Liv Matye / Mathieu / Matthew

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Matye 28           

Lè jou repo a te fin pase, dimanch maten byen bonè, Mari, moun lavil Magdala a, ak lòt Mari a te al vizite kavo
Yo rete konsa, epi tè a pran tranble byen fò. Yon zanj Bondye desann soti nan syèl la, li vini, li woule wòch la sou kote, lèfini li chita sou li.
Li te klere tankou yon zèklè, rad li te blan kou lanèj.
Gad yo te sitèlman pè, yo pran tranble, yo tonbe atè tankou moun ki mouri.
Men, zanj lan pran pale, li di fanm yo: Nou menm, nou pa bezwen pè. Mwen konnen se Jezi n’ap chache, nonm yo te kloure sou kwa a.
Enben, li pa isit la. Li leve vivan jan l’ te di a. Vini wè kote l’ te kouche a.
Apre sa, prese al di disip li yo li leve soti vivan nan lanmò. Li gen tan pran devan yo ale nan peyi Galile. Se la y’a wè li. Se sa m’ te gen pou m’ di nou.
Fanm yo kouri kite kavo a. Yo te pè, men an menm tan tou yo te kontan. Yo t’ap kouri pote nouvèl la bay disip yo.
Yo rete konsa, yo wè Jezi parèt devan yo, li di yo: Bonjou, medam. Yo pwoche bò kote l’, yo kenbe pye l’, yo adore li.
10 Jezi di yo: Nou pa bezwen pè. Ale di frè m’ yo pou y al nan Galile. Se la y’a wè mwen.
11  Antan medam yo te nan wout toujou, nan gad ki t’ap veye kavo a te genyen ki te gen tan tounen lavil la, yo rakonte chèf prèt yo tou sa ki te rive.
12 Lè sa a, chèf prèt yo reyini ak chèf fanmi yo, yo fè plan yo ansanm. Yo bay sòlda yo yon gwo lajan.
13 Epi yo di yo: Se pou nou di se disip li yo ki te vin vòlò kò a pote ale lannwit antan nou t’ap dòmi.
14 Si pawòl la tonbe nan zòrèy gouvènè a, n’a konnen ki jan pou n’ pale avè l’ pou nou menm, gad yo, nou pa nan traka.
15 Sòlda yo pran lajan an, yo fè jan yo te di yo fè l’ la. Se konsa, popagann sa a gaye pami jwif yo jouk jounen jòdi a.
16  Onz disip yo ale sou ti mòn nan peyi Galile a, kote Jezi te di yo ale a.
17 Lè yo wè l’, yo adore li. Men, te gen nan yo ki pa t’ fin kwè nèt.
18 Jezi pwoche bò kote yo, li di yo konsa: Mwen resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou tè a.
19 Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a.
20 Moutre yo pou yo obsève tou sa mwen te ban nou lòd fè. Chonje sa byen: mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Mathieu 28          

1 Après le sabbat, à l’aube du premier jour de la semaine, Marie de Magdala et l’autre Marie allèrent voir le sépulcre.
Et voici, il y eut un grand tremblement de terre; car un ange du Seigneur descendit du ciel, vint rouler la pierre, et s’assit dessus.
Son aspect était comme l’éclair, et son vêtement blanc comme la neige.
Les gardes tremblèrent de peur, et devinrent comme morts.
Mais l’ange prit la parole, et dit aux femmes: Pour vous, ne craignez pas; car je sais que vous cherchez Jésus qui a été crucifié.
Il n’est point ici; il est ressuscité, comme il l’avait dit. Venez, voyez le lieu où il était couché,
et allez promptement dire à ses disciples qu’il est ressuscité des morts. Et voici, il vous précède en Galilée: c’est là que vous le verrez. Voici, je vous l’ai dit.
Elles s’éloignèrent promptement du sépulcre, avec crainte et avec une grande joie, et elles coururent porter la nouvelle aux disciples.
Et voici, Jésus vint à leur rencontre, et dit: Je vous salue. Elles s’approchèrent pour saisir ses pieds, et elles se prosternèrent devant lui.
10 Alors Jésus leur dit: Ne craignez pas; allez dire à mes frères de se rendre en Galilée: c’est là qu’ils me verront.
11 Pendant qu’elles étaient en chemin, quelques hommes de la garde entrèrent dans la ville, et annoncèrent aux principaux sacrificateurs tout ce qui était arrivé.
12 Ceux-ci, après s’être assemblés avec les anciens et avoir tenu conseil, donnèrent aux soldats une forte somme d’argent,
13 en disant: Dites: Ses disciples sont venus de nuit le dérober, pendant que nous dormions.
14 Et si le gouverneur l’apprend, nous l’apaiserons, et nous vous tirerons de peine.
15 Les soldats prirent l’argent, et suivirent les instructions qui leur furent données. Et ce bruit s’est répandu parmi les Juifs, jusqu’à ce jour.
16 Les onze disciples allèrent en Galilée, sur la montagne que Jésus leur avait désignée.
17 Quand ils le virent, ils se prosternèrent devant lui. Mais quelques-uns eurent des doutes.
18 Jésus, s’étant approché, leur parla ainsi: Tout pouvoir m’a été donné dans le ciel et sur la terre.
19 Allez, faites de toutes les nations des disciples, les baptisant au nom du Père, du Fils et du Saint Esprit,
20 et enseignez-leur à observer tout ce que je vous ai prescrit. Et voici, je suis avec vous tous les jours, jusqu’à la fin du monde.

Louis Segond {LSG}

Matthew 28   

1 In the end of the sabbath, as it began to dawn toward the first day of the week, came Mary Magdalene and the other Mary to see the sepulchre.
And, behold, there was a great earthquake: for the angel of the Lord descended from heaven, and came and rolled back the stone from the door, and sat upon it.
His countenance was like lightning, and his raiment white as snow:
And for fear of him the keepers did shake, and became as dead men.
And the angel answered and said unto the women, Fear not ye: for I know that ye seek Jesus, which was crucified.
He is not here: for he is risen, as he said. Come, see the place where the Lord lay.
And go quickly, and tell his disciples that he is risen from the dead; and, behold, he goeth before you into Galilee; there shall ye see him: lo, I have told you.
And they departed quickly from the sepulchre with fear and great joy; and did run to bring his disciples word.
And as they went to tell his disciples, behold, Jesus met them, saying, All hail. And they came and held him by the feet, and worshipped him.
10 Then said Jesus unto them, Be not afraid: go tell my brethren that they go into Galilee, and there shall they see me.
11 Now when they were going, behold, some of the watch came into the city, and shewed unto the chief priests all the things that were done.
12 And when they were assembled with the elders, and had taken counsel, they gave large money unto the soldiers,
13 Saying, Say ye, His disciples came by night, and stole him away while we slept.
14 And if this come to the governor’s ears, we will persuade him, and secure you.
15 So they took the money, and did as they were taught: and this saying is commonly reported among the Jews until this day.
16 Then the eleven disciples went away into Galilee, into a mountain where Jesus had appointed them.
17 And when they saw him, they worshipped him: but some doubted.
18 And Jesus came and spake unto them, saying, All power is given unto me in heaven and in earth.
19 Go ye therefore, and teach all nations, baptizing them in the name of the Father, and of the Son, and of the Holy Ghost:
20 Teaching them to observe all things whatsoever I have commanded you: and, lo, I am with you always, even unto the end of the world. Amen.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}