Liv Ebre / Hébreux / Hebrews

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Ebre 6 

Se sak fè, ann grandi toujou pou n’ ka vin granmoun nan konfyans nou. Ann kite dèyè premye konesans yo te ban nou sou Kris la. Nou pa pral rekòmanse ankò ap poze premye baz travay la: nou pa pral di nou ankò jan nou dwe chanje lavi nou, jan nou dwe wete konfyans nou te gen nan zèv ki pa vo anyen yo pou n’ mete l’ nan Bondye.
Non, nou pa pral pale nou ankò sou batèm yo, sou sèvis pou mete men sou tèt moun ki kwè yo, sou keksyon lè moun mouri yo va leve, sou jijman ki p’ap janm kase a.
Ann pouse pi devan! Se sa nou pral fè koulye a, si Bondye penmèt nou sa.
Moun ki te resevwa limyè Bondye a yon fwa deja, yo te goute kado Bondye te ba yo a, yo te resevwa pòsyon pa yo nan Sentespri Bondye a.
Yo te goute pawòl Bondye a, yo te wè l’ te gou. Yo te santi nan lavi yo pouvwa k’ap travay nan tan k’ap vini an.
Apre sa, si yo voye konfyans yo nan Bondye jete, pa gen mwayen pou yo tounen vin jwenn Bondye ankò. Paske, yo kloure Pitit Bondye a yon dezyèm fwa sou kwa a. Yo fè l’ wont devan tout moun ankò.
Lè yon tè bwè dlo lapli ki tonbe anpil sou li, si li pouse plant ki ka sèvi moun k’ap travay li a, Bondye ap beni li.
Men, si li pouse pikan ak pengwen, li pa vo anyen. Bondye riske ba l’ madichon. Lè sa a, yo ka boule li.
 Nou mèt wè m’ ap pale konsa, frè m’ yo, mwen gen anpil konfyans nan nou toujou. Mwen konnen nou nan chemen ki pou delivre nou an.
10 Paske, Bondye pa mechan pou l’ ta bliye travay nou fè, ni renmen nou moutre nou gen pou li, lè nou t’ap rann moun k’ap viv pou li yo anpil sèvis, sèvis n’ap rann yo jouk koulye a toujou.
11 Men, mwen ta renmen wè nou toujou kenbe konsa nan aktivite travay la jouk sa kaba, konsa sa n’ap tann lan ka rive vre.
12 Mwen pa ta vle nou lage kò nou nan fè parès. Okontrè, se pou nou swiv egzanp moun ki gen konfyans yo, moun ki rete tann ak pasyans. Se poutèt sa yo te resevwa sa Bondye te pwomèt la.
13 Lè Bondye te fè Abraram pwomès la, li te fè sèman li t’ap kenbe li. Li fè sèman an sou tèt li, paske pa gen pi gran pase li.
14 Li te di: Mwen pwomèt ou pou m’ beni ou, pou m’ ba ou anpil anpil pitit pitit.
15 Abraram te rete tann ak pasyans. Se konsa li resevwa sa Bondye te pwomèt li a.
16 Lè moun ap fè sèman, yo sèmante sou sa ki pi gran pase yo. Yo pran sèman an pou yon garanti pou fini tout diskisyon yo ka gen yonn ak lòt.
17 Men, Bondye te vle fè moun ki pou te resevwa sa l’ te pwomèt la wè aklè li pa t’ap janm chanje pawòl. Se sak fè, li ajoute sèman an dèyè pwomès la.
18 Konsa, vin gen de bagay la a ki pa ka chanje, de bagay Bondye pa ka bay manti sou yo. Nou menm menm ki jwenn yon pwoteksyon nan men l’, sa ankouraje nou anpil pou nou kenbe byen fèm espwa Bondye ofri nou an.
19 Espwa sa a, se tankou yon lank batiman li ye pou nou. L’ap kenbe nanm nou fè m’, byen solid. Lank sa nou genyen an, li chouke jouk lòt bò rido tanp ki nan syèl la.
20 Se la Jezi te antre an premye pou louvri chemen an pou nou, li menm ki te tounen yon granprèt pou tout tan, menm jan ak Mèlkisedèk.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Hébreux 6                    

1 C’est pourquoi, laissant les éléments de la parole de Christ, tendons à ce qui est parfait, sans poser de nouveau le fondement du renoncement aux oeuvres mortes,
de la foi en Dieu, de la doctrine des baptêmes, de l’imposition des mains, de la résurrection des morts, et du jugement éternel.
C’est ce que nous ferons, si Dieu le permet.
Car il est impossible que ceux qui ont été une fois éclairés, qui ont goûté le don céleste, qui ont eu part au Saint Esprit,
qui ont goûté la bonne parole de Dieu et les puissances du siècle à venir,
et qui sont tombés, soient encore renouvelés et amenés à la repentance, puisqu’ils crucifient pour leur part le Fils de Dieu et l’exposent à l’ignominie.
Lorsqu’une terre est abreuvée par la pluie qui tombe souvent sur elle, et qu’elle produit une herbe utile à ceux pour qui elle est cultivée, elle participe à la bénédiction de Dieu;
mais, si elle produit des épines et des chardons, elle est réprouvée et près d’être maudite, et on finit par y mettre le feu.
Quoique nous parlions ainsi, bien-aimés, nous attendons, pour ce qui vous concerne, des choses meilleures et favorables au salut.
10 Car Dieu n’est pas injuste, pour oublier votre travail et l’amour que vous avez montré pour son nom, ayant rendu et rendant encore des services aux saints.
11 Nous désirons que chacun de vous montre le même zèle pour conserver jusqu’à la fin une pleine espérance,
12 en sorte que vous ne vous relâchiez point, et que voue imitiez ceux qui, par la foi et la persévérance, héritent des promesses.
13 Lorsque Dieu fit la promesse à Abraham, ne pouvant jurer par un plus grand que lui, il jura par lui-même, et dit:
14 Certainement je te bénirai et je multiplierai ta postérité.
15 Et c’est ainsi qu’Abraham, ayant persévéré, obtint l’effet de la promesse.
16 Or les hommes jurent par celui qui est plus grand qu’eux, et le serment est une garantie qui met fin à toutes leurs différends.
17 C’est pourquoi Dieu, voulant montrer avec plus d’évidence aux héritiers de la promesse l’immutabilité de sa résolution, intervint par un serment,
18 afin que, par deux choses immuables, dans lesquelles il est impossible que Dieu mente, nous trouvions un puissant encouragement, nous dont le seul refuge a été de saisir l’espérance qui nous était proposée.
19 Cette espérance, nous la possédons comme une ancre de l’âme, sûre et solide; elle pénètre au delà du voile,
20 là où Jésus est entré pour nous comme précurseur, ayant été fait souverain sacrificateur pour toujours, selon l’ordre de Melchisédek.

Louis Segond {LSG}

Hebrews 6          

1 Therefore leaving the principles of the doctrine of Christ, let us go on unto perfection; not laying again the foundation of repentance from dead works, and of faith toward God,
Of the doctrine of baptisms, and of laying on of hands, and of resurrection of the dead, and of eternal judgment.
And this will we do, if God permit.
For it is impossible for those who were once enlightened, and have tasted of the heavenly gift, and were made partakers of the Holy Ghost,
And have tasted the good word of God, and the powers of the world to come,
If they shall fall away, to renew them again unto repentance; seeing they crucify to themselves the Son of God afresh, and put him to an open shame.
For the earth which drinketh in the rain that cometh oft upon it, and bringeth forth herbs meet for them by whom it is dressed, receiveth blessing from God:
But that which beareth thorns and briers is rejected, and is nigh unto cursing; whose end is to be burned.
But, beloved, we are persuaded better things of you, and things that accompany salvation, though we thus speak.
10 For God is not unrighteous to forget your work and labour of love, which ye have shewed toward his name, in that ye have ministered to the saints, and do minister.
11 And we desire that every one of you do shew the same diligence to the full assurance of hope unto the end:
12 That ye be not slothful, but followers of them who through faith and patience inherit the promises.
13 For when God made promise to Abraham, because he could swear by no greater, he sware by himself,
14 Saying, Surely blessing I will bless thee, and multiplying I will multiply thee.
15 And so, after he had patiently endured, he obtained the promise.
16 For men verily swear by the greater: and an oath for confirmation is to them an end of all strife.
17 Wherein God, willing more abundantly to shew unto the heirs of promise the immutability of his counsel, confirmed it by an oath:
18 That by two immutable things, in which it was impossible for God to lie, we might have a strong consolation, who have fled for refuge to lay hold upon the hope set before us:
19 Which hope we have as an anchor of the soul, both sure and stedfast, and which entereth into that within the veil;
20 Whither the forerunner is for us entered, even Jesus, made an high priest for ever after the order of Melchisedec.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}