Liv Jij / Juges / Judges

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jij 1

1 Apre Jozye mouri, pèp Izrayèl la mande Seyè a: -Nan tout branch fanmi nou yo, kilès ladan yo ki pou al atake moun Kanaran yo anvan?
Seyè a reponn yo: -Se branch fanmi Jida a ki pou premye ale. Se mwen menm k’ap lage tout peyi a nan men yo.
Moun Jida yo di moun Simeyon yo konsa: -Ann al ansanm ak nou nan pòsyon tè yo ban nou an, nou menm moun Jida yo. Enpi n’a mete ansanm pou goumen ak moun Kanaran yo. Apre sa, nou menm moun Jida yo, n’a ale ansanm ak nou nan pòsyon tè yo ban nou an, nou menm moun Simeyon yo. Se konsa, moun Simeyon yo ale ansanm ak
moun Jida yo, yo moute al goumen. Seyè a lage moun Kanaran yo ak moun Ferezi yo nan men yo. Yo bat yon lame dimil (10.000) sòlda nan lavil Bezèk.
Yo jwenn Adonibezèk l’a tou. Yo goumen avè l’. Yo bat moun Kanaran yo ak moun Ferezi yo byen bat.
Adonibezèk te kouri pou yo. Yo kouri dèyè l’, yo mete men sou li, epi yo koupe de dwèt gwopous li yo ak de gwo tèt zòtèy pye l’ yo.
Lè sa a, Adonibezèk di: -Mwen te koupe dwèt gwopous ak gwo tèt zòtèy pye swasanndis wa. Yo te konn ranmase kras manje ki tonbe anba tab mwen. Jòdi a, Bondye fè m’ sa m’ te fè yo a. Yo mennen msye lavil Jerizalèm. Se la li mouri.
Moun fanmi Jida yo al atake lavil Jerizalèm, epi yo pran l’. Yo touye dènye moun ki te rete la, lèfini yo mete dife ladan l’.
 Apre sa, y’ al goumen ak moun Kanaran ki t’ap viv nan mòn yo ak nan pye mòn yo nan Negèv la.
10 Moun Jida yo atake moun Kanaran ki te rete lavil Ebwon, ki te rele anvan sa Kiriyat Aba. Yo bat Chechayi, Ayiman ak Talmayi.
11 Yo kite Ebwon, yo mache al atake moun ki te rete lavil Debi yo. Nan tan lontan yo te rete lavil sa a Kiriyat-Sefè.
12 Kalèb di: -Moun ki va resi pran lavil Kiriyat-Sefè a, m’ap marye l’ ak Aksa, pitit fi mwen an.
13 Se Otonyèl, pitit gason Kenaz, ti frè Kalèb la, ki te pran lavil la. Konsa, Kalèb ba li Aksa, pitit fi li a, pou madanm.
14 Lè Aksa rive lakay mari l’, mari a di l’ poukisa li pa mande papa l’ yon bon jaden. Akza al jwenn Kalèb. Desann li desann bourik li, Kalèb mande l’: -Sak genyen, pitit mwen?
15 Akza reponn: -Mwen vin mande ou yon favè. Se ou menm ki voye m’ al viv nan dezè Negèv la, se pou ou ban m’ kote pou m’ pran dlo tou. Se konsa Kalèb ba li Sous Dlo Anwo ak Sous Dlo Anba Negèv la.
16 Moun Kayen yo, fanmi bòpè Moyiz la, kite lavil Palmis. Yo moute ansanm ak moun Jida yo nan dezè peyi Jida a sou bò sid lavil Arad. Se la y’ al rete ansanm ak moun Amalèk yo.
17 Moun Jida yo ale ansanm ak moun Simeyon yo, yo bat moun Kanaran ki te rete lavil Zefa yo. Yo detwi lavil la, yo touye dènye moun ak dènye bèt ki te ladan l’. Yo boule yo tankou yon ofrann pou Seyè a. Yo chanje non lavil la, yo rele l’ Oma.
18 Moun Jida yo pa t’ pran lavil Gaza ak tout zòn ki sou zòd li, lavil Askalon ak tout zòn ki sou zòd li, lavil Ekwon ak tout zòn ki sou zòd li.
19 Seyè a te kanpe ak moun Jida yo, li fè yo pran tout mòn yo pou yo. Men, yo pa t’ kapab mete moun ki nan laplenn yo deyò paske yo te gen cha lagè fèt an fè.
20 Jan Moyiz te bay lòd la, yo pran lavil Ebwon bay Kalèb. Kalèb mete twa pitit gason Anak yo deyò nan lavil la.
21  Men, moun branch fanmi Benjamen yo pa t’ mete moun Jebis yo deyò nan lavil Jerizalèm. Se konsa moun Jebis yo rete ap viv ansanm ak moun Benjamen yo nan lavil Jerizalèm jouk jòdi a.
22 Moun de branch fanmi Jozèf yo moute al atake lavil Betèl ki te rele Louz anvan sa. Seyè a te kanpe avèk yo tou.
23 Yo voye kèk moun an kachèt al wè jan sa ye nan lavil la.
24 Moun yo te voye yo kontre yon nonm ki t’ap soti lavil la. Yo di l’ konsa: -Moutre nou ki jan moun ka antre nan lavil la. Nou pwomèt ou nou p’ap fè ou anyen.
25 Se konsa nonm lan moutre yo ki jan pou yo antre nan lavil la. Yo touye tout moun ki te nan lavil la, esepte nonm lan ansanm ak tout fanmi l’.
26 Apre sa, nonm lan pati ale nan peyi moun Et yo. Li bati yon lavil laba a, li rele l’ Louz. Se konsa yo rele lavil la jouk jòdi a.
27 Moun branch fanmi Manase yo pa t’ rive mete tout moun deyò nan lavil Bèt Chean, nan lavil Tanak, nan lavil Dò, nan lavil Jibleyam, nan lavil Megibo ak nan tout ti bouk ki te sou kont yo. Konsa, moun Kanaran yo te toujou ap viv nan peyi a.
28 Lè moun Izrayèl yo te vin pi fò, yo fòse moun Kanaran yo travay pou yo, men, yo pa janm mete yo deyò.
29 Moun branch fanmi Efrayim yo tou pa t’ mete moun Kanaran yo deyò nan lavil Gezè. Se konsa, moun Kanaran yo rete viv la ansanm ak yo.
30 Moun branch fanmi Zabilon yo pa t’ mete moun Kanaran yo deyò nan lavil Kitwon ak nan lavil Naalòl. Moun Kanaran yo te rete viv ansanm ak yo, men yo te blije travay pou moun Zabilon yo.
31 Moun branch fanmi Asè yo pa t’ mete moun Kanaran yo deyò nan lavil Sidon, lavil Alad, lavil Akzid, lavil Elba, lavil Afik ak lavil Reyòb.
32 Se konsa, moun Asè yo t’ap viv ansanm ak moun Kanaran ki te rete nan peyi a, paske yo pa t’ mete yo deyò.
33 Moun branch fanmi Nèftali yo pa t’ mete moun Kanaran yo deyò nan lavil Bèt-Chemèch, ni nan lavil Bèt Anat. Yo te rete ansanm ak moun Kanaran ki te rete nan peyi a. Men, moun lavil Bèt-Chemèch ak moun lavil Bèt anat yo te blije travay pou yo.
34 Moun Amori yo menm te kwense moun fanmi Dann yo nan mòn yo. Yo pa t’ kite yo desann nan plenn lan menm.
35 Se konsa, moun Amori yo rete rete yo nan mòn Erès, nan lavil Ayalon ak nan lavil Chalbim. Men, lè moun fanmi Jozèf yo rive donminen sou yo, yo fè yo travay pou yo.
36 Fwontyè peyi moun Amori yo te konmanse depi pas Eskòpyon yo, moute rive gwo Wòch.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

Juges 1

1 Après la mort de Josué, les enfants d’Israël consultèrent l’Éternel, en disant: Qui de nous montera le premier contre les Cananéens, pour les attaquer?
L’Éternel répondit: Juda montera, voici, j’ai livré le pays entre ses mains.
Et Juda dit à Siméon, son frère: Monte avec moi dans le pays qui m’est échu par le sort, et nous combattrons les Cananéens; j’irai aussi avec toi dans celui qui t’est tombé en partage. Et Siméon alla avec lui.
Juda monta, et l’Éternel livra entre leurs mains les Cananéens et les Phéréziens; ils battirent dix mille hommes à Bézek.
Ils trouvèrent Adoni Bézek à Bézek; ils l’attaquèrent, et ils battirent les Cananéens et les Phéréziens.
Adoni Bézek prit la fuite; mais ils le poursuivirent et le saisirent, et ils lui coupèrent les pouces des mains et des pieds.
Adoni Bézek dit: Soixante-dix rois, ayant les pouces des mains et des pieds coupés, ramassaient sous ma table; Dieu me rend ce que j’ai fait. On l’emmena à Jérusalem, et il y mourut.
Les fils de Juda attaquèrent Jérusalem et la prirent, ils la frappèrent du tranchant de l’épée et mirent le feu à la ville.
Les fils de Juda descendirent ensuite, pour combattre les Cananéens qui habitaient la montagne, la contrée du midi et la plaine.
10 Juda marcha contre les Cananéens qui habitaient à Hébron, appelée autrefois Kirjath Arba; et il battit Schéschaï, Ahiman et Talmaï.
11 De là il marcha contre les habitants de Debir: Debir s’appelait autrefois Kirjath Sépher.
12 Caleb dit: Je donnerai ma fille Acsa pour femme à celui qui battra Kirjath Sépher et qui la prendra.
13 Othniel, fils de Kenaz, frère cadet de Caleb, s’en empara; et Caleb lui donna pour femme sa fille Acsa.
14 Lorsqu’elle fut entrée chez Othniel, elle le sollicita de demander à son père un champ. Elle descendit de dessus son âne; et Caleb lui dit: Qu’as-tu?
15 Elle lui répondit: Fais-moi un présent, car tu m’as donné une terre du midi; donne-moi aussi des sources d’eau. Et Caleb lui donna les sources supérieures et les sources inférieures.
16 Les fils du Kénien, beau-père de Moïse, montèrent de la ville des palmiers, avec les fils de Juda, dans le désert de Juda au midi d’Arad, et ils allèrent s’établir parmi le peuple.
17 Juda se mit en marche avec Siméon, son frère, et ils battirent les Cananéens qui habitaient à Tsephath; ils dévouèrent la ville par interdit, et on l’appela Horma.
18 Juda s’empara encore de Gaza et de son territoire, d’Askalon et de son territoire, et d’Ékron et de son territoire.
19 L’Éternel fut avec Juda; et Juda se rendit maître de la montagne, mais il ne put chasser les habitants de la plaine, parce qu’ils avaient des chars de fer.
20 On donna Hébron à Caleb, comme l’avait dit Moïse; et il en chassa les trois fils d’Anak.
21 Les fils de Benjamin ne chassèrent point les Jébusiens qui habitaient à Jérusalem; et les Jébusiens ont habité jusqu’à ce jour dans Jérusalem avec les fils de Benjamin.
22 La maison de Joseph monta aussi contre Béthel, et l’Éternel fut avec eux.
23 La maison de Joseph fit explorer Béthel, qui s’appelait autrefois Luz.
24 Les gardes virent un homme qui sortait de la ville, et ils lui dirent: Montre-nous par où nous pourrons entrer dans la ville, et nous te ferons grâce.
25 Il leur montra par où ils pourraient entrer dans la ville. Et ils frappèrent la ville du tranchant de l’épée; mais ils laissèrent aller cet homme et toute sa famille.
26 Cet homme se rendit dans le pays des Héthiens; il bâtit une ville, et lui donna le nom de Luz, nom qu’elle a porté jusqu’à ce jour.
27 Manassé ne chassa point les habitants de Beth Schean et des villes de son ressort, de Thaanac et des villes de son ressort, de Dor et des villes de son ressort, de Jibleam et des villes de son ressort, de Meguiddo et des villes de son ressort; et les Cananéens voulurent rester dans ce pays.
28 Lorsqu’Israël fut assez fort, il assujettit les Cananéens à un tribut, mais il ne les chassa point.
29 Éphraïm ne chassa point les Cananéens qui habitaient à Guézer, et les Cananéens habitèrent au milieu d’Éphraïm à Guézer.
30 Zabulon ne chassa point les habitants de Kitron, ni les habitants de Nahalol; et les Cananéens habitèrent au milieu de Zabulon, mais ils furent assujettis à un tribut.
31 Aser ne chassa point les habitants d’Acco, ni les habitants de Sidon, ni ceux d’Achlal, d’Aczib, de Helba, d’Aphik et de Rehob;
32 et les Asérites habitèrent au milieu des Cananéens, habitants du pays, car ils ne les chassèrent point.
33 Nephthali ne chassa point les habitants de Beth Schémesch, ni les habitants de Beth Anath, et il habita au milieu des Cananéens, habitants du pays, mais les habitants de Beth Schémesch et de Beth Anath furent assujettis à un tribut.
34 Les Amoréens repoussèrent dans la montagne les fils de Dan, et ne les laissèrent pas descendre dans la plaine.
35 Les Amoréens voulurent rester à Har Hérès, à Ajalon et à Schaalbim; mais la main de la maison de Joseph s’appesantit sur eux, et ils furent assujettis à un tribut.
36 Le territoire des Amoréens s’étendait depuis la montée d’Akrabbim, depuis Séla, et en dessus.
Louis Segond {LSG}

Judges 1

1 Now after the death of Joshua it came to pass, that the children of Israel asked the Lord, saying, Who shall go up for us against the Canaanites first, to fight against them?
And the Lord said, Judah shall go up: behold, I have delivered the land into his hand.
And Judah said unto Simeon his brother, Come up with me into my lot, that we may fight against the Canaanites; and I likewise will go with thee into thy lot. So Simeon went with him.
And Judah went up; and the Lord delivered the Canaanites and the Perizzites into their hand: and they slew of them in Bezek ten thousand men.
And they found Adonibezek in Bezek: and they fought against him, and they slew the Canaanites and the Perizzites.
But Adonibezek fled; and they pursued after him, and caught him, and cut off his thumbs and his great toes.
And Adonibezek said, Threescore and ten kings, having their thumbs and their great toes cut off, gathered their meat under my table: as I have done, so God hath requited me. And they brought him to Jerusalem, and there he died.
Now the children of Judah had fought against Jerusalem, and had taken it, and smitten it with the edge of the sword, and set the city on fire.
And afterward the children of Judah went down to fight against the Canaanites, that dwelt in the mountain, and in the south, and in the valley.
10 And Judah went against the Canaanites that dwelt in Hebron: (now the name of Hebron before was Kirjatharba:) and they slew Sheshai, and Ahiman, and Talmai.
11 And from thence he went against the inhabitants of Debir: and the name of Debir before was Kirjathsepher:
12 And Caleb said, He that smiteth Kirjathsepher, and taketh it, to him will I give Achsah my daughter to wife.
13 And Othniel the son of Kenaz, Caleb’s younger brother, took it: and he gave him Achsah his daughter to wife.
14 And it came to pass, when she came to him, that she moved him to ask of her father a field: and she lighted from off her ass; and Caleb said unto her, What wilt thou?
15 And she said unto him, Give me a blessing: for thou hast given me a south land; give me also springs of water. And Caleb gave her the upper springs and the nether springs.
16 And the children of the Kenite, Moses’ father in law, went up out of the city of palm trees with the children of Judah into the wilderness of Judah, which lieth in the south of Arad; and they went and dwelt among the people.
17 And Judah went with Simeon his brother, and they slew the Canaanites that inhabited Zephath, and utterly destroyed it. And the name of the city was called Hormah.
18 Also Judah took Gaza with the coast thereof, and Askelon with the coast thereof, and Ekron with the coast thereof.
19 And the Lord was with Judah; and he drave out the inhabitants of the mountain; but could not drive out the inhabitants of the valley, because they had chariots of iron.
20 And they gave Hebron unto Caleb, as Moses said: and he expelled thence the three sons of Anak.
21 And the children of Benjamin did not drive out the Jebusites that inhabited Jerusalem; but the Jebusites dwell with the children of Benjamin in Jerusalem unto this day.
22 And the house of Joseph, they also went up against Bethel: and the Lord was with them.
23 And the house of Joseph sent to descry Bethel. (Now the name of the city before was Luz.)
24 And the spies saw a man come forth out of the city, and they said unto him, Shew us, we pray thee, the entrance into the city, and we will shew thee mercy.
25 And when he shewed them the entrance into the city, they smote the city with the edge of the sword; but they let go the man and all his family.
26 And the man went into the land of the Hittites, and built a city, and called the name thereof Luz: which is the name thereof unto this day.
27 Neither did Manasseh drive out the inhabitants of Bethshean and her towns, nor Taanach and her towns, nor the inhabitants of Dor and her towns, nor the inhabitants of Ibleam and her towns, nor the inhabitants of Megiddo and her towns: but the Canaanites would dwell in that land.
28 And it came to pass, when Israel was strong, that they put the Canaanites to tribute, and did not utterly drive them out.
29 Neither did Ephraim drive out the Canaanites that dwelt in Gezer; but the Canaanites dwelt in Gezer among them.
30 Neither did Zebulun drive out the inhabitants of Kitron, nor the inhabitants of Nahalol; but the Canaanites dwelt among them, and became tributaries.
31 Neither did Asher drive out the inhabitants of Accho, nor the inhabitants of Zidon, nor of Ahlab, nor of Achzib, nor of Helbah, nor of Aphik, nor of Rehob:
32 But the Asherites dwelt among the Canaanites, the inhabitants of the land: for they did not drive them out.
33 Neither did Naphtali drive out the inhabitants of Bethshemesh, nor the inhabitants of Bethanath; but he dwelt among the Canaanites, the inhabitants of the land: nevertheless the inhabitants of Bethshemesh and of Bethanath became tributaries unto them.
34 And the Amorites forced the children of Dan into the mountain: for they would not suffer them to come down to the valley:
35 But the Amorites would dwell in mount Heres in Aijalon, and in Shaalbim: yet the hand of the house of Joseph prevailed, so that they became tributaries.
36 And the coast of the Amorites was from the going up to Akrabbim, from the rock, and upward.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}