Liv Resansman / Nombres / Numbers

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Resansman 34 

1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l’ konsa:
-Men lòd w’a bay moun Izrayèl yo pou mwen. Lè n’a antre nan peyi Kanaran mwen pral ban nou an, men fwontyè ki pral limite peyi a.
Sou bò sid la, n’a gen dezè Zin ki toupre Edon an pou limit. Fwontyè a va konmanse bò solèy leve nan pwent sid Lanmè Sale a.
L’a chankre desann nan direksyon sid bò pas Eskòpyon yo, l’a travèse dezè Zin lan, jouk li rive anba nèt bò Kadès-Banea. L’a pran direksyon nò, l’a moute bò Aza ada, l’a rive Achmon,
l’a chankre bò ravin ki sèvi fwontyè ak peyi Lejip la, epi l’a bout nan Lanmè Mediterane.
Sou bò solèy kouche, teritwa a nou an va rive jouk sou rivaj gwo lanmè a. Se Lanmè Mediterane a ki va sèvi nou fwontyè.
Sou bò nò a, fwontyè a va swiv yon liy dwat ki soti depi gwo lanmè a rive sou mòn Or la.
Antan nou la, n’a trase yon liy dwat ankò jouk nou rive nan Pas Amat la, ale pi lwen toujou jouk nou rive Zedad.
N’a pouse pi lwen toujou nan direksyon Zifwon jouk nou rive Aza-Enan. Men fwontyè nou sou bò nò a.
10 Fwontyè sou bò solèy leve a va soti Aza-Enan pou rive Chefam.
11 L’a desann soti Chefam nan direksyon Ribla, sou kote Ayen bò solèy leve. L’a desann pi ba toujou jouk l’a rive sou rivaj lanmè Galile a, sou bò solèy leve.
12 Fwontyè a va swiv larivyè Jouden an pou l’ al bout sou lanmè Sale a. Men fwontyè k’ap limite peyi nou an sou kat bò.
13 Moyiz bay moun Izrayèl yo lòd sa yo: -Men peyi nou pral separe yonn ak lòt la. Nou pral tire osò pou fè sa. Men peyi Seyè a bay pou nèf branch fanmi ak mwatye yon branch fanmi nan pèp Izrayèl la.
14 Branch fanmi Woubenn lan ak branch fanmi Gad la ansanm ak mwatye nan branch fanmi Manase a deja resevwa tè pa yo, chak fanmi apa.
15 Yo resevwa pòsyon tè pa yo ki anfas lavil Jeriko, lòt bò larivyè Jouden, sou bò solèy leve.
16  Seyè a pale ak Moyiz, li di l’ konsa:
17 -Men non moun ki pral fè pataj tè a pou nou: se va Eleaza, prèt la, Jozye, pitit gason Noun lan,
18 avèk douz chèf n’a chwazi pou fè pataj la, yonn nan chak branch fanmi.
19 Men non chèf yo. Pou branch fanmi Jida a, se va Kalèb, pitit gason Jefoune a.
20 Pou branch fanmi Simeyon an, se va Chemwèl, pitit gason Amiyoud la.
21 Pou branch fanmi Benjamen an, se va Elidad, pitit gason Kislòn lan.
22 Pou branch fanmi Dann lan, se va chèf Bouki, pitit gason Jogli a.
23 Pou branch fanmi Jozèf la, va gen chèf Aniyèl, pitit gason Efòd la, pou fanmi Manase a,
24 ak chèf Kemwèl, pitit gason Chiftan an, pou fanmi Efrayim lan.
25 Pou branch fanmi Zabilon an, se va chèf Elichafan, pitit gason Panak la.
26 Pou branch fanmi Isaka a, se va chèf Paltiyèl, pitit gason Azan an.
27 Pou branch fanmi Asè a, se va chèf Akiyoul, pitit gason Chelomi a.
28 Pou branch fanmi Neftali a, se va chèf Pedayèl, pitit gason Amiyoud la.
29 Men moun Seyè a te mete reskonsab pou fè pataj tè a pou bay chak moun nan pèp Izrayèl la pòsyon pa yo nan peyi Kanaran.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

Nombres 34

1 L’Éternel parla à Moïse, et dit:
Donne cet ordre aux enfants d’Israël, et dis-leur: Quand vous serez entrés dans le pays de Canaan, ce pays deviendra votre héritage, le pays de Canaan, dont voici les limites.
Le côté du midi commencera au désert de Tsin près d’Édom. Ainsi, votre limite méridionale partira de l’extrémité de la mer Salée, vers l’orient;
elle tournera au sud de la montée d’Akrabbim, passera par Tsin, et s’étendra jusqu’au midi de Kadès Barnéa; elle continuera par Hatsar Addar, et passera vers Atsmon;
depuis Atsmon, elle tournera jusqu’au torrent d’Égypte, pour aboutir à la mer.
Votre limite occidentale sera la grande mer: ce sera votre limite à l’occident.
Voici quelle sera votre limite septentrionale: à partir de la grande mer, vous la tracerez jusqu’à la montagne de Hor;
depuis la montagne de Hor, vous la ferez passer par Hamath, et arriver à Tsedad;
elle continuera par Ziphron, pour aboutir à Hatsar Énan: ce sera votre limite au septentrion.
10 Vous tracerez votre limite orientale de Hatsar Énan à Schepham;
11 elle descendra de Schepham vers Ribla, à l’orient d’Aïn; elle descendra, et s’étendra le long de la mer de Kinnéreth, à l’orient;
12 elle descendra encore vers le Jourdain, pour aboutir à la mer Salée. Tel sera votre pays avec ses limites tout autour.
13 Moïse transmit cet ordre aux enfants d’Israël, et dit: C’est là le pays que vous partagerez par le sort, et que l’Éternel a résolu de donner aux neuf tribus et à la demi-tribu.
14 Car la tribu des fils de Ruben et la tribu des fils de Gad ont pris leur héritage, selon les maisons de leurs pères; la demi-tribu de Manassé a aussi pris son héritage.
15 Ces deux tribus et la demi-tribu ont pris leur héritage en deçà du Jourdain, vis-à-vis de Jéricho, du côté de l’orient.
16 L’Éternel parla à Moïse, et dit:
17 Voici les noms des hommes qui partageront entre vous le pays: le sacrificateur Éléazar, et Josué, fils de Nun.
18 Vous prendrez encore un prince de chaque tribu, pour faire le partage du pays.
19 Voici les noms de ces hommes. Pour la tribu de Juda: Caleb, fils de Jephunné;
20 pour la tribu des fils de Siméon: Samuel, fils d’Ammihud;
21 pour la tribu de Benjamin: Élidad, fils de Kislon;
22 pour la tribu des fils de Dan: le prince Buki, fils de Jogli;
23 pour les fils de Joseph, -pour la tribu des fils de Manassé: le prince Hanniel, fils d’Éphod; –
24 et pour la tribu des fils d’Éphraïm: le prince Kemuel, fils de Schiphtan;
25 pour la tribu des fils de Zabulon: le prince Élitsaphan, fils de Parnac;
26 pour la tribu des fils d’Issacar: le prince Paltiel, fils d’Azzan;
27 pour la tribu des fils d’Aser: le prince Ahihud, fils de Schelomi;
28 pour la tribu des fils de Nephthali: le prince Pedahel, fils d’Ammihud.
29 Tels sont ceux à qui l’Éternel ordonna de partager le pays de Canaan entre les enfants d’Israël.
Louis Segond {LSG}

Numbers 34

1 And the Lord spake unto Moses, saying,
Command the children of Israel, and say unto them, When ye come into the land of Canaan; (this is the land that shall fall unto you for an inheritance, even the land of Canaan with the coasts thereof:)
Then your south quarter shall be from the wilderness of Zin along by the coast of Edom, and your south border shall be the outmost coast of the salt sea eastward:
And your border shall turn from the south to the ascent of Akrabbim, and pass on to Zin: and the going forth thereof shall be from the south to Kadeshbarnea, and shall go on to Hazaraddar, and pass on to Azmon:
And the border shall fetch a compass from Azmon unto the river of Egypt, and the goings out of it shall be at the sea.
And as for the western border, ye shall even have the great sea for a border: this shall be your west border.
And this shall be your north border: from the great sea ye shall point out for you mount Hor:
From mount Hor ye shall point out your border unto the entrance of Hamath; and the goings forth of the border shall be to Zedad:
And the border shall go on to Ziphron, and the goings out of it shall be at Hazarenan: this shall be your north border.
10 And ye shall point out your east border from Hazarenan to Shepham:
11 And the coast shall go down from Shepham to Riblah, on the east side of Ain; and the border shall descend, and shall reach unto the side of the sea of Chinnereth eastward:
12 And the border shall go down to Jordan, and the goings out of it shall be at the salt sea: this shall be your land with the coasts thereof round about.
13 And Moses commanded the children of Israel, saying, This is the land which ye shall inherit by lot, which the Lord commanded to give unto the nine tribes, and to the half tribe:
14 For the tribe of the children of Reuben according to the house of their fathers, and the tribe of the children of Gad according to the house of their fathers, have received their inheritance; and half the tribe of Manasseh have received their inheritance:
15 The two tribes and the half tribe have received their inheritance on this side Jordan near Jericho eastward, toward the sunrising.
16 And the Lord spake unto Moses, saying,
17 These are the names of the men which shall divide the land unto you: Eleazar the priest, and Joshua the son of Nun.
18 And ye shall take one prince of every tribe, to divide the land by inheritance.
19 And the names of the men are these: Of the tribe of Judah, Caleb the son of Jephunneh.
20 And of the tribe of the children of Simeon, Shemuel the son of Ammihud.
21 Of the tribe of Benjamin, Elidad the son of Chislon.
22 And the prince of the tribe of the children of Dan, Bukki the son of Jogli.
23 The prince of the children of Joseph, for the tribe of the children of Manasseh, Hanniel the son of Ephod.
24 And the prince of the tribe of the children of Ephraim, Kemuel the son of Shiphtan.
25 And the prince of the tribe of the children of Zebulun, Elizaphan the son of Parnach.
26 And the prince of the tribe of the children of Issachar, Paltiel the son of Azzan.
27 And the prince of the tribe of the children of Asher, Ahihud the son of Shelomi.
28 And the prince of the tribe of the children of Naphtali, Pedahel the son of Ammihud.
29 These are they whom the Lord commanded to divide the inheritance unto the children of Israel in the land of Canaan.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}