Liv Oze / Osée / Hosea

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Oze 9     

1 Nou menm pèp Izrayèl, pa fè kè nou kontan! Sispann fè fèt tankou moun lòt nasyon yo. Nou vire do bay Bondye nou an, nou pa kenbe pawòl nou te gen avè l’ la. Tankou fanm ki nan dezòd, nou kouche kote nou jwenn glasi pou ti grenn yo fè nou kado.
Men, talè konsa, nou p’ap gen kont farin, ni kont lwil pou nou sèvi. Kanta pou diven, nou p’ap jwenn sa menm.
Pèp Izrayèl la p’ap rete nan peyi Seyè a. Moun Efrayim yo ap tounen peyi Lejip ankò. Yo pral manje nan peyi Lasiri manje yo pa te gen dwa manje.
Lè sa a, yo p’ap ka ofri diven bay Seyè a, ni yo p’ap ka fè okenn ofrann bèt ki pou ta fè l’ plezi. Tout manje yo ap tankou manje yo bay nan veye. Tout moun ki manje manje sa yo p’ap nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye. Manje a va sèvi pou plen vant yo ase. Yo p’ap ka pran ladan l’ pou ofri bay Seyè a nan tanp li a.
Kisa y’a fè menm lè gwo jou a, lè jou pou yo fè fèt pou Seyè a va rive?
Men malè tonbe sou yo, yo leve, yo pati. Moun peyi Lejip yo ap ranmase yo, y’ap antere yo nan lavil Menmfis. Raje pral pouse tout kote yo te konn mete richès yo. Pikan pral anvayi tout kote yo te moute kay yo.
 Jou pou yo pini nou an rive. Wi, lè pou yo ban nou sa nou merite a pral rive. Lè sa a, moun peyi Izrayèl yo va konprann sa k’ap rive yo a. Y’ap plede di: Pwofèt sa a pèdi tèt li. Nonm ki gen lespri Bondye moute l’ la pa konn sa l’ap di. Men se paske yo fè gwo peche, se paske yo vire do bay Bondye kifè sa rive yo.
Bondye voye m’ tankou yon pwofèt pou m’ avèti moun Izrayèl yo, pèp li a. Men tout kote m’ pase, yo pare pèlen pou yo pran m’ tankou yon zwazo. Menm nan pwòp kay Bondye a, yo pa vle wè m’.
Yo lage kò yo nèt nan fè sa ki mal, tankou yo te fè l’ lavi Gibeya. Bondye va chonje jan yo mechan, l’a pini yo pou tout peche yo fè.
10 Seyè a di: Lè m’ te fèk jwenn pèp Izrayèl la, se te tankou si m’ te jwenn yon grap rezen nan mitan yon dezè. Lè m’ te fèk wè zansèt nou yo, se te tankou si m’ te wè premye fig frans ki mi nan rekòt fig la. Men, lè yo rive Baal-Peyò yo lage kò yo nan sèvi Baal. Yo fè m’ vin rayi yo, tankou mwen rayi zidòl yo te renmen yo.
11  Sa ki te yon lwanj pou pèp Efrayim lan ap vole ale tankou zwazo. Yo p’ap fè pitit, madanm yo p’ap gwovant, madanm yo p’ap menm ansent.
12 Menm si yo rive fè pitit, mwen p’ap kite yo fin grandi. Lè m’ vire do ba yo, malè ap rive yo.
13 Mwen fè yon vizyon, mwen wè pitit gason moun Izrayèl yo nan yon bèl jaden, epi se moun Izrayèl yo menm ki t’ap mennen yo bay ansasen.
14 Seyè! Kisa m’ ta mande ou fè pou yo? Fè madanm yo toujou an pèdisyon? Fè yo pa gen lèt pou bay pitit yo tete?
15 Seyè a di konsa: Mechanste pèp la konmanse depi nan peyi Gilgal. Se la menm mwen konmanse rayi yo. Yo fè twòp move zak. Se poutèt sa, m’ap mete yo deyò nan peyi mwen an. Mwen p’ap renmen yo ankò, paske tout chèf yo se yon bann wòklò.
16 Peyi Efrayim lan tankou yon pyebwa ki pa ka donnen ankò. Rasin li yo fin cheche. Yo p’ap fè pitit. Menm si yo rive fè pitit, m’ap touye pitit yo pi renmen yo.
17 Bondye m’ap sèvi a ap voye yo jete, paske yo pa t’ koute li. Yo pral mache pwomennen san rete nan mitan nasyon yo.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Osée 9 

1 Israël, ne te livre pas à la joie, à l’allégresse, comme les peuples, De ce que tu t’es prostitué en abandonnant l’Éternel, De ce que tu as aimé un salaire impur dans toutes les aires à blé!
L’aire et le pressoir ne les nourriront pas, Et le moût leur fera défaut.
Ils ne resteront pas dans le pays de l’Éternel; Éphraïm retournera en Égypte, Et ils mangeront en Assyrie des aliments impurs.
Ils ne feront pas à l’Éternel des libations de vin: Elles ne lui seraient point agréables. Leurs sacrifices seront pour eux comme un pain de deuil; Tous ceux qui en mangeront se rendront impurs; Car leur pain ne sera que pour eux, Il n’entrera point dans la maison de l’Éternel.
Que ferez-vous aux jours solennels, Aux jours des fêtes de l’Éternel?
Car voici, ils partent à cause de la dévastation; L’Égypte les recueillera, Moph leur donnera des sépulcres; Ce qu’ils ont de précieux, leur argent, sera la proie des ronces, Et les épines croîtront dans leurs tentes.
Ils arrivent, les jours du châtiment, Ils arrivent, les jours de la rétribution: Israël va l’éprouver! Le prophète est fou, l’homme inspiré a le délire, A cause de la grandeur de tes iniquités et de tes rébellions.
Éphraïm est une sentinelle contre mon Dieu; Le prophète… un filet d’oiseleur est sur toutes ses voies, Un ennemi dans la maison de son Dieu.
Ils sont plongés dans la corruption, comme aux jours de Guibea; L’Éternel se souviendra de leur iniquité, Il punira leurs péchés.
10 J’ai trouvé Israël comme des raisins dans le désert, J’ai vu vos pères comme les premiers fruits d’un figuier; Mais ils sont allés vers Baal Peor, Ils se sont consacrés à l’infâme idole, Et ils sont devenus abominables comme l’objet de leur amour.
11 La gloire d’Éphraïm s’envolera comme un oiseau: Plus de naissance, plus de grossesse, plus de conception.
12 S’ils élèvent leurs enfants, Je les en priverai avant qu’ils soient des hommes; Et malheur à eux, quand je les abandonnerai!
13 Éphraïm, aussi loin que portent mes regards du côté de Tyr, Est planté dans un lieu agréable; Mais Éphraïm mènera ses enfants vers celui qui les tuera.
14 Donne-leur, ô Éternel!… Que leur donneras-tu?… Donne-leur un sein qui avorte et des mamelles desséchées!
15 Toute leur méchanceté se montre à Guilgal; C’est là que je les ai pris en aversion. A cause de la malice de leurs oeuvres, Je les chasserai de ma maison. Je ne les aimerai plus; Tous leurs chefs sont des rebelles.
16 Éphraïm est frappé, sa racine est devenue sèche; Ils ne porteront plus de fruit; Et s’ils ont des enfants, Je ferai périr les objets de leur tendresse.
17 Mon Dieu les rejettera, parce qu’ils ne l’ont pas écouté, Et ils seront errants parmi les nations.

Louis Segond {LSG}

Hosea 9

1 Rejoice not, O Israel, for joy, as other people: for thou hast gone a whoring from thy God, thou hast loved a reward upon every cornfloor.
The floor and the winepress shall not feed them, and the new wine shall fail in her.
They shall not dwell in the Lord‘s land; but Ephraim shall return to Egypt, and they shall eat unclean things in Assyria.
They shall not offer wine offerings to the Lord, neither shall they be pleasing unto him: their sacrifices shall be unto them as the bread of mourners; all that eat thereof shall be polluted: for their bread for their soul shall not come into the house of the Lord.
What will ye do in the solemn day, and in the day of the feast of the Lord?
For, lo, they are gone because of destruction: Egypt shall gather them up, Memphis shall bury them: the pleasant places for their silver, nettles shall possess them: thorns shall be in their tabernacles.
The days of visitation are come, the days of recompence are come; Israel shall know it: the prophet is a fool, the spiritual man is mad, for the multitude of thine iniquity, and the great hatred.
The watchman of Ephraim was with my God: but the prophet is a snare of a fowler in all his ways, and hatred in the house of his God.
They have deeply corrupted themselves, as in the days of Gibeah: therefore he will remember their iniquity, he will visit their sins.
10 I found Israel like grapes in the wilderness; I saw your fathers as the firstripe in the fig tree at her first time: but they went to Baalpeor, and separated themselves unto that shame; and their abominations were according as they loved.
11 As for Ephraim, their glory shall fly away like a bird, from the birth, and from the womb, and from the conception.
12 Though they bring up their children, yet will I bereave them, that there shall not be a man left: yea, woe also to them when I depart from them!
13 Ephraim, as I saw Tyrus, is planted in a pleasant place: but Ephraim shall bring forth his children to the murderer.
14 Give them, O Lord: what wilt thou give? give them a miscarrying womb and dry breasts.
15 All their wickedness is in Gilgal: for there I hated them: for the wickedness of their doings I will drive them out of mine house, I will love them no more: all their princes are revolters.
16 Ephraim is smitten, their root is dried up, they shall bear no fruit: yea, though they bring forth, yet will I slay even the beloved fruit of their womb.
17 My God will cast them away, because they did not hearken unto him: and they shall be wanderers among the nations.    
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}