Liv 1 Korent / 1 Corinthiens / 1 Corinthians

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

1 Korent 12                 

Ann wè koulye a keksyon kado Sentespri bay la. Frè m’ yo, mwen ta vle nou konnen sa ki vre sou keksyon kado sa yo.
Nou chonje, lè nou pa t’ ankò gen konfyans, nou te kite yo mennen nou jan yo vle devan zidòl ki pa t’ kapab pale.
Se poutèt sa mwen vle nou konn sa byen: Si Sentespri Bondye ap dirije lavi yon moun, li p’ap janm ka di: Madichon pou Jezi. Konsa tou, si Sentespri Bondye p’ap dirije lavi yon moun, li p’ap ka di Jezi se Seyè a.
Gen divès kalite don Sentespri a bay. Men, se menm Lespri Bondye a ki bay tout.
Gen divès jan moun ka sèvi Bondye, men se yon sèl Seyè a n’ap sèvi.
Gen divès kalite travay nan sèvis la, men se yon sèl Bondye ki bay chak moun travay pa yo nan tout sèvis k’ap fèt.
Lespri Bondye a fè travay li yon jan nan lavi chak moun, men li fè l’ pou byen tout moun.
Lespri a bay yon moun don pou l’ pale avèk bon konprann. Menm Lespri a bay yon lòt moun don pou l’ pale avèk anpil konesans.
Se menm Lespri a ki bay yon moun lafwa, se li menm tou ki bay yon lòt don pou l’ geri moun malad.
10 Lespri a bay yon moun don pou fè mirak, li bay yon lòt don pou l’ bay mesaj ki soti nan Bondye. Li bay yon lòt ankò don pou l’ rekonèt travay move lespri yo ak travay Lespri Bondye a. Li bay yon moun don pou l’ ka pale langaj, li bay yon lòt don pou l’ ka esplike sa pawòl langaj la vle di.
11 Men, se yon sèl Lespri a ki fè tou sa. Li bay chak moun yon kado diferan jan li vle.
12  Konsa, Kris la se tankou yon kò ki gen anpil manm. Kò a toujou yon sèl kò, ou mèt wè li gen anpil manm.
13 Se sak fè, nou menm, kit nou jwif, kit nou pa jwif, kit nou esklav, kit nou pa esklav, nou tout nou te resevwa batèm pou n’ te ka fè yon sèl kò ansanm, pa pouvwa yon sèl Lespri a. Nou tout nou te bwè nan yon sèl Lespri a.
14 Se pa yon sèl manm ki fè yon kò. Se anpil manm ki fè yon kò.
15 Si pye te ka di: Paske se pa yon men mwen ye, mwen p’ap fè pati kò a, se pa sa ki pou ta fè l’ pa fè pati kò a vre.
16 Si zòrèy te ka di: Paske se pa yon grenn je mwen ye, mwen p’ap fè pati kò a, se pa sa ki pou ta fè l’ pa fè pati kò a vre.
17 Si tout kò a te yon grenn je, ki jan l’ ta ka tande? Si l’ te yon zòrèy, ki jan l’ ta ka pran sant?
18 Men, Bondye mete divès manm nan plas yo nan kò a, jan l’ vle.
19 Pa ta gen yon kò si tout te yon sèl kalite manm.
20 Konsa, gen anpil manm, men gen yon sèl kò.
21 Nan kondisyon sa a, grenn je a pa ka di men an: Mwen pa bezwen ou. Tèt la pa ka di pye yo: Mwen pa bezwen nou.
22 Okontrè, manm ki parèt pi fèb nan kò nou, se yo ki pi nesesè.
23 Manm nou pa bay gwo konsiderasyon nan kò nou, nou pran swen yo plis pase lòt yo. Manm ki pa konvenab pou nou pale sou yo an sosyete, se yo menm ki resevwa yon swen apa.
24 Manm nan kò nou ki pi prezantab, yo pa bezwen tou sa. Bondye ranje kò a yon jan pou manm ki pa jwenn anpil konsiderasyon an se li ki jwenn plis swen pase lòt yo.
25 Konsa, pa gen divizyon nan kò a. Men tout manm yo yonn pran swen lòt menm jan an.
26 Si yon manm nan kò a ap soufri, tout lòt yo ap soufri avè l’ tou. Si yon manm resevwa lwanj, tout lòt yo kontan avèk li.
27  Nou tout, nou se kò Kris la: nou chak se yon manm nan kò sa a.
28 Se konsa, nou wè nan legliz la Bondye mete apòt yo an premye, pwofèt yo an dezyèm, dirèktè yo an twazyèm. Apre sa, nou jwenn moun k’ap fè mirak, moun ki gen don pou geri moun malad, moun k’ap ede lòt, moun k’ap dirije, moun ki gen don pou pale divès lang.
29 Men, tout moun pa apòt, tout moun pa pwofèt, tout moun pa dirèktè, tout moun pa gen don pou fè mirak.
30 Tout moun pa gen don pou geri moun malad. Tout moun pa gen don pou pale langaj, osinon pou esplike sans pawòl langaj la.
31 Nan fon kè nou, se pou nou chache gen don ki pi enpòtan yo. Men, mwen pral moutre nou yon jan ki bon nèt. Pa gen pase li.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

1 Corinthiens 12          

1 Pour ce qui concerne les dons spirituels, je ne veux pas, frères, que vous soyez dans l’ignorance.
Vous savez que, lorsque vous étiez païens, vous vous laissiez entraîner vers les idoles muettes, selon que vous étiez conduits.
C’est pourquoi je vous déclare que nul, s’il parle par l’Esprit de Dieu, ne dit: Jésus est anathème! et que nul ne peut dire: Jésus est le Seigneur! si ce n’est par le Saint Esprit.
Il y a diversité de dons, mais le même Esprit;
diversité de ministères, mais le même Seigneur;
diversité d’opérations, mais le même Dieu qui opère tout en tous.
Or, à chacun la manifestation de l’Esprit est donnée pour l’utilité commune.
En effet, à l’un est donnée par l’Esprit une parole de sagesse; à un autre, une parole de connaissance, selon le même Esprit;
à un autre, la foi, par le même Esprit; à un autre, le don des guérisons, par le même Esprit;
10 à un autre, le don d’opérer des miracles; à un autre, la prophétie; à un autre, le discernement des esprits; à un autre, la diversité des langues; à un autre, l’interprétation des langues.
11 Un seul et même Esprit opère toutes ces choses, les distribuant à chacun en particulier comme il veut.
12 Car, comme le corps est un et a plusieurs membres, et comme tous les membres du corps, malgré leur nombre, ne forment qu’un seul corps, ainsi en est-il de Christ.
13 Nous avons tous, en effet, été baptisés dans un seul Esprit, pour former un seul corps, soit Juifs, soit Grecs, soit esclaves, soit libres, et nous avons tous été abreuvés d’un seul Esprit.
14 Ainsi le corps n’est pas un seul membre, mais il est formé de plusieurs membres.
15 Si le pied disait: Parce que je ne suis pas une main, je ne suis pas du corps-ne serait-il pas du corps pour cela?
16 Et si l’oreille disait: Parce que je ne suis pas un oeil, je ne suis pas du corps, -ne serait-elle pas du corps pour cela?
17 Si tout le corps était oeil, où serait l’ouïe? S’il était tout ouïe, où serait l’odorat?
18 Maintenant Dieu a placé chacun des membres dans le corps comme il a voulu.
19 Si tous étaient un seul membre, où serait le corps?
20 Maintenant donc il y a plusieurs membres, et un seul corps.
21 L’oeil ne peut pas dire à la main: Je n’ai pas besoin de toi; ni la tête dire aux pieds: Je n’ai pas besoin de vous.
22 Mais bien plutôt, les membres du corps qui paraissent être les plus faibles sont nécessaires;
23 et ceux que nous estimons être les moins honorables du corps, nous les entourons d’un plus grand honneur. Ainsi nos membres les moins honnêtes reçoivent le plus d’honneur,
24 tandis que ceux qui sont honnêtes n’en ont pas besoin. Dieu a disposé le corps de manière à donner plus d’honneur à ce qui en manquait,
25 afin qu’il n’y ait pas de division dans le corps, mais que les membres aient également soin les uns des autres.
26 Et si un membre souffre, tous les membres souffrent avec lui; si un membre est honoré, tous les membres se réjouissent avec lui.
27 Vous êtes le corps de Christ, et vous êtes ses membres, chacun pour sa part.
28 Et Dieu a établi dans l’Église premièrement des apôtres, secondement des prophètes, troisièmement des docteurs, ensuite ceux qui ont le don des miracles, puis ceux qui ont les dons de guérir, de secourir, de gouverner, de parler diverses langues.
29 Tous sont-ils apôtres? Tous sont-ils prophètes? Tous sont-ils docteurs?
30 Tous ont-ils le don des miracles? Tous ont-ils le don des guérisons? Tous parlent-ils en langues? Tous interprètent-ils?
31 Aspirez aux dons les meilleurs. Et je vais encore vous montrer une voie par excellence.

Louis Segond {LSG}

1 Corinthians 12        

1 Now concerning spiritual gifts, brethren, I would not have you ignorant.
Ye know that ye were Gentiles, carried away unto these dumb idols, even as ye were led.
Wherefore I give you to understand, that no man speaking by the Spirit of God calleth Jesus accursed: and that no man can say that Jesus is the Lord, but by the Holy Ghost.
Now there are diversities of gifts, but the same Spirit.
And there are differences of administrations, but the same Lord.
And there are diversities of operations, but it is the same God which worketh all in all.
But the manifestation of the Spirit is given to every man to profit withal.
For to one is given by the Spirit the word of wisdom; to another the word of knowledge by the same Spirit;
To another faith by the same Spirit; to another the gifts of healing by the same Spirit;
10 To another the working of miracles; to another prophecy; to another discerning of spirits; to another divers kinds of tongues; to another the interpretation of tongues:
11 But all these worketh that one and the selfsame Spirit, dividing to every man severally as he will.
12 For as the body is one, and hath many members, and all the members of that one body, being many, are one body: so also is Christ.
13 For by one Spirit are we all baptized into one body, whether we be Jews or Gentiles, whether we be bond or free; and have been all made to drink into one Spirit.
14 For the body is not one member, but many.
15 If the foot shall say, Because I am not the hand, I am not of the body; is it therefore not of the body?
16 And if the ear shall say, Because I am not the eye, I am not of the body; is it therefore not of the body?
17 If the whole body were an eye, where were the hearing? If the whole were hearing, where were the smelling?
18 But now hath God set the members every one of them in the body, as it hath pleased him.
19 And if they were all one member, where were the body?
20 But now are they many members, yet but one body.
21 And the eye cannot say unto the hand, I have no need of thee: nor again the head to the feet, I have no need of you.
22 Nay, much more those members of the body, which seem to be more feeble, are necessary:
23 And those members of the body, which we think to be less honourable, upon these we bestow more abundant honour; and our uncomely parts have more abundant comeliness.
24 For our comely parts have no need: but God hath tempered the body together, having given more abundant honour to that part which lacked.
25 That there should be no schism in the body; but that the members should have the same care one for another.
26 And whether one member suffer, all the members suffer with it; or one member be honoured, all the members rejoice with it.
27 Now ye are the body of Christ, and members in particular.
28 And God hath set some in the church, first apostles, secondarily prophets, thirdly teachers, after that miracles, then gifts of healings, helps, governments, diversities of tongues.
29 Are all apostles? are all prophets? are all teachers? are all workers of miracles?
30 Have all the gifts of healing? do all speak with tongues? do all interpret?
31 But covet earnestly the best gifts: and yet shew I unto you a more excellent way.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}