Liv Matye / Mathieu / Matthew

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Matye 1            

Men non zansèt Jezikri ki te pitit pitit David, pitit pitit Abraram.
Abraram te papa Izarak; Izarak te papa Jakòb; Jakòb te papa Jida ak lòt frè l’ yo.
Jida menm te papa Perèz ak Zara. Se Tama ki te manman yo. Perèz te papa Eswòm; Eswòm te papa Aram.
Aram te papa Amenadab; Amenadab te papa Naason; Naason te papa Salmon.
Salmon te papa Boaz. Se Raab ki te manman Boaz. Boaz te papa Obèd. Se Rit ki te manman Obèd.
Obèd te papa Izayi, Izayi te papa wa David. David te papa Salomon. Se Madan Ouri ki te manman Salomon.
Salomon te papa Woboram; Woboram te papa Abya; Abya te papa Asa.
Asa te papa Jozafa; Jozafa te papa Joram; Joram te papa Ozyas;
Ozyas te papa Joatam; Joatam te papa Akaz; Akaz te papa Ezekyas;
10 Ezekyas te papa Manase; Manase te papa Amon; Amon te papa Jozyas;
11 Jozyas te papa Jekonyas ak lòt frè l’ yo. Se lè sa a yo te depòte moun pèp Izrayèl yo, yo mennen yo ale lavil Babilòn.
12 Apre yo te fin mennen yo ale lavil Babilòn, Jekonyas te fè Salatyèl. Salatyèl te papa Zowobabèl;
13 Zowobabèl te papa Abiyoud; Abiyoud te papa Elyakim; Elyakim te papa Azò;
14 Azò te papa Sadòk; Sadòk te papa Akim; Akim te papa Eliyoud;
15 Eliyoud te papa Eleaza; Eleaza te papa Matan; Matan te papa Jakòb;
16 Jakòb te papa Jozèf. Se Jozèf sa a ki te marye ak Mari, manman Jezi yo rele Kris la.
17 Konsa, pran depi Abraram jouk nou rive sou David, te gen antou katòz jenerasyon papa ak pitit. Pran depi David jouk nou rive lè yo te depòte pèp Izrayèl la ale lavil Babilòn, te gen antou katòz jenerasyon papa ak pitit. Pran depi lè yo te depòte pèp la jouk nou rive sou Kris la, te gen katòz jenerasyon papa ak pitit tou.
18  Men ki jan Jezikri te fèt. Mari, manman Jezi, te fiyanse avèk Jozèf. Anvan menm yo te antre nan kay ansanm, Mari vin twouve l’ ansent pa pouvwa Sentespri.
19 Jozèf, fiyanse l’ la, te yon nonm debyen. Li pa t’ vle fè eskandal ak sa. Li te vle kase fiyansaj la san bri san kont.
20 Li t’ap kalkile sou jan li tapral fè sa lè li wè yon zanj Bondye parèt devan li nan dòmi. Zanj lan di li: Jozèf, pitit pitit David, ou pa bezwen pè pran Mari pou madanm ou. Paske, pitit l’ap pote a se travay Sentespri.
21 Li pral fè yon pitit gason. Wa rele l’ Jezi. Se li menm ki pral delivre pèp li a anba peche l’ yo.
22 Tou sa pase konsa pou pawòl Bondye te mete nan bouch pwofèt la te ka rive vre. Men sa l’ te di:
23 Men li, jenn fi a pral ansent, li pral fè yon pitit gason. y’a rele l’ Emannwèl. (Non sa a vle di: Bondye avèk nou.)
24 Lè Jozèf leve nan dòmi an, li fè tou sa zanj Bondye a te di l’ fè: li pran madanm li lakay li.
25 Men, Jozèf pa t’ kouche ak Mari, jouk lè li te fin akouche yon ti gason. Jozèf te rele pitit la Jezi.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Mathieu 1          

1 Généalogie de Jésus Christ, fils de David, fils d’Abraham.
Abraham engendra Isaac; Isaac engendra Jacob; Jacob engendra Juda et ses frères;
Juda engendra de Thamar Pharès et Zara; Pharès engendra Esrom; Esrom engendra Aram;
Aram engendra Aminadab; Aminadab engendra Naasson; Naasson engendra Salmon;
Salmon engendra Boaz de Rahab; Boaz engendra Obed de Ruth;
Obed engendra Isaï; Isaï engendra David. Le roi David engendra Salomon de la femme d’Urie;
Salomon engendra Roboam; Roboam engendra Abia; Abia engendra Asa;
Asa engendra Josaphat; Josaphat engendra Joram; Joram engendra Ozias;
Ozias engendra Joatham; Joatham engendra Achaz; Achaz engendra Ézéchias;
10 Ézéchias engendra Manassé; Manassé engendra Amon; Amon engendra Josias;
11 Josias engendra Jéchonias et ses frères, au temps de la déportation à Babylone.
12 Après la déportation à Babylone, Jéchonias engendra Salathiel; Salathiel engendra Zorobabel;
13 Zorobabel engendra Abiud; Abiud engendra Éliakim; Éliakim engendra Azor;
14 Azor engendra Sadok; Sadok engendra Achim; Achim engendra Éliud;
15 Éliud engendra Éléazar; Éléazar engendra Matthan; Matthan engendra Jacob;
16 Jacob engendra Joseph, l’époux de Marie, de laquelle est né Jésus, qui est appelé Christ.
17 Il y a donc en tout quatorze générations depuis Abraham jusqu’à David, quatorze générations depuis David jusqu’à la déportation à Babylone, et quatorze générations depuis la déportation à Babylone jusqu’au Christ.
18 Voici de quelle manière arriva la naissance de Jésus Christ. Marie, sa mère, ayant été fiancée à Joseph, se trouva enceinte, par la vertu du Saint Esprit, avant qu’ils eussent habité ensemble.
19 Joseph, son époux, qui était un homme de bien et qui ne voulait pas la diffamer, se proposa de rompre secrètement avec elle.
20 Comme il y pensait, voici, un ange du Seigneur lui apparut en songe, et dit: Joseph, fils de David, ne crains pas de prendre avec toi Marie, ta femme, car l’enfant qu’elle a conçu vient du Saint Esprit;
21 elle enfantera un fils, et tu lui donneras le nom de Jésus; c’est lui qui sauvera son peuple de ses péchés.
22 Tout cela arriva afin que s’accomplît ce que le Seigneur avait annoncé par le prophète:
23 Voici, la vierge sera enceinte, elle enfantera un fils, et on lui donnera le nom d’Emmanuel, ce qui signifie Dieu avec nous.
24 Joseph s’étant réveillé fit ce que l’ange du Seigneur lui avait ordonné, et il prit sa femme avec lui.
25 Mais il ne la connut point jusqu’à ce qu’elle eût enfanté un fils, auquel il donna le nom de Jésus.

Louis Segond {LSG}

Matthew 1   

1 The book of the generation of Jesus Christ, the son of David, the son of Abraham.
Abraham begat Isaac; and Isaac begat Jacob; and Jacob begat Judas and his brethren;
And Judas begat Phares and Zara of Thamar; and Phares begat Esrom; and Esrom begat Aram;
And Aram begat Aminadab; and Aminadab begat Naasson; and Naasson begat Salmon;
And Salmon begat Booz of Rachab; and Booz begat Obed of Ruth; and Obed begat Jesse;
And Jesse begat David the king; and David the king begat Solomon of her that had been the wife of Urias;
And Solomon begat Roboam; and Roboam begat Abia; and Abia begat Asa;
And Asa begat Josaphat; and Josaphat begat Joram; and Joram begat Ozias;
And Ozias begat Joatham; and Joatham begat Achaz; and Achaz begat Ezekias;
10 And Ezekias begat Manasses; and Manasses begat Amon; and Amon begat Josias;
11 And Josias begat Jechonias and his brethren, about the time they were carried away to Babylon:
12 And after they were brought to Babylon, Jechonias begat Salathiel; and Salathiel begat Zorobabel;
13 And Zorobabel begat Abiud; and Abiud begat Eliakim; and Eliakim begat Azor;
14 And Azor begat Sadoc; and Sadoc begat Achim; and Achim begat Eliud;
15 And Eliud begat Eleazar; and Eleazar begat Matthan; and Matthan begat Jacob;
16 And Jacob begat Joseph the husband of Mary, of whom was born Jesus, who is called Christ.
17 So all the generations from Abraham to David are fourteen generations; and from David until the carrying away into Babylon are fourteen generations; and from the carrying away into Babylon unto Christ are fourteen generations.
18 Now the birth of Jesus Christ was on this wise: When as his mother Mary was espoused to Joseph, before they came together, she was found with child of the Holy Ghost.
19 Then Joseph her husband, being a just man, and not willing to make her a public example, was minded to put her away privily.
20 But while he thought on these things, behold, the angel of the Lord appeared unto him in a dream, saying, Joseph, thou son of David, fear not to take unto thee Mary thy wife: for that which is conceived in her is of the Holy Ghost.
21 And she shall bring forth a son, and thou shalt call his name Jesus: for he shall save his people from their sins.
22 Now all this was done, that it might be fulfilled which was spoken of the Lord by the prophet, saying,
23 Behold, a virgin shall be with child, and shall bring forth a son, and they shall call his name Emmanuel, which being interpreted is, God with us.
24 Then Joseph being raised from sleep did as the angel of the Lord had bidden him, and took unto him his wife:
25 And knew her not till she had brought forth her firstborn son: and he called his name Jesus.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}