Liv Travay / Actes / Acts

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Travay 3               

Yon jou, vè twazè konsa nan apremidi, Pyè ak Jan t’ap moute nan tanp lan. Se te lè lapriyè.
Bò Bèl Pòt la (se konsa yo te rele yon pòt nan tanp lan), te gen yon nonm ki te enfim depi l’ te fèt. Chak jou yo te pote l’ bò Bèl Pòt la pou l’ te kapab mande moun k’ap antre nan tanp lan lacharite.
Li wè Pyè ak Jan ki tapral antre, li mande yo kichòy.
Pyè ak Jan fikse je yo sou li, epi Pyè di li: Gade nou.
Nonm lan pran gade yo; li te kwè yo tapral ba l’ kichòy.
Lè sa a, Pyè di li: Mwen pa gen ni lajan ni lò. Men, sa m’ genyen an, m’ap ba ou li. Nan non Jezikri, moun Nazarèt la, leve ou mache.
Li pran men dwat li, li fè l’ kanpe. Menm lè a tou, pla pye enfim lan ak zo jwenti pye l’ yo vin fèm.
Li fè yon sèl sote, li kanpe sou de pye l’, li pran mache. Li antre nan tanp lan avèk yo, li t’ap mache, li t’ap ponpe, li t’ap fè lwanj Bondye.
Tout pèp la te wè l’ ap mache, ap fè lwanj Bondye.
10 Lè yo wè se te nonm enfim ki te konn chita bò Bèl Pòt la ap mande lacharite a, yo tout te pè. Yo sezi anpil pou sak te rive l’ la.
11 Nonm lan pa t’ kite Pyè ak Jan yon pa. Tout moun te sezi, yo kouri vin jwenn apòt yo sou Galeri Salomon an.
12  Lè Pyè wè sa, li di pèp la: Nou menm moun laras Izrayèl, poukisa nou sezi konsa? Poukisa n’ap plede gade n’ konsa? Gen lè nou konprann se nou menm ki fè nonm sa a mache ak pwòp fòs kouraj nou osinon paske n’ap sèvi Bondye?
13 Se Bondye Abraram, Izarak ak Jakòb, Bondye zansèt nou yo k’ap fè lwanj sèvitè li, Jezi. Nou menm, nou te lage l’ nan men otorite yo, nou te voye l’ jete devan Pilat, atout Pilat li menm te vle lage li.
14 Jezi se moun Bondye te chwazi a, li te mache dwat devan Bondye, men nou voye l’ jete, nou te pito mande Pilat pou l’ te lage yon ansasen ban nou.
15 Se konsa nou touye Mèt ki bay lavi a. Men, Bondye fè l’ leve soti vivan nan lanmò. Nou se temwen tout bagay sa yo.
16 Nou wè nonm sa nou konnen an, se pouvwa ki nan non Jezi a mete ak konfyans nou gen nan non sa a ki ba li fòs ankò. Se konfyans nou gen nan Jezi ki fè l’ geri nèt, jan nou ka wè l’ la.
17 Enben, koulye a, frè m’ yo, mwen rekonèt se konnen nou pa t’ konnen, nou menm ansanm ak tout chèf nou yo, kifè nou te aji konsa avèk Jezi.
18 Men, depi nan tan lontan, Bondye te fè konnen nan bouch pwofèt li yo ki jan Kris li a te gen pou l’ soufri. Se konsa sa l’ te di a vin rive vre.
19 Chanje lavi nou, tounen vin jwenn Bondye pou l’ ka efase peche nou yo.
20 Lè sa a, Bondye va fè nou jwenn yon rafrechi pou nanm nou devan li, la voye Jezikri, moun li te chwazi davans pou nou an.
21 Pou koulye a, Jezi gen pou l’ rete nan syèl la jouk lè Bondye va vini pou mete tout bagay nan plas yo ankò, jan l’ te fè nou konnen l’ lan nan bouch pwofèt li yo depi nan tan lontan.
22 Se konsa Moyiz te di: Bondye, Mèt nou an, gen pou l’ voye yon pwofèt ban nou tankou l’ te voye m’ lan. Se va yonn nan frè nou yo. Se pou nou koute tou sa la di nou.
23 Nenpòt moun ki p’ap koute pwofèt sa a, se pou yo disparèt li nèt nan mitan pèp Bondye a, se pou yo touye li.
24 Tout pwofèt ki te pale depi Samyèl ak tou sa ki te vin apre l’ yo, yo tout yo te anonse tan sa a.
25 Pwomès Bondye te fè pwofèt li yo di ak bouch yo, se pou nou yo ye, lèfini nou gen pòsyon pa nou tou nan kontra Bondye te fè avèk zansèt nou yo. Se sa l’ te di Abraram: Gremèsi pitit pitit ou yo, tout fanmi ki sou latè va jwenn benediksyon.
26 Se konsa Bondye fè sèvitè l’ la parèt, li voye l’ ban nou anvan pou l’ beni nou, pou l’ fè nou tout kite mechanste nou yo. 

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Actes 3              

1 Pierre et Jean montaient ensemble au temple, à l’heure de la prière: c’était la neuvième heure.
Il y avait un homme boiteux de naissance, qu’on portait et qu’on plaçait tous les jours à la porte du temple appelée la Belle, pour qu’il demandât l’aumône à ceux qui entraient dans le temple.
Cet homme, voyant Pierre et Jean qui allaient y entrer, leur demanda l’aumône.
Pierre, de même que Jean, fixa les yeux sur lui, et dit: Regarde-nous.
Et il les regardait attentivement, s’attendant à recevoir d’eux quelque chose.
Alors Pierre lui dit: Je n’ai ni argent, ni or; mais ce que j’ai, je te le donne: au nom de Jésus Christ de Nazareth, lève-toi et marche.
Et le prenant par la main droite, il le fit lever. Au même instant, ses pieds et ses chevilles devinrent fermes;
d’un saut il fut debout, et il se mit à marcher. Il entra avec eux dans le temple, marchant, sautant, et louant Dieu.
Tout le monde le vit marchant et louant Dieu.
10 Ils reconnaissaient que c’était celui qui était assis à la Belle porte du temple pour demander l’aumône, et ils furent remplis d’étonnement et de surprise au sujet de ce qui lui était arrivé.
11 Comme il ne quittait pas Pierre et Jean, tout le peuple étonné accourut vers eux, au portique dit de Salomon.
12 Pierre, voyant cela, dit au peuple: Hommes Israélites, pourquoi vous étonnez-vous de cela? Pourquoi avez-vous les regards fixés sur nous, comme si c’était par notre propre puissance ou par notre piété que nous eussions fait marcher cet homme?
13 Le Dieu d’Abraham, d’Isaac et de Jacob, le Dieu de nos pères, a glorifié son serviteur Jésus, que vous avez livré et renié devant Pilate, qui était d’avis qu’on le relâchât.
14 Vous avez renié le Saint et le Juste, et vous avez demandé qu’on vous accordât la grâce d’un meurtrier.
15 Vous avez fait mourir le Prince de la vie, que Dieu a ressuscité des morts; nous en sommes témoins.
16 C’est par la foi en son nom que son nom a raffermi celui que vous voyez et connaissez; c’est la foi en lui qui a donné à cet homme cette entière guérison, en présence de vous tous.
17 Et maintenant, frères, je sais que vous avez agi par ignorance, ainsi que vos chefs.
18 Mais Dieu a accompli de la sorte ce qu’il avait annoncé d’avance par la bouche de tous ses prophètes, que son Christ devait souffrir.
19 Repentez-vous donc et convertissez-vous, pour que vos péchés soient effacés,
20 afin que des temps de rafraîchissement viennent de la part du Seigneur, et qu’il envoie celui qui vous a été destiné, Jésus Christ,
21 que le ciel doit recevoir jusqu’aux temps du rétablissement de toutes choses, dont Dieu a parlé anciennement par la bouche de ses saints prophètes.
22 Moïse a dit: Le Seigneur votre Dieu vous suscitera d’entre vos frères un prophète comme moi; vous l’écouterez dans tout ce qu’il vous dira,
23 et quiconque n’écoutera pas ce prophète sera exterminé du milieu du peuple.
24 Tous les prophètes qui ont successivement parlé, depuis Samuel, ont aussi annoncé ces jours-là.
25 Vous êtes les fils des prophètes et de l’alliance que Dieu a traitée avec nos pères, en disant à Abraham: Toutes les familles de la terre seront bénies en ta postérité.
26 C’est à vous premièrement que Dieu, ayant suscité son serviteur, l’a envoyé pour vous bénir, en détournant chacun de vous de ses iniquités.

Louis Segond {LSG}

Acts 3      

1 Now Peter and John went up together into the temple at the hour of prayer, being the ninth hour.
And a certain man lame from his mother’s womb was carried, whom they laid daily at the gate of the temple which is called Beautiful, to ask alms of them that entered into the temple;
Who seeing Peter and John about to go into the temple asked an alms.
And Peter, fastening his eyes upon him with John, said, Look on us.
And he gave heed unto them, expecting to receive something of them.
Then Peter said, Silver and gold have I none; but such as I have give I thee: In the name of Jesus Christ of Nazareth rise up and walk.
And he took him by the right hand, and lifted him up: and immediately his feet and ankle bones received strength.
And he leaping up stood, and walked, and entered with them into the temple, walking, and leaping, and praising God.
And all the people saw him walking and praising God:
10 And they knew that it was he which sat for alms at the Beautiful gate of the temple: and they were filled with wonder and amazement at that which had happened unto him.
11 And as the lame man which was healed held Peter and John, all the people ran together unto them in the porch that is called Solomon’s, greatly wondering.
12 And when Peter saw it, he answered unto the people, Ye men of Israel, why marvel ye at this? or why look ye so earnestly on us, as though by our own power or holiness we had made this man to walk?
13 The God of Abraham, and of Isaac, and of Jacob, the God of our fathers, hath glorified his Son Jesus; whom ye delivered up, and denied him in the presence of Pilate, when he was determined to let him go.
14 But ye denied the Holy One and the Just, and desired a murderer to be granted unto you;
15 And killed the Prince of life, whom God hath raised from the dead; whereof we are witnesses.
16 And his name through faith in his name hath made this man strong, whom ye see and know: yea, the faith which is by him hath given him this perfect soundness in the presence of you all.
17 And now, brethren, I wot that through ignorance ye did it, as did also your rulers.
18 But those things, which God before had shewed by the mouth of all his prophets, that Christ should suffer, he hath so fulfilled.
19 Repent ye therefore, and be converted, that your sins may be blotted out, when the times of refreshing shall come from the presence of the Lord.
20 And he shall send Jesus Christ, which before was preached unto you:
21 Whom the heaven must receive until the times of restitution of all things, which God hath spoken by the mouth of all his holy prophets since the world began.
22 For Moses truly said unto the fathers, A prophet shall the Lord your God raise up unto you of your brethren, like unto me; him shall ye hear in all things whatsoever he shall say unto you.
23 And it shall come to pass, that every soul, which will not hear that prophet, shall be destroyed from among the people.
24 Yea, and all the prophets from Samuel and those that follow after, as many as have spoken, have likewise foretold of these days.
25 Ye are the children of the prophets, and of the covenant which God made with our fathers, saying unto Abraham, And in thy seed shall all the kindreds of the earth be blessed.
26 Unto you first God, having raised up his Son Jesus, sent him to bless you, in turning away every one of you from his iniquities.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}