Liv Eklezyas / Ecclésiaste / Ecclesiastes

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Eklezyas 4    

1 Apre sa, mwen gade tout lenjistis k’ap fèt sou latè. Dlo ap koule konsa nan je moun y’ap maltrete yo. Pa gen pesonn pou ede yo. Moun k’ap maltrete yo gen lafòs avèk yo. Pesonn pa ka fè anyen pou yo.
Mwen wè sò moun mouri yo miyò pase sò moun vivan yo.
Men, gen yon lòt moun ankò ki pi bon pase yo tou de: Se moun ki pa t’ janm fèt la, paske li pa janm wè move zak k’ap fèt sou tè a.
 Mwen vin wè tout travay di lèzòm ap travay di a, tout bèl bagay y’ap reyalize nan lavi a, se paske yonn vle gen plis pase lòt. Men, sa tou, sa pa vo anyen, sa pa rapòte anyen.
Pawòl la di: Moun sòt rete san fè anyen, yo pito grangou.
Men, pito ou pran ti repo ou tanzantan ak kè poze pase pou ou touye tèt ou ap travay di, lèfini pou sa pa rapòte anyen.
 Mwen wè yon lòt bagay nan lavi a ki pa vo anyen ankò.
Se te yon nonm ki t’ap viv pou kont li, san zanmi. Li pa t’ gen pitit gason, li pa t’ gen frè. Li travay san pran souf. Li pa t’ janm gen ase. Pou ki moun li t’ap travay di konsa, san bay tèt li yon ti plezi? Li pa t’ janm gen tan pou mande tèt li sa. Sa a tou, sa pa vo anyen, se pa yon bon jan pou moun viv.
Lè ou gen yon lòt moun avèk ou, li pi bon pase lè ou pou kont ou, paske ansanm nou bay pi bon rannman nan travay nou.
10 Si yonn tonbe, lòt la va ba l’ men pou l’ leve. Men, malè pou moun k’ap viv pou kont li! Si l’ tonbe, p’ap gen moun pou ba l’ men.
11 Konsa tou, lè fè frèt, si yo kouche ansanm, yonn va chofe lòt. Men, si li pou kont li, ki jan pou l’ fè chofe kò l’?
12 Kote dezòm ka kenbe tèt ak yon moun k’ap atake yo, yon sèl p’ap kapab. Yon kòd trese an twa pa fasil pou kase.
13  -(we vèsè pwochen)
14 Yon nonm ka soti nan mizè pou l’ rive chèf nan peyi l’. Ou ankò li ka soti nan prizon epi yo mete l’ chèf pou gouvènen. Pito ou annafè ak yon ti moun ki pòv men ki gen lespri pase pou ou annafè ak yon wa ki fin granmoun, ki fin gaga, ki pa ka pran konsèy.
15 Mwen kalkile, mwen gade tout moun k’ap viv sou latè, mwen di nan mitan tout moun sa yo gen jenn gason ki pral pran plas wa a.
16 Ou pa ka konte kantite moun yon wa ka gouvènen, kantite moun yon wa ka dirije. Men lè l’ mouri, pesonn p’ap chonje di l’ mèsi pou sa li te fè pou yo. Tou sa pa vo anyen. Sa pa rapòte anyen.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Ecclésiaste 4

1 J’ai considéré ensuite toutes les oppressions qui se commettent sous le soleil; et voici, les opprimés sont dans les larmes, et personne qui les console! ils sont en butte à la violence de leurs oppresseurs, et personne qui les console!
Et j’ai trouvé les morts qui sont déjà morts plus heureux que les vivants qui sont encore vivants,
et plus heureux que les uns et les autres celui qui n’a point encore existé et qui n’a pas vu les mauvaises actions qui se commettent sous le soleil.
J’ai vu que tout travail et toute habileté dans le travail n’est que jalousie de l’homme à l’égard de son prochain. C’est encore là une vanité et la poursuite du vent.
L’insensé se croise les mains, et mange sa propre chair.
Mieux vaut une main pleine avec repos, que les deux mains pleines avec travail et poursuite du vent.
J’ai considéré une autre vanité sous le soleil.
Tel homme est seul et sans personne qui lui tienne de près, il n’a ni fils ni frère, et pourtant son travail n’a point de fin et ses yeux ne sont jamais rassasiés de richesses. Pour qui donc est-ce que je travaille, et que je prive mon âme de jouissances? C’est encore là une vanité et une chose mauvaise.
Deux valent mieux qu’un, parce qu’ils retirent un bon salaire de leur travail.
10 Car, s’ils tombent, l’un relève son compagnon; mais malheur à celui qui est seul et qui tombe, sans avoir un second pour le relever!
11 De même, si deux couchent ensemble, ils auront chaud; mais celui qui est seul, comment aura-t-il chaud?
12 Et si quelqu’un est plus fort qu’un seul, les deux peuvent lui résister; et la corde à trois fils ne se rompt pas facilement.
13 Mieux vaut un enfant pauvre et sage qu’un roi vieux et insensé qui ne sait plus écouter les avis;
14 car il peut sortir de prison pour régner, et même être né pauvre dans son royaume.
15 J’ai vu tous les vivants qui marchent sous le soleil entourer l’enfant qui devait succéder au roi et régner à sa place.
16 Il n’y avait point de fin à tout ce peuple, à tous ceux à la tête desquels il était. Et toutefois, ceux qui viendront après ne se réjouiront pas à son sujet. Car c’est encore là une vanité et la poursuite du vent.
Louis Segond {LSG}

Ecclesiastes 4   

1 So I returned, and considered all the oppressions that are done under the sun: and behold the tears of such as were oppressed, and they had no comforter; and on the side of their oppressors there was power; but they had no comforter.
Wherefore I praised the dead which are already dead more than the living which are yet alive.
Yea, better is he than both they, which hath not yet been, who hath not seen the evil work that is done under the sun.
Again, I considered all travail, and every right work, that for this a man is envied of his neighbour. This is also vanity and vexation of spirit.
The fool foldeth his hands together, and eateth his own flesh.
Better is an handful with quietness, than both the hands full with travail and vexation of spirit.
Then I returned, and I saw vanity under the sun.
There is one alone, and there is not a second; yea, he hath neither child nor brother: yet is there no end of all his labour; neither is his eye satisfied with riches; neither saith he, For whom do I labour, and bereave my soul of good? This is also vanity, yea, it is a sore travail.
Two are better than one; because they have a good reward for their labour.
10 For if they fall, the one will lift up his fellow: but woe to him that is alone when he falleth; for he hath not another to help him up.
11 Again, if two lie together, then they have heat: but how can one be warm alone?
12 And if one prevail against him, two shall withstand him; and a threefold cord is not quickly broken.
13 Better is a poor and a wise child than an old and foolish king, who will no more be admonished.
14 For out of prison he cometh to reign; whereas also he that is born in his kingdom becometh poor.
15 I considered all the living which walk under the sun, with the second child that shall stand up in his stead.
16 There is no end of all the people, even of all that have been before them: they also that come after shall not rejoice in him. Surely this also is vanity and vexation of spirit.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}