Liv 1Samyèl / 1Samuel / 1Samuel

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

1 Samyèl 16

1 Seyè a di Samyèl konsa: -Kilè w’a sispann gen lapenn pou Sayil? Se mwen menm ki voye l’ jete pou l’ pa wa pèp Izrayèl la ankò. Plen ti poban ou lan lwil. Leve ou ale. M’ap voye ou lavil Betleyèm, kay yon nonm yo rele Izayi, paske mwen chwazi yonn nan pitit gason l’ yo pou vin wa.
Samyèl di li: -Ki jan ou vle mwen fè bagay konsa? Si Sayil vin konn sa, l’a touye m’. Seyè a reponn li: -Pran yon jenn ti gazèl avè ou, epi w’a di: Mwen vin fè yon sèvis ofrann bèt pou Seyè a.
W’a envite Izayi nan sèvis la. Mwen menm, m’a di ou sa pou ou fè. W’a mete moun m’a di ou la apa pou sèvi wa devan m’.
Samyèl fè tou sa Seyè a te di l’ fè a. L’ ale lavil Betleyèm. Chèf ki reskonsab lavil yo vin kontre l’. Yo tout te gen kè sote. Yo di l’ konsa: -Eske se pou byen nou ou vin isit la?
Samyèl di: -Wi se pou byen nou. Mwen vin fè yon sèvis ofrann bèt pou Seyè a. Ale mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye. Apre sa, n’a vin avè m’ nan sèvis la. Li te mande Izayi ansanm ak pitit li yo pou yo te mete yo nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye tou. Lèfini, li envite yo nan sèvis ofrann bèt la tou.
 Lè yo rive, Samyèl wè Eliyab, yonn nan pitit gason Izayi yo, li di nan kè l’: -Nèg sa a ki kanpe devan lotèl la, sèten se li menm Seyè a chwazi.
Men Granmèt la di l’: -Pa gade sou bèl aparans li, ni sou bèl wotè li. Paske mwen mete l’ sou kote. Mwen pa jije valè yon moun jan lèzòm fè l’ la. Lèzòm gade sou sa ki parèt devan je yo. Men, mwen menm mwen gade sa ki nan kè moun.
Apre sa, Izayi fè rele Abinadab, yon lòt nan pitit gason l’ yo, li mennen l’ bay Samyèl. Men, Samyèl di: -Sa a tou, se pa li Seyè a chwazi.
Izayi fè mennen Chama devan Samyèl. Men, Samyèl di: -Sa a tou, se pa li Seyè a chwazi.
10 Konsa konsa, Izayi te mennen sèt nan pitit gason l’ yo bay Samyèl. Epi Samyèl di Izayi konsa: -Non, Seyè a pa chwazi yonn ladan yo.
11 Lè sa a, Samyèl di Izayi ankò: -Se tout pitit gason ou yo sa? Ou pa gen lòt? Izayi reponn: -Wi, mwen gen yon ti dènye. Men, l’ al mennen mouton m’ yo al nan manje. Samyèl di li: -Voye chache l’, paske nou p’ap konmanse sèvis la tout tan li pa vini.
12 Se konsa Izayi voye chache ti nonm lan. Yo mennen l’ vini. Se te yon jenn gason ak bèl ti je, cheve l’ te yon ti koulè kannèl, li te gen bèl figi. Seyè a di Samyèl: -Men li! Kanpe non, vide lwil sou tèt li.
13 Samyèl pran ti poban lwil la, li vide l’ sou tèt David, la devan tout frè li yo. Lamenm Lespri Seyè a desanm sou David. Depi jou sa a, li pa t’ janm kite l’. Apre sa, Samyèl leve, li tounen lavil Rama.
14  Lespri Seyè a te kite Sayil, epi Seyè a voye yon move lespri sou li ki t’ap toumante l’.
15 Moun k’ap sèvi Sayil yo di l’ konsa: -Gade! Ou konnen Seyè a voye yon move lespri sou ou k’ap toumante ou!
16 Mèt, annik pase yon lòd, epi nou menm ki la avè ou, n’a chache yon moun ki konn jwe gita. Konsa, chak fwa move lespri a va vin sou ou, moun lan va jwe pou ou, epi w’a santi yon soulajman.
17 Sayil di moun k’ap sèvi l’ yo: -Al chache yon moun ki konn jwe mizik mennen ban mwen.
18 Yonn nan mesye yo di konsa: -Izayi, moun lavil Betleyèm lan, gen yon pitit gason ki konn jwe mizik. Se yon vanyan gason, yon bon sòlda ki gen bon pawòl nan bouch li. Lèfini, li byen kanpe. Seyè a avèk li.
19 Se konsa Sayil voye kèk mesaje bò kote Izayi pou di li: -Voye David, pitit gason ou ki konn okipe mouton ou yo, ban mwen.
20 Izayi pran yon veso plen diven, yon jenn ti kabrit ak yon bourik chaje pen, li bay David pou renmèt Sayil. Epi li voye a al jwenn wa a.
21 Se konsa David al jwenn Sayil ki pran l’ pou sèvi l’. Sayil te vin renmen David anpil. Li pran l’ pou pote zam li yo.
22 Sayil voye di Izayi konsa: -Tanpri, kite David rete avè m’. Mwen renmen l’ anpil.
23 Depi lè sa a, chak fwa move lespri Bondye te voye a desann sou Sayil, David pran gita a epi li tonbe jwe. Lè konsa, move lespri a kite l’, epi Sayil te soulaje, li te santi l’ byen ankò.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} 

1 Samuel 16

1 L’Éternel dit à Samuel: Quand cesseras-tu de pleurer sur Saül? Je l’ai rejeté, afin qu’il ne règne plus sur Israël. Remplis ta corne d’huile, et va; je t’enverrai chez Isaï, Bethléhémite, car j’ai vu parmi ses fils celui que je désire pour roi.
Samuel dit: Comment irai-je? Saül l’apprendra, et il me tuera. Et l’Éternel dit: Tu emmèneras avec toi une génisse, et tu diras: Je viens pour offrir un sacrifice à l’Éternel.
Tu inviteras Isaï au sacrifice; je te ferai connaître ce que tu dois faire, et tu oindras pour moi celui que je te dirai.
Samuel fit ce que l’Éternel avait dit, et il alla à Bethléhem. Les anciens de la ville accoururent effrayés au-devant de lui et dirent: Ton arrivée annonce-t-elle quelque chose d’heureux?
Il répondit: Oui; je viens pour offrir un sacrifice à l’Éternel. Sanctifiez-vous, et venez avec moi au sacrifice. Il fit aussi sanctifier Isaï et ses fils, et il les invita au sacrifice.
Lorsqu’ils entrèrent, il se dit, en voyant Éliab: Certainement, l’oint de l’Éternel est ici devant lui.
Et l’Éternel dit à Samuel: Ne prends point garde à son apparence et à la hauteur de sa taille, car je l’ai rejeté. L’Éternel ne considère pas ce que l’homme considère; l’homme regarde à ce qui frappe les yeux, mais l’Éternel regarde au coeur.
Isaï appela Abinadab, et le fit passer devant Samuel; et Samuel dit: L’Éternel n’a pas non plus choisi celui-ci.
Isaï fit passer Schamma; et Samuel dit: L’Éternel n’a pas non plus choisi celui-ci.
10 Isaï fit passer ses sept fils devant Samuel; et Samuel dit à Isaï: L’Éternel n’a choisi aucun d’eux.
11 Puis Samuel dit à Isaï: Sont-ce là tous tes fils? Et il répondit: Il reste encore le plus jeune, mais il fait paître les brebis. Alors Samuel dit à Isaï: Envoie-le chercher, car nous ne nous placerons pas avant qu’il ne soit venu ici.
12 Isaï l’envoya chercher. Or il était blond, avec de beaux yeux et une belle figure. L’Éternel dit à Samuel: Lève-toi, oins-le, car c’est lui!
13 Samuel prit la corne d’huile, et l’oignit au milieu de ses frères. L’esprit de l’Éternel saisit David, à partir de ce jour et dans la suite. Samuel se leva, et s’en alla à Rama.
14 L’esprit de l’Éternel se retira de Saül, qui fut agité par un mauvais esprit venant de l’Éternel.
15 Les serviteurs de Saül lui dirent: Voici, un mauvais esprit de Dieu t’agite.
16 Que notre seigneur parle! Tes serviteurs sont devant toi. Ils chercheront un homme qui sache jouer de la harpe; et, quand le mauvais esprit de Dieu sera sur toi, il jouera de sa main, et tu seras soulagé.
17 Saül répondit à ses serviteurs: Trouvez-moi donc un homme qui joue bien, et amenez-le-moi.
18 L’un des serviteurs prit la parole, et dit: Voici, j’ai vu un fils d’Isaï, Bethléhémite, qui sait jouer; c’est aussi un homme fort et vaillant, un guerrier, parlant bien et d’une belle figure, et l’Éternel est avec lui.
19 Saül envoya des messagers à Isaï, pour lui dire: Envoie-moi David, ton fils, qui est avec les brebis.
20 Isaï prit un âne, qu’il chargea de pain, d’une outre de vin et d’un chevreau, et il envoya ces choses à Saül par David, son fils.
21 David arriva auprès de Saül, et se présenta devant lui; il plut beaucoup à Saül, et il fut désigné pour porter ses armes.
22 Saül fit dire à Isaï: Je te prie de laisser David à mon service, car il a trouvé grâce à mes yeux.
23 Et lorsque l’esprit de Dieu était sur Saül, David prenait la harpe et jouait de sa main; Saül respirait alors plus à l’aise et se trouvait soulagé, et le mauvais esprit se retirait de lui.
Louis Segond {LSG}

1 Samuel 16

1 And the Lord said unto Samuel, How long wilt thou mourn for Saul, seeing I have rejected him from reigning over Israel? fill thine horn with oil, and go, I will send thee to Jesse the Bethlehemite: for I have provided me a king among his sons.
And Samuel said, How can I go? if Saul hear it, he will kill me. And the Lord said, Take an heifer with thee, and say, I am come to sacrifice to the Lord.
And call Jesse to the sacrifice, and I will shew thee what thou shalt do: and thou shalt anoint unto me him whom I name unto thee.
And Samuel did that which the Lord spake, and came to Bethlehem. And the elders of the town trembled at his coming, and said, Comest thou peaceably?
And he said, Peaceably: I am come to sacrifice unto the Lord: sanctify yourselves, and come with me to the sacrifice. And he sanctified Jesse and his sons, and called them to the sacrifice.
And it came to pass, when they were come, that he looked on Eliab, and said, Surely the Lord‘s anointed is before him.
But the Lord said unto Samuel, Look not on his countenance, or on the height of his stature; because I have refused him: for the Lord seeth not as man seeth; for man looketh on the outward appearance, but the Lord looketh on the heart.
Then Jesse called Abinadab, and made him pass before Samuel. And he said, Neither hath the Lord chosen this.
Then Jesse made Shammah to pass by. And he said, Neither hath the Lord chosen this.
10 Again, Jesse made seven of his sons to pass before Samuel. And Samuel said unto Jesse, The Lord hath not chosen these.
11 And Samuel said unto Jesse, Are here all thy children? And he said, There remaineth yet the youngest, and, behold, he keepeth the sheep. And Samuel said unto Jesse, Send and fetch him: for we will not sit down till he come hither.
12 And he sent, and brought him in. Now he was ruddy, and withal of a beautiful countenance, and goodly to look to. And the Lord said, Arise, anoint him: for this is he.
13 Then Samuel took the horn of oil, and anointed him in the midst of his brethren: and the Spirit of the Lord came upon David from that day forward. So Samuel rose up, and went to Ramah.
14 But the Spirit of the Lord departed from Saul, and an evil spirit from the Lord troubled him.
15 And Saul’s servants said unto him, Behold now, an evil spirit from God troubleth thee.
16 Let our lord now command thy servants, which are before thee, to seek out a man, who is a cunning player on an harp: and it shall come to pass, when the evil spirit from God is upon thee, that he shall play with his hand, and thou shalt be well.
17 And Saul said unto his servants, Provide me now a man that can play well, and bring him to me.
18 Then answered one of the servants, and said, Behold, I have seen a son of Jesse the Bethlehemite, that is cunning in playing, and a mighty valiant man, and a man of war, and prudent in matters, and a comely person, and the Lord is with him.
19 Wherefore Saul sent messengers unto Jesse, and said, Send me David thy son, which is with the sheep.
20 And Jesse took an ass laden with bread, and a bottle of wine, and a kid, and sent them by David his son unto Saul.
21 And David came to Saul, and stood before him: and he loved him greatly; and he became his armourbearer.
22 And Saul sent to Jesse, saying, Let David, I pray thee, stand before me; for he hath found favour in my sight.
23 And it came to pass, when the evil spirit from God was upon Saul, that David took an harp, and played with his hand: so Saul was refreshed, and was well, and the evil spirit departed from him.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}