Liv 1Samyèl / 1Samuel / 1Samuel

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

1 Samyèl 18

1 Lè David fin pale ak Sayil, kè Jonatan, pitit gason Sayil la, vin louvri pou David. Li vin renmen l’ tankou li renmen tèt pa li.
Depi jou sa a, Sayil fè David rete ak li, li pa kite l’ tounen lakay papa l’ ankò.
Jonatan mare zanmi ak David pou tout tan, paske li te renmen l’ tankou li te renmen tèt pa li.
Li wete gwo rad ki te sou li a, li bay David li ansanm ak tout bagay li te genyen, ata nepe li, banza li ak sentiwon l’.
Chak fwa Sayil te voye David an misyon, kote li pase, li toujou reyisi. Se konsa Sayil moute l’ grad, li fè l’ chèf nan lame a. Sa te fè tout moun Sayil yo ansanm ak tout pèp la plezi.
 Sòlda yo t’ap tounen lakay yo. Lè sa a, David te fin touye sòlda Filisti a, li t’ap tounen lakay li tou. Yon bann medam soti nan tout lavil peyi Izrayèl la vin kontre wa Sayil. Yo t’ap chante, yo t’ap danse, yo t’ap jwe tanbouren, yo t’ap bat òg Medam yo t’ap fè fèt, yo t’ap danse, yo t’ap di: -Sayil desann mil. David desann dimil.
Sayil pa t’ renmen sa menm, li te fache. Li t’ap di: -Anhan! Yo di David touye dimil (10.000), mwen menm, yo di m’ touye mil ase! Sèl bagay ki rete la a, se wa ase yo poko fè l’ wa!
Depi jou sa a, Sayil gade David ak move je.
10 Nan denmen, Bondye voye yon move lespri desann sou Sayil. Msye t’ap depale nan tout kay la, tankou yon moun fou. David menm t’ap jwe gita, jan li te konn fè l’ chak jou a. Sayil te kenbe frenn li nan men l’.
11 Sayil di nan kè l’: Mwen pral kloure David sou miray la, epi li voye frenn lan an de fwa sou David. Men, chak fwa, David eskive frenn lan.
12  Sayil te pè David anpil, paske Seyè a te vire do bay Sayil, se avèk David li te ye koulye a.
13 Se konsa Sayil voye David al byen lwen, li wete l’ anba je l’. Li mete l’ chèf sou mil sòlda. David pa t’ chita menm, tout tan li te nan goumen.
14 Men, kote li pase li toujou kraze lènmi yo, paske Seyè a te kanpe avèk li.
15 Sayil wè ki jan David t’ap reyisi kote l’ pase, li vin pè l’ pi rèd.
16 Men, tout moun nan peyi Izrayèl ak nan peyi Jida te renmen David paske se li yo te konnen pou chèf lame a.
17 Yon lè Sayil di David konsa: -Men Merab, premye pitit fi mwen an. M’ap ba ou l’ pou madanm. Sèl bagay se pou fè m’ wè se yon vanyan gason ki pa pè batay ou ye, se pou ou goumen tout kote Seyè a va voye ou al goumen pou li! Sayil t’ap di nan kè l’: Konsa, se moun Filisti yo ki pral touye David, mwen p’ap bezwen fè l’ mwen menm.
18 David di Sayil: -Kisa m’ ye? Kisa m’ap fè pou m’ viv? Kisa fanmi papa m’ ye konsa nan peyi Izrayèl la pou m’ marye ak pitit fi wa a?
19 Men, lè lè a rive pou yo te marye Merab ak David, wa a marye Merab ak Adriyèl, moun lavil Meola.
20 Men, Mikal, yon lòt pitit fi Sayil te genyen, te tonbe pou David. Lè y’ al di Sayil sa, bagay la te fè l’ plezi.
21 Sayil t’ap di nan kè l’: M’ap bay David Mikal pou madanm. L’ap tounen yon pèlen pou li, epi moun Filisti yo va touye l’. Se konsa Sayil rele David yon dezyèm fwa, li di l’: -Monchè, ou pral vin bofi mwen.
22 Li pale sou kote ak moun pa l’ yo, li ba yo lòd pou y’ al jwenn David an prive pou yo di l’: Wa a kontan ou anpil, epi tout moun pa l’ yo renmen ou. Se yon bon lè koulye a pou ou marye ak pitit fi wa a.
23 Se konsa y’ al di David sa. David reponn yo: -Se bèl bagay pou yon moun marye ak pitit fi wa a. Men, se yon bagay ki twòp pou yon moun ki pòv, ki pa anyen tankou m’.
24 Moun Sayil yo al rapòte wa a sa David te di a.
25 Epi Sayil di yo: -Men sa n’a di David: Wa a pa bezwen ou ba l’ ankenn lajan pou ou marye ak pitit fi li a. Sèlman sa li ta renmen, se san po ti kòk moun Filisti. Konsa, l’a tire revanj sou lènmi li yo. Sayil te fè plan sa a pou David te ka tonbe nan men moun Filisti yo.
26 Moun Sayil yo al rapòte pawòl sa yo bay David. David te asepte kondisyon an pou li marye ak pitit fi wa a. Anvan lè a rive pou yo fè maryaj la,
27 David leve, li pati ak sòlda li yo. Li touye desan (200) moun Filisti. Li pote po ti kòk yo bay wa a. Li konte yo yonn pa yonn, li renmèt li yo san manke yonn, pou l’ te ka tounen bofi wa a. Se konsa Sayil marye Mikal, pitit fi li a, ak David.
28 Lè Sayil vin konprann non sèlman Seyè a te avèk David, men Mikal, pwòp pitit fi Sayil la, te renmen David tou,
29 Sayil te vin pè David plis toujou. Depi jou sa a li te lènmi David jouk jou li mouri.
30 Lame moun Filisti yo te konn vin atake yo. Men chak fwa, nan tout chèf k’ap sèvi ak Sayil yo, se toujou David ki te resi kenbe tèt ak yo pi byen. Tout moun nan peyi a te vin konsidere l’ anpil.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

1 Samuel 18

1 David avait achevé de parler à Saül. Et dès lors l’âme de Jonathan fut attachée à l’âme de David, et Jonathan l’aima comme son âme.
Ce même jour Saül retint David, et ne le laissa pas retourner dans la maison de son père.
Jonathan fit alliance avec David, parce qu’il l’aimait comme son âme.
Il ôta le manteau qu’il portait, pour le donner à David; et il lui donna ses vêtements, même son épée, son arc et sa ceinture.
David allait et réussissait partout où l’envoyait Saül; il fut mis par Saül à la tête des gens de guerre, et il plaisait à tout le peuple, même aux serviteurs de Saül.
Comme ils revenaient, lors du retour de David après qu’il eut tué le Philistin, les femmes sortirent de toutes les villes d’Israël au-devant du roi Saül, en chantant et en dansant, au son des tambourins et des triangles, et en poussant des cris de joie.
Les femmes qui chantaient se répondaient les unes aux autres, et disaient: Saül a frappé ses mille, -Et David ses dix mille.
Saül fut très irrité, et cela lui déplut. Il dit: On en donne dix mille à David, et c’est à moi que l’on donne les mille! Il ne lui manque plus que la royauté.
Et Saül regarda David d’un mauvais oeil, à partir de ce jour et dans la suite.
10 Le lendemain, le mauvais esprit de Dieu saisit Saül, qui eut des transports au milieu de la maison. David jouait, comme les autres jours, et Saül avait sa lance à la main.
11 Saül leva sa lance, disant en lui-même: Je frapperai David contre la paroi. Mais David se détourna de lui deux fois.
12 Saül craignait la présence de David, parce que l’Éternel était avec David et s’était retiré de lui.
13 Il l’éloigna de sa personne, et il l’établit chef de mille hommes. David sortait et rentrait à la tête du peuple;
14 il réussissait dans toutes ses entreprises, et l’Éternel était avec lui.
15 Saül, voyant qu’il réussissait toujours, avait peur de lui;
16 mais tout Israël et Juda aimaient David, parce qu’il sortait et rentrait à leur tête.
17 Saül dit à David: Voici, je te donnerai pour femme ma fille aînée Mérab; sers-moi seulement avec vaillance, et soutiens les guerres de l’Éternel. Or Saül se disait: Je ne veux pas mettre la main sur lui, mais que la main des Philistins soit sur lui.
18 David répondit à Saül: Qui suis-je, et qu’est-ce que ma vie, qu’est-ce que la famille de mon père en Israël, pour que je devienne le gendre du roi?
19 Lorsque arriva le temps où Mérab, fille de Saül, devait être donnée à David, elle fut donnée pour femme à Adriel, de Mehola.
20 Mical, fille de Saül, aima David. On en informa Saül, et la chose lui convint.
21 Il se disait: Je la lui donnerai, afin qu’elle soit un piège pour lui, et qu’il tombe sous la main des Philistins. Et Saül dit à David pour la seconde fois: Tu vas aujourd’hui devenir mon gendre.
22 Saül donna cet ordre à ses serviteurs: Parlez en confidence à David, et dites-lui: Voici, le roi est bien disposé pour toi, et tous ses serviteurs t’aiment; sois maintenant le gendre du roi.
23 Les serviteurs de Saül répétèrent ces paroles aux oreilles de David. Et David répondit: Croyez-vous qu’il soit facile de devenir le gendre du roi? Moi, je suis un homme pauvre et de peu d’importance.
24 Les serviteurs de Saül lui rapportèrent ce qu’avait répondu David.
25 Saül dit: Vous parlerez ainsi à David: Le roi ne demande point de dot; mais il désire cent prépuces de Philistins, pour être vengé de ses ennemis. Saül avait le dessein de faire tomber David entre les mains des Philistins.
26 Les serviteurs de Saül rapportèrent ces paroles à David, et David agréa ce qui lui était demandé pour qu’il devînt gendre du roi.
27 Avant le terme fixé, David se leva, partit avec ses gens, et tua deux cents hommes parmi les Philistins; il apporta leurs prépuces, et en livra au roi le nombre complet, afin de devenir gendre du roi. Alors Saül lui donna pour femme Mical, sa fille.
28 Saül vit et comprit que l’Éternel était avec David; et Mical, sa fille, aimait David.
29 Saül craignit de plus en plus David, et il fut toute sa vie son ennemi.
30 Les princes des Philistins faisaient des excursions; et chaque fois qu’ils sortaient, David avait plus de succès que tous les serviteurs de Saül, et son nom devint très célèbre.
Louis Segond {LSG}

1 Samuel 18

1 And it came to pass, when he had made an end of speaking unto Saul, that the soul of Jonathan was knit with the soul of David, and Jonathan loved him as his own soul.
And Saul took him that day, and would let him go no more home to his father’s house.
Then Jonathan and David made a covenant, because he loved him as his own soul.
And Jonathan stripped himself of the robe that was upon him, and gave it to David, and his garments, even to his sword, and to his bow, and to his girdle.
And David went out whithersoever Saul sent him, and behaved himself wisely: and Saul set him over the men of war, and he was accepted in the sight of all the people, and also in the sight of Saul’s servants.
And it came to pass as they came, when David was returned from the slaughter of the Philistine, that the women came out of all cities of Israel, singing and dancing, to meet king Saul, with tabrets, with joy, and with instruments of musick.
And the women answered one another as they played, and said, Saul hath slain his thousands, and David his ten thousands.
And Saul was very wroth, and the saying displeased him; and he said, They have ascribed unto David ten thousands, and to me they have ascribed but thousands: and what can he have more but the kingdom?
And Saul eyed David from that day and forward.
10 And it came to pass on the morrow, that the evil spirit from God came upon Saul, and he prophesied in the midst of the house: and David played with his hand, as at other times: and there was a javelin in Saul’s hand.
11 And Saul cast the javelin; for he said, I will smite David even to the wall with it. And David avoided out of his presence twice.
12 And Saul was afraid of David, because the Lord was with him, and was departed from Saul.
13 Therefore Saul removed him from him, and made him his captain over a thousand; and he went out and came in before the people.
14 And David behaved himself wisely in all his ways; and the Lord was with him.
15 Wherefore when Saul saw that he behaved himself very wisely, he was afraid of him.
16 But all Israel and Judah loved David, because he went out and came in before them.
17 And Saul said to David, Behold my elder daughter Merab, her will I give thee to wife: only be thou valiant for me, and fight the Lord‘s battles. For Saul said, Let not mine hand be upon him, but let the hand of the Philistines be upon him.
18 And David said unto Saul, Who am I? and what is my life, or my father’s family in Israel, that I should be son in law to the king?
19 But it came to pass at the time when Merab Saul’s daughter should have been given to David, that she was given unto Adriel the Meholathite to wife.
20 And Michal Saul’s daughter loved David: and they told Saul, and the thing pleased him.
21 And Saul said, I will give him her, that she may be a snare to him, and that the hand of the Philistines may be against him. Wherefore Saul said to David, Thou shalt this day be my son in law in the one of the twain.
22 And Saul commanded his servants, saying, Commune with David secretly, and say, Behold, the king hath delight in thee, and all his servants love thee: now therefore be the king’s son in law.
23 And Saul’s servants spake those words in the ears of David. And David said, Seemeth it to you a light thing to be a king’s son in law, seeing that I am a poor man, and lightly esteemed?
24 And the servants of Saul told him, saying, On this manner spake David.
25 And Saul said, Thus shall ye say to David, The king desireth not any dowry, but an hundred foreskins of the Philistines, to be avenged of the king’s enemies. But Saul thought to make David fall by the hand of the Philistines.
26 And when his servants told David these words, it pleased David well to be the king’s son in law: and the days were not expired.
27 Wherefore David arose and went, he and his men, and slew of the Philistines two hundred men; and David brought their foreskins, and they gave them in full tale to the king, that he might be the king’s son in law. And Saul gave him Michal his daughter to wife.
28 And Saul saw and knew that the Lord was with David, and that Michal Saul’s daughter loved him.
29 And Saul was yet the more afraid of David; and Saul became David’s enemy continually.
30 Then the princes of the Philistines went forth: and it came to pass, after they went forth, that David behaved himself more wisely than all the servants of Saul; so that his name was much set by.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}