SÒM

SÒM  1  |  3  10  11  12  13  14  15  16  17  18  19  20  21  22  23  24 25  26  27  28  |   29  |  30   |  31  32  33 34  35  36  37  38  39  |  40  41  42  43  44  45 46  47  48  |  49  50  |  51 52  53  54  55  56  57  58  |  59 60  61  62  63  64 65  66  |  67  68  69  70 71  72  73  74  75  76  77  78  79  80  81  82  83 84  85  86  |  87  88  89 90  91  |  92  93  94  95 96  97  98  99   |  100  101 102  |  103  |  104  |  105  |  106  |  107  |  108  |  109  |  110  |  111  |  112 113 114  |  115  |  116 117  118  |  119  |  120  |  121  |  122 123  |  124  |  125  |  126  |  127  |  128 129  |  130  |  131  |  132  |  133  |  134  |  135  |  136  |  137  |  138  |  139  |  140  |  141  |  142  |  143  |  144  |  145  |  146  |  147  |  148 149  |  150  |   

Sòm 52          Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}  

© 2020 Audio Track Brother Willy.                          

Pou chèf sanba yo. Se yon chante David te ekri  lè Doèg, moun peyi Edon, te al pote rapò bay Sayil pou fè l’ konnen David te al kache lakay Akimelèk. 
1 Poukisa, ou menm gwo chèf, w’ap vante tèt ou konsa lè ou fè sa ki mal! renmen Bondye a pa janm chanje.
 W’ap kalkile ki jan pou fè moun mal. Lang ou tankou yon razwa byen file, ou toujou ap fè manti sou moun.
 Ou pito fè mal pase pou ou fè byen. Ou pito bay manti pase ou di verite.
 Ou renmen di pawòl ki pou fè moun mal, lang vipè!
 Se poutèt sa, Bondye gen pou fini nèt avè ou, l’ap mete men sou ou, l’ap rale ou soti anndan kay ou. L’ap wete ou nan mitan moun ki vivan yo.
 Moun k’ap mache dwat yo va wè sa, y’a gen krentif pou Bondye. Men y’a pase ou nan betiz, y’a di:
 Men moun ki te derefize chache pwoteksyon bò kot Bondye a. Li te pito mete tout konfyans li nan gwo richès li yo. Li te pito ap fè grandizè pou sa li fè ki mal.
 Men, mwen tankou yon bèl pye oliv tou vèt nan kay Bondye a. M’ap toujou mete tout konfyans mwen nan li, paske li p’ap janm sispann renmen mwen.
 M’ap toujou di ou mèsi pou sa ou fè, Bondye. Tout espwa mwen se nan ou li ye. M’ap kanpe nan mitan moun k’ap sevi ou yo pou m’ fè konnen jan ou bon.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}