yo, mas fwa yo, grès ki kouvri wonyon yo.
20 Li mete yo yonn sou lòt sou de moso pwatrin yo, epi li pote tout grès yo, li mete yo boule nèt sou lotèl la.
21 Men, li pran moso pwatrin yo ak jigo dwat yo, li balanse yo devan Seyè a tankou yon ofrann, jan Moyiz te ba li lòd fè a.
22 Lè Arawon fin fè tout ofrann pou peye pou sa yo te fè ki mal, ofrann pou yo boule nèt pou Bondye ak ofrann pou di Bondye mèsi, li leve men l’ anwo pèp la, li beni yo epi li desann.
23  Moyiz ak Arawon antre anndan Tant Randevou a. Lè yo soti, yo beni pèp la ankò. Se lè sa a pouvwa Seyè a parèt devan je pèp la.
24 Yon dife rete konsa, li soti nan syèl la, li boule tout vyann ak tout grès ki te sou lotèl la. Lè pèp la wè sa, yo tout pran rele sitèlman yo te kontan epi yo tonbe fas atè devan Bondye.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Lévitique 9

1 Le huitième jour, Moïse appela Aaron et ses fils, et les anciens d’Israël.
Il dit à Aaron: Prends un jeune veau pour le sacrifice d’expiation, et un bélier pour l’holocauste, l’un et l’autre sans défaut, et sacrifie-les devant l’Éternel.
Tu parleras aux enfants d’Israël, et tu diras: Prenez un bouc, pour le sacrifice d’expiation, un veau et un agneau, âgés d’un an et sans défaut, pour l’holocauste;
un boeuf et un bélier, pour le sacrifice d’actions de grâces, afin de les sacrifier devant l’Éternel; et une offrande pétrie à l’huile. Car aujourd’hui l’Éternel vous apparaîtra.
Ils amenèrent devant la tente d’assignation ce que Moïse avait ordonné; et toute l’assemblée s’approcha, et se tint devant l’Éternel.
Moïse dit: Vous ferez ce que l’Éternel a ordonné; et la gloire de l’Éternel vous apparaîtra.
Moïse dit à Aaron: Approche-toi de l’autel; offre ton sacrifice d’expiation et ton holocauste, et fais l’expiation pour toi et pour le peuple; offre aussi le sacrifice du peuple, et fais l’expiation pour lui, comme l’Éternel l’a ordonné.
Aaron s’approcha de l’autel, et il égorgea le veau pour son sacrifice d’expiation.
Les fils d’Aaron lui présentèrent le sang; il trempa son doigt dans le sang, en mit sur les cornes de l’autel, et répandit le sang au pied de l’autel.
10 Il brûla sur l’autel la graisse, les rognons, et le grand lobe du foie de la victime expiatoire, comme l’Éternel l’avait ordonné à Moïse.
11 Mais il brûla au feu hors du camp la chair et la peau.
12 Il égorgea l’holocauste. Les fils d’Aaron lui présentèrent le sang, et il le répandit sur l’autel tout autour.
13 Ils lui présentèrent l’holocauste coupé par morceaux, avec la tête, et il les brûla sur l’autel.
14 Il lava les entrailles et les jambes, et il les brûla sur l’autel, par dessus l’holocauste.
15 Ensuite, il offrit le sacrifice du peuple. Il prit le bouc pour le sacrifice expiatoire du peuple, il l’égorgea, et l’offrit en expiation, comme la première victime.
16 Il offrit l’holocauste, et le sacrifia, d’après les règles établies.
17 Il présenta l’offrande, en prit une poignée, et la brûla sur l’autel, outre l’holocauste du matin.
18 Il égorgea le boeuf et le bélier, en sacrifice d’actions de grâces pour le peuple. Les fils d’Aaron lui présentèrent le sang, et il le répandit sur l’autel tout autour.
19 Ils lui présentèrent la graisse du boeuf et du bélier, la queue, la graisse qui couvre les entrailles, les rognons, et le grand lobe du foie;
20 ils mirent les graisses sur les poitrines, et il brûla les graisses sur l’autel.
21 Aaron agita de côté et d’autre devant l’Éternel les poitrines et l’épaule droite, comme Moïse l’avait ordonné.
22 Aaron leva ses mains vers le peuple, et il le bénit. Puis il descendit, après avoir offert le sacrifice d’expiation, l’holocauste et le sacrifice d’actions de grâces.
23 Moïse et Aaron entrèrent dans la tente d’assignation. Lorsqu’ils en sortirent, ils bénirent le peuple. Et la gloire de l’Éternel apparut à tout le peuple.
24 Le feu sortit de devant l’Éternel, et consuma sur l’autel l’holocauste et les graisses. Tout le peuple le vit; et ils poussèrent des cris de joie, et se jetèrent sur leur face.

Louis Segond {LSG}

 

Leviticus 9

1 And it came to pass on the eighth day, that Moses called Aaron and his sons, and the elders of Israel;
And he said unto Aaron, Take thee a young calf for a sin offering, and a ram for a burnt offering, without blemish, and offer them before the Lord.
And unto the children of Israel thou shalt speak, saying, Take ye a kid of the goats for a sin offering; and a calf and a lamb, both of the first year, without blemish, for a burnt offering;
Also a bullock and a ram for peace offerings, to sacrifice before the Lord; and a meat offering mingled with oil: for to day the Lord will appear unto you.
And they brought that which Moses commanded before the tabernacle of the congregation: and all the congregation drew near and stood before the Lord.
And Moses said, This is the thing which the Lord commanded that ye should do: and the glory of the Lord shall appear unto you.
And Moses said unto Aaron, Go unto the altar, and offer thy sin offering, and thy burnt offering, and make an atonement for thyself, and for the people: and offer the offering of the people, and make an atonement for them; as the Lord commanded.
Aaron therefore went unto the altar, and slew the calf of the sin offering, which was for himself.
And the sons of Aaron brought the blood unto him: and he dipped his finger in the blood, and put it upon the horns of the altar, and poured out the blood at the bottom of the altar:
10 But the fat, and the kidneys, and the caul above the liver of the sin offering, he burnt upon the altar; as the Lord commanded Moses.
11 And the flesh and the hide he burnt with fire without the camp.
12 And he slew the burnt offering; and Aaron’s sons presented unto him the blood, which he sprinkled round about upon the altar.
13 And they presented the burnt offering unto him, with the pieces thereof, and the head: and he burnt them upon the altar.
14 And he did wash the inwards and the legs, and burnt them upon the burnt offering on the altar.
15 And he brought the people’s offering, and took the goat, which was the sin offering for the people, and slew it, and offered it for sin, as the first.
16 And he brought the burnt offering, and offered it according to the manner.
17 And he brought the meat offering, and took an handful thereof, and burnt it upon the altar, beside the burnt sacrifice of the morning.
18 He slew also the bullock and the ram for a sacrifice of peace offerings, which was for the people: and Aaron’s sons presented unto him the blood, which he sprinkled upon the altar round about,
19 And the fat of the bullock and of the ram, the rump, and that which covereth the inwards, and the kidneys, and the caul above the liver:
20 And they put the fat upon the breasts, and he burnt the fat upon the altar:
21 And the breasts and the right shoulder Aaron waved for a wave offering before the Lord; as Moses commanded.
22 And Aaron lifted up his hand toward the people, and blessed them, and came down from offering of the sin offering, and the burnt offering, and peace offerings.
23 And Moses and Aaron went into the tabernacle of the congregation, and came out, and blessed the people: and the glory of the Lord appeared unto all the people.
24 And there came a fire out from before the Lord, and consumed upon the altar the burnt offering and the fat: which when all the people saw, they shouted, and fell on their faces.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}