Liv Jenèz  / Genèse / Genesis

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jenèz 40

1 Kèk tan apre sa, chèf kanbiz ak chèf boulanje wa Lejip la te fè mèt yo yon bagay.
Farawon an te move ni sou chèf kanbiz la ni sou chèf boulanje a.
Se konsa li te mete yo lakay kòmandan gad palè a, kote yo te fèmen Jozèf nan prizon an.
Kòmandan gad palè a mete yo sou kont Jozèf pou l’ sèvi yo. Yo pase kèk tan nan prizon an.
 Yon jou lannwit, antan yo nan prizon an, chèf kanbiz ak chèf boulanje wa a te fè yo chak yon rèv. Chak rèv te gen sans pa yo.
Lè Jozèf vin jwenn yo nan denmen maten, li jwenn yo boulvèse.
Li mande yo: -Poukisa nou kagou konsa jòdi a?
Yo reponn li: -Nou chak fè yon rèv, men pa gen pesonn isit la ki ka esplike nou rèv yo. Jozèf reponn yo: -Eske se pa Bondye sèl ki ka esplike bagay konsa? Rakonte m’ rèv nou yo.
Chèf kanbiz la rakonte Jozèf rèv li te fè a, li di l’: -Nan rèv mwen an, mwen wè yon pye rezen devan m’.
10 Li te gen twa branch. Branch yo pran boujonnen, yo fè flè, yo fè rezen, rezen yo mi.
11 Gwo gode farawon an te nan men mwen. Mwen pran rezen yo, mwen pije yo nan gode farawon an, lèfini mwen bay wa a li.
12 Jozèf di li: -Men sa rèv la vle di: Twa branch yo se twa jou.
13 Nan twa jou, farawon an pral chonje ou, li pral mete ou nan pozisyon ou ankò. Ou pral bay farawon an diven jan ou te konn fè l’ anvan lè ou te chèf kanbiz li a.
14 Men, lè tout bagay va mache byen pou ou, pa bliye m’. Tanpri, rann mwen sèvis sa a, pale ak farawon an pou mwen. Fè m’ soti nan prizon sa a.
15 Ou wè: se vòlè yo te vòlè m’ nan peyi Ebre yo. Isit la menm, mwen pa t’ fè anyen pou yo te mete m’ nan prizon.
16 Lè chèf boulanje a wè bèl esplikasyon Jozèf te bay lòt la, li di l’: -Mwen menm tout mwen fè yon rèv. Mwen wè te gen twa panyen pen sou tèt mwen.
17 Nan panyen ki te anwo nèt la, te gen tout kalite bagay yo konn kwit nan fou pou wa a. Men, zwazo t’ap manje yo nan panyen an sou tèt mwen.
18 Jozèf reponn li: -Men sa rèv la vle di: Twa panyen yo se twa jou.
19 Nan twa jou farawon an pral fè rele ou, l’ap fè yo pann ou nan yon pyebwa, kote zwazo ap vin dechèpiye ou.
20  Sou twa jou vre, farawon an t’ap fè yon gwo resepsyon pou tout chèf ki t’ap sèvi avè l’ yo, paske se te jou fèt li. Li fè rele chèf kanbiz la ak chèf boulanje a devan tout lòt chèf yo.
21 Li mete chèf kanbiz la nan plas li ankò pou sèvi l’.
22 Men, li fè pann chèf boulanje a, jan Jozèf te di yo a.
23 Men, chèf kanbiz la pa dòmi reve Jozèf, li bliye l’ nèt.

Vèsyon Orjinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Genèse 40

1 Après ces choses, il arriva que l’échanson et le panetier du roi d’Égypte, offensèrent leur maître, le roi d’Égypte.
Pharaon fut irrité contre ses deux officiers, le chef des échansons et le chef des panetiers.
Et il les fit mettre dans la maison du chef des gardes, dans la prison, dans le lieu où Joseph était enfermé.
Le chef des gardes les plaça sous la surveillance de Joseph, qui faisait le service auprès d’eux; et ils passèrent un certain temps en prison.
Pendant une même nuit, l’échanson et le panetier du roi d’Égypte, qui étaient enfermés dans la prison, eurent tous les deux un songe, chacun le sien, pouvant recevoir une explication distincte.
Joseph, étant venu le matin vers eux, les regarda; et voici, ils étaient tristes.
Alors il questionna les officiers de Pharaon, qui étaient avec lui dans la prison de son maître, et il leur dit: Pourquoi avez-vous mauvais visage aujourd’hui?
Ils lui répondirent: Nous avons eu un songe, et il n’y a personne pour l’expliquer. Joseph leur dit: N’est-ce pas à Dieu qu’appartiennent les explications? Racontez-moi donc votre songe.
Le chef des échansons raconta son songe à Joseph, et lui dit: Dans mon songe, voici, il y avait un cep devant moi.
10 Ce cep avait trois sarments. Quand il eut poussé, sa fleur se développa et ses grappes donnèrent des raisins mûrs.
11 La coupe de Pharaon était dans ma main. Je pris les raisins, je les pressai dans la coupe de Pharaon, et je mis la coupe dans la main de Pharaon.
12 Joseph lui dit: En voici l’explication. Les trois sarments sont trois jours.
13 Encore trois jours, et Pharaon relèvera ta tête et te rétablira dans ta charge; tu mettras la coupe dans la main de Pharaon, comme tu en avais l’habitude lorsque tu étais son échanson.
14 Mais souviens-toi de moi, quand tu seras heureux, et montre, je te prie, de la bonté à mon égard; parle en ma faveur à Pharaon, et fais-moi sortir de cette maison.
15 Car j’ai été enlevé du pays des Hébreux, et ici même je n’ai rien fait pour être mis en prison.
16 Le chef des panetiers, voyant que Joseph avait donné une explication favorable, dit: Voici, il y avait aussi, dans mon songe, trois corbeilles de pain blanc sur ma tête.
17 Dans la corbeille la plus élevée il y avait pour Pharaon des mets de toute espèce, cuits au four; et les oiseaux les mangeaient dans la corbeille au-dessus de ma tête.
18 Joseph répondit, et dit: En voici l’explication. Les trois corbeilles sont trois jours.
19 Encore trois jours, et Pharaon enlèvera ta tête de dessus toi, te fera pendre à un bois, et les oiseaux mangeront ta chair.
20 Le troisième jour, jour de la naissance de Pharaon, il fit un festin à tous ses serviteurs; et il éleva la tête du chef des échansons et la tête du chef des panetiers, au milieu de ses serviteurs:
21 il rétablit le chef des échansons dans sa charge d’échanson, pour qu’il mît la coupe dans la main de Pharaon;
22 mais il fit pendre le chef des panetiers, selon l’explication que Joseph leur avait donnée.
23 Le chef des échansons ne pensa plus à Joseph. Il l’oublia.

  Louis Segond {LSG}

 

Genesis 40

1 And it came to pass after these things, that the butler of the king of Egypt and his baker had offended their lord the king of Egypt.
And Pharaoh was wroth against two of his officers, against the chief of the butlers, and against the chief of the bakers.
And he put them in ward in the house of the captain of the guard, into the prison, the place where Joseph was bound.
And the captain of the guard charged Joseph with them, and he served them: and they continued a season in ward.
And they dreamed a dream both of them, each man his dream in one night, each man according to the interpretation of his dream, the butler and the baker of the king of Egypt, which were bound in the prison.
And Joseph came in unto them in the morning, and looked upon them, and, behold, they were sad.
And he asked Pharaoh’s officers that were with him in the ward of his lord’s house, saying, Wherefore look ye so sadly to day?
And they said unto him, We have dreamed a dream, and there is no interpreter of it. And Joseph said unto them, Do not interpretations belong to God? tell me them, I pray you.
And the chief butler told his dream to Joseph, and said to him, In my dream, behold, a vine was before me;
10 And in the vine were three branches: and it was as though it budded, and her blossoms shot forth; and the clusters thereof brought forth ripe grapes:
11 And Pharaoh’s cup was in my hand: and I took the grapes, and pressed them into Pharaoh’s cup, and I gave the cup into Pharaoh’s hand.
12 And Joseph said unto him, This is the interpretation of it: The three branches are three days:
13 Yet within three days shall Pharaoh lift up thine head, and restore thee unto thy place: and thou shalt deliver Pharaoh’s cup into his hand, after the former manner when thou wast his butler.
14 But think on me when it shall be well with thee, and shew kindness, I pray thee, unto me, and make mention of me unto Pharaoh, and bring me out of this house:
15 For indeed I was stolen away out of the land of the Hebrews: and here also have I done nothing that they should put me into the dungeon.
16 When the chief baker saw that the interpretation was good, he said unto Joseph, I also was in my dream, and, behold, I had three white baskets on my head:
17 And in the uppermost basket there was of all manner of bakemeats for Pharaoh; and the birds did eat them out of the basket upon my head.
18 And Joseph answered and said, This is the interpretation thereof: The three baskets are three days:
19 Yet within three days shall Pharaoh lift up thy head from off thee, and shall hang thee on a tree; and the birds shall eat thy flesh from off thee.
20 And it came to pass the third day, which was Pharaoh’s birthday, that he made a feast unto all his servants: and he lifted up the head of the chief butler and of the chief baker among his servants.
21 And he restored the chief butler unto his butlership again; and he gave the cup into Pharaoh’s hand:
22 But he hanged the chief baker: as Joseph had interpreted to them.
23 Yet did not the chief butler remember Joseph, but forgat him.
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}