Liv Amòs / Amos  / Amos

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Amòs 3   

1 Nou menm pèp Izrayèl, tande mesaj Seyè a te bay sou nou, sou nasyon li te fè soti kite peyi Lejip la.
Nan tout pèp ki sou latè, se nou menm sèl mwen te chwazi, se nou menm ase mwen te okipe. Se poutèt sa, m’ap pini nou pou tout peche nou fè yo.
Ou janm wè de moun pati ansanm al nan vwayaj san yo pa t’ antann yo anvan?
Ou janm tande yon lyon gwonde nan rakbwa san li pa gen tan jwenn sa pou l’ manje a anvan? Ou janm tande yon jenn ti lyon ap gwonde nan twou li san li pa gen anyen nan bouch li?
Ou janm wè yon zwezo desann atè vin pran nan pèlen si yo pa mete manje nan pèlen an anvan? Ou janm wè yon pèlen pati si pa gen bèt ki pran ladan l’?
Ou janm wè yo kònen klewon pou fè konnen lagè pral konmanse pou kè moun pa kase? Eske malè ka tonbe sou yon lavil si se pa Seyè a ki lakòz?
Konsa tou, ou mèt sèten, Seyè a p’ap janm fè anyen san li pa fè pwofèt yo, moun k’ap sèvi l’ yo, konnen.
Lè lyon gwonde, ki moun ki p’ap gen kè kase? Lè Seyè a pale, ki moun ki ka enpoze pwofèt yo bay mesaj la?
 Men sa pou ou fè moun ki rete nan gwo kay peyi Lejip ak nan peyi Asdòd yo konnen: Nou tout, sanble sou mòn Samari yo. Vin wè ki kalite dezòd ki gen la, ki kantite krim k’ap fèt la.
10 Yo pa konn jan pou yo fè sa ki dwat devan Bondye. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa. Yo plen kay yo ak bagay yo pran nan vòlò ak nan sasinen moun.
11 Se sa ki fè, men sa Seyè a, Bondye a, di: Yon lènmi gen pou vin sènen peyi a, l’a kraze tout fò k’ap pwoteje ou yo, l’ap piye tout gwo kay ou yo.
12 Seyè a di konsa: Lè yon lyon fin devore yon ti mouton, tou sa gadò a resi sove se renk de pye ak yon ti moso zòrèy. Konsa tou, se de twa nan moun pèp Izrayèl ki rete lavil Samari yo k’ap sove, yo menm ki rete nan yon ti kwen kay, sou yon moso kabann.
13 Koute byen. Avèti pitit pitit Jakòb yo. Men sa Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, di:
14 Lè jou a rive pou m’ pini pèp Izrayèl la pou peche l’ yo, m’a detwi tout lotèl ki nan lavil Betèl la. Kòn lotèl yo ap kase, y’ap tonbe atè.
15 M’ap detwi kay yo fè pou sezon fredi ak kay yo fè pou sezon chalè. M’ap demoli kay yo fè ak ivwa yo ra tè. Tout gwo kay yo pral disparèt. Se Seyè a menm ki di sa.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Amos 3  

1 Écoutez cette parole que l’Éternel prononce contre vous, enfants d’Israël, Contre toute la famille que j’ai fait monter du pays d’Égypte!
Je vous ai choisis, vous seuls parmi toutes les familles de la terre; C’est pourquoi je vous châtierai pour toutes vos iniquités.
Deux hommes marchent-ils ensemble, Sans en être convenus?
Le lion rugit-il dans la forêt, Sans avoir une proie? Le lionceau pousse-t-il des cris du fond de sa tanière, Sans avoir fait une capture?
L’oiseau tombe-t-il dans le filet qui est à terre, Sans qu’il y ait un piège? Le filet s’élève-t-il de terre, Sans qu’il y ait rien de pris?
Sonne-t-on de la trompette dans une ville, Sans que le peuple soit dans l’épouvante? Arrive-t-il un malheur dans une ville, Sans que l’Éternel en soit l’auteur?
Car le Seigneur, l’Éternel, ne fait rien Sans avoir révélé son secret à ses serviteurs les prophètes.
Le lion rugit: qui ne serait effrayé? Le Seigneur, l’Éternel, parle: qui ne prophétiserait?
Faites retentir votre voix dans les palais d’Asdod Et dans les palais du pays d’Égypte, Et dites: Rassemblez-vous sur les montagnes de Samarie, Et voyez quelle immense confusion au milieu d’elle, Quelles violences dans son sein!
10 Ils ne savent pas agir avec droiture, dit l’Éternel, Ils entassent dans leurs palais les produits de la violence et de la rapine.
11 C’est pourquoi ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: L’ennemi investira le pays, Il détruira ta force, Et tes palais seront pillés.
12 Ainsi parle l’Éternel: Comme le berger arrache de la gueule du lion Deux jambes ou un bout d’oreille, Ainsi se sauveront les enfants d’Israël qui sont assis dans Samarie A l’angle d’un lit et sur des tapis de damas.
13 Écoutez, et déclarez ceci à la maison de Jacob! Dit le Seigneur, l’Éternel, le Dieu des armées.
14 Le jour où je punirai Israël pour ses transgressions, Je frapperai sur les autels de Béthel; Les cornes de l’autel seront brisées, Et tomberont à terre.
15 Je renverserai les maisons d’hiver et les maisons d’été; Les palais d’ivoire périront, Les maisons des grands disparaîtront, dit l’Éternel.

Louis Segond {LSG}

Amos 3 

1 Hear this word that the Lord hath spoken against you, O children of Israel, against the whole family which I brought up from the land of Egypt, saying,
You only have I known of all the families of the earth: therefore I will punish you for all your iniquities.
Can two walk together, except they be agreed?
Will a lion roar in the forest, when he hath no prey? will a young lion cry out of his den, if he have taken nothing?
Can a bird fall in a snare upon the earth, where no gin is for him? shall one take up a snare from the earth, and have taken nothing at all?
Shall a trumpet be blown in the city, and the people not be afraid? shall there be evil in a city, and the Lord hath not done it?
Surely the Lord God will do nothing, but he revealeth his secret unto his servants the prophets.
The lion hath roared, who will not fear? the Lord God hath spoken, who can but prophesy?
Publish in the palaces at Ashdod, and in the palaces in the land of Egypt, and say, Assemble yourselves upon the mountains of Samaria, and behold the great tumults in the midst thereof, and the oppressed in the midst thereof.
10 For they know not to do right, saith the Lord, who store up violence and robbery in their palaces.
11 Therefore thus saith the Lord God; An adversary there shall be even round about the land; and he shall bring down thy strength from thee, and thy palaces shall be spoiled.
12 Thus saith the Lord; As the shepherd taketh out of the mouth of the lion two legs, or a piece of an ear; so shall the children of Israel be taken out that dwell in Samaria in the corner of a bed, and in Damascus in a couch.
13 Hear ye, and testify in the house of Jacob, saith the Lord God, the God of hosts,
14 That in the day that I shall visit the transgressions of Israel upon him I will also visit the altars of Bethel: and the horns of the altar shall be cut off, and fall to the ground.
15 And I will smite the winter house with the summer house; and the houses of ivory shall perish, and the great houses shall have an end, saith the Lord.     
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}