Liv 1 Korent / 1 Corinthiens / 1 Corinthians

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

1 Korent 11                 

Se pou nou swiv egzanp mwen, menm jan mwen menm mwen swiv egzanp Kris la.
Mwen fè nou konpliman pou jan nou toujou chonje m’, pou jan nou kenbe tout bagay mwen te moutre nou.
Men, mwen vle nou konprann sa byen: Kris la se chèf tout gason, gason se chèf fanm. Bondye se chèf Kris la.
Si yon gason kite chapo l’ nan tèt li lè l’ap lapriyè osinon lè l’ap bay yon mesaj ki soti nan Bondye, li derespekte Kris la.
Men, si yon fanm pa mete anyen sou tèt li lè l’ap lapriyè osinon lè l’ap bay yon mesaj ki soti nan Bondye, li derespekte mari li. Se tankou si se te yon fanm ki te gen tèt li kale.
Si yon fanm pa kouvri tèt li, li ta mèt tou koupe cheve l’ tou. Enben, si se yon wont pou yon fanm koupe cheve l’ ou ankò pou l’ kale tèt li, se pou l’ kouvri tèt li tou.
Gason an pa bezwen kouvri tèt li, paske se pòtre Bondye li ye. Tankou nan yon glas, li fè wè bèl pouvwa Bondye a. Men, fanm lan menm se pouvwa gason an li fè wè.
Paske, se pa t’ avèk moso nan kò yon fanm Bondye te kreye gason, se avèk moso nan kò yon gason li te fè fanm.
Se pa pou fanm lan Bondye te kreye gason an, men se pou gason an Bondye te kreye fanm lan.
10 Se poutèt sa, akòz zanj Bondye yo, fanm lan dwe pote yon mak sou tèt li pou moutre li soumèt anba otorite mari li.
11 Men, nan lavi n’ap mennen ansanm ak Seyè a, fanm bezwen sèvis gason, gason bezwen sèvis fanm.
12 Paske, menm jan se avèk moso kò yon gason Bondye te kreye fanm, konsa tou se nan vant fanm gason soti. Men, tout bagay soti nan Bondye.
13 Dapre nou, èske se lizay sa pou yon fanm pa gen anyen sou tèt li lè l’ap lapriyè Bondye?
14 Se pa natirèl pou yon gason gen cheve long. Sa se yon wont.
15 Men, se bèl bagay pou yon fanm gen cheve long. Bondye ba l’ cheve long li yo pou sèvi l’ tankou yon vwal sou tèt li.
16 Si yon moun vle pouse diskisyon sa a pi lwen, mwen menm se tou sa mwen gen pou m’ di li: ni nou menm, ni lòt legliz Bondye yo, nou pa gen lòt koutim nou swiv lè nou nan sèvis.
17  Pou sa m’ap di nou koulye a, mwen pa fè nou konpliman menm, paske lè nou reyini nou fè tèt nou plis tò pase nou fè tèt nou byen.
18 Pou kòmanse, mwen tande lè nou sanble pou sèvis la, nou fè ti pil gwo pil. Mwen konnen sa pa fin manti nèt.
19 (Ap toujou gen divizyon nan mitan nou pou yo ka rekonèt moun ki kwè tout bon yo ak moun ki pa kwè yo.)
20 Lè nou reyini ansanm, gen lè se pa manje Seyè a nou vin manje.
21 Paske, lè nou chita bò tab la, chak moun ap prese manje manje pa li. Lè konsa, yon pati rete grangou, yon lòt menm gen tan sou sitèlman li bwè.
22 Mwen te kwè nou gen lakay nou pou n’ manje, pou n’ bwè? Gen lè se respè nou manke konsa pou legliz Bondye a? Osinon, èske se wont nou vle fè moun ki pa gen anyen yo wont? Kisa nou ta vle mwen di nou sou sa? Nou ta vle m’ fè nou konpliman? O non! Nou tou wè mwen pa kapab fè nou konpliman pou sa!
23  Paske, men sa Seyè a te fè m’ konnen, se sa menm mwen te moutre nou tou: Jou lannwit yo te trayi l’ la, Seyè Jezi te pran pen,
24 lè li fin di Bondye mèsi li kase l’, epi li di: Sa a se kò m’, se pou nou li ye. Se pou nou fè sa pou nou ka chonje mwen.
25 Konsa tou, apre yo fin manje, li pran gode diven an, li di yo: Gode sa a se nouvo kontra Bondye fè avè nou nan san mwen. Se pou nou fè sa chak fwa n’ap bwè ladan l’ pou nou ka chonje mwen.
26 Se konsa, chak fwa n’ap manje pen sa a, chak fwa n’ap bwè nan gode sa a, se lanmò Kris la n’ap anonse jouk jou Seyè a gen pou l’ vini an.
27 Se poutèt sa, si yon moun manje pen Seyè a, osinon li bwè nan gode Seyè a yon jan ki pa konvenab, moun sa a koupab, paske li peche ni kont kò Seyè a ni kont san li an.
28 Se pou chak moun egzaminen tèt yo byen anvan. Se konsa y’a mèt manje pen sa a, y’a mèt bwè nan gode sa a.
29 Si yon moun manje pen sa a, si l’ bwè nan gode sa a san li pa rekonèt rapò pen an ansanm ak diven an gen avèk kò Seyè a, se rale l’ap rale yon jijman sou tèt li lè l’ap manje pen an ak lè l’ap bwè nan gode a.
30 Se sak fè gen anpil moun malad konsa nan mitan nou, anpil moun k’ap soufri feblès, san konte sa ki mouri deja.
31 Si nou te egzaminen tèt nou byen anvan, nou pa ta tonbe anba jijman Bondye a.
32 Men, Seyè a jije nou, li peni nou konsa pou li sa pa kondannen nou ansanm ak moun ki nan lemonn yo.
33 Se sak fè, frè m’ yo, lè nou reyini ansanm pou manje manje Seyè a, se pou yonn tann lòt.
34 Si yon moun grangou, se pou l’ manje lakay li, pou l’ pa rale jijman Bondye sou nou lè nou reyini. Pou lòt keksyon yo, m’a regle sa lè m’a rive lakay nou.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

1 Corinthiens 11          

1 Soyez mes imitateurs, comme je le suis moi-même de Christ.
Je vous loue de ce que vous vous souvenez de moi à tous égards, et de ce que vous retenez mes instructions telles que je vous les ai données.
Je veux cependant que vous sachiez que Christ est le chef de tout homme, que l’homme est le chef de la femme, et que Dieu est le chef de Christ.
Tout homme qui prie ou qui prophétise, la tête couverte, déshonore son chef.
Toute femme, au contraire, qui prie ou qui prophétise, la tête non voilée, déshonore son chef: c’est comme si elle était rasée.
Car si une femme n’est pas voilée, qu’elle se coupe aussi les cheveux. Or, s’il est honteux pour une femme d’avoir les cheveux coupés ou d’être rasée, qu’elle se voile.
L’homme ne doit pas se couvrir la tête, puisqu’il est l’image et la gloire de Dieu, tandis que la femme est la gloire de l’homme.
En effet, l’homme n’a pas été tiré de la femme, mais la femme a été tirée de l’homme;
et l’homme n’a pas été créé à cause de la femme, mais la femme a été créée à cause de l’homme.
10 C’est pourquoi la femme, à cause des anges, doit avoir sur la tête une marque de l’autorité dont elle dépend.
11 Toutefois, dans le Seigneur, la femme n’est point sans l’homme, ni l’homme sans la femme.
12 Car, de même que la femme a été tirée de l’homme, de même l’homme existe par la femme, et tout vient de Dieu.
13 Jugez-en vous-mêmes: est-il convenable qu’une femme prie Dieu sans être voilée?
14 La nature elle-même ne vous enseigne-t-elle pas que c’est une honte pour l’homme de porter de longs cheveux,
15 mais que c’est une gloire pour la femme d’en porter, parce que la chevelure lui a été donnée comme voile?
16 Si quelqu’un se plaît à contester, nous n’avons pas cette habitude, non plus que les Églises de Dieu.
17 En donnant cet avertissement, ce que je ne loue point, c’est que vous vous assemblez, non pour devenir meilleurs, mais pour devenir pires.
18 Et d’abord, j’apprends que, lorsque vous vous réunissez en assemblée, il y a parmi vous des divisions, -et je le crois en partie,
19 car il faut qu’il y ait aussi des sectes parmi vous, afin que ceux qui sont approuvés soient reconnus comme tels au milieu de vous. –
20 Lors donc que vous vous réunissez, ce n’est pas pour manger le repas du Seigneur;
21 car, quand on se met à table, chacun commence par prendre son propre repas, et l’un a faim, tandis que l’autre est ivre.
22 N’avez-vous pas des maisons pour y manger et boire? Ou méprisez-vous l’Église de Dieu, et faites-vous honte à ceux qui n’ont rien? Que vous dirai-je? Vous louerai-je? En cela je ne vous loue point.
23 Car j’ai reçu du Seigneur ce que je vous ai enseigné; c’est que le Seigneur Jésus, dans la nuit où il fut livré, prit du pain,
24 et, après avoir rendu grâces, le rompit, et dit: Ceci est mon corps, qui est rompu pour vous; faites ceci en mémoire de moi.
25 De même, après avoir soupé, il prit la coupe, et dit: Cette coupe est la nouvelle alliance en mon sang; faites ceci en mémoire de moi toutes les fois que vous en boirez.
26 Car toutes les fois que vous mangez ce pain et que vous buvez cette coupe, vous annoncez la mort du Seigneur, jusqu’à ce qu’il vienne.
27 C’est pourquoi celui qui mangera le pain ou boira la coupe du Seigneur indignement, sera coupable envers le corps et le sang du Seigneur.
28 Que chacun donc s’éprouve soi-même, et qu’ainsi il mange du pain et boive de la coupe;
29 car celui qui mange et boit sans discerner le corps du Seigneur, mange et boit un jugement contre lui-même.
30 C’est pour cela qu’il y a parmi vous beaucoup d’infirmes et de malades, et qu’un grand nombre sont morts.
31 Si nous nous jugions nous-mêmes, nous ne serions pas jugés.
32 Mais quand nous sommes jugés, nous sommes châtiés par le Seigneur, afin que nous ne soyons pas condamnés avec le monde.
33 Ainsi, mes frères, lorsque vous vous réunissez pour le repas, attendez-vous les uns les autres.
34 Si quelqu’un a faim, qu’il mange chez lui, afin que vous ne vous réunissiez pas pour attirer un jugement sur vous. Je réglerai les autres choses quand je serai arrivé.

Louis Segond {LSG}

1 Corinthians         

1 Be ye followers of me, even as I also am of Christ.
Now I praise you, brethren, that ye remember me in all things, and keep the ordinances, as I delivered them to you.
But I would have you know, that the head of every man is Christ; and the head of the woman is the man; and the head of Christ is God.
Every man praying or prophesying, having his head covered, dishonoureth his head.
But every woman that prayeth or prophesieth with her head uncovered dishonoureth her head: for that is even all one as if she were shaven.
For if the woman be not covered, let her also be shorn: but if it be a shame for a woman to be shorn or shaven, let her be covered.
For a man indeed ought not to cover his head, forasmuch as he is the image and glory of God: but the woman is the glory of the man.
For the man is not of the woman: but the woman of the man.
Neither was the man created for the woman; but the woman for the man.
10 For this cause ought the woman to have power on her head because of the angels.
11 Nevertheless neither is the man without the woman, neither the woman without the man, in the Lord.
12 For as the woman is of the man, even so is the man also by the woman; but all things of God.
13 Judge in yourselves: is it comely that a woman pray unto God uncovered?
14 Doth not even nature itself teach you, that, if a man have long hair, it is a shame unto him?
15 But if a woman have long hair, it is a glory to her: for her hair is given her for a covering.
16 But if any man seem to be contentious, we have no such custom, neither the churches of God.
17 Now in this that I declare unto you I praise you not, that ye come together not for the better, but for the worse.
18 For first of all, when ye come together in the church, I hear that there be divisions among you; and I partly believe it.
19 For there must be also heresies among you, that they which are approved may be made manifest among you.
20 When ye come together therefore into one place, this is not to eat the Lord’s supper.
21 For in eating every one taketh before other his own supper: and one is hungry, and another is drunken.
22 What? have ye not houses to eat and to drink in? or despise ye the church of God, and shame them that have not? what shall I say to you? shall I praise you in this? I praise you not.
23 For I have received of the Lord that which also I delivered unto you, that the Lord Jesus the same night in which he was betrayed took bread:
24 And when he had given thanks, he brake it, and said, Take, eat: this is my body, which is broken for you: this do in remembrance of me.
25 After the same manner also he took the cup, when he had supped, saying, this cup is the new testament in my blood: this do ye, as oft as ye drink it, in remembrance of me.
26 For as often as ye eat this bread, and drink this cup, ye do shew the Lord’s death till he come.
27 Wherefore whosoever shall eat this bread, and drink this cup of the Lord, unworthily, shall be guilty of the body and blood of the Lord.
28 But let a man examine himself, and so let him eat of that bread, and drink of that cup.
29 For he that eateth and drinketh unworthily, eateth and drinketh damnation to himself, not discerning the Lord’s body.
30 For this cause many are weak and sickly among you, and many sleep.
31 For if we would judge ourselves, we should not be judged.
32 But when we are judged, we are chastened of the Lord, that we should not be condemned with the world.
33 Wherefore, my brethren, when ye come together to eat, tarry one for another.
34 And if any man hunger, let him eat at home; that ye come not together unto condemnation. And the rest will I set in order when I come.    
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}