Liv Ézayi / Ésaïe / Isaiah

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Ézayi 30  

1 Men sa Seyè a di: -Madichon pou pitit mwen yo k’ap fè tèt di ak mwen! Nan tou sa y’ap fè, se pwòp lide yo y’ap swiv, se pa lide pa m’. Y’ap siyen lòt kontra, atout mwen di yo non. Y’ap fè peche sou peche.
Yo desann al nan peyi Lejip san yo pa mande m’ konsèy. Y’ al mande farawon an pou l’ pwoteje yo, y’ al mete kò yo anba zèl peyi Lejip.
Men, farawon an p’ap ka fè anyen pou nou. Pwoteksyon peyi Lejip la ap tounen yon wont pou nou.
Malgre delege yo gen tan rive lavil Zoan ak lavil Anès,
pèp Jida a pral règrèt yo te janm mete konfyans yo nan yon pèp ki pa ka fè anyen pou yo, yon nasyon ki pa ka ni ede yo ni pote yo sekou, yon nasyon k’ap fè yo wont, yon nasyon k’ap ba yo desepsyon.
Men yon mesaj Bondye bay sou bèt nan dezè Negèv yo: -Delege yo ap vwayaje nan yon peyi ki gen anpil danje, kote lyon ak manman lyon rete, kote gen move sèpan ak dragon azèl. Yo chaje bourik yo ak chamo yo avèk kado pou yon nasyon ki pa ka fè anyen pou yo.
Paske konkou Lejip ap ba yo a p’ap sèvi yo anyen, paske li pa vo anyen, se poutèt sa mwen bay peyi a yon ti non. Mwen rele l’: Dragon dan kase a.
 Seyè a di m’: -Koulye a al ekri sa moun sa yo ye a sou yon adwaz. Ekri l’ nan yon woulo liv, pou sa ka toujou sèvi m’ temwen kont yo pou tout tan tout tan.
Yo toujou ap fè tèt di ak Bondye. Se yon bann pitit ki toujou ap bay manti, ki pa vle koute lòd Bondye, Seyè a.
10 Y’ap di divinò yo: Pa di nou vizyon nou fè yo. Y’ap di pwofèt yo: Pa fè nou konnen sa nou dwe fè. Di nou bèl pawòl dous k’ap fè nou plezi. Kite nou ak sa nou kwè a.
11 Wete kò nou sou bon wout la! Fè sou kote! Pa vin pale nou sou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.
12 Se poutèt sa, men sa Bondye pèp Izrayèl la, Bondye apa a, ap di: Nou pa vle koute avètisman m’ap ban nou an. Nou pito met konfyans nou nan moun k’ap fè mechanste, nan moun k’ap fè bagay sou kote. Se sou yo nou apiye.
13 Enben, se nou ki va pote chay la. Nou tankou yon miray ki make fann, tankou yon gwo miray byen wo ki gen yon pati ladan l’ k’ap souke, ki gonfle prèt pou tonbe. N’ap rete konsa, n’ap tonbe anvan nou bat je nou.
14 N’ap tonbe an miyèt moso tankou kannari kraze. P’ap menm gen yon moso ki ka sèvi pou ranmase chabon dife osinon pou al chache dlo nan sous.
15 Men, Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa, te di pèp la: Tounen vin jwenn mwen, lèfini ret trankil, n’a delivre. Ret dousman, met konfyans nou nan mwen. Se sa ki tout fòs nou. Men, nou pa t’ vle.
16 Men nou te pito di: Ann moute chwal nou kouri ale. Enben, ale! Ale non! Sove kò nou! Nou te pito di: n’a moute sou chwal ki konn kouri. Men tou, sa k’ap kouri dèyè nou yo pral kouri pi vit pase nou!
17 Lè n’a wè yon sèl moun nan lènmi yo, mil nan nou pral kraze rak. Lè n’a wè senk menm, se nou tout k’ap kouri met deyò. Sèl bagay k’ap rete nan lame nou an, se va drapo n’a kite kanpe sou tèt ti mòn lan.
18  Men, Seyè a ap tann lè pou l’ fè nou gras. Li tou pare pou l’ gen pitye pou nou, paske Seyè a, se yon Bondye k’ap toujou fè sa ki byen! benediksyon pou moun ki mete konfyans yo nan li.
19 Nou menm ki rete lavil Jerizalèm sou mòn Siyon an, nou p’ap kriye ankò. Rele n’a rele l’, l’a fè nou gras. Tande l’a tande nou, l’ap reponn nou.
20 Bondye va fè nou manje kont mizè nou, l’a fè nou pase kont tray nou, men l’ap la pou l’ moutre nou sa pou l’ moutre nou an. N’ap wè l’ ak de grenn je nou, nou p’ap bezwen al chache l’ ankò.
21 Si nou chankre sou bò dwat osinon sou bò gòch, n’a tande yon vwa nan do nou k’ap di nou: Men bon chemen an bò isit. Se la a pou ou pase!
22 N’a pran estati zidòl nou yo ki kouvri ak ajan ansanm ak lò sou tout kò yo pou bagay k’ap mete nou nan kondisyon pou nou pa ka sèvi Bondye, n’ap voye yo jete tankou vye bagay sal, n’a di yo: Soti devan je nou!
23 Lè n’a plante grenn nan jaden nou, Bondye va voye lapli pou l’ fè yo pouse. L’a fè tè a bay manje k’ap bon nan bouch nou, manje k’ap ban nou fòs. N’a gen kont kote pou nou mennen bèt nou yo al manje.
24 Towo bèf ak bourik k’ap sèvi pou travay tè nou va jwenn bon manje pou yo manje, bon zèb sale y’a vannen epi y’a ranmase ak fouch mete nan depo.
25 Jou y’a kraze fò lènmi nou yo, jou y’a masakre tout lènmi nou yo, sous dlo pral pete nan tout gwo mòn, nan tout ti mòn koule desann.
26 Jou Seyè a pral mete renmèd sou kote ki te blese nan pèp la, jou l’ap geri tout kote pèp la te blese a, lalin pral klere tankou solèy, limyè solèy la menm pral sèt fwa pi klere, ou ta di limyè sèt jou mete ansanm. Wi, tou sa pral rive jou Seyè a.
27  Pouvwa Bondye a pral vin soti byen lwen. Dife ak lafimen ap fè wè jan li move. L’ap fè kòlè, pawòl li yo tankou boukan dife nan raje.
28 Li fè van soufle, ou ta di yon ravin k’ap desann, dlo li rive rabo. L’ap boulvèse nasyon yo jouk li detwi yo, l’ap detounen tout move lide yo te gen nan tèt yo.
29 Men, nou menm pèp Bondye a, nou pral chante, nou pral fè fèt tankou nou fè l’ lavèy jou fèt nou. Nou pral kontan tankou moun k’ap jwe fif lè yo sou wout pou ale sou mòn Seyè a, Bondye k’ap defann pèp Izrayèl la.
30 Seyè a pral fè tout moun tande fòs vwa li, li pral fè yo santi fòs ponyèt li lè li move. Lè sa a, va gen flanm dife, van siklòn, gwo tanpèt, lapli ak tanpèt lagrèl.
31 Moun peyi Lasiri yo pral tranble lè y’a tande vwa Seyè a k’ap ba yo baton.
32 Chak fwa Seyè a va ba yo yon kout baton pou l’ pini yo, y’a tande son tanbou ak son gita k’ap jwe nan peyi Izrayèl. Se Seyè a menm ki pral goumen ak moun Lasiri yo.
33 Depi lontan yo te pare yon gwo twou pou dife boukan an. Se ladan l’ yo pral boule wa a. Yo fè twou a byen fon, byen laj. Yo plen l’ bwa. Seyè a pral soufle yon flanm dife melanje ak souf sou li pou boule l’.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Ésaïe 30

1 Malheur, dit l’Éternel, aux enfants rebelles, Qui prennent des résolutions sans moi, Et qui font des alliances sans ma volonté, Pour accumuler péché sur péché!
Qui descendent en Égypte sans me consulter, Pour se réfugier sous la protection de Pharaon, Et chercher un abri sous l’ombre de l’Égypte!
La protection de Pharaon sera pour vous une honte, Et l’abri sous l’ombre de l’Égypte une ignominie.
Déjà ses princes sont à Tsoan, Et ses envoyés ont atteint Hanès.
Tous seront confus au sujet d’un peuple qui ne leur sera point utile, Ni pour les secourir, ni pour les aider, Mais qui fera leur honte et leur opprobre.
Sentence des bêtes du midi: A travers une contrée de détresse et d’angoisse, D’où viennent la lionne et le lion, La vipère et le dragon volant, Ils portent à dos d’ânes leurs richesses, Et sur la bosse des chameaux leurs trésors, A un peuple qui ne leur sera point utile.
Car le secours de l’Égypte n’est que vanité et néant; C’est pourquoi j’appelle cela du bruit qui n’aboutit à rien.
Va maintenant, écris ces choses devant eux sur une table, Et grave-les dans un livre, Afin qu’elles subsistent dans les temps à venir, Éternellement et à perpétuité.
Car c’est un peuple rebelle, Ce sont des enfants menteurs, Des enfants qui ne veulent point écouter la loi de l’Éternel,
10 Qui disent aux voyants: Ne voyez pas! Et aux prophètes: Ne nous prophétisez pas des vérités, Dites-nous des choses flatteuses, Prophétisez des chimères!
11 Détournez-vous du chemin, Écartez-vous du sentier, Éloignez de notre présence le Saint d’Israël!
12 C’est pourquoi ainsi parle le Saint d’Israël: Puisque vous rejetez cette parole, Que vous vous confiez dans la violence et dans les détours Et que vous les prenez pour appuis,
13 Ce crime sera pour vous Comme une partie crevassée qui menace ruine Et fait saillie dans un mur élevé, Dont l’écroulement arrive tout à coup, en un instant:
14 Il se brise comme se brise un vase de terre, Que l’on casse sans ménagement, Et dont les débris ne laissent pas un morceau Pour prendre du feu au foyer, Ou pour puiser de l’eau à la citerne.
15 Car ainsi a parlé le Seigneur, l’Éternel, le Saint d’Israël: C’est dans la tranquillité et le repos que sera votre salut, C’est dans le calme et la confiance que sera votre force. Mais vous ne l’avez pas voulu!
16 Vous avez dit: Non! nous prendrons la course à cheval! -C’est pourquoi vous fuirez à la course. -Nous monterons des coursiers légers! -C’est pourquoi ceux qui vous poursuivront seront légers.
17 Mille fuiront à la menace d’un seul, Et, à la menace de cinq, vous fuirez, Jusqu’à ce que vous restiez Comme un signal au sommet de la montagne, Comme un étendard sur la colline.
18 Cependant l’Éternel désire vous faire grâce, Et il se lèvera pour vous faire miséricorde; Car l’Éternel est un Dieu juste: Heureux tous ceux qui espèrent en lui!
19 Oui, peuple de Sion, habitant de Jérusalem, Tu ne pleureras plus! Il te fera grâce, quand tu crieras; Dès qu’il aura entendu, il t’exaucera.
20 Le Seigneur vous donnera du pain dans l’angoisse, Et de l’eau dans la détresse; Ceux qui t’instruisent ne se cacheront plus, Mais tes yeux verront ceux qui t’instruisent.
21 Tes oreilles entendront derrière toi la voix qui dira: Voici le chemin, marchez-y! Car vous iriez à droite, ou vous iriez à gauche.
22 Vous tiendrez pour souillés l’argent qui recouvre vos idoles, Et l’or dont elles sont revêtues; Tu en disperseras les débris comme une impureté: Hors d’ici! leur diras-tu.
23 Alors il répandra la pluie sur la semence que tu auras mise en terre, Et le pain que produira la terre sera savoureux et nourrissant; En ce même temps, tes troupeaux paîtront dans de vastes pâturages.
24 Les boeufs et les ânes, qui labourent la terre, Mangeront un fourrage salé, Qu’on aura vanné avec la pelle et le van.
25 Sur toute haute montagne et sur toute colline élevée, Il y aura des ruisseaux, des courants d’eau, Au jour du grand carnage, A la chute des tours.
26 La lumière de la lune sera comme la lumière du soleil, Et la lumière du soleil sera sept fois plus grande (Comme la lumière de sept jours), Lorsque l’Éternel bandera la blessure de son peuple, Et qu’il guérira la plaie de ses coups.
27 Voici, le nom de l’Éternel vient de loin; Sa colère est ardente, c’est un violent incendie; Ses lèvres sont pleines de fureur, Et sa langue est comme un feu dévorant;
28 Son souffle est comme un torrent débordé qui atteint jusqu’au cou, Pour cribler les nations avec le crible de la destruction, Et comme un mors trompeur Entre les mâchoires des peuples.
29 Vous chanterez comme la nuit où l’on célèbre la fête, Vous aurez le coeur joyeux comme celui qui marche au son de la flûte, Pour aller à la montagne de l’Éternel, vers le rocher d’Israël.
30 Et l’Éternel fera retentir sa voix majestueuse, Il montrera son bras prêt à frapper, Dans l’ardeur de sa colère, Au milieu de la flamme d’un feu dévorant, De l’inondation, de la tempête et des pierres de grêle.
31 A la voix de l’Éternel, l’Assyrien tremblera; L’Éternel le frappera de sa verge.
32 A chaque coup de la verge qui lui est destinée, Et que l’Éternel fera tomber sur lui, On entendra les tambourins et les harpes; L’Éternel combattra contre lui à main levée.
33 Depuis longtemps un bûcher est préparé, Il est préparé pour le roi, Il est profond, il est vaste; Son bûcher, c’est du feu et du bois en abondance; Le souffle de l’Éternel l’enflamme, comme un torrent de soufre.

Louis Segond {LSG}

Isaiah 30 

1 Woe to the rebellious children, saith the Lord, that take counsel, but not of me; and that cover with a covering, but not of my spirit, that they may add sin to sin:
That walk to go down into Egypt, and have not asked at my mouth; to strengthen themselves in the strength of Pharaoh, and to trust in the shadow of Egypt!
Therefore shall the strength of Pharaoh be your shame, and the trust in the shadow of Egypt your confusion.
For his princes were at Zoan, and his ambassadors came to Hanes.
They were all ashamed of a people that could not profit them, nor be an help nor profit, but a shame, and also a reproach.
The burden of the beasts of the south: into the land of trouble and anguish, from whence come the young and old lion, the viper and fiery flying serpent, they will carry their riches upon the shoulders of young asses, and their treasures upon the bunches of camels, to a people that shall not profit them.
For the Egyptians shall help in vain, and to no purpose: therefore have I cried concerning this, Their strength is to sit still.
Now go, write it before them in a table, and note it in a book, that it may be for the time to come for ever and ever:
That this is a rebellious people, lying children, children that will not hear the law of the Lord:
10 Which say to the seers, See not; and to the prophets, Prophesy not unto us right things, speak unto us smooth things, prophesy deceits:
11 Get you out of the way, turn aside out of the path, cause the Holy One of Israel to cease from before us.
12 Wherefore thus saith the Holy One of Israel, Because ye despise this word, and trust in oppression and perverseness, and stay thereon:
13 Therefore this iniquity shall be to you as a breach ready to fall, swelling out in a high wall, whose breaking cometh suddenly at an instant.
14 And he shall break it as the breaking of the potters’ vessel that is broken in pieces; he shall not spare: so that there shall not be found in the bursting of it a sherd to take fire from the hearth, or to take water withal out of the pit.
15 For thus saith the Lord God, the Holy One of Israel; In returning and rest shall ye be saved; in quietness and in confidence shall be your strength: and ye would not.
16 But ye said, No; for we will flee upon horses; therefore shall ye flee: and, We will ride upon the swift; therefore shall they that pursue you be swift.
17 One thousand shall flee at the rebuke of one; at the rebuke of five shall ye flee: till ye be left as a beacon upon the top of a mountain, and as an ensign on an hill.
18 And therefore will the Lord wait, that he may be gracious unto you, and therefore will he be exalted, that he may have mercy upon you: for the Lord is a God of judgment: blessed are all they that wait for him.
19 For the people shall dwell in Zion at Jerusalem: thou shalt weep no more: he will be very gracious unto thee at the voice of thy cry; when he shall hear it, he will answer thee.
20 And though the Lord give you the bread of adversity, and the water of affliction, yet shall not thy teachers be removed into a corner any more, but thine eyes shall see thy teachers:
21 And thine ears shall hear a word behind thee, saying, This is the way, walk ye in it, when ye turn to the right hand, and when ye turn to the left.
22 Ye shall defile also the covering of thy graven images of silver, and the ornament of thy molten images of gold: thou shalt cast them away as a menstruous cloth; thou shalt say unto it, Get thee hence.
23 Then shall he give the rain of thy seed, that thou shalt sow the ground withal; and bread of the increase of the earth, and it shall be fat and plenteous: in that day shall thy cattle feed in large pastures.
24 The oxen likewise and the young asses that ear the ground shall eat clean provender, which hath been winnowed with the shovel and with the fan.
25 And there shall be upon every high mountain, and upon every high hill, rivers and streams of waters in the day of the great slaughter, when the towers fall.
26 Moreover the light of the moon shall be as the light of the sun, and the light of the sun shall be sevenfold, as the light of seven days, in the day that the Lord bindeth up the breach of his people, and healeth the stroke of their wound.
27 Behold, the name of the Lord cometh from far, burning with his anger, and the burden thereof is heavy: his lips are full of indignation, and his tongue as a devouring fire:
28 And his breath, as an overflowing stream, shall reach to the midst of the neck, to sift the nations with the sieve of vanity: and there shall be a bridle in the jaws of the people, causing them to err.
29 Ye shall have a song, as in the night when a holy solemnity is kept; and gladness of heart, as when one goeth with a pipe to come into the mountain of the Lord, to the mighty One of Israel.
30 And the Lord shall cause his glorious voice to be heard, and shall shew the lighting down of his arm, with the indignation of his anger, and with the flame of a devouring fire, with scattering, and tempest, and hailstones.
31 For through the voice of the Lord shall the Assyrian be beaten down, which smote with a rod.
32 And in every place where the grounded staff shall pass, which the Lord shall lay upon him, it shall be with tabrets and harps: and in battles of shaking will he fight with it.
33 For Tophet is ordained of old; yea, for the king it is prepared; he hath made it deep and large: the pile thereof is fire and much wood; the breath of the Lord, like a stream of brimstone, doth kindle it.     
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}