Liv Jenèz  / Genèse / Genesis

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jenèz 44

1 Apre sa, Jozèf bay chèf domestik la lòd sa a: -Plen sak mesye yo manje mezi yo ka pote. Mete lajan chak moun nan bouch sak yo.
W’a pran gwo gode m’ lan, gode an ajan an, w’a mete l’ nan bouch sak pi piti a ansanm ak tout lajan l’ lan. Chèf domestik la fè sa Jozèf te di l’ fè a.
Nan denmen maten, byen bonè, yo voye mesye yo al fè wout yo ak tout bourik yo.
Yo te fin kite lavil la dèyè, men yo pa t’ pi lwen pase sa, lè Jozèf di domestik li a: -Leve, kouri dèyè mesye yo. Lè w’a trape yo, w’a di yo: Poukisa nou aji mal konsa ak moun ki fè nou byen?
Poukisa nou pran gwo gode mèt mwen an? Se ladan l’ li bwè, se ak li li sèvi pou l’ konnen sa ki pral pase. Sa nou fè a pa bon menm.
Lè domestik la trape yo, li repete tout sa mèt li a te di l’.
Men yo reponn: -Men msye, nou pa konprann sa w’ap di la a. pou n’ ta fè bagay konsa? Mande Bondye padon!
Gade, lajan nou te jwenn premye fwa a nan bouch sak nou yo, nou pote l’ tounen ba ou soti peyi Kanaran. Ki jan ou vle wè pou nou ta vòlò ajan osinon lò kay mèt la?
Si ou jwenn gwo gode a nan men yonn nan nou, se pou moun sa a mouri. Nou menm lòt yo, se pou yo fè nou tounen esklav.
10 Domestik la di: -Dakò. Men, si yo jwenn gode a nan men yonn nan nou, se moun sa a m’ap pran pou sèvi m’ esklav. Lòt yo lib, yo mèt ale.
11 La menm, yo prese mete sak yo atè, chak moun louvri sak yo.
12 Chèf domestik Jozèf la pran fouye sak yo yonn apre lòt. Li konmanse ak sak pi gran an pou l’ fini ak sak pi piti a. Yo jwenn gode a nan sak Benjamen an.
13 Sa ou tande a, yon sèl lapenn pran mesye yo, yo chire rad sou yo. Chak moun chaje bourik yo ankò, yo tounen lavil.
14 Lè Jida ak frè l’ yo rive lakay Jozèf, Jozèf te la toujou. Yo bese tèt yo jouk atè devan li.
15 Jozèf di yo: -Kisa nou fè konsa? Eske nou pa konnen yon nonm tankou mwen gen pouvwa pou m’ wè tout sa ki pral rive?
16 Jida reponn li: -Mèt, nou pa konn sa pou nou di. Nou pa ka pale. Pa gen savon pou lave nou devan ou. Se Bondye menm ki fè ou dekouvri nou. Mèt, se poutèt sa se pa sèlman moun ki te gen gode a nan men l’ lan ki esklav ou, se nou tout ki esklav ou.
17 Men Jozèf di: -Mande Bondye padon! Mwen pa ka fè sa. Moun ki te gen gode a, se li menm sèlman k’ap rete pou sèvi m’ esklav. Lòt yo mèt tounen lakay papa yo ak kè poze jan yo te vini an.
18  Lè sa a, Jida pwoche bò kote Jozèf, li di l’ konsa: -Tanpri, mèt. Kite m’ di ou yon ti pawòl. Ou pa bezwen fache sou mwen. Mwen konnen ki di ou menm di farawon an.
19 Mèt, ou te mande nou èske papa nou la, èske nou gen lòt frè.
20 Nou te reponn ou: Wi, nou gen yon papa ki fin vye granmoun ak yon ti frè, pitit papa nou te fè nan vyeyès li. Ti bway la te gen yon lòt frè menm manman avè l’. Men, li mouri. Nan de pitit manman l’ yo, se li menm ase ki rete. Lèfini papa nou renmen l’ anpil.
21 Ou te mande nou pou nou mennen l’ isit la pou ou te ka wè l’.
22 Nou te reponn ou, mèt, ti bway la pa t’ ka kite papa l’. Si li kite l’, chagren va touye papa a.
23 Men, ou te kenbe pawòl ou pi rèd, ou te di nou si ti frè nou an pa vini ak nou, nou pa bezwen parèt devan ou.
24 Lè nou tounen kay papa nou, nou rakonte l’ tout sa ou te di nou.
25 Apre sa, papa di nou: Tounen al achte manje pou mwen.
26 Nou di l’: Non, papa. Nou pa ka desann paske si ti frè nou an pa ale ak nou, nou p’ap ka parèt devan chèf la. Men, si ou dakò pou ti frè nou an ale ak nou, n’a desann.
27 Lè sa a, papa nou di: Nou konnen madanm mwen te fè de sèl pitit gason pou mwen.
28 Gen yonn ki pati kite m’. Mwen kwè se bèt nan bwa ki dwe devore l’, paske mwen pa janm wè l’ jouk koulye a.
29 Jòdi a, si nou pran sa a nan men m’, si yon malè rive l’, avèk tout laj sa ki sou tèt mwen an, mwen p’ap ka sipòte lapenn sa a, chagren va touye m’.
30 Koulye a atò, mèt, si mwen tounen al jwenn papa m’ san pitit gason l’ sa a, ki de je nan tèt li,
31 kou la gade li wè pitit li a pa la, l’ap mouri. Se nou menm ki va lakòz lapenn sa a k’ap twòp pou granmoun lan. Papa nou va mouri sou kont nou.
32 Wi, se mwen menm ki te bay papa m’ garanti m’ap tounen ak pitit la. Mwen te di l’: Si m’ pa mennen l’ tounen ba li, se mwen menm k’ap pote fòt la devan l’ jouk jou mwen mouri.
33 Se poutèt sa, mèt, tanpri, kite ti bway la ale avèk frè l’ yo, kite m’ pran plas li. Gade m’ pou esklav ou.
34 Mwen pa konnen ki pye pou m’ ta mete devan pou m’ tounen kay papa m’ san ti gason an pa avèk nou. Mwen pa ta vle wè lapenn sa a tonbe sou papa m’. 

Genèse 44

1 Joseph donna cet ordre à l’intendant de sa maison: Remplis de vivres les sacs de ces gens, autant qu’ils en pourront porter, et mets l’argent de chacun à l’entrée de son sac.
Tu mettras aussi ma coupe, la coupe d’argent, à l’entrée du sac du plus jeune, avec l’argent de son blé. L’intendant fit ce que Joseph lui avait ordonné.
Le matin, dès qu’il fit jour, on renvoya ces gens avec leur ânes.
Ils étaient sortis de la ville, et ils n’en étaient guère éloignés, lorsque Joseph dit à son intendant: Lève-toi, poursuis ces gens; et, quand tu les auras atteints, tu leur diras: Pourquoi avez-vous rendu le mal pour le bien?
N’avez-vous pas la coupe dans laquelle boit mon seigneur, et dont il se sert pour deviner? Vous avez mal fait d’agir ainsi.
L’intendant les atteignit, et leur dit ces mêmes paroles.
Ils lui répondirent: Pourquoi mon seigneur parle-t-il de la sorte? Dieu préserve tes serviteurs d’avoir commis une telle action!
Voici, nous t’avons rapporté du pays de Canaan l’argent que nous avons trouvé à l’entrée de nos sacs; comment aurions-nous dérobé de l’argent ou de l’or dans la maison de ton seigneur?
Que celui de tes serviteurs sur qui se trouvera la coupe meure, et que nous soyons nous-mêmes esclaves de mon seigneur!
10 Il dit: Qu’il en soit donc selon vos paroles! Celui sur qui se trouvera la coupe sera mon esclave; et vous, vous serez innocents.
11 Aussitôt, chacun descendit son sac à terre, et chacun ouvrit son sac.
12 L’intendant les fouilla, commençant par le plus âgé et finissant par le plus jeune; et la coupe fut trouvée dans le sac de Benjamin.
13 Ils déchirèrent leurs vêtements, chacun rechargea son âne, et ils retournèrent à la ville.
14 Juda et ses frères arrivèrent à la maison de Joseph, où il était encore, et ils se prosternèrent en terre devant lui.
15 Joseph leur dit: Quelle action avez-vous faite? Ne savez-vous pas qu’un homme comme moi a le pouvoir de deviner?
16 Juda répondit: Que dirons-nous à mon seigneur? comment parlerons-nous? comment nous justifierons-nous? Dieu a trouvé l’iniquité de tes serviteurs. Nous voici esclaves de mon seigneur, nous, et celui sur qui s’est trouvée la coupe.
17 Et Joseph dit: Dieu me garde de faire cela! L’homme sur qui la coupe a été trouvée sera mon esclave; mais vous, remontez en paix vers votre père.
18 Alors Juda s’approcha de Joseph, et dit: De grâce, mon seigneur, que ton serviteur puisse faire entendre une parole à mon seigneur, et que sa colère ne s’enflamme point contre ton serviteur! car tu es comme Pharaon.
19 Mon seigneur a interrogé ses serviteurs, en disant: Avez-vous un père, ou un frère?
20 Nous avons répondu: Nous avons un vieux père, et un jeune frère, enfant de sa vieillesse; cet enfant avait un frère qui est mort, et qui était de la même mère; il reste seul, et son père l’aime.
21 Tu as dit à tes serviteurs: Faites-le descendre vers moi, et que je le voie de mes propres yeux.
22 Nous avons répondu à mon seigneur: L’enfant ne peut pas quitter son père; s’il le quitte, son père mourra.
23 Tu as dit à tes serviteurs: Si votre jeune frère ne descend pas avec vous, vous ne reverrez pas ma face.
24 Lorsque nous sommes remontés auprès de ton serviteur, mon père, nous lui avons rapporté les paroles de mon seigneur.
25 Notre père a dit: Retournez, achetez-nous un peu de vivres.
26 Nous avons répondu: Nous ne pouvons pas descendre; mais, si notre jeune frère est avec nous, nous descendrons, car nous ne pouvons pas voir la face de cet homme, à moins que notre jeune frère ne soit avec nous.
27 Ton serviteur, notre père, nous a dit: Vous savez que ma femme m’a enfanté deux fils.
28 L’un étant sorti de chez moi, je pense qu’il a été sans doute déchiré, car je ne l’ai pas revu jusqu’à présent.
29 Si vous me prenez encore celui-ci, et qu’il lui arrive un malheur, vous ferez descendre mes cheveux blancs avec douleur dans le séjour des morts.
30 Maintenant, si je retourne auprès de ton serviteur, mon père, sans avoir avec nous l’enfant à l’âme duquel son âme est attachée,
31 il mourra, en voyant que l’enfant n’y est pas; et tes serviteurs feront descendre avec douleur dans le séjour des morts les cheveux blancs de ton serviteur, notre père.
32 Car ton serviteur a répondu pour l’enfant, en disant à mon père: Si je ne le ramène pas auprès de toi, je serai pour toujours coupable envers mon père.
33 Permets donc, je te prie, à ton serviteur de rester à la place de l’enfant, comme esclave de mon seigneur; et que l’enfant remonte avec ses frères.
34 Comment pourrai-je remonter vers mon père, si l’enfant n’est pas avec moi? Ah! que je ne voie point l’affliction de mon père!

Genesis 44

1 And he commanded the steward of his house, saying, Fill the men’s sacks with food, as much as they can carry, and put every man’s money in his sack’s mouth.
And put my cup, the silver cup, in the sack’s mouth of the youngest, and his corn money. And he did according to the word that Joseph had spoken.
As soon as the morning was light, the men were sent away, they and their asses.
And when they were gone out of the city, and not yet far off, Joseph said unto his steward, Up, follow after the men; and when thou dost overtake them, say unto them, Wherefore have ye rewarded evil for good?
Is not this it in which my lord drinketh, and whereby indeed he divineth? ye have done evil in so doing.
And he overtook them, and he spake unto them these same words.
And they said unto him, Wherefore saith my lord these words? God forbid that thy servants should do according to this thing:
Behold, the money, which we found in our sacks’ mouths, we brought again unto thee out of the land of Canaan: how then should we steal out of thy lord’s house silver or gold?
With whomsoever of thy servants it be found, both let him die, and we also will be my lord’s bondmen.
10 And he said, Now also let it be according unto your words: he with whom it is found shall be my servant; and ye shall be blameless.
11 Then they speedily took down every man his sack to the ground, and opened every man his sack.
12 And he searched, and began at the eldest, and left at the youngest: and the cup was found in Benjamin’s sack.
13 Then they rent their clothes, and laded every man his ass, and returned to the city.
14 And Judah and his brethren came to Joseph’s house; for he was yet there: and they fell before him on the ground.
15 And Joseph said unto them, What deed is this that ye have done? wot ye not that such a man as I can certainly divine?
16 And Judah said, What shall we say unto my lord? what shall we speak? or how shall we clear ourselves? God hath found out the iniquity of thy servants: behold, we are my lord’s servants, both we, and he also with whom the cup is found.
17 And he said, God forbid that I should do so: but the man in whose hand the cup is found, he shall be my servant; and as for you, get you up in peace unto your father.
18 Then Judah came near unto him, and said, Oh my lord, let thy servant, I pray thee, speak a word in my lord’s ears, and let not thine anger burn against thy servant: for thou art even as Pharaoh.
19 My lord asked his servants, saying, Have ye a father, or a brother?
20 And we said unto my lord, We have a father, an old man, and a child of his old age, a little one; and his brother is dead, and he alone is left of his mother, and his father loveth him.
21 And thou saidst unto thy servants, Bring him down unto me, that I may set mine eyes upon him.
22 And we said unto my lord, The lad cannot leave his father: for if he should leave his father, his father would die.
23 And thou saidst unto thy servants, Except your youngest brother come down with you, ye shall see my face no more.
24 And it came to pass when we came up unto thy servant my father, we told him the words of my lord.
25 And our father said, Go again, and buy us a little food.
26 And we said, We cannot go down: if our youngest brother be with us, then will we go down: for we may not see the man’s face, except our youngest brother be with us.
27 And thy servant my father said unto us, Ye know that my wife bare me two sons:
28 And the one went out from me, and I said, Surely he is torn in pieces; and I saw him not since:
29 And if ye take this also from me, and mischief befall him, ye shall bring down my gray hairs with sorrow to the grave.
30 Now therefore when I come to thy servant my father, and the lad be not with us; seeing that his life is bound up in the lad’s life;
31 It shall come to pass, when he seeth that the lad is not with us, that he will die: and thy servants shall bring down the gray hairs of thy servant our father with sorrow to the grave.
32 For thy servant became surety for the lad unto my father, saying, If I bring him not unto thee, then I shall bear the blame to my father for ever.
33 Now therefore, I pray thee, let thy servant abide instead of the lad a bondman to my lord; and let the lad go up with his brethren.
34 For how shall I go up to my father, and the lad be not with me? lest peradventure I see the evil that shall come on my father.
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}