Liv Matye / Mathieu / Matthew

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Matye 12           

 Kèk jou apre sa, Jezi t’ap pase nan yon jaden ble. Se te yon jou repo. Disip li yo te grangou. Se konsa yo pran keyi grap ble, yo t’ap manje grenn yo.
Lè farizyen yo wè sa, yo di l’ konsa: Gade. Disip ou yo ap fè bagay lalwa nou pa pèmèt moun fè gwo jou repo.
Jezi reponn yo: Eske nou pa li sa David te fè yon jou li te grangou, li menm ak moun pa l’ yo?
Li antre nan kay Bondye a, li pran pen yo te ofri bay Bondye a, li manje. Dapre lalwa nou an, ni li menm David ni moun ki te avè l’ yo pa t’ gen dwa manje pen sa yo. Se prèt yo sèlman ki gen dwa sa a.
Osinon, èske nou pa li sa ki ekri nan lalwa Moyiz la: Jou repo, prèt yo ki desèvis nan tanp lan pa respekte lalwa repo a, men yo pa koupab pou sa?
Enben, m’ap di nou sa: Isit la, gen yon bagay ki pi konsekan pase tanp lan.
Si nou te konnen sans pawòl sa yo ki nan Liv la: Mwen vle pou nou gen kè sansib, mwen pa bezwen ofrann bèt n’ap fè pou mwen yo, nou pa ta kondannen moun ki inonsan.
Paske, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, se mèt jou repo a mwen ye.
Jezi kite kote l’ te ye a, li antre nan yonn nan sinagòg yo.
10 Te gen yon nonm ki te gen yon men pòk nan asanble a. Moun ki te la yo t’ap chache okasyon pou yo te ka di Jezi fè bagay ki mal. Se konsa yo mande l’: Eske lalwa nou an pèmèt yo geri moun jou repo?
11 Jezi reponn yo: Si yonn nan nou gen yon sèl mouton, si mouton sa a tonbe nan yon twou byen fon yon jou repo, èske li p’ap rale l’ mete deyò?
12 Bon. Eske yon moun pa vo pi plis pase yon mouton? Konsa nou wè, lalwa nou an pèmèt nou fè byen pou yon moun jou repo.
13 Lè sa a, li di nonm lan: Lonje men ou. Nonm lan lonje men li. Latou, men an vin byen tankou lòt la.
14  Farizyen yo soti nan sinagòg la, y al mete tèt yo ansanm pou wè ki jan pou yo fè touye Jezi.
15 Men, lè Jezi vin konn sa, li kite kote l’ te ye a. Yon gwo foul moun t’ap mache deyè li. Li geri tout moun malad yo.
16 Men, li te pale sevè ak yo pou yo pa t’ di ki moun li te ye.
17 Tou sa pase konsa, pou pawòl pwofèt Ezayi te di a te ka rive vre:
18 Bondye pale, li di konsa: Men sèvitè m’ lan, se mwen menm ki chwazi li. Men moun mwen renmen anpil la. Li fè kè m’ kontan anpil. m’a mete Lespri m’ sou li, la fè tout nasyon yo konnen jijman mwen.
19 Li p’ap diskite ak pèsonn, li p’ap rele sou pèsonn. Yo p’ap janm tande l’ fè diskou nan lari.
20 Li p’ap fin kase pye wozo ki panche a. Li p’ap tenyen lanp ki prèt pou mouri a. L’ap fè sa konsa, jouk tan li va fè jistis Bondye a kanpe nèt.
21 Lè sa a, tout nasyon yo va mete espwa yo nan li.
22  Apre sa, yo mennen yon nonm bay Jezi. Nonm lan pa t’ ka wè, li pa t’ ka pale, paske li te gen yon move lespri sou li. Jezi geri nonm lan. Lamenm, nonm lan pale, li wè.
23 Foul moun yo te sezi anpil. Yo t’ap di: Nou pa kwè se pitit David la sa?
24 Lè farizyen yo tande sa, yo di: Si nou wè nonm sa a ap chase move lespri, se paske Bèlzeboul, chèf move lespri yo, ba l’ pouvwa pou sa.
25 Men, Jezi te konnen sa ki te nan tèt yo, li di yo: Yon peyi ki gen divizyon ladan l’, pou moun yo ap goumen yonn ak lòt, peyi sa a la pou l’ disparèt. Si gen divizyon nan yon lavil osinon nan yon fanmi, pou moun yo ap fè lagè yonn ak lòt, ni lavil sa a, ni fanmi sa a pa la pou lontan.
26 Si Satan ap chase moun ki pou li yo, Satan ap goumen ak pwòp tèt li. Pouvwa Satan an pa la pou lontan.
27 Si se Bèlzeboul ki ban m’ pouvwa pou chase move lespri, patizan nou yo, ak ki pouvwa yo menm yo chase move lespri? Se poutèt sa, se yo menm menm k’ap ban nou tò.
28 Men, si se avek Lespri Bondye m’ap chase move lespri yo, sa vle di pouvwa Gouvènman Bondye ki wa a gen tan rive sou nou.
29 Pesonn pa ka antre lakay yon nonm vanyan pou vòlò byen l’ yo, si li pa mare nonm vanyan an anvan. Lè li fin mare l’, se atò la kapab piye kay la.
30 Moun ki pa avèk mwen, se kont mwen yo ye. Moun ki p’ap ede m’ ranmase, se gaye y’ap gaye.
31 Se poutèt sa, m’ap di nou: Bondye va padonnen moun tout peche yo va fè, tout move pawòl ki va soti nan bouch yo. Men, kanta moun ki va pale mal sou Sentespri a, pa gen padon pou yo.
32 Moun ki pale mal sou Moun Bondye voye nan lachè a, y’a padonnen l’. Men, moun ki pale mal sou Sentespri a, li p’ap jwenn padon ni koulye a, ni nan tan k’ap vini apre sa a.
33 Si pyebwa a bon, l’ap bay bon donn. Si pyebwa a pa bon, li p’ap bay bon donn. Yo rekonèt kalite yon pyebwa sou donn li bay.
34 Bann vèmen! nou twò mechan. Bon pawòl pa ka soti nan bouch nou. Sa ki nan kè yon moun, se sa ki soti nan bouch li.
35 Yon nonm ki bon, se bon bagay ase li ka rale soti nan tou sa li genyen ki bon yo. Konsa tou, yon nonm ki mechan, se move bagay ase li ka rale soti nan tou sa li genyen ki move yo.
36 M’ap di nou sa: Jou jijman an, moun gen pou rann kont pou tout pawòl yo di yo pa t’ bezwen di.
37 Paske, se dapre pawòl ou y’a jije ou: Se pawòl ou k’ap di si ou inonsan, osinon si ou koupab.
38  Lè sa a, kèk dirèktè lalwa ansanm ak kèk farizyen pran lapawòl. Yo di Jezi: Mèt, nou ta renmen wè ou fè yon mirak pou moutre se Bondye ki ba ou pouvwa sa a.
39 Jezi reponn yo: Moun alèkile yo, atout yo mechan, atout yo vire do bay Bondye, men y’ap mande mirak! Men, yo p’ap jwenn lòt mirak pase mirak pwofèt Jonas la.
40 Menm jan Jonas te pase twa jou twa nwit nan vant gwo pwason an, konsa tou Moun Bondye voye nan lachè a gen pou pase twa jou twa nwit anba tè.
41 Jou jijman an, moun lavil Neniv yo va leve kanpe, y’a fè kondannen moun alèkile yo. Paske yo menm, yo te tounen vin jwenn Bondye lè Jonas te fè yo konnen mesaj li a. Men, isit la gen bagay ki pi konsekan pase Jonas.
42 Jou jijman an, larenn peyi ki nan sid la va leve kanpe, la fè yo kondannen moun alèkile yo. Paske, li te soti byen lwen, jouk nan dènye bout latè, pou l’ te vin tande bèl pawòl bon konprann Salomon yo. Men, isit la gen bagay ki pi konsekan pase Salomon.
43 Lè yon move lespri soti sou yon moun, li al pwonmennen toupatou nan savann yo, l’ap chache yon kote pou l’ pran repo. Men, li pa jwenn.
44 Lè sa a, li di nan kè l’: M’ap tounen lakay mwen, kote m’ soti a. Lè l’ rive, li jwenn nonm lan tankou yon kay ki vid, men byen bale, byen ranje.
45 Lè konsa, li ale, li pran sèt lòt lespri ki pi move pase l’, lespri yo vin ansanm avè l’, yo antre nan kay la, yo rete. Lè sa a, kondisyon moun lan vin pi mal pase jan l’ te ye anvan an. Enben, se sa ki pral rive move moun k’ap viv alèkile yo.
46  Jezi t’ap pale ak foul moun yo toujou lè manman l’ ak frè l’ yo vin rive. Yo rete deyò, yo t’ap chache yon jan pou yo te pale avè l’.
47 Se konsa yon moun di Jezi: Men manman ou ak frè ou yo deyò a. Yo ta renmen pale avè ou.
48 Men Jezi reponn moun ki te di l’ sa a: Kilès ki manman m’? Kilès ki frè m’?
49 Lè sa a, li lonje men l’ sou disip li yo, li di: Gade non: men manman m’ ak frè m’ yo.
50 Tout moun ki fè sa Papa m’ ki nan syèl la mande pou yo fè, se moun sa yo ki frè m’, ki sè m’, ki manman m’.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Mathieu 12          

1 En ce temps-là, Jésus traversa des champs de blé un jour de sabbat. Ses disciples, qui avaient faim, se mirent à arracher des épis et à manger.
Les pharisiens, voyant cela, lui dirent: Voici, tes disciples font ce qu’il n’est pas permis de faire pendant le sabbat.
Mais Jésus leur répondit: N’avez-vous pas lu ce que fit David, lorsqu’il eut faim, lui et ceux qui étaient avec lui;
comment il entra dans la maison de Dieu, et mangea les pains de proposition, qu’il ne lui était pas permis de manger, non plus qu’à ceux qui étaient avec lui, et qui étaient réservés aux sacrificateurs seuls?
Ou, n’avez-vous pas lu dans la loi que, les jours de sabbat, les sacrificateurs violent le sabbat dans le temple, sans se rendre coupables?
Or, je vous le dis, il y a ici quelque chose de plus grand que le temple.
Si vous saviez ce que signifie: Je prends plaisir à la miséricorde, et non aux sacrifices, vous n’auriez pas condamné des innocents.
Car le Fils de l’homme est maître du sabbat.
Étant parti de là, Jésus entra dans la synagogue.
10 Et voici, il s’y trouvait un homme qui avait la main sèche. Ils demandèrent à Jésus: Est-il permis de faire une guérison les jours de sabbat? C’était afin de pouvoir l’accuser.
11 Il leur répondit: Lequel d’entre vous, s’il n’a qu’une brebis et qu’elle tombe dans une fosse le jour du sabbat, ne la saisira pour l’en retirer?
12 Combien un homme ne vaut-il pas plus qu’une brebis! Il est donc permis de faire du bien les jours de sabbat.
13 Alors il dit à l’homme: Étends ta main. Il l’étendit, et elle devint saine comme l’autre.
14 Les pharisiens sortirent, et ils se consultèrent sur les moyens de le faire périr.
15 Mais Jésus, l’ayant su, s’éloigna de ce lieu. Une grande foule le suivit. Il guérit tous les malades,
16 et il leur recommanda sévèrement de ne pas le faire connaître,
17 afin que s’accomplît ce qui avait été annoncé par Ésaïe, le prophète:
18 Voici mon serviteur que j’ai choisi, Mon bien-aimé en qui mon âme a pris plaisir. Je mettrai mon Esprit sur lui, Et il annoncera la justice aux nations.
19 Il ne contestera point, il ne criera point, Et personne n’entendra sa voix dans les rues.
20 Il ne brisera point le roseau cassé, Et il n’éteindra point le lumignon qui fume, Jusqu’à ce qu’il ait fait triompher la justice.
21 Et les nations espéreront en son nom.
22 Alors on lui amena un démoniaque aveugle et muet, et il le guérit, de sorte que le muet parlait et voyait.
23 Toute la foule étonnée disait: N’est-ce point là le Fils de David?
24 Les pharisiens, ayant entendu cela, dirent: Cet homme ne chasse les démons que par Béelzébul, prince des démons.
25 Comme Jésus connaissait leurs pensées, il leur dit: Tout royaume divisé contre lui-même est dévasté, et toute ville ou maison divisée contre elle-même ne peut subsister.
26 Si Satan chasse Satan, il est divisé contre lui-même; comment donc son royaume subsistera-t-il?
27 Et si moi, je chasse les démons par Béelzébul, vos fils, par qui les chassent-ils? C’est pourquoi ils seront eux-mêmes vos juges.
28 Mais, si c’est par l’Esprit de Dieu que je chasse les démons, le royaume de Dieu est donc venu vers vous.
29 Ou, comment quelqu’un peut-il entrer dans la maison d’un homme fort et piller ses biens, sans avoir auparavant lié cet homme fort? Alors seulement il pillera sa maison.
30 Celui qui n’est pas avec moi est contre moi, et celui qui n’assemble pas avec moi disperse.
31 C’est pourquoi je vous dis: Tout péché et tout blasphème sera pardonné aux hommes, mais le blasphème contre l’Esprit ne sera point pardonné.
32 Quiconque parlera contre le Fils de l’homme, il lui sera pardonné; mais quiconque parlera contre le Saint Esprit, il ne lui sera pardonné ni dans ce siècle ni dans le siècle à venir.
33 Ou dites que l’arbre est bon et que son fruit est bon, ou dites que l’arbre est mauvais et que son fruit est mauvais; car on connaît l’arbre par le fruit.
34 Races de vipères, comment pourriez-vous dire de bonnes choses, méchants comme vous l’êtes? Car c’est de l’abondance du coeur que la bouche parle.
35 L’homme bon tire de bonnes choses de son bon trésor, et l’homme méchant tire de mauvaises choses de son mauvais trésor.
36 Je vous le dis: au jour du jugement, les hommes rendront compte de toute parole vaine qu’ils auront proférée.
37 Car par tes paroles tu seras justifié, et par tes paroles tu seras condamné.
38 Alors quelques-uns des scribes et des pharisiens prirent la parole, et dirent: Maître, nous voudrions te voir faire un miracle.
39 Il leur répondit: Une génération méchante et adultère demande un miracle; il ne lui sera donné d’autre miracle que celui du prophète Jonas.
40 Car, de même que Jonas fut trois jours et trois nuits dans le ventre d’un grand poisson, de même le Fils de l’homme sera trois jours et trois nuits dans le sein de la terre.
41 Les hommes de Ninive se lèveront, au jour du jugement, avec cette génération et la condamneront, parce qu’ils se repentirent à la prédication de Jonas; et voici, il y a ici plus que Jonas.
42 La reine du Midi se lèvera, au jour du jugement, avec cette génération et la condamnera, parce qu’elle vint des extrémités de la terre pour entendre la sagesse de Salomon, et voici, il y a ici plus que Salomon.
43 Lorsque l’esprit impur est sorti d’un homme, il va par des lieux arides, cherchant du repos, et il n’en trouve point.
44 Alors il dit: Je retournerai dans ma maison d’où je suis sorti; et, quand il arrive, il la trouve vide, balayée et ornée.
45 Il s’en va, et il prend avec lui sept autres esprits plus méchants que lui; ils entrent dans la maison, s’y établissent, et la dernière condition de cet homme est pire que la première. Il en sera de même pour cette génération méchante.
46 Comme Jésus s’adressait encore à la foule, voici, sa mère et ses frères, qui étaient dehors, cherchèrent à lui parler.
47 Quelqu’un lui dit: Voici, ta mère et tes frères sont dehors, et ils cherchent à te parler.
48 Mais Jésus répondit à celui qui le lui disait: Qui est ma mère, et qui sont mes frères?
49 Puis, étendant la main sur ses disciples, il dit: Voici ma mère et mes frères.
50 Car, quiconque fait la volonté de mon Père qui est dans les cieux, celui-là est mon frère, et ma soeur, et ma mère.

Louis Segond {LSG}

Matthew 12   

1 At that time Jesus went on the sabbath day through the corn; and his disciples were an hungred, and began to pluck the ears of corn and to eat.
But when the Pharisees saw it, they said unto him, Behold, thy disciples do that which is not lawful to do upon the sabbath day.
But he said unto them, Have ye not read what David did, when he was an hungred, and they that were with him;
How he entered into the house of God, and did eat the shewbread, which was not lawful for him to eat, neither for them which were with him, but only for the priests?
Or have ye not read in the law, how that on the sabbath days the priests in the temple profane the sabbath, and are blameless?
But I say unto you, That in this place is one greater than the temple.
But if ye had known what this meaneth, I will have mercy, and not sacrifice, ye would not have condemned the guiltless.
For the Son of man is Lord even of the sabbath day.
And when he was departed thence, he went into their synagogue:
10 And, behold, there was a man which had his hand withered. And they asked him, saying, Is it lawful to heal on the sabbath days? that they might accuse him.
11 And he said unto them, What man shall there be among you, that shall have one sheep, and if it fall into a pit on the sabbath day, will he not lay hold on it, and lift it out?
12 How much then is a man better than a sheep? Wherefore it is lawful to do well on the sabbath days.
13 Then saith he to the man, Stretch forth thine hand. And he stretched it forth; and it was restored whole, like as the other.
14 Then the Pharisees went out, and held a council against him, how they might destroy him.
15 But when Jesus knew it, he withdrew himself from thence: and great multitudes followed him, and he healed them all;
16 And charged them that they should not make him known:
17 That it might be fulfilled which was spoken by Esaias the prophet, saying,
18 Behold my servant, whom I have chosen; my beloved, in whom my soul is well pleased: I will put my spirit upon him, and he shall shew judgment to the Gentiles.
19 He shall not strive, nor cry; neither shall any man hear his voice in the streets.
20 A bruised reed shall he not break, and smoking flax shall he not quench, till he send forth judgment unto victory.
21 And in his name shall the Gentiles trust.
22 Then was brought unto him one possessed with a devil, blind, and dumb: and he healed him, insomuch that the blind and dumb both spake and saw.
23 And all the people were amazed, and said, Is not this the son of David?
24 But when the Pharisees heard it, they said, This fellow doth not cast out devils, but by Beelzebub the prince of the devils.
25 And Jesus knew their thoughts, and said unto them, Every kingdom divided against itself is brought to desolation; and every city or house divided against itself shall not stand:
26 And if Satan cast out Satan, he is divided against himself; how shall then his kingdom stand?
27 And if I by Beelzebub cast out devils, by whom do your children cast them out? therefore they shall be your judges.
28 But if I cast out devils by the Spirit of God, then the kingdom of God is come unto you.
29 Or else how can one enter into a strong man’s house, and spoil his goods, except he first bind the strong man? and then he will spoil his house.
30 He that is not with me is against me; and he that gathereth not with me scattereth abroad.
31 Wherefore I say unto you, All manner of sin and blasphemy shall be forgiven unto men: but the blasphemy against the Holy Ghost shall not be forgiven unto men.
32 And whosoever speaketh a word against the Son of man, it shall be forgiven him: but whosoever speaketh against the Holy Ghost, it shall not be forgiven him, neither in this world, neither in the world to come.
33 Either make the tree good, and his fruit good; or else make the tree corrupt, and his fruit corrupt: for the tree is known by his fruit.
34 O generation of vipers, how can ye, being evil, speak good things? for out of the abundance of the heart the mouth speaketh.
35 A good man out of the good treasure of the heart bringeth forth good things: and an evil man out of the evil treasure bringeth forth evil things.
36 But I say unto you, That every idle word that men shall speak, they shall give account thereof in the day of judgment.
37 For by thy words thou shalt be justified, and by thy words thou shalt be condemned.
38 Then certain of the scribes and of the Pharisees answered, saying, Master, we would see a sign from thee.
39 But he answered and said unto them, An evil and adulterous generation seeketh after a sign; and there shall no sign be given to it, but the sign of the prophet Jonas:
40 For as Jonas was three days and three nights in the whale’s belly; so shall the Son of man be three days and three nights in the heart of the earth.
41 The men of Nineveh shall rise in judgment with this generation, and shall condemn it: because they repented at the preaching of Jonas; and, behold, a greater than Jonas is here.
42 The queen of the south shall rise up in the judgment with this generation, and shall condemn it: for she came from the uttermost parts of the earth to hear the wisdom of Solomon; and, behold, a greater than Solomon is here.
43 When the unclean spirit is gone out of a man, he walketh through dry places, seeking rest, and findeth none.
44 Then he saith, I will return into my house from whence I came out; and when he is come, he findeth it empty, swept, and garnished.
45 Then goeth he, and taketh with himself seven other spirits more wicked than himself, and they enter in and dwell there: and the last state of that man is worse than the first. Even so shall it be also unto this wicked generation.
46 While he yet talked to the people, behold, his mother and his brethren stood without, desiring to speak with him.
47 Then one said unto him, Behold, thy mother and thy brethren stand without, desiring to speak with thee.
48 But he answered and said unto him that told him, Who is my mother? and who are my brethren?
49 And he stretched forth his hand toward his disciples, and said, Behold my mother and my brethren!
50 For whosoever shall do the will of my Father which is in heaven, the same is my brother, and sister, and mother.
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}