Liv Ézayi / Ésaïe / Isaiah

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Ézayi 3  

1 Wi. Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, pral koupe viv tout moun nan lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida. P’ap gen pen, p’ap gen dlo.
P’ap gen vanyan gason ankò ni sòlda. P’ap gen jij ankò ni pwofèt. P’ap gen divinò ankò ni grandèt.
P’ap gen kaptenn, p’ap gen majistra ni moun ki pou bay konsèy. P’ap gen moun ki konn fè maji, ni moun ki konn moute batri.
M’ap pran jenn timoun san esperyans m’a mete chèf pou gouvènen yo.
Tout moun pral chache pwofite yonn sou lòt, zanmi sou zanmi, vwazen sou vwazen. Jennmoun p’ap respekte granmoun. Vakabon ap pase moun debyen nan betiz.
Yon lè menm, tout yon branch fanmi va chwazi yonn nan mitan yo. Y’a di l’ konsa: Ou menm ki gen rad pou ou mete sou ou, n’ap mete ou chèf pou ou ka dirije nou nan move pa n’ap pase koulye a.
Men, moun yo chwazi a va reponn: Non. Mwen pa dòktè, mwen pa ka fè anyen pou nou! Ni tou, mwen pa gen manje, m’ pa gen rad lakay mwen. Pa mete m’ chèf sou pèp la.
Wi, lavil Jerizalèm bannann! Peyi Jida a nan tou sa ki pa bon! Paske tou sa yo di, tou sa yo fè pa dakò ak sa Seyè a vle. Devan tout moun y’ap kenbe tèt ak Bondye ki gen tout pouvwa a.
 Depi ou gade yo, ou wè ki moun yo ye. Tankou moun lavil Sodòm yo, yo fè peche yo aklè pou tout moun wè. Se poutèt sa malè ap tonbe sou yo. Se yo menm menm k’ap rale l’ sou tèt yo.
10 Se pou nou di: Ala bèl bagay pou moun ki mache dwat yo! Zafè yo mache byen tou. Y’a jwi pwofi travay yo.
11 Men, pòv mechan yo, malè ap tonbe sou yo. Y’a fè yo peye pou sa yo fè a.
12 Sa fè m’ lapenn pou pèp mwen an! Se yon timoun k’ap prije yo, se fanm k’ap kòmande yo. Sa fè m’ lapenn anpil wi pou nou, pèp mwen an! Chèf yo fè nou pèdi chemen nou. Yo mele nou. Nou pa konn ki wout pou nou pran.
13 Seyè a kanpe pou l’ denonse sa yo fè a. Li pare pou l’ jije pèp li a.
14 Seyè a rele chèf fanmi yo ak lòt chèf pèp li a nan tribinal. L’ap denonse yo. Li di konsa: Se nou menm ki fin piye jaden rezen yo. N’ap vòlò pòv malere yo pou nou plen kay nou.
15 Nou pa gen dwa kraze pèp mwen an konsa. Nou pa gen dwa pwofite konsa sou pòv yo. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki pale.
16  Seyè a di: Gade jan medam lavil Jerizalèm yo ye non! Y’ap mache tankou yo pa kanmarad pesonn. Yo kage tèt yo dèyè, y’ap fè mesye yo je dou. Y’ap mache banda pou braslè nan pye yo ka sonnen.
17 Men, mwen menm Bondye, m’ap pini yo. M’ap kale tèt yo tou blanch, m’ap kite yo san cheve.
18 Jou sa a, Bondye va wete tout bijou yo gen sou yo: braslè yo mete nan pye yo, bando yo mare nan tèt yo, meday yo mare sou fwon yo,
19 zanno, braslè yo mete nan bra yo, ak vwal yo mete sou tèt yo,
20 mouchwa yo mare tèt yo, ti chenn yo mete nan pye yo, bèl senti yo, poban odè yo, bwòch yo,
21 bag yo, zanno pou nen yo,
22 bèl rad swa yo, foula yo, chal yo, bous yo,
23 glas yo, rad twal fin yo, madras yo ak vwal dantèl yo mete sou tèt yo.
24 Yo p’ap sèvi ak odè ankò, y’ap santi move. Yo p’ap sèvi ak bèl senti ankò. Y’a mare ren yo ak kòd. Yo p’ap gen cheve pou yo fè bèl kwafi, tèt yo va kale tou blanch. Yo p’ap gen bèl rad pou mete sou yo, y’a vlope kò yo nan sak. Yo p’ap fè figi yo bèl ankò. Y’ap tanpe yo nan figi ak fè wouj tankou esklav.
25 Tout mesye yo pral mouri nan lagè. Tout sòlda yo pral mouri nan batay.
26 Moun pral plenn nan pòtay lavil yo, y’ap nan lapenn. Lavil la ap tankou yon fanm ki chita atè, san rad sou li.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Ésaïe 3

1 Le Seigneur, l’Éternel des armées, Va ôter de Jérusalem et de Juda Tout appui et toute ressource, Toute ressource de pain Et toute ressource d’eau,
Le héros et l’homme de guerre, Le juge et le prophète, le devin et l’ancien,
Le chef de cinquante et le magistrat, Le conseiller, l’artisan distingué et l’habile enchanteur.
Je leur donnerai des jeunes gens pour chefs, Et des enfants domineront sur eux.
Il y aura réciprocité d’oppression parmi le peuple; L’un opprimera l’autre, chacun son prochain; Le jeune homme attaquera le vieillard, Et l’homme de rien celui qui est honoré.
On ira jusqu’à saisir son frère dans la maison paternelle: Tu as un habit, sois notre chef! Prends ces ruines sous ta main! –
Ce jour-là même il répondra: Je ne saurais être un médecin, Et dans ma maison il n’y a ni pain ni vêtement; Ne m’établissez pas chef du peuple!
Jérusalem chancelle, Et Juda s’écroule, Parce que leurs paroles et leurs oeuvres sont contre l’Éternel, Bravant les regards de sa majesté.
L’aspect de leur visage témoigne contre eux, Et, comme Sodome, ils publient leur crime, sans dissimuler. Malheur à leur âme! Car ils se préparent des maux.
10 Dites que le juste prospérera, Car il jouira du fruit de ses oeuvres.
11 Malheur au méchant! il sera dans l’infortune, Car il recueillera le produit de ses mains.
12 Mon peuple a pour oppresseurs des enfants, Et des femmes dominent sur lui; Mon peuple, ceux qui te conduisent t’égarent, Et ils corrompent la voie dans laquelle tu marches.
13 L’Éternel se présente pour plaider, Il est debout pour juger les peuples.
14 L’Éternel entre en jugement Avec les anciens de son peuple et avec ses chefs: Vous avez brouté la vigne! La dépouille du pauvre est dans vos maisons!
15 De quel droit foulez-vous mon peuple, Et écrasez-vous la face des pauvres? Dit le Seigneur, l’Éternel des armées.
16 L’Éternel dit: Parce que les filles de Sion sont orgueilleuses, Et qu’elles marchent le cou tendu Et les regards effrontés, Parce qu’elles vont à petits pas, Et qu’elles font résonner les boucles de leurs pieds,
17 Le Seigneur rendra chauve le sommet de la tête des filles de Sion, L’Éternel découvrira leur nudité.
18 En ce jour, le Seigneur ôtera les boucles qui servent d’ornement à leurs pieds, Et les filets et les croissants;
19 Les pendants d’oreilles, les bracelets et les voiles;
20 Les diadèmes, les chaînettes des pieds et les ceintures, Les boîtes de senteur et les amulettes;
21 Les bagues et les anneaux du nez;
22 Les vêtements précieux et les larges tuniques, Les manteaux et les gibecières;
23 Les miroirs et les chemises fines, Les turbans et les surtouts légers.
24 Au lieu de parfum, il y aura de l’infection; Au lieu de ceinture, une corde; Au lieu de cheveux bouclés, une tête chauve; Au lieu d’un large manteau, un sac étroit; Une marque flétrissante, au lieu de beauté.
25 Tes hommes tomberont sous le glaive, Et tes héros dans le combat.
26 Les portes de Sion gémiront et seront dans le deuil; Dépouillée, elle s’assiéra par terre.

Louis Segond {LSG}

Isaiah 3 

1 For, behold, the Lord, the Lord of hosts, doth take away from Jerusalem and from Judah the stay and the staff, the whole stay of bread, and the whole stay of water.
The mighty man, and the man of war, the judge, and the prophet, and the prudent, and the ancient,
The captain of fifty, and the honourable man, and the counsellor, and the cunning artificer, and the eloquent orator.
And I will give children to be their princes, and babes shall rule over them.
And the people shall be oppressed, every one by another, and every one by his neighbour: the child shall behave himself proudly against the ancient, and the base against the honourable.
When a man shall take hold of his brother of the house of his father, saying, Thou hast clothing, be thou our ruler, and let this ruin be under thy hand:
In that day shall he swear, saying, I will not be an healer; for in my house is neither bread nor clothing: make me not a ruler of the people.
For Jerusalem is ruined, and Judah is fallen: because their tongue and their doings are against the Lord, to provoke the eyes of his glory.
The shew of their countenance doth witness against them; and they declare their sin as Sodom, they hide it not. Woe unto their soul! for they have rewarded evil unto themselves.
10 Say ye to the righteous, that it shall be well with him: for they shall eat the fruit of their doings.
11 Woe unto the wicked! it shall be ill with him: for the reward of his hands shall be given him.
12 As for my people, children are their oppressors, and women rule over them. O my people, they which lead thee cause thee to err, and destroy the way of thy paths.
13 The Lord standeth up to plead, and standeth to judge the people.
14 The Lord will enter into judgment with the ancients of his people, and the princes thereof: for ye have eaten up the vineyard; the spoil of the poor is in your houses.
15 What mean ye that ye beat my people to pieces, and grind the faces of the poor? saith the Lord God of hosts.
16 Moreover the Lord saith, Because the daughters of Zion are haughty, and walk with stretched forth necks and wanton eyes, walking and mincing as they go, and making a tinkling with their feet:
17 Therefore the Lord will smite with a scab the crown of the head of the daughters of Zion, and the Lord will discover their secret parts.
18 In that day the Lord will take away the bravery of their tinkling ornaments about their feet, and their cauls, and their round tires like the moon,
19 The chains, and the bracelets, and the mufflers,
20 The bonnets, and the ornaments of the legs, and the headbands, and the tablets, and the earrings,
21 The rings, and nose jewels,
22 The changeable suits of apparel, and the mantles, and the wimples, and the crisping pins,
23 The glasses, and the fine linen, and the hoods, and the vails.
24 And it shall come to pass, that instead of sweet smell there shall be stink; and instead of a girdle a rent; and instead of well set hair baldness; and instead of a stomacher a girding of sackcloth; and burning instead of beauty.
25 Thy men shall fall by the sword, and thy mighty in the war.
26 And her gates shall lament and mourn; and she being desolate shall sit upon the ground.    
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}