Liv Levitik / Levitique / Levticus

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Levitik 18

1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l’ konsa:
-Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w’a di yo: Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!
Piga nou janm fè menm jan ak moun peyi Lejip kote nou te ye a, ni tankou moun peyi Kanaran kote mwen pral mennen nou an. Piga nou swiv mès yo.
Se pou nou swiv lòd mwen ban nou. Se pou nou fè sa mwen di nou fè. Se pou nou mache dapre prensip mwen ban nou. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an.
Se pou nou swiv regleman ak lòd mwen ban nou yo. Gremesi sa m’ di nou fè a, tout moun ki koute m’ va jwenn lavi. Se mwen menm ki Seyè a!
 Apre sa, Seyè a bay regleman sa yo: -Piga pesonn kouche yon fanm ki fanmi pre l’. Se mwen menm ki Seyè a.
Piga ou jete dezonè sou papa ou pou ou kouche madanm li, se manman ou li ye. Pa jete dezonè sou manman ou.
Piga ou jete dezonè sou papa ou pou ou kouche yonn nan fanm kay papa ou yo.
Piga ou kouche sè ou, li te mèt menm papa osinon menm manman avè ou, kit li te elve nan menm kay avè ou, kit li te elve lòt kote. Piga ou kouche l’.
10 Piga ou kouche pitit fi pitit gason ou osinon pitit fi pitit fi ou. Se va sou pwòp tèt ou w’a jete dezonè.
11 Piga ou kouche pitit fi madanm papa ou. Se pou ou konsidere l’ tankou pwòp sè ou.
12 Piga ou kouche matant ou, kit se matant bò papa,
13 kit se bò manman.
14 Piga ou kouche madanm tonton ou bò papa. Se pou ou konsidere l’ tankou matant ou.
15 Piga ou kouche bèlfi ou: se madanm pitit gason ou li ye. Pa jete dezonè sou li.
16 Piga ou kouche madanm frè ou. Pa jete dezonè sou frè ou.
17 Piga ou kouche pitit fi osinon pitit pitit fi yon madanm ki te nan afè avè ou deja. Pa kouche yo. Se tankou si se te fanmi pre ou yo te ye. Si ou fè sa, se va yon wont!
18 Piga ou pran yonn nan sè madanm ou pou yonn nan pwòp madanm ou yo toutotan madanm ou vivan. Sa ka mete yon jalouzi nan mitan yo.
19  Piga ou kouche yon fanm ki gen règ li, paske lè sa a li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
20 Piga ou kouche madanm yon frè parèy ou, paske lè nou fè sa, ni ou ni fanm lan, nou pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
21 Piga ou janm bay yonn nan pitit fi ou yo tankou ofrann pou yo boule bay zidòl yo rele Molòk la, paske lè sa a w’a fè yo derespekte non Bondye. Se mwen menm ki Seyè a.
22 Piga yon gason kouche yon lòt gason tankou yo kouche yon fanm: Se bagay Bondye pi pa vle wè.
23 Ni fanm ni gason pa gen dwa kwaze ak zannimo. Se bagay k’ap mete yo nan kondisyon pou yo pa ka fè sèvis Bondye. Se bagay sal nèt.
24 Piga nou janm fè bagay sa yo k’ap mete nou nan kondisyon pou nou pa ka fè sèvis Bondye. Se bagay konsa pèp lòt nasyon ki t’ap viv nan peyi a anvan nou yo te konn fè. Se poutèt sa Seyè a ap mete yo deyò pou nou ka pran plas yo.
25 Yo te mete tout peyi a nan move kondisyon ak sa yo t’ap fè a. Se konsa mwen menm Seyè a, m’ap peni peyi a, m’ap fè l’ voye moun ki rete sou li yo jete deyò.
26 Men nou menm, se pou nou kenbe tout lòd ak tout kòmandman mwen ban nou yo. Piga pesonn ni nan nou, ni nan moun lòt nasyon k’ap viv nan mitan nou yo fè ankenn nan bagay mwen pa vle wè yo.
27 Se paske moun ki te rete nan peyi a anvan nou yo te fè tout kalite bagay sa yo, kifè yo te mete peyi a nan move kondisyon sa a.
28 Konsa tou, si nou mete peyi a nan move kondisyon, peyi a pral voye nou jete deyò menm jan li te fè l’ pou pèp ki te la anvan nou yo.
29 Depi yon moun fè yonn nan bagay sal sa yo, y’ap wete l’ nan mitan pèp Bondye a.
30 Epi Seyè a di: -Se pou nou kenbe lòd mwen yo. Pa swiv move mès moun ki te rete nan peyi a anvan nou yo. Pa fè vye bagay sa yo k’ap mete nou nan kondisyon pou nou pa ka fè sèvis Bondye. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

Levitique 18

1 L’Éternel parla à Moïse, et dit:
Parle aux enfants d’Israël, et tu leur diras: Je suis l’Éternel, votre Dieu.
Vous ne ferez point ce qui se fait dans le pays d’Égypte où vous avez habité, et vous ne ferez point ce qui se fait dans le pays de Canaan où je vous mène: vous ne suivrez point leurs usages.
Vous pratiquerez mes ordonnances, et vous observerez mes lois: vous les suivrez. Je suis l’Éternel, votre Dieu.
Vous observerez mes lois et mes ordonnances: l’homme qui les mettra en pratique vivra par elles. Je suis l’Éternel.
Nul de vous ne s’approchera de sa parente, pour découvrir sa nudité. Je suis l’Éternel.
Tu ne découvriras point la nudité de ton père, ni la nudité de ta mère. C’est ta mère: tu ne découvriras point sa nudité.
Tu ne découvriras point la nudité de la femme de ton père. C’est la nudité de ton père.
Tu ne découvriras point la nudité de ta soeur, fille de ton père ou fille de ta mère, née dans la maison ou née hors de la maison.
10 Tu ne découvriras point la nudité de la fille de ton fils ou de la fille de ta fille. Car c’est ta nudité.
11 Tu ne découvriras point la nudité de la fille de la femme de ton père, née de ton père. C’est ta soeur.
12 Tu ne découvriras point la nudité de la soeur de ton père. C’est la proche parente de ton père.
13 Tu ne découvriras point la nudité de la soeur de ta mère. Car c’est la proche parente de ta mère.
14 Tu ne découvriras point la nudité du frère de ton père. Tu ne t’approcheras point de sa femme. C’est ta tante.
15 Tu ne découvriras point la nudité de ta belle-fille. C’est la femme de ton fils: tu ne découvriras point sa nudité.
16 Tu ne découvriras point la nudité de la femme de ton frère. C’est la nudité de ton frère.
17 Tu ne découvriras point la nudité d’une femme et de sa fille. Tu ne prendras point la fille de son fils, ni la fille de sa fille, pour découvrir leur nudité. Ce sont tes proches parentes: c’est un crime.
18 Tu ne prendras point la soeur de ta femme, pour exciter une rivalité, en découvrant sa nudité à côté de ta femme pendant sa vie.
19 Tu ne t’approcheras point d’une femme pendant son impureté menstruelle, pour découvrir sa nudité.
20 Tu n’auras point commerce avec la femme de ton prochain, pour te souiller avec elle.
21 Tu ne livreras aucun de tes enfants pour le faire passer à Moloc, et tu ne profaneras point le nom de ton Dieu. Je suis l’Éternel.
22 Tu ne coucheras point avec un homme comme on couche avec une femme. C’est une abomination.
23 Tu ne coucheras point avec une bête, pour te souiller avec elle. La femme ne s’approchera point d’une bête, pour se prostituer à elle. C’est une confusion.
24 Ne vous souillez par aucune de ces choses, car c’est par toutes ces choses que se sont souillées les nations que je vais chasser devant vous.
25 Le pays en a été souillé; je punirai son iniquité, et le pays vomira ses habitants.
26 Vous observerez donc mes lois et mes ordonnances, et vous ne commettrez aucune de ces abominations, ni l’indigène, ni l’étranger qui séjourne au milieu de vous.
27 Car ce sont là toutes les abominations qu’ont commises les hommes du pays, qui y ont été avant vous; et le pays en a été souillé.
28 Prenez garde que le pays ne vous vomisse, si vous le souillez, comme il aura vomi les nations qui y étaient avant vous.
29 Car tous ceux qui commettront quelqu’une de ces abominations seront retranchés du milieu de leur peuple.
30 Vous observerez mes commandements, et vous ne pratiquerez aucun des usages abominables qui se pratiquaient avant vous, vous ne vous en souillerez pas. Je suis l’Éternel, votre Dieu.
Louis Segond {LSG}

Leviticus 18

1 And the Lord spake unto Moses, saying,
Speak unto the children of Israel, and say unto them, I am the Lord your God.
After the doings of the land of Egypt, wherein ye dwelt, shall ye not do: and after the doings of the land of Canaan, whither I bring you, shall ye not do: neither shall ye walk in their ordinances.
Ye shall do my judgments, and keep mine ordinances, to walk therein: I am the Lord your God.
Ye shall therefore keep my statutes, and my judgments: which if a man do, he shall live in them: I am the Lord.
None of you shall approach to any that is near of kin to him, to uncover their nakedness: I am the Lord.
The nakedness of thy father, or the nakedness of thy mother, shalt thou not uncover: she is thy mother; thou shalt not uncover her nakedness.
The nakedness of thy father’s wife shalt thou not uncover: it is thy father’s nakedness.
The nakedness of thy sister, the daughter of thy father, or daughter of thy mother, whether she be born at home, or born abroad, even their nakedness thou shalt not uncover.
10 The nakedness of thy son’s daughter, or of thy daughter’s daughter, even their nakedness thou shalt not uncover: for theirs is thine own nakedness.
11 The nakedness of thy father’s wife’s daughter, begotten of thy father, she is thy sister, thou shalt not uncover her nakedness.
12 Thou shalt not uncover the nakedness of thy father’s sister: she is thy father’s near kinswoman.
13 Thou shalt not uncover the nakedness of thy mother’s sister: for she is thy mother’s near kinswoman.
14 Thou shalt not uncover the nakedness of thy father’s brother, thou shalt not approach to his wife: she is thine aunt.
15 Thou shalt not uncover the nakedness of thy daughter in law: she is thy son’s wife; thou shalt not uncover her nakedness.
16 Thou shalt not uncover the nakedness of thy brother’s wife: it is thy brother’s nakedness.
17 Thou shalt not uncover the nakedness of a woman and her daughter, neither shalt thou take her son’s daughter, or her daughter’s daughter, to uncover her nakedness; for they are her near kinswomen: it is wickedness.
18 Neither shalt thou take a wife to her sister, to vex her, to uncover her nakedness, beside the other in her life time.
19 Also thou shalt not approach unto a woman to uncover her nakedness, as long as she is put apart for her uncleanness.
20 Moreover thou shalt not lie carnally with thy neighbour’s wife, to defile thyself with her.
21 And thou shalt not let any of thy seed pass through the fire to Molech, neither shalt thou profane the name of thy God: I am the Lord.
22 Thou shalt not lie with mankind, as with womankind: it is abomination.
23 Neither shalt thou lie with any beast to defile thyself therewith: neither shall any woman stand before a beast to lie down thereto: it is confusion.
24 Defile not ye yourselves in any of these things: for in all these the nations are defiled which I cast out before you:
25 And the land is defiled: therefore I do visit the iniquity thereof upon it, and the land itself vomiteth out her inhabitants.
26 Ye shall therefore keep my statutes and my judgments, and shall not commit any of these abominations; neither any of your own nation, nor any stranger that sojourneth among you:
27 (For all these abominations have the men of the land done, which were before you, and the land is defiled;)
28 That the land spue not you out also, when ye defile it, as it spued out the nations that were before you.
29 For whosoever shall commit any of these abominations, even the souls that commit them shall be cut off from among their people.
30 Therefore shall ye keep mine ordinance, that ye commit not any one of these abominable customs, which were committed before you, and that ye defile not yourselves therein: I am the Lord your God.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}