Liv Egzòd / Exode / Exodus

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Egzòd 33

1 Seyè a di Moyiz: -Leve non, ou menm ak tout pèp ou te fè soti kite Lejip la. Kite kote nou ye a. Pran chemen pou n’ ale nan peyi mwen te sèmante bay Abraram, Izarak ak Jakòb la, lè m’ te di yo m’ap ba yo tè sa a pou pitit pitit yo.
M’ap voye yonn nan zanj mwen yo devan nou. M’ap mete moun Kanaran yo, moun Amori yo, moun Et yo, moun Ferezi yo, ak moun Jebis yo deyò sou tè yo a.
Ale. W’ap rive nan yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Men, se pa mwen menm menm ki prale ansanm ak nou, paske nou se yon bann moun ki gen tèt di, mwen ta ka touye nou sou wout la.
Lè pèp la tande move nouvèl sa a, yon sèl lapenn pran yo. Tout moun refize pote bijou sou yo.
Seyè a di Moyiz konsa: -Di pitit Izrayèl yo se yon bann moun ki gen tèt di yo ye. Si se pou m’ ta ale ak yo, menm yon sèl ti kadè, mwen ta fin estèminen yo nèt. Koulye a, se pou yo wete tout bijou yo gen sou yo. Lè sa a m’a wè, sa m’ ka fè pou yo.
Se konsa, depi sou mòn Orèb, moun Izrayèl yo pa janm pote bijou ankò sou yo.
 Moyiz pran tant lan, li mete l’ yon ti distans an deyò limit kan kote yo te enstale a. Li rele l’ Tant Randevou a. Tout moun ki te bezwen pale ak Seyè a te blije soti nan kan an pou ale nan Tant Randevou a.
Chak fwa Moyiz te soti pou l al nan tant lan, tout pèp la te fèt pou kanpe, chak moun devan papòt kay yo, ap gade Moyiz jouk li antre nan tant lan.
Depi Moyiz antre nan tant lan, poto nwaj la desann, li kanpe sou papòt tant lan. Epi Seyè a pran pale ak Moyiz.
10 Lè tout moun wè poto nwaj la kanpe nan papòt tant lan, yo leve, yo bese tèt yo jouk atè devan papòt kay pa yo.
11 Seyè a te konn pale fasafas ak Moyiz tankou yon moun k’ap pale ak zanmi l’. Apre sa, Moyiz te tounen nan kan kote pèp la te enstale a. Men, te gen yon jenn gason yo te rele Jozye, pitit gason Noum lan, ki t’ap sèvi ak Moyiz. Li menm, li pa t’ janm kite tant lan.
12  Moyiz di Seyè a: -Ala ou di m’ fè pèp la moute ale nan peyi a, men ou pa di m’ kilès w’ap voye avè m’ pou ede m’. Men, koulye a ou di m’ ou konnen m’ byen, ou konnen ki moun mwen ye. Ou kontan mwen anpil.
13 Bon, si ou kontan m’ vre, tanpri, fè m’ konnen lide ou gen nan tèt ou pou m’ ka konnen ki moun ou ye, pou m’ ka toujou fè ou plezi. Chonje tou, pèp sa a se pa ou li ye wi!
14 Seyè a reponn: -Se mwen menm k’ap mache avè ou. M’ap fè ou jwenn repo.
15 Moyiz di l’: -Si se pa ou menm menm k’ap mache avè nou, ou pa bezwen kite nou soti isit la.
16 Lè ou gade byen, ki jan pou mwen fè konnen ou konsidere m’ anpil, mwen menm ansanm ak pèp ou a? Eske se pa lè ou mache ak nou? Si ou mache ak nou, tout moun va rekonèt mwen menm ansanm ak pèp la, nou pa menm ak lòt pèp ki sou latè yo.
17 Seyè a di Moyiz: -m’a fè sa ou mande m’ lan, paske ou fè kè m’ kontan anpil. Mwen konnen ki moun ou ye.
18 Moyiz di l’: -Tanpri, fè m’ wè pouvwa ou!
19 Lè sa a Seyè a reponn li: -M’ap fè ou wè jan m’ gen bon kè, m’ap nonmen non m’ devan ou. M’ap fè moun mwen vle gras, m’ap gen pitye pou moun mwen vle gen pitye.
20 Seyè a pale ankò, li di-Ou p’ap kapab wè figi m’, paske ankenn moun sou latè pa kapab wè figi m’ pou l’ kontinye ap viv apre sa.
21 Li di ankò: -Men yon ti plas bò kote m’. W’a kanpe sou ròch sa a.
22 Lè pouvwa mwen vin ap pase, m’ap mete ou nan twou ròch la, m’a kouvri ou avèk men mwen jouk mwen fin pase.
23 Apre sa, m’a wete men m’ sou ou. Se do m’ ase w’a wè ki prale, men ou p’ap wè figi m’.
Vèsyon Orijinal Kkreyol Ayisyen {VOKA}

Exode 33

1 L’Éternel dit à Moïse: Va, pars d’ici, toi et le peuple que tu as fait sortir du pays d’Égypte; monte vers le pays que j’ai juré de donner à Abraham, à Isaac et à Jacob, en disant: Je le donnerai à ta postérité.
J’enverrai devant toi un ange, et je chasserai les Cananéens, les Amoréens, les Héthiens, les Phéréziens, les Héviens et les Jébusiens.
Monte vers ce pays où coulent le lait et le miel. Mais je ne monterai point au milieu de toi, de peur que je ne te consume en chemin, car tu es un peuple au cou roide.
Lorsque le peuple eut entendu ces sinistres paroles, il fut dans la désolation, et personne ne mit ses ornements.
Et l’Éternel dit à Moïse: Dis aux enfants d’Israël: Vous êtes un peuple au cou roide; si je montais un seul instant au milieu de toi, je te consumerais. Ote maintenant tes ornements de dessus toi, et je verrai ce que je te ferai.
Les enfants d’Israël se dépouillèrent de leurs ornements, en s’éloignant du mont Horeb.
Moïse prit la tente et la dressa hors du camp, à quelque distance; il l’appela tente d’assignation; et tous ceux qui consultaient l’Éternel allaient vers la tente d’assignation, qui était hors du camp.
Lorsque Moïse se rendait à la tente, tout le peuple se levait; chacun se tenait à l’entrée de sa tente, et suivait des yeux Moïse, jusqu’à ce qu’il fût entré dans la tente.
Et lorsque Moïse était entré dans la tente, la colonne de nuée descendait et s’arrêtait à l’entrée de la tente, et l’Éternel parlait avec Moïse.
10 Tout le peuple voyait la colonne de nuée qui s’arrêtait à l’entrée de la tente, tout le peuple se levait et se prosternait à l’entrée de sa tente.
11 L’Éternel parlait avec Moïse face à face, comme un homme parle à son ami. Puis Moïse retournait au camp; mais son jeune serviteur, Josué, fils de Nun, ne sortait pas du milieu de la tente.
12 Moïse dit à l’Éternel: Voici, tu me dis: Fais monter ce peuple! Et tu ne me fais pas connaître qui tu enverras avec moi. Cependant, tu as dit: Je te connais par ton nom, et tu as trouvé grâce à mes yeux.
13 Maintenant, si j’ai trouvé grâce à tes yeux, fais-moi connaître tes voies; alors je te connaîtrai, et je trouverai encore grâce à tes yeux. Considère que cette nation est ton peuple.
14 L’Éternel répondit: Je marcherai moi-même avec toi, et je te donnerai du repos.
15 Moïse lui dit: Si tu ne marches pas toi-même avec nous, ne nous fais point partir d’ici.
16 Comment sera-t-il donc certain que j’ai trouvé grâce à tes yeux, moi et ton peuple? Ne sera-ce pas quand tu marcheras avec nous, et quand nous serons distingués, moi et ton peuple, de tous les peuples qui sont sur la face de la terre?
17 L’Éternel dit à Moïse: Je ferai ce que tu me demandes, car tu as trouvé grâce à mes yeux, et je te connais par ton nom.
18 Moïse dit: Fais-moi voir ta gloire!
19 L’Éternel répondit: Je ferai passer devant toi toute ma bonté, et je proclamerai devant toi le nom de l’Éternel; je fais grâce à qui je fais grâce, et miséricorde à qui je fais miséricorde.
20 L’Éternel dit: Tu ne pourras pas voir ma face, car l’homme ne peut me voir et vivre.
21 L’Éternel dit: Voici un lieu près de moi; tu te tiendras sur le rocher.
22 Quand ma gloire passera, je te mettrai dans un creux du rocher, et je te couvrirai de ma main jusqu’à ce que j’aie passé.
23 Et lorsque je retournerai ma main, tu me verras par derrière, mais ma face ne pourra pas être vue.

Louis Segond {LSG}

Exodus 33

1 And the Lord said unto Moses, Depart, and go up hence, thou and the people which thou hast brought up out of the land of Egypt, unto the land which I sware unto Abraham, to Isaac, and to Jacob, saying, Unto thy seed will I give it:
And I will send an angel before thee; and I will drive out the Canaanite, the Amorite, and the Hittite, and the Perizzite, the Hivite, and the Jebusite:
Unto a land flowing with milk and honey: for I will not go up in the midst of thee; for thou art a stiffnecked people: lest I consume thee in the way.
And when the people heard these evil tidings, they mourned: and no man did put on him his ornaments.
For the Lord had said unto Moses, Say unto the children of Israel, Ye are a stiffnecked people: I will come up into the midst of thee in a moment, and consume thee: therefore now put off thy ornaments from thee, that I may know what to do unto thee.
And the children of Israel stripped themselves of their ornaments by the mount Horeb.
And Moses took the tabernacle, and pitched it without the camp, afar off from the camp, and called it the Tabernacle of the congregation. And it came to pass, that every one which sought the Lord went out unto the tabernacle of the congregation, which was without the camp.
And it came to pass, when Moses went out unto the tabernacle, that all the people rose up, and stood every man at his tent door, and looked after Moses, until he was gone into the tabernacle.
And it came to pass, as Moses entered into the tabernacle, the cloudy pillar descended, and stood at the door of the tabernacle, and the Lord talked with Moses.
10 And all the people saw the cloudy pillar stand at the tabernacle door: and all the people rose up and worshipped, every man in his tent door.
11 And the Lord spake unto Moses face to face, as a man speaketh unto his friend. And he turned again into the camp: but his servant Joshua, the son of Nun, a young man, departed not out of the tabernacle.
12 And Moses said unto the Lord, See, thou sayest unto me, Bring up this people: and thou hast not let me know whom thou wilt send with me. Yet thou hast said, I know thee by name, and thou hast also found grace in my sight.
13 Now therefore, I pray thee, if I have found grace in thy sight, shew me now thy way, that I may know thee, that I may find grace in thy sight: and consider that this nation is thy people.
14 And he said, My presence shall go with thee, and I will give thee rest.
15 And he said unto him, If thy presence go not with me, carry us not up hence.
16 For wherein shall it be known here that I and thy people have found grace in thy sight? is it not in that thou goest with us? so shall we be separated, I and thy people, from all the people that are upon the face of the earth.
17 And the Lord said unto Moses, I will do this thing also that thou hast spoken: for thou hast found grace in my sight, and I know thee by name.
18 And he said, I beseech thee, shew me thy glory.
19 And he said, I will make all my goodness pass before thee, and I will proclaim the name of the Lord before thee; and will be gracious to whom I will be gracious, and will shew mercy on whom I will shew mercy.
20 And he said, Thou canst not see my face: for there shall no man see me, and live.
21 And the Lord said, Behold, there is a place by me, and thou shalt stand upon a rock:
22 And it shall come to pass, while my glory passeth by, that I will put thee in a clift of the rock, and will cover thee with my hand while I pass by:
23 And I will take away mine hand, and thou shalt see my back parts: but my face shall not be seen.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}