Liv Jeremi / Jérémie / Jeremiah

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jeremi 1   

1 Nan liv sa a, nou jwenn sa Jeremi, pitit gason Ilkija a, te di ak sa l’ te fè. Li te yonn nan prèt ki te rete lavil Anatòt, nan pòsyon tè branch fanmi Benjamen an.
Lè Seyè a te pale ak Jeremi an, Jozyas, pitit gason Amon an, t’ap mache sou trèzan depi li te wa peyi Jida.
Apre sa, Seyè a pale avè l’ ankò. Lè sa a, se Jojakim, pitit gason Jozyas la, ki te wa nan peyi Jida. Anpil fwa menm apre sa, Seyè a pale avèk Jeremi, rive sou onzyèm lanne rèy wa Sedesyas, pitit gason Jozyas la, jouk senkyèm mwa nan lanne sa a, lè yo depòte moun lavil Jerizalèm yo.
 Seyè a pale avè m’, li di m’ konsa:
-Mwen te konnen ou anvan menm mwen te ba ou lavi nan vant manman ou. Mwen te mete ou apa pou mwen anvan menm ou te fèt. Mwen te chwazi ou pou ou te yon pwofèt pou nasyon yo.
Mwen reponn li: -Aa! Seyè Bondye sèl mèt! Se timoun mwen ye. Mwen pa konn pale.
Men, Seyè a di mwen: -Pa di se timoun ou ye. Ou gen pou ou ale bò kot tout moun m’ap voye ou. W’a di yo tou sa m’a ba ou lòd di yo.
Ou pa bezwen pè pesonn. Paske m’ap kanpe la avè ou pou m’ pwoteje ou. Se mwen menm Seyè a ki di ou sa.
Apre sa, Seyè a lonje men l’, li manyen bouch mwen. Epi li di m’: -Men mwen mete pawòl mwen nan bouch ou.
10 Jòdi a, m’ap ba ou otorite sou pèp yo ak sou gouvènman yo, pou ou derasinen, pou ou koupe, pou ou kraze, pou ou demoli, pou ou bati, pou ou plante.
11  Seyè a pale avè m’, li di m’ ankò: -Kisa ou wè la a, Jeremi? Mwen reponn li: -Mwen wè yon branch zanmann.
12 Lè sa a, Seyè a di: -Se sa menm! Mwen menm, m’ap veye pou sa m’ di a rive vre.
13 Apre sa, Seyè a pale avè m’ yon lòt fwa ankò, li di m’: -Kisa ou wè la a? Mwen reponn li: -Mwen wè yon chodyè dlo k’ap bouyi sou yon dife. Vapè dlo cho a ap desann soti nan nò.
14 Lè sa a Seyè a fè m’ konnen: -Yon gwo malè pral soti nan nò, l’ap tonbe sou tout moun ki rete nan peyi a.
15 Paske m’ap rele tout ras moun ki rete nan peyi sou bò nò yo pou yo vini. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Y’a vini, y’a mete fotèy wa yo devan pòtay lavil Jerizalèm. Y’ap fè wonn miray ranpa l’ yo, y’ap atake tout lavil nan peyi Jida yo.
16 M’a pini moun nan peyi a jan m’ te di l’ la, paske yo te fè sa ki mal. Yo vire do ban mwen, y’ al boule lansan pou lòt bondye. Yo fè zidòl, lèfini yo fè sèvis pou yo.
17 Men ou menm, Jeremi, mete gason sou ou! Leve non! Di yo tou sa mwen ba ou lòd di. Ou pa bezwen pè yo. Si ou pè yo, m’ap fè ou pi pè yo lè w’a devan yo.
18 Jòdi a m’ap ba ou fòs pou kenbe tèt ak tout moun nan peyi Jida a, ak wa l’ yo, ak chèf li yo, ak prèt li yo, ak tout rès pèp la. W’ap tankou yon lavil ak gwo miray ranpa, tankou yon poto fè, tankou yon miray fèt an kwiv.
19 Yo tout pral leve dèyè ou. Men, yo p’ap ka fè ou anyen. Paske m’ap kanpe la avè ou pou m’ delivre ou. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Jérémie 1

1 Paroles de Jérémie, fils de Hilkija, l’un des sacrificateurs d’Anathoth, dans le pays de Benjamin.
La parole de l’Éternel lui fut adressée au temps de Josias, fils d’Amon, roi de Juda, la treizième année de son règne,
et au temps de Jojakim, fils de Josias, roi de Juda, jusqu’à la fin de la onzième année de Sédécias, fils de Josias, roi de Juda, jusqu’à l’époque où Jérusalem fut emmenée en captivité, au cinquième mois.
La parole de l’Éternel me fut adressée, en ces mots:
Avant que je t’eusse formé dans le ventre de ta mère, je te connaissais, et avant que tu fusses sorti de son sein, je t’avais consacré, je t’avais établi prophète des nations.
Je répondis: Ah! Seigneur Éternel! voici, je ne sais point parler, car je suis un enfant.
Et l’Éternel me dit: Ne dis pas: Je suis un enfant. Car tu iras vers tous ceux auprès de qui je t’enverrai, et tu diras tout ce que je t’ordonnerai.
Ne les crains point, car je suis avec toi pour te délivrer, dit l’Éternel.
Puis l’Éternel étendit sa main, et toucha ma bouche; et l’Éternel me dit: Voici, je mets mes paroles dans ta bouche.
10 Regarde, je t’établis aujourd’hui sur les nations et sur les royaumes, pour que tu arraches et que tu abattes, pour que tu ruines et que tu détruises, pour que tu bâtisses et que tu plantes.
11 La parole de l’Éternel me fut adressée, en ces mots: Que vois-tu, Jérémie? Je répondis: Je vois une branche d’amandier.
12 Et l’Éternel me dit: Tu as bien vu; car je veille sur ma parole, pour l’exécuter.
13 La parole de l’Éternel me fut adressée une seconde fois, en ces mots: Que vois-tu? Je répondis: Je vois une chaudière bouillante, du côté du septentrion.
14 Et l’Éternel me dit: C’est du septentrion que la calamité se répandra sur tous les habitants du pays.
15 Car voici, je vais appeler tous les peuples des royaumes du septentrion, dit l’Éternel; ils viendront, et placeront chacun leur siège à l’entrée des portes de Jérusalem, contre ses murailles tout alentour, et contre toutes les villes de Juda.
16 Je prononcerai mes jugements contre eux, à cause de toute leur méchanceté, parce qu’ils m’ont abandonné et ont offert de l’encens à d’autres dieux, et parce qu’ils se sont prosternés devant l’ouvrage de leurs mains.
17 Et toi, ceins tes reins, lève-toi, et dis-leur tout ce que je t’ordonnerai. Ne tremble pas en leur présence, de peur que je ne te fasse trembler devant eux.
18 Voici, je t’établis en ce jour sur tout le pays comme une ville forte, une colonne de fer et un mur d’airain, contre les rois de Juda, contre ses chefs, contre ses sacrificateurs, et contre le peuple du pays.
19 Ils te feront la guerre, mais ils ne te vaincront pas; car je suis avec toi pour te délivrer, dit l’Éternel.

Louis Segond {LSG}

Jeremiah 1 

1 The words of Jeremiah the son of Hilkiah, of the priests that were in Anathoth in the land of Benjamin:
To whom the word of the Lord came in the days of Josiah the son of Amon king of Judah, in the thirteenth year of his reign.
It came also in the days of Jehoiakim the son of Josiah king of Judah, unto the end of the eleventh year of Zedekiah the son of Josiah king of Judah, unto the carrying away of Jerusalem captive in the fifth month.
Then the word of the Lord came unto me, saying,
Before I formed thee in the belly I knew thee; and before thou camest forth out of the womb I sanctified thee, and I ordained thee a prophet unto the nations.
Then said I, Ah, Lord God! behold, I cannot speak: for I am a child.
But the Lord said unto me, Say not, I am a child: for thou shalt go to all that I shall send thee, and whatsoever I command thee thou shalt speak.
Be not afraid of their faces: for I am with thee to deliver thee, saith the Lord.
Then the Lord put forth his hand, and touched my mouth. And the Lord said unto me, Behold, I have put my words in thy mouth.
10 See, I have this day set thee over the nations and over the kingdoms, to root out, and to pull down, and to destroy, and to throw down, to build, and to plant.
11 Moreover the word of the Lord came unto me, saying, Jeremiah, what seest thou? And I said, I see a rod of an almond tree.
12 Then said the Lord unto me, Thou hast well seen: for I will hasten my word to perform it.
13 And the word of the Lord came unto me the second time, saying, What seest thou? And I said, I see a seething pot; and the face thereof is toward the north.
14 Then the Lord said unto me, Out of the north an evil shall break forth upon all the inhabitants of the land.
15 For, lo, I will call all the families of the kingdoms of the north, saith the Lord; and they shall come, and they shall set every one his throne at the entering of the gates of Jerusalem, and against all the walls thereof round about, and against all the cities of Judah.
16 And I will utter my judgments against them touching all their wickedness, who have forsaken me, and have burned incense unto other gods, and worshipped the works of their own hands.
17 Thou therefore gird up thy loins, and arise, and speak unto them all that I command thee: be not dismayed at their faces, lest I confound thee before them.
18 For, behold, I have made thee this day a defenced city, and an iron pillar, and brasen walls against the whole land, against the kings of Judah, against the princes thereof, against the priests thereof, and against the people of the land.
19 And they shall fight against thee; but they shall not prevail against thee; for I am with thee, saith the Lord, to deliver thee.     
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}